2021
Jwenn Fòs pou Padone
Jen 2021


“Jwenn Fòs pou Padone,” Pou Fòs Jèn yo, 10–11 Jen 2021.

Vini, Suiv Mwen

Jwenn Fòs pou Padone

Senyè a kòmande nou pou nou youn padone lòt. L ap ede nou kenbe kòmandman L yo, enkli sa a tou.

Doktrin ak Alyans 64:10

Imaj
yon fi k ap gade yon moun k ap lonje men ba li

Ilistrasyon James Madsen

Èske gen kèk kòmandman ki sanble yo pi difisil pou kenbe pase lòt?

Men youn ki entimide anpil moun: “Mwenmenm Senyè a, m ap padone moun m vle padone, men, pou noumenm se yon egzijans pou nou padone tout moun” (Doktrin ak Alyans 64:10).

Tann. Nou oblije padone tout moun ki fè nou mal? Èske sa menm posib?!

Padone yon moun ki di w yon pawòl ki dezagreyab oswa paske li pran dènye mòso pen an sou tab la se youn. Men e blesi ki pwofon yo? Ofans grav sa yo ki kapab deranje oswa menm chanje kous lavi nou yo?

Kèk fwa kapasite pou padone yon moun ki fè nou mal anpil kapab sanble yon bagay nou pa kapab rive genyen.

Men bon nouvèl la: Avèk èd Jezikri, nou pa janm limite nan sa nou kapab fè poukont nou.

Èd Li Te Bezwen An

Yon kretyèn fèvan ki sòti nan peyi Hollande ki rele Corrie ten Boom te dekouvri pèsonèlman pouvwa ki genyen nan mande Bondye pou ede li padone yon moun.

Limenm ak sè li, Betsy, te nan prizon nan kan konsantrasyon pandan Dezyèm Gè Mondyal la. Corrie ak lòt moun yo te sibi abi ki te atwòs nan men gad prizon Nazi yo. Sè l la, Betsy, te menm arive mouri akozde abi sa a. Corrie te siviv.

Apre lagè a, Corrie te dekouvri pouvwa gerizon nan padone lòt moun. Li te pataje mesaj li a souvan nan rankont piblik. Men yon jou, pawòl li yo ta pral fè fas avèk yon dènye tès.

Apre yon diskou an piblik, youn nan gad prizon ki te pi mechan nan kan yo te pwoche kot Corrie.

Li te di Corrie li te vin yon Kretyen apre lagè a epi li te repanti pou bagay terib li te fè kòm gad prizon yo.

Li te lonje men li epi li te di, “Èske w ap padone mwen?”

Malgre tout sa l te aprann ak pataje sou padone lòt moun, Corrie pa t kapab aksepte men nèg sa a epi padone li—pa poukont li , antouka.

Nan apre, li te ekri, “Pandan panse kòlè ak vanjans t ap bouyi andedan mwen, mwen te wè peche yo te fè yo. … Mwen te priye, Senyè Jezi,padone m epi ede m padone li.

“Mwen te eseye souri, [epi] m te lite pou m te leve men mwen. Mwen pa t kapab. Mwen pa t santi anyen, pa menm yon ti etensèl jantiyès oswa charite. Epi se konsa, mwen te kòmanse fè yon priyè ansilans ankò. Jezi, mwen pa kapab padone li. Ban m padon Pa Ou.

“Pandan m t ap pran men li, bagay ki te pi enkwayab la te rive. Sanble yon kouran te pase sòti nan zepòl mwen lonje nan bra m al nan men mwen pou rive nan men pa li, pandan ke andedan kè m te gen yon lanmou ki te prèske twòp pou mwen ki t ap jayi pou etranje sa a.

“Epi se konsa mwen te dekouvri ke gerizon mond lan pa chita sou padon pa nou, ni sou bonte pa nou, men sou pa Li. Lè Li di nou pou nou renmen lenmi nou yo, Li ba nou, ansanm avèk kòmandman an, lanmou a menm.”1

Bondye la pou ede w kenbe kòmandman L yo, enkli kòmandman pou padone a—menm si l difisil. Li kapab ede w menmjan Li te ede Corrie ten Boom nan.

Gerizon Ou Merite A

Lavi a delika. Li konplike. Epi li absoliman chaje avèk moun ki gen libabit Bondye bay la.

Nan moman kote yon moun fè yon chwa ki ka lakoz gwo soufrans pou ou—menm si se pa aksidan—ou kapab resevwa pouvwa gerizon an si w priye pou w jwenn èd epi ou fè efò pou w padone.

Padone lòt moun pote gerizon nan nanm ou. Avèk èd Bondye, lè w ap padone yon moun ki fè w ditò, ou depoze fado terib ki te sou zepòl ou a ki gen dwa te anpeche w avanse a. Menm lè chemen pou rive nan vrè gerizon an sanble l difisil, avèk Bondye, ou pa p janm mache poukont ou ladan l.

Nòt

  1. Corrie ten Boom, The Hiding Place (1971), 215.

  2. Jeffrey R. Holland, Konferans jeneral Okt. 2018 (Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 79).

Enprime