2021
Prètriz Bondye a
Out 2021


“Prètriz Bondye a,” Pou Fòs Jèn yo, 20-21 Out 2021,

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo ,Out 2021

Prètriz Bondye a

Doktrin ak Alyans 84

Men kisa chak jèn dwe fè konsènan prètriz la ak koneksyon yo genyen avèk li.

Imaj
jèn

Èske w pa janm remake kijan ka gen konfizyon lè yo itilize yon mo nan de sans? Pa egzanp, nan lang Anglè a, mo earth [tè] a fè referans ak ni planèt n ap viv la ni ak tè ki anba pye nou an. Toulède kòrèk, men sa w vle di lè w itilize tèm nan depannde sijè w ap pale sou li nan moman an. Pou gen plis konfizyon toujou, lè mo earth (tè) a vle di planèt nou an, li vini avèk ide pousyè tè tou, paske gen pousyè tè sou planèt la.

Definisyon Tèm Prètriz la

Yon tèm nou itlize nan Legliz la nan de fason se tèm prètriz la. Tèm nan fè referans a pouvwa ak otorite total Bondye. Sepandan, nou itilize mo prètriz la nan yon fason ki pi limite tou—pou nou fè referans a “pouvwa ak otorite Bondye bay detantè prètriz ki òdone yo pou yo aji nan tout bagay ki nesesè pou sali pitit Bondye yo.”1

Prètriz yo konfere sou gason an pa reprezante tout pouvwa Bondye. Tablo sa a ilistre pwen sa a.

Nan tablo sa a, nou wè kèk egzanp sou pouvwa Bondye, ki enfini e ki san limit. Andedan li, nou wè egzanp sou pouvwa ak otorite prètriz Bondye ke Li konfere , oswa bay gason ki diy pou ofisye nan Legliz Jezikri a tou.

Egzanp Otorite Prètriz nan Lavi w

Tout pitit fi ak pitit gason byenneme Pè Selès yo ap resevwa tout benediksyon ki gen nan prètriz la. Dezyèm lis la senpleman reprezante benediksyon ke w resevwa nan men yon moun ki gen kle prètriz la oswa nan men yon moun ki gen otorite prètriz la konfere sou li.

Sa a se lòd Bondye te etabli pou òganizasyon ak jesyon Legliz Li a sou tè a. Kòm lòt egzanp sou otorite prètriz la, nou ka site yon prezidan kowòm dyak oswa enstriktè ki gen kle pou l dirije travay kowòm ni an, benediksyon yon papa bay nan fwaye li, ak òdonans ak alyans tanp yo.

Gason, Fi ak Prètriz la

Menmsi se sèl gason yo bay òdinasyon nan ofis prètriz la, Prezidan Dallin H. Oaks, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan, te eksplike yon prensip enpòtan: “Prètriz la se yon pouvwa ak otorite diven Bondye konfye nou pou nou itilize pou travay li pou benefis tout pitit Li yo. Prètriz la se pa moun ki te òdone nan yon ofis prètriz oubyen moun ki egzèse otorite l. Gason yo ki gen prètriz la pa reprezante prètriz la. … Nou pa dwe fè referans a moun ki òdone yo kòm prètriz la.2

Menmsi fi pa òdone nan prètriz la, Prezidan Russell M. Nelson te eksplike ke, “lè yo mete w apa pou w sèvi nan yon apèl sou direksyon yon moun ki detni kle Prètriz yo … yo ba w otorite prètriz la pou w fonksyone nan apèl sa a.”3 Ann site kèk egzanp tankou prezidans klas Jènfi yo, sè misyonè k ap preche levanjil la, dirijan nan pawas ak pieu ki resevwa mizapa pou anseye ak dirije, ak ouvriye nan tanp yo.

Pouvwa Prètriz la Beni Tout Moun

Benediksyon noumenm jènjan ak jènfi yo resevwa yo, se pou nou yo ye, atravè alyans nou fè nan batèm yo ak alyans nou fè nan tanp yo. Menmsi ou pa gen yon detantè prètriz lakay ou, ou ka toujou beni pa pouvwa prètriz Bondye a nan lavi w si w respekte alyans ou te fè avèk Li yo (gade 1 Nefi 14:14).

Si nou viv annakò avèk alyans nou yo, n ap resevwa benediksyon ki ap ranfòse nou ak beni nou. Nou envite ou pou w medite sou benediksyon prètriz yo nan lavi ou—benediksyon ki soti nan pouvwa prètriz enfini Bondye ak sa ki vini espesyalman atravè otorite prètriz ke yo konfere ak delege nan Legliz Bondye a.

Nòt

  1. Dale G. Renlund and Ruth Lybbert Renlund, The Melchizedek Priesthood: Understanding the Doctrine, Living the Principles [Prètriz Mèlkizedèk la: Konprann Doktrin nan, Viv Prensip yo] (2018), 11.

  2. Dallin H. Oaks, “Prètriz Mèlkisedèk la ak Kle yo,” Konferans jeneral, avril 2020 (Ensign oswa Liahona, Me 2020, 69).

  3. Prezidan Russell M. Nelson, “Trezò Spirityèl,” Konferans jeneral, oktòb 2019 (Ensign oswa Liahona, Nov. 2019, 78).

Enprime