Konferans Jeneral
Souvni Espirityèlman Desizif
Konferans Jeneral Avril 2020


2:3

Souvni Espirityèlman Desizif

Lè difikilte pèsonèl oswa kondisyon nan mond lan depase kontwòl nou pou fè chemen nou parèt nwa, souvni moman espirityèlman desizif yo nan liv lavi nou an se tankou poto limyè ki ap ede klere wout ki devan nou an.

Dizuitan apre Premye Vizyon an, Pwofèt Joseph Smith te ekri yon resi detaye sou eksperyans li te fè a. Li te afwonte lopozisyon, pèsekisyon, mechanste, menas, ak atak brital.1 Men li te kontinye temwaye bravman sou Premye Vizyon an: “M te wè yon limyè an reyalite, epi nan mitan limyè sa a, m te wè de Pèsonaj, epi yo te pale avèk mwen an reyalite; epi malgre moun te rayi m epi yo te pèsekite m paske m te di m te fè yon vizyon, se te verite. … M te konnen sa, epi m te konnen Bondye te konnen sa, epi m pa t kapab nye sa.”2

Nan moman difisil sa yo, souvni Joseph te remonte nan prèske de deseni jis nan sètitid amou Bondye pou li ak evenman ki te akeyi Retablisman sa a yo te predi depi lontan an. Pandan l t ap reflechi sou pakou espirityèl li, Joseph te di: “Mwen pa blame pèsonn si yo pa kwè istwa m nan. Si m pa t viv eksperyans m te viv la, mwen pa t ap kwè nan sa nonplis.”3

Men eksperyans yo te reyèl, epi li pa t janm bliye yo ni renye yo, li te trankilman konfime temwayaj li pandan l t ap ale nan Kataj la. “M prale tankou yon ti mouton nan labatwa; men, m kalm tankou yon maten ete; m gen yon konsyans ki klè, san ofans kont Bondye, epi kont tout moun.”4

Eksperyans Espirityèlman Desizif yo

Gen yon leson pou nou nan egzanp Pwofèt Joseph la. Ansanm ak direksyon pezib nou resevwa nan men Sentespri a, tanzantan, Bondye asire nou chak, nan yon fason puisan ak trè pèsonèl, ke Li konnen nou epi Li renmen nou epi Li beni nou espesifikman e ouvètman. Epi, nan moman difikilte nou yo, Sovè a fè eksperyans sa yo retounen nan lespri nou.

Panse a pwòp lavi ou. Atravè ane yo, m konn koute dè milye eksperyans pwodondeman espirityèl Sen Dènye Jou nan tout mond lan ap rakonte, sa k konfime m san okenn dout ke Bondye konn epi L renmen nou chak epi Li vle revele tèt Li a noumenm. Eksperyans sa yo ka petèt vini nan kèk moman espesyal nan lavi nou, oubyen nan kèk moman ki toudabò ka sanble konsa konsa, men yo toujou akonpaye pa yon gwo konfimasyon espirityèl sou lanmou Bondye.

Souni eksperyans espirityèlman desizif sa yo ka fè nou mete ajenou, pou n deklare jan Pwofèt Joseph te deklare a: “Sa m te resevwa a soti nan syèl la. Mwen konnen sa, e mwen konnen Bondye konn sa.”5

Kat Egzanp

Reflechi a pwòp souvni espirityèlman desizif pa nou pandan m ap pataje kèk egzanp pa lòt moun avèk nou.

Èldè Russell M. Nelson

Sa gen kèk ane, yon patriyach pieu ki te granmoun, ki te gen de valv nan kè l ki t ap febli, te enplore Dr Russell M. Nelson pou l te entèvni, malgre ke, nan epòk la, pa t gen okenn solisyon chirijikal pou dezyèm valv andomaje a. Dr Nelson te finalman dakò pou l te fè operasyon an. Men pawòl Prezidan Nelson te di:

“Apre nou te fin degaje premye valve la, nou te ekspoze dezyèm nan. Nou te dekouvri ke l te entak men li te sitèlman dilate ke l pa t ka fonksyone kòrèkteman. Pandan nou t ap egzamine valve la, m te tande yon mesaj byen klè nan lespri m ki te di: Redui sikonferans bag la. M te anonse asistan m nan mesaj la. ‘Tisi valve la ap ase si nou ka rive redui bag la vin nan tay nòmal li.’

“Men, kijan pou n fè sa? … Yon imaj byen presi te vini nan lespri m, ki te montre m kijan nou te ka plase kèk kout zegui—pou fè yon pli isit, ak ranpli l la a. … Mwen toujou sonje imaj mantal sa a—ki te montre m pozisyon kote pou kout zegui yo ta dwe plas a. Operasyon an te fèt jan m te wè l nan lespri m nan. Nou te teste valve la epi nou te wè ke l te redui anpil anpil. Asistan m nan te di: ‘Se yon mirak.’”6 Patriyach la te viv pandan anpil ane.

Dr Nelson te byen dirije. Epi li te konnen Bondye te konnen ke l te konnen li te dirije.

Beatrice Magré

Kathy avèk mwen te fèk rankontre Beatrice Magré an Frans sa gen 30 tan. Dènyèman, Beatrice te rakonte m yon eksperyans ki te fè gwo enpak nan lavi spirityè li tousuit apre batèm ni, lè l te adolesan. Men pawòl li te di:

“Jèn yo nan branch nou an te vwayaje avèk dirijan yo ale sou plaj Lacanau a, ki te sitiye a inèdtan edmi de Bordeaux.

“Anvan nou te retounen lakay nou, youn nan dirijan yo te deside pou l te fè yon dènye naje epi li te plonje l nan vag yo avèk linèt li. Lè l te retounen, linèt li te disparèt. … Yo te pèdi nan oseyan an.

“Paske l te pèdi linèt li, li pa t ka kondui machin nan. Nou te bloke lwen lakay nou.

“Yon sè plen lafwa te pwopoze pou nou te priye.

“M te mimire ke priye pa t ap fè anyen pou nou, epi m pa t alèz pou m te ini ak gwoup la pou n te priye an piblik pandan nou te kanpe nan dlo rive jis nan tay nou.

“Lè priyè a te fini, m te lonje bra m pou m te voye dl sou tout moun. Pandan m t ap pase menm sou sifas dlo a, linèt li a te antre nan men m. Yon santiman puisan te antre nan nanm mwen pou di m ke Bondye reyèlman tande priyè nou.”7

Karannsenkan apre, li te toujou sonje sa kòmsi sa te pase nan lavèy. Beatrice te beni epi li te konnen Bondye te konnen li te beni.

Eksperyans Prezidan Nelson an ak Sè Malgre a te trè diferan, men, nan toulède, yon souvni espirityèlman desizif ak inoubliyab sou lanmou Bondye te anrasinen nan kè yo.

Evenman desizif sa yo souvan vini lè nou aprann sou levanjil retabli a oubyen nan pataje levanjil la ak lòt moun.

Floripes Luzia Damasio ak Neil L. Andersen

Yo te pran foto sa a nan Sao Paulo, nan Brezil, an 2004. Floripes Luzia Damasio ki te nan pye Ipatinga nan Brezil te gen 114 an. Pandan l t ap pale de konvèsyon li, Sè Damasio te di m ke misyonè nan vilaj li yo te bay yon tibebe ki te gravman malad yon benediksyon, epi tibebe a te geri mirakilezman. Li te vrèman anvi konnen plis. Pandan l t ap priye apwopo mesaj yo a, yon temwayaj inoubliyab nan men Lespri a te konfime l ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye. Nan laj 103 zan, li te batize, epi a 104 tran, li te resevwa dotasyon li. Chak ane ki te suiv yo, li te fè yon trajè 14 èdtan nan bis pou l te pase yon semèn nan tanp lan. Sè Damasio te resevwa yon konfimasyon selès epi li te konnen Bondye te konnen ke l te konnen ke temwayaj la te vre.

Men yon souvni spirityèl de premye misyon m an Frans, sa gen 48 tan.

Pandan nou t ap fè pòtapòt, konpayon m avèk mwen te kite yon Liv Mòmon bay yon madanm ki te granmoun. Lè nou te retounen nan apatman madanm sa a anviwon yon semèn apre, li te ouvri pòt la. Anvan nou te menm di yon mo, m te santi yon pouvwa spirityèl ki te reyèl. Santiman entans yo te kontinye pandan Sè Alice Audubert te envite nou antre epi l te di nou ke l te li Liv Mòmon an epi l te konnen ke l te vrè. Lè nou te kite apatman l lan jou sa a, mwen te priye: “Papa nou ki nan Syèl la, tanpri ede m pou m pa janm bliye sa m sot santi a.” M pa janm bliye l.

Èldè Andersen lè l te yon misyonè

Nan yon moman aparaman òdinè, nan yon pòt ki sanble a dè santèn lòt pòt, m te santi puisans syèl la. Epi m te konnen ke Bondye te konnen yon fenèt nan syèl la te ouvri pou mwen.

Endividyalize ak Enkontestab

Moman spirityèlman desizif sa yo vini nan moman diferan ak nan fason diferan, adapte a nou chak.

Panse a egzanp ou pi renmen yo nan ekriti yo. Moun ki te koute Apot Pyè yo te gen “kè yo touche.”8 Fi Lamanit la, Abich, te kwè nan “vizyon remakab papa l la.”9 Epi yon vwa te vin nan lespri Enòs.10

Zanmi m, Clayton Christensen te dekri yon eksperyans li te fè pandan l t ap li Liv Mòmon an nan lapriyè, nan fason sa a: “Yon bèl espri plen chalè, ak lanmou … te antoure mwen e te penetre nan nanm mwen, li te vlope m nan yon santiman lanmou ke m pa t ap janm imajine m te ka santi, [epi santiman sa yo te kontinye nuit apre nuit].”11

Gen moman kote santiman espirityèl yo penetre nan kè nou tankou dife, pou ilimine nanm nou. Joseph Smith te eksplike ke pafwa nou resevwa “kèk ide toukenkou” epi pafwa nou resevwa “entelijan pur ki repann.”12

Prezidan Dallin H. Oaks, an repons a yon mesye sensè lo te deklare ke l pa janm viv yn eksperyans konsa, te konseye li: “Petèt ke priyè w yo konn jwenn repons anpil fwa, men ou t ap atann ou a yon siy sitèlman gran oubyen yon vwa sitèlman fò ke w panse ou pa janm resevwa repons.”13 Sovè a Limenm te pale de gwo lafwa yon pèp ki “te [batize] avèk dife epi ak Sentespri a, [men ki] pa t konn sa.”14

Kijan nou Tande Li?

Nou fèk sot tande Prezidan Russell M. Nelson di: “Mwen envite nou pou nou panse pwofondeman epi souvan sou kesyon kle sa a: Kijan nou tande Li? Mwen envite nou pou nou pran etap pou nou tande L pi byen ak pi souvan tou.”15 Li te repete envitasyon sa a maten an.

Nou koute l nan priyè nou, nan fwaye nou, nan ekriti yo, nan kantik nou yo, pandan n ap pran sentsèn diyman, pandan n ap deklare lafwa nou, pandan n ap sèvi lòt moun, ak pandan nou pral nan tanp avèk lòt frè ak sè kwayan parèy nou. Moman spirityèlman desizif yo vini lè nou koute konferans jeneral nan espri lapriyè ak lè nou kenbe kòmandman yo pi byen. Epi, timoun yo, eksperyans sa yo se pou nou tou. Sonje, Jezi “te ansenye, e sèvi atimoun yo … epi [timoun yo] te pale … gwo bagay mèveye, menm.”16 Senyè a di:

“[Konesans sa a] se Lespri m ki ba nou li, … epi si se pa t avèk pouvwa m, nou pa t ap kapab genyen [li];

“Se poutèt sa, nou kapab temwaye pou fè konnen nou te tande vwa m, epi nou konnen pawòl mwen yo.”17

Nou ka “tande Li” gras ak benediksyon Ekspyasyon enkonparab Sovè a.

Pandan ke nou pa ka chwazi moman pou nou resevwa moman desizif sa yo, Prezidan Henry B. Eyring te bay konsèy sa a pou nou prepare nou: “Aswè a, epi demen swa, ou gen dwa priye, medite, api poze kseyon sa a: Èske Bondye te voye yon mesaj ke sete pou mwen sèlman? Èske m te wè men Li nan lavi m oubyen nan lavi [fanmi] m?”18 Lafwa, obeyisans, imilite, ak entansyon reyèl ouvri fenèt syèl yo.19

Yon ilistrasyon

1:19
Navige atravè lavi a
Souvni espirityèl yo bay limyè
Ede lòt moun redekouvri limyè espirityèl yo

Ou gen dwa panse a souvni spirityèl ou yo nan fason sa a. Ak priyè konstan, yon detèminasyon pou kenbe alyans nou yo, ak don Sentespri a, n ap fè chemen nou atravè lavi a. Lè difikilte pèsonèl, dout, oswa dekourajman nwasi wout nou, oubyen lè kondisyon mond lan depase kontwòl nou pou fè nou poze kesyon sou lefiti, souvni espirityèlman desizif nan liv lavi nou yo se tankou wòch limyè ki ap ede klere wout ki devan nou an, e asire nou ke Bondye konnen nou, Li renmen nou, epi Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, pou ede nou retounen lakay. Epi, lè yon moun mete moman desizif li yo akote epi li pèdi oubyen l twouble, nou oryante l pou l tounen al jwenn Sovè a pandan n ap pataje lavwa nou ak souvni nou avèk li, pou ede l redekouvri moman espirityèl presye li te cheri yon fwa yo.

Gen kèk eksperyans ki si sakre ke nou konsève yo nan memwa spirityèl nou epi nou pa pataje yo.20

“Zanj yo pale pa pouvwa Sentespri a; se poutèt sa, yo pale pawòl Kris la yo.”21

“Ni tou, zanj yo pa sispann travay pou pitit lèzòm.

“Paske gade, zanj yo soumèt yo devan [Kris la], pou yo travay dapre … kòmandman Li, pou yo fè moun ki gen anpil lafwa ak panse fèm nan tout fòm sentete wè yo.”22

Epi “Konsolatè a, ki se Sentespri a, … ap anseye nou tout bagay, epi l ap fè nou sonje tout bagay.”23

Anbrase souvni sakre nou yo. Kwè nan yo. Ekri yo. Pataje yo avèk fanmi nou. Asire nnou ke yo soti nan Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byeneme L la.24 Kite yo pote pasyans nan dout nou yo ak fè nou konprann difikilte nou yo.25 Mwen pwomèt nou ke si nou dispoze pou n rekonèt ak apresye evanman spirityèlman desizif yo nan lavi nou, plis ap vin jwenn nou toujou. Papa nou ki nan Syèl la konnen nou epi Li renmen nou!

Jezi se Kris la, levanjil Li a te retabli, epi si nou rete fidèl, mwen temwaye ke nou ap pou li ajamè, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade: Saints: The Story of the Church of Jesus Christ in the Latter Days, vol. 1, The Standard of Truth, 1815–1846 (2018), 150–53, gade tou nan Joseph Smith, “History, 1838–1856, Volume A-1, 205–209, [23 December 1805–30 August 1834],” 205–9, josephsmithpapers.org; Saints, 1:365–66.,

  2. Joseph Smith—Istwa 1:25.

  3. Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 142.

  4. Doktrin ak Alyans 135:4.

  5. Mwen toujou enpresyone pa pawòl nan Istwa —Joseph Smith la: “M te fè yon vizyon; m te konn sa epi m te konnen Bondye te konn sa”Joseph Smith—Istwa 1:25. Siman li te kanpe devan Bondye epi l te rekonèt ke evanman sa yo nan Boskè Sakre a te aktyèlman rive nan lavi li epi lavi li pa t ka janm menmjan an ankò poutèt sa. Sa gen 25 an apeprè, m te tande Eldè Neal A. Maxwell pwononse yon varyasyon fraz sa a. Li te bay egzanp sa a: “Byen lonan, an Me 1945, m te viv yon moman konsa sou zile Oknawa yo lè m te gen dizuitan. Pa t gen okenn ewoyis pou mwen men olyesa yon benediksyon pou mwenmenm ak lòt moun pandan pozisyon nou devan lame japonè a. Apre yo te fin twò lwen pozisyon nou an, enmi an te vize nou dwat. Yo te sipoze tire, men te gen yon entèvansyon divin ki te egzose priyè omwen yon moun efreye ak egoyis. Yo te sispann. … M te beni e m te konnen Bondye te konnen ke m te konnen” (“Vin yon disip,Ensign, Jen 1996, 19).

    Èldè Maxwell te ajoute non sèlman ke l te konnen, e non sèlman Bondye te konnen, men Bondye te konnen ke l te beni tou. Senbolikman, pou mwen, sa leve responsablite nou yon ti jan pi wo. Pafwa, Papa nou ki nan Syèl la akonpaye yon benediksyon li akòde nou pa yon gwo konfimasyon spirityèl ke syèl la entèvni pou nou. Sa klè pou nou. Li rete avèk nou, epi si nou onèt ak fidèl, l ap modle lavi nou nan ane k ap vini yo. “Mwen te beni e m konnen Bondye te konnen ke m konnen m te beni.”

  6. Russell M. Nelson, “Sweet Power of Prayer,Liahona, Me 2003, 8.

  7. Istwa pèsonèl Beatrice Magré te pataje avèk Èldè Andersen le 29 Oktòb 2019; email pou suivi le 24 Jan. 2020.

  8. travay 2:37.

  9. Alma 19:16.

  10. Gade Enòs 1:5.

  11. Clayton M. Christensen, “The Most Useful Piece of Knowledge,” Liahona, Jan. 2009, 23.

  12. Gade Teachings: Joseph Smith, 132.

  13. Dallin H. Oaks, Life’s Lessons Learned: Personal Reflections (2011), 116.

  14. 3 Nefi 9:20.

  15. Russell M. Nelson, “‘How Do You #HearHim?’ A Special Invitation,” Fev. 26, 2020, blog.ChurchofJesusChrist.org.

  16. 3 Nephi 26:14.

  17. Doktrin ak Alyans 18:35–36. Santiman toujou akonpaye konesans spirityèl. “Nou prese pou nou fè inikite; men, lou pou nou sonje Senyè Bondye nou an. “Nou te wè yon bzanj, e li te pale avèk nou; wi, e nou te tande vwa l tanzantan; e li te pale avèk nou avèk yon ti vwa dous, men nou te csan sansiblite, ki fè nou pa t kapab santi pawòl li yo” (1 Nefi 17:45).

  18. Gade Henry B. Eyring, “O Sonje, Sonje,” Liahona, Nov. 2007, 69.

  19. Gade 2 Nefi 31:13; Mowoni 10:4. Prezidan Dallin H. Oaks te vizite misyon nou an nan Bordeaux, an 1991. Li te eksplike misyonè nou yo ke entansyon reyèl vledi ke moun nan k ap priye Senyè a priye konsa: “Mwen p ap mande w pa kiryozite, men avèk yon senserite total pou m aji selon repons priyè m nan. Si w ban m repons sa a,, m ap aji pou m chanje lavi m. M ap reponn.”

  20. “”Epi kounyeya, anpil moun gen mwayen pou yo kapab konnen mistè Bondye yo; men yo resevwa kòmandman sevè pou yo pa pataje, eksepte pòsyon pawòl li bay pitit lèzòm, dapre atansyon ak dilijans yo ba li” (Alma 12:9).

    Èldè Neal A. Maxwell te di: “Sa mande enspirasyon pou n konnen kilè pou nou pataje [eksperyans espirityèl] nou yo.] Mwen raple m m te tande Prezidan Marion G. Romney, ki te gen anpil imou ak sajès, te di: ‘Nou’ t ap gen plis eksperyans spirityèl si nou pa t pale de yo anpil konsa’” (“Called to Serve” [devosyon nan Inivèsite Brigham Young, Mas. 27, 1994], 9,speeches.byu.edu.

  21. 2 Nefi 32:3.

  22. Mowoni 7:29–30.

  23. Jan 14:26.

  24. Benediksyon Prètriz Mèlkisedèk yo disponib pou tout moun. Nan semèn anvan konferans lan, apre m te fini diskou m nan, m te espirityèlman santi m atire nan yon liv ki rele Divine Signatures: The Confirming Hand of God (Siyati Diven: Men konfiman Bondye) (2010), ki te ekri pa Gerald N. Lund, ki te sèvi kòm yon Swasanndis Otorite Jeneral soti 2002 rive 2008. M te kontan wè ke pawòl Frè Lund yo sete yon bèl dezyèm temwayaj sou prensip mwen te pataje yo nan diskou konferans sa a epi tout moun ki anvi etidye plis sou souvni espirityèlman desizif yo ka kontan li yo.

  25. Youn nan sitasyon Prezidan Thomas S. Monson m pi prefere soti nan powèt Ekosè a, James M. Barrie: “Bondye ba nou souvni, pou nou ka gen woz mwa Jen nan Desanm lavi nou” (gade Thomas S. Monson, “Think to Thank,”“Think to Thank,” Liahona, Jan. 1999, 22). Se menm bagay la pou souvni spirityèl yo. Yo ka pi itil nou nan moman difisil ak frèt nan lavi nou yo , lè nou bezwen souvni “Jen” sa yo.