Konferans Jeneral
™Yon Apèl Espesyalman Nòb
Konferans Jeneral Avril 2020


Yon Apèl Espesyalman Nòb

Kòm fi ki gen lafwa, nou ka pran kèk prensip nan eksperyans Pwofèt Jozèf yo ki bay ide sou kijan nou resevwa pwòp revelasyon pa nou.

Mwen rekonesan pou m konsantre diskou m nan jodia sou wòl kontinyèl fi yo nan Retablisman an. Li klè ke atravè listwa fi yo te gen yon plas distentif nan plan Papa nou Ki nan Syèl La. Prezidan Russell M. Nelson te ansenye: “Li t ap enposib pou nou mezire enfliyans … fi yo genyen, non sèlman sou fanmi yo men nan Legliz Senyè a tou, antanke madanm, manman, ak grann; antanke sè ak matant; antanke enstriktris ak dirijan; e espesyalman antanke egzanp ak defansè fèvan lafwa.” 1

Nan kòmansman Sosyete Sekou a nan Novou sa gen 178 an, Pwofèt Joseph Smith te konseye sè yo pou yo te “viv alawotè privilèj [yo].” 2 Ekzanp yo ansenye nou jodia. Yo te ini pou yo te suiv vwa yon pwofèt e yo te viv avèk lafwa inebranlab nan Jezikri pandan yo t ap ede poze fondasyon kote nou kanpe kounyea. Sè m yo, se tou pa nou. Nou gen yon yon tach diven Senyè a ba nou, epi kontribisyon fidèl ak unique nou esansyèl.

Prezidan Spencer W. Kimball te eksplike: “Pou yon fi rete jis pandan dènye sèn yo sou tè sa a, anvan dezyèm vini Sovè nou an, se yon apèl espesyalman nòb. Fòs ak enfliyans fi jis yo jodia kapab plis pase dis fwa sa l ta ye nan peryòd ki pi trankil.” 3

Prezidan Nelson te enplore tou: “M priye nou sè m yo nan Legliz [la] … pou nou avanse! Pran plas lejitim e nesesè nou nan fwaye nou, nan kominote nou, ak nan wayòm Bondye a—plis pase nou janm konn fè anvan.” 4

Sa pa gen twò lontan, mwen menm ak yon gwoup timoun Primè, te gen privilèj pou nou te rankontre ak Prezidan Russell M. Nelson nan replika lakay fanmi Smith la nan Palmyra, New York. Koute pandan pwofèt nou an ap ansenye timoun yo sa yo ka fè pou yo avanse.

Sè Jones: “M ta renmen kounen si nou petèt gen yon kesyon nou ta renmen poze Prezidan Nelson. Nou chita la a avèk pwofèt la. Èske gen nenpòt bagay nou te toujou vle mande yon pwofèt? Wi, Pearl.

Pearl: “Èske l difisil pou w yon pwofèt? Èske w okipe anpil?

Prezidan Nelson: “Evidamman, li difisil. Tout bagay ki gen rapò avèk vin plis tankou Sovè a difisil. Pa ekzanp, lè Bondye te ble bay Moyiz Dis Kòmandman yo, ki kote L te di Moyiz pou l t ale? Sou tèt yon montay, sou tèt Mòn Sinayi a. Konsa, Moyiz te oblije mache al jis anlè sou tèt mòn sa a pou l te jwenn Dis Kòmandman yo. Papa nou Ki nan Syèl La te gen dwa di: “Moyiz, kòmanse la a, e M ap kòmanse la a, e m ap rankontre w nan mwatye wout.” Non, Senyè a renmen efò, paske efò pote rekonpans ke nou pa ka jwenn san sa. Pa ekzanp, èske nou te janm pran leson pyano?”

Timoun yo: “Wi.”

Pearl: “M jwe vyolon.”

Prezidan Nelson: “”Èske w pratike?”

Timoun yo: “Wi.”

Prezidan Nelson: “Kisa k pase si w pa pratike?”

Pearl: “W ap bliye.”

Prezidan Nelson: “Wi, ou pa p pwogrese, pa vre? Donk repons lan se wi, Pearl. Sa mande efò, anpil travay di, ak anpil etid, pa janm gen yon fen. Sa bon! Sa bon, paske nou toujou ap pwogrese. Menm nan lavi apre a, nou pral wogrese.”

Repons Prezidan Nelson te bay timoun presye sa yo valab pou nou chak tou. Senyè a renmen efò, e efò pote rekonpans. Nou kontinye pratike. N ap toujou ap pwogrese depi n ap fè efò pou nou suiv Senyè a. 5 Li pa atann pèfeksyon jodia. Nou kontinye monte Mòn Sinayi pèsonèl nou. Menmjan ak nan tan lontan, vwayaj nou an anfèt mande efò, travay di, ak etid, men angajman nou pou nou pwogrese a pote rekonpans etènèl. 6

Kisa ankò nou aprann nan men pwofèt Joseph Smith ak Premye Vizyon an konsènan efò, travay di, ak etid? Premye Vizyon an bannou direksyon nan wòl unique ak kontinyèl nou yo. Kòm fi ki gen lafwa, nou ka jwenn prensip verite nan eksperyans Pwofèt Joseph yo ki bay ide sou kijan pou nou resevwa pwòp revelasyon pa nou. Pa egzanp:

  • Nou travay anba difikilte.

  • Nou ale nan ekriti yo pou nou resevwa sajès pou nou aji.

  • Nou demontre lafwa ak konfyans nou nan Bondye.

  • Nou ekzèse pouvwa pou nou priye Bondye pou l ede nou chase enfliyans advèsè a.

  • Nou ofri dezi kè nou bay Bondye.

  • Nou konsantre sou Limyè Li pou gide chwa lavi nou yo epi ki repoze sou nou lè nou vire al jwenn ni.

  • Nou reyalize ke L konnen nou chak pa non nou epi li gen wòl endividyèl pou nou jwe. 7

Anplis, Joseph Smith te retabli konesans ke nou gen potansyèl diven ak valè etènèl la. Gras ak relasyon sa a avèk Papa nou Ki nan Syèl La, m kwè ke Li atann ke n ap resevwa revelasyon nan men Li.

Senyè a te enstwi Emma Smith pou l te “resevwa Sentespri a,” aprann anpil, “mete bagay mond lan akote … chache bagay ki pi bon, “ epi “rete fèm nan alyans [li yo] avèk Bondye. 8 Aprantisaj esansyèl pou pwogresyon, espesyalman lè konpayi konstan Sentespri a anseye nou sa ki nesesè pou nou chak mete de kote—sa vle di sa ki ka distrè nou oubyen retade pwogresyon nou.

Prezidan Nelson te di: “Mwen priye nou pou nou ogmante kapasite espirityèl nou pou n resevwa revelasyon an.” 9 Pawòl pwofèt nou an toujou avèk mwen lè m ap reflechi sou kapasite fi yo genyen pou yo avanse. Li sipliye nou, sa ki endike priyorite. L ap anseye nou kijan pou nou resevwa ak suiv revelasyon pou nou ka siviv nan yon mond ki malad anba peche. 10 Lè nou fè sa, pandan n ap onore ak viv kòmandman Senyè a, Li pwomèt nou, menm jan ak Emma Smith, “yon kouwòn lajistis.” 11 Pwofèt Joseph Smith te anseye enpòtans pou nou konnen ke Bondye apwouve chemen n ap suiv nan lavi sa a. San konesans sa a, n ap “febli nan lespri [nou] epi pèdi konesans.“ 12

Nan konferans sa a, nou pral tande verite k ap enspire nou pou nou chanje, amelyore, ak pirifye lavi nou. Pa mwayen revelasyon pèsonèl, nou ka evite sa kèk moun ka rele “nwayad konferans jeneral”—lè nou kite la a avèk detèminasyon pou nou fè tout bagay sa yo kounye an. Fi yo mete plizyè chapo, men li enposib, e sa pa nesesè, pou yo mete yo tout onsèl kou. Lespri a ede nou detèmine ki travay pou nou fokis jodia. 13

Enfliyans eman Senyè a atravè Sentespri a ede nou konnen priyorite Li pou pwogresyon nou. Lè nou koute revelasyon pèsonèl sa mennen nan pwogresyono pwogresyon pèsonèl. 14 Nou tande epi nou aji. 15 Senyè a te di: “Mande Papa a nan non m, avèk lafwa ak kwayans ke nou va resevwa, epi n ap gen Sentespri a, ki manifeste tout bagay ki nesesè.” 16 Wòl kontinyèl nou se kontinye resevwa revelasyon.

Lè nou atenn yon pi gwo degre konpetans nan bagay sa a, nou ka resevwa plis pouvwa nan wòl endividyèl nou pou nou sèvi ak akonpli travay sali ak ekzaltasyon an—pou nou “mete bagay mond sa a de kote, epi chache bagay ki pi bon yo” tout bon vre.” 17 Lè sa a nou ka pi byen enspire jenerasyon k ap grandi a pou yo fè menm bagay la tou.

Frè m ak sè m yo, nou tout ap chache pouvwa Bondye nan lavi nou. 18 Gen yon bèl inite ant fi yo ak gason yo nan akonpli travay Bondye a Jodi a. Nou gen aksè nan pouvwa prètriz la atravè alyans, ki te fèt premyèman nan dlo batèm yo epi apresa andedan tanp yo. 19 Prezidan Nelson te anseye nou: “Chak fi ak chak gason ki fè alyans avèk Bondye epi ki kenbe alyans sa yo, epi ki patisipe diyman nan òdonans prètriz yo, gen aksè dirèk nan pouvwa Bondye.” 20

Admisyon pèsonèl mwen jodia sèke antan ke fi, m pa t toujou reyalize avan sa nan lavi m ke m te gen aksè, atravè alyans mwen yo, nan pouvwa prètriz la. 21 Sè yo, m priye pou nou rekonèt epi cheri pouvwa prètriz la pandan n ap “rete byen fèm nan alyans [nou] yo,” 22 anbrase verite ekriti yo, epi koute pawòl pwofèt vivan nou yo.

Annou deklare devosyon nou pou Papa nou Ki nan Syèl la ak Sovè nou an, “avèk lafwa fèm nou gen nan li, pandan n ap depann antyèman sou merit limenm ki gen pouvwa pou l sove a. 23 Annou jwayezman kontinye vwayaj pou nou atenn potansyèl spirityèl ki pi wo nou an epi ede sa k bò kote nou yo pou yo fè menm bagay la atravè direksyon, lanmou, sèvis, ak konpasyon.

Èldè James E. Talmage te raple nou: “Pi gwo chanpyon fi ak feminite nan mond lan se Jezikri.” 24 Nan analiz final sou wòl kontinyèl fi yo nan Retablisman an, e pou nou tout, ki wòl ki pi enpòtan? M temwaye ke se tande Li, 25 suiv Li, 26 fè l konfyans, 27 epi vin yon ekstansyon lanmou Li. 28 M konnen L vivan. 29 Nan non sakre Jezikri, amèn.