Zanmi
Aawon Anseye Wa a
Jiyè 2024


“Aawon Anseye Wa a,” Zanmi, Jiyè 2024, 26–27.

Mesaj Mansyèl Zanmi Jiyè 2024

Aawon Anseye Wa a

Imaj
Aawon k ap anseye moun yo; Aawon kanpe devan wa a

Ilistrasyon Andrew Bosley

Aawon se te youn nan pitit gason Mozya yo. Li te yon misyonè. Li te anseye wa Lamanit yo toupatou nan peyi a.

Imaj
Aawon ap pale avèk wa a

Aawon te mande wa a si l te kwè nan Bondye. Wa a te di li t ap kwè si Aawon te di l ke Bondye te reyèl. Li te mande Aawon pou l te pale li plis de Bondye.

Imaj
Aawon k ap anseye avèk yon aryè plan syèl la

Aawon te li ekriti yo pou wa a. Li te anseye sou kreyasyon tè a. Li te anseye sou plan Bondye a. Li te pale wa de Jezikri.

Imaj
Wa Lamanite yo ki ajenou; Aawon ap batize moun yo

Apresa, wa a te priye. Li te mande Bondye si sa Aawon te di yo sete verite. Wa a te resevwa repons ke sete verite!

Wa a te kwè sa Aawon te anseye yo. Tout moun nan fanmi l te kwè tou. Yo te batize epi yo te chwazi suiv Jezikri.

Paj pou Kolore

Mwen Kapab Suiv Jezi nan Montre Lanmou

Imaj
Paj pou kolore pou timoun ak moun ki gen bon kè

Ilistrasyon Adam Koford

Kijan pou m montre lòt moun lanmou?

Enprime