2021
Tanp Kirtland nan
Septanm 2021


“Tanp Kirtland nan,” Zanmi, Sept. 2021.

Mesaj Mansyèl Zanmi Septanm 2021

Tanp Kirtland nan

Imaj
Joseph Smith ki wè Tanp Kirtland nan nan vizyon

Bondye te di Joseph Smith pou l te bati yon tanp. Yon revelasyon te montre l a kisa tanp lan t ap sanble. Li t apral yon kay Bondye.

Imaj
y ap bati Tanp Kirtland nan

Sen yo te travay ansanm pou yo te ede bati tanp lan. Mesye yo te bati mi ki wo. Medam yo te fè rido ak tapi. Timoun yo te ede pote zouti ak dlo bay travayè yo.

Imaj
moun k ap chante

Lè tanp lan te fini, Sen yo te antre andedan l. Yo te chante yon kantik epi yo t ap di byen fò “Ozana!” Joseph te fè yon priyè pou konsakre (beni) tanp lan.

Imaj
Jezikri k ap vizite Tanp Kirtland nan

Yon semèn apre, Jezikri te vizite Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan tanp lan. Jezi te di ke li te aksepte tanp lan kòm kay Li.

Imaj
timoun ki nan lakou tanp

Jounen jodiya gen tanp toupatou nan mond lan! Chak tanp se yon kote ki sakre. Yon jou, m ap antre e m pral pran angajman avèk Bondye.

Paj pou Kolorye

Tanp lan Se yon Kote ki Sakre.

Imaj
yon timoun k ap pataje yon egzanplè Zanmi an avèk yon lòt

Klike sou foto a pou telechaje l.

Ilistrasyon Apryl stott

Poukisa tanp lan espesyal?

Enprime