2021
Sè Rollins yo Sove Jounen an!
Jen 2021


“Sè Rollins yo Sove Jounen an!” Zanmi, Jen 2021

Mesaj Mansyèl Zanmi Jen 2021

Sè Rollins yo Sove Jounen an!

Imaj
Joseph Smith ki ap gade papye

Ilistrasyon Apryl Stott

Jezikri te di Pwofèt Joseph Smith anpil bagay enpòtan pou ede nou. Legliz la te mete sou pye yon enprimri pou l te enprime pawòl Jezi yo. Yon fason pou moun te ka arive li yo.

Imaj
nèg k ap voye papye jete

Yon jou, yon gwoup nèg ankòlè te vini. Yo te kraze enprimri a. Yo te voye paj ekriti yo jete nan lari a.

Imaj
ti fi k ap kouri ak papye yo

De sè ki te rele Mary Elizabeth ak Caroline Rollins te wè sa ki t ap pase a. Yo te kouri epi yo te ranmase paj yo kenbe nan bra yo.

Imaj
ti fi ki kache nan yon jaden mayi

Ti fi yo te kache nan yon jaden mayi jiskaske nèg yo te ale. Yo te sove ekriti yo! Ekriti sa yo ta pral vin fè pati Doktrin ak Alyans yo nan apre.

Imaj
yon ti fi ak grann ni k ap li ekriti yo nan yon bis

Mwen ka li ekriti yo. Mwen kapab brav epi defann sa mwen kwè.

Paj pou Kolorye

Mwen Kapab Brav

Imaj
timoun k ap pran yon piki

Kisa ki ede w brav?

Enprime