2022
Kijan nou Tande Li?
Mas 2022


“Kijan nou Tande Li?,” Pou Fòs Jèn yo, Mas 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Mas 2022

Kijan nou Tande Li?

Imaj
pyès yon jwèt kastèt
Imaj
moun ki gen pyès yon jwèt kastèt ki manke

Ilistrasyon Oksana Grivina

Ansanm avèk direksyon pezib nou resevwa nan men Sentespri a, tanzantan, Bondye asire nou chak, nan yon fason puisan ak trè pèsonèl, ke Li konnen nou epi Li renmen nou. Epi, nan moman difikilte nou yo, Sovè a fè eksperyans sa yo retounen nan lespri nou.

Panse a pwòp lavi ou. Eksperyans sa yo ka vini nan moman enpòtan nan lavi nou oubyen sou fòm bagay ki ka parèt san enpòtans lè yo fèk rive. Moman spirityèlman desizif sa yo vini nan moman diferan ak nan fason diferan, yo adapte a nou chak.

Joseph Smith te eksplike ke pafwa nou resevwa “kèk ide toukenkou” epi pafwa nou resevwa devèsman entèlijans pur la.1

Prezidan Dallin H. Oaks, te bay konsèy sa a, kòm repons pou yon mesye sensè ki te deklare ke li pa t janm viv yon eksperyans konsa: “Petèt ke priyè w yo konn jwenn repons anpil fwa, men ou te sitèlman gen espwa w fikse sou yon siy sitèlman gran oubyen yon vwa sitèlman fò ke w panse ou pa t janm resevwa repons.”2

Nou fèk sot tande Prezidan Russell M. Nelson di: “Mwen envite nou pou nou panse pwofondeman epi souvan sou kesyon kle sa a: Kijan nou tande Li? Mwen envite w pou w pran dispozisyon pou w tande L pi byen ak pi souvan tou.”3

Nòt

  1. Ansèyman Prezidan Legliz yo: Joseph Smith (2007), 132.

  2. Dallin H. Oaks, Life’s Lessons Learned: Personal Reflections (2011), 116.

  3. Russell M. Nelson, “‘How Do You #HearHim?’ A Special Invitation,” Feb. 26, 2020, blog.ChurchofJesusChrist.org.

Enprime