“Aawon Anseye Wa a,” Zanmi, Jiyè 2024, 26–27.
Mesaj Mansyèl Zanmi Jiyè 2024
Aawon Anseye Wa a
Ilistrasyon Andrew Bosley
Aawon se te youn nan pitit gason Mozya yo. Li te yon misyonè. Li te anseye wa Lamanit yo toupatou nan peyi a.
Aawon te mande wa a si l te kwè nan Bondye. Wa a te di li t ap kwè si Aawon te di l ke Bondye te reyèl. Li te mande Aawon pou l te pale li plis de Bondye.
Aawon te li ekriti yo pou wa a. Li te anseye sou kreyasyon tè a. Li te anseye sou plan Bondye a. Li te pale wa de Jezikri.
Apresa, wa a te priye. Li te mande Bondye si sa Aawon te di yo sete verite. Wa a te resevwa repons ke sete verite!
Wa a te kwè sa Aawon te anseye yo. Tout moun nan fanmi l te kwè tou. Yo te batize epi yo te chwazi suiv Jezikri.
Paj pou Kolore
Mwen Kapab Suiv Jezi nan Montre Lanmou
Ilistrasyon Adam Koford
Kijan pou m montre lòt moun lanmou?
© 2024 by Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, July 2024. Haitian. 19348 036