2021
Revelasyon Kontinyèl
Mas 2021


“Revelasyon Kontinyèl,” Pou Fòs Jèn yo, 16 mas 2021.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Mas 2021

Revelasyon Kontinyèl

Soti nan yon diskou konferans jeneral Avril 2020 an.

Imaj
Premye Vizyon

Ilistrasyon Ben Simonsen

Pwofèt Joseph Smith te resevwa revelasyon sou revelasyon. Gen anpil nan revelasyon Pwofèt Joseph te resevwa yo ke yo konsève pou nou nan Doktrin ak Alyans yo.

Anplis de sa, nou gen benediksyon pou nou jwenn revelasyon kontinyèl pwofèt vivan ki se ajan “anchaje pa Senyè a, ki otorize pou pale pou Li.”1

Revelasyon pèsonèl disponib tou pou tout moun k ap enbleman chèche gidans nan men Senyè a. Li enpòtan menm jan avèk revelasyon pwofèt yo.

Revelasyon pèsonèl baze sou verite espirityèl nou resevwa nan men Sentespri a. Sentespri a se revelatè ak moun ki temwaye tout verite a, espesyalman verite sou Sovè a. San Sentespri a, nou pa ta kapab vrèman konnen Jezi se Kris la. Wòl fondamantal li se rann temwayaj sou Papa a ak Pitit Gason an epi sou Tit yo ak glwa Yo.

Mwen asire nou ke nou chak kapab resevwa gidans pa revelasyon pandan n ap travay avèk imilite nan jaden Senyè a.

Siplikasyon enb mwen se pou chak nan nou kontinye chèche revelasyon pou gide lavi nou epi suiv Lespri a pandan n ap adore Bondye Papa a ak Sovè nou an, Jezikri.

Nòt

  1. Hugh B. Brown, “Joseph Smith among the Prophets” (Sixteenth Annual Joseph Smith Memorial Sermon, Logan Institute of Religion, Des. 7, 1958), 7.

Enprime