2010–2019
Soutni aprantisaj levanjil la nan fwaye a
Oktòb 2018


Fi yo ak aprantisaj levanjil la nan fwaye a

Sovè a se egzanp pafè sou fason pou n akòde yon pi gwo enpòtans nan aprantisaj levanjil la nan fwaye a.

Sè byeneme m yo, sa mèveye pou m reyini avèk nou la a. Sa se yon tan eksitan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Senyè a ap devèse konesans sou Legliz li a nan l te pwomèt li t ap fè a.

Nou sonje ke l te di: “Konbyen tan dlo k ap koule yo ap rete kontamine? Ki pouvwa ki kapab kontwole syèl yo? Menm jan an tou lòm ta kapab lonje ponyèt fèb li pou rete rivyè Missouri a nan wout ki te dekrete pou li a, oubyen pou fè kouran an vire monte, menm jan an tou pou anpeche Toupisan an vide konesans desann soti nan syèl la sou tèt Sen dènye jou yo.”1

Youn nan mwayen Senyè a itilize jodia pou vide konesans se nan fason l akselere devèsman sa a sou tèt pèp li a ak nan kè yo. Li endike klèman ke pitit fi Pè Selès yo apral jwe yon wòl enpòtan nan akselerasyon mirakile sa a. Youn nan prèv mirak sa a se jan l ap dirije pwofèt yo pou yo mete gwo aksan sou enstriksyon levanjil la nan fwaye a ak andedan fanmi an.

Nou gen dwa di: “Nan kisa sa fè sè fidèl yo vin yon fòs esansyèl pou ede Senyè a devèse konesans sou Sen l yo?” Senyè a bay repons la nan “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond la.” Nou sonje pawòl yo, men petèt nou pral dekouvri yon nouvo siyifikasyon e rekonèt ke Senyè a te prevwa chanjman sa yo. Nan Pwoklamasyon an, li te bay sè yo tach pou yo se enstriktris prensipal levanjil la nan fanmi yo nan fason sa yo: “Manman yo responsab prensipalman pou nouri pitit yo.”2 Sa enplike elve yo nan laverite ak konesans levanjil la.

Nan pwoklamasyon an nou li ankò: “Papa yo ak manman yo gen obligasyon pou youn ede lòt kòm asosye egal.”3 Yo se asosye egal ego, yo egal nan potansyèl yo genyen pou yo grandi spirityèlman e akeri konesans, epi konsa, yo vin fè lè youn ede lòt. Yo egal nan destine divin yo pou yo egzalte ansanm. Anfèt, ni gason ni fi pa kapab egzalte poukont yo.

Konsa, pouki yon pitit fi Bondye, ki nan yon relasyon ki baze sou inite ak egalite, resevwa responsablite prensipal pou l nouri nan pote nouriti ki pi enpòtan nou tout dwe resevwa a: yon konesans sou laverite ki soti nan syèl la? Osi lontan m ka wè, sa te toujou fason Senyè a depi fanmi te kreye nan mond sa a.

Sete Èv ki te konnen Adan te dwe manje fwi pyebwa konesans byen ak mal la pou l te ka obeyi tout kòmandman Bondye yo ak fonde yon fanmi. M pa konn poukisa se Èv ki te konn sa an premye, men, Adan ak Èv te pafètman ini lè konesans sa a te devèse sou Adan.

Yon lòt egzanp kote Senyè a itilize don pou nourisman fi yo posede a se nan fason li te fòtifye pitit gason Elaman yo. Gòj mwen sere chak fwa m li istwa sa a epi sa fè m sonje pawòl asirans pwòp manman pa m te ban mwen lè m t apral fè sèvis militè m.

Elaman te ekri:

“Wi, manman yo te di yo si yo pa doute, Bondye ap delivre yo.

“Epi, yo te repete pawòl manman yo ban mwen, yo te di: Nou pa doute; manman nou te konn sa.”4.

Byenke m pa konn tout rezon k fè Senyè a bay fi fidèl yo responsablite prensipal pou elve fanmi yo, m panse sa gen rapò avèk kapasite nou genyen pou nou renmen an. Sa mande gwo lanmou pou n santi bezwen yon moun pase bezwen pa nou. Sa se amou pur Kris la pou moun n ap pran swen an. Santiman charite sa a soti nan moun ki chwazi pou nouri a, epi ki kalifye tèt li pou benefisye efè Ekspyasyon Jezikri yo. Deviz Sosyete Sekou, ke manmanm te egzanplifye anpil, sanble l enspire anpil pou mwen: “Charite pa janm peri.”

Antanke pitit fi Bondye, nou gen yon gwo kapasite andedan nou pou n santi bezwen lòt moun ak pou n renmen. Sa, anretou, rann nou pi sansib a enspirasyon Lespri a. Lè sa a, Lespri a ka gide sa nou panse, sa n ap di, ak sa n ap fè pou n nouri moun, pou Senyè a ka devèse konesans, verite, ak kouraj sou yo.

Noumenm, sè yo k ap tande vwa la a, nou chak nan yon etap diferan nan vwayaj nou nan lavi a. Gen nan nou ki se fiyèt k ap asiste yon sesyon jeneral fi pou lapremyèfwa. Gen nan nou ki se jènfi k ap prepare yo pou yo vin nourisè Bondye atann pou yo ye a. Gen kèk ki se nouvo marye ki poko gen pitit, gen lòt ki se jèn manman ki gen youn oubyen de pitit. Gen nan nou ki se manman tinedjè epi gen lòt ki gen pitit ki nan chan misyon. Gen kèk ki gen pitit ki fin febli nan lafwa yo epi ki lwen fwaye a. Genyen k ap viv poukont yo san yon konpayon fidèl. Gen kèk ki se granmè.

Poutan, kèlkeswa sitiyasyon pèsonèl nou, nou se yon pati—yon pati kle—nan fanmi Bondye a, ak nan pwòp fanmi pa nou, keseswa nan lefiti, nan mond sa a, oubyen nan mond dèzespri a. Tach Bondye konfye nou se nouri otan nan manm fanmi l la ke nou kapab ak otan manm fanmi pa nou pa amou nou ak lafwa nou nan Jezikri.

Defi pratik nou se konn kiyè pou n nouri, kijan pou n nouri, ak kilè pou n nouri. Nou bezwen èd Senyè a. Li konn kè lòt moun yo, epi l konn kilè yo pare pou yo aksepte nourisman w lan. Priyè lafwa ou se ap kle siksè ou. Ou ka depann sou gidans li.

Li te bay ankourajman sa a: “Mande Papa a nan non mwen, avèk lafwa, si ou kwè w ap resevwa, epi w ap gen Sentespri a, ki manifeste tout bagay ki nesesè bay pitit lèzòm yo.“5

Anplis priye a, etid serye ekriti yo ap fè pouvwa nou genyen pou nouri a grandi. Men pwomès la: “Ni tou pa dwe enkyete alavans pou sa nou pral di; men, medite pawòl lavi yo nou tout tan nan panse pawòl lavi yo, epi n ap resevwa nan menm lè a pòsyon an ki pral satisfè pou chak moun.”6.

Konsa, nou pral pase plis tan ap priye, reflechi, ak medite sou zafè spirityèl yo. Nou pral gen konesans sou laverite ki pral devèse sou nou epi k pral ogmante kapasite nou pou nouri fanmi nou.

Ap gen moman kote nou pral santi ke n ap pwogrese lantman nan efò nou pou nou pi byen nouri a. Sa pral mande lafwa pou n pèsevere. Li ba nou ankourajman sa a:

“Se poutèt sa, pa sispann fè byen, paske n ap poze fondasyon yon gwo travay. Epi, se nan ti bagay, sa ki gran soti.

“Gade, Senyè a vle yon kè ak yon panse ki gen yon espri byen dispoze; epi moun ki gen yon espri byen dispoze epi ki obeyisan pral manje bon bagay ki nan tè Siyon an nan dènye jou sa yo.”7

Prezans nou aswè a se prèv ke nou dispoze pou n aksepte envitasyon Senyè a pou nou nouri moun nan. Sa se vre menm pou sila ki pi piti a nan pami nou yo aswè a. Ou ka konnn kimoun pou w nouri nan fanmi ou. Si w priye ak entansyon reyèl, yon non oubyen yon vizaj ap vin nan lespri ou. Si w priye pou w konn kisa pou w fè oubyen kisa pou w di, w ap santi yon repons Chak fwa w obeyi, pouvwa w pou nouri a ap grandi. W ap vin prepare pou jou kote w pral nouri pwòp pitit pa ou.

Manman tinedjè yo ka priye pou yo ka konn kijan pou yo nouri yon pitit gason oubyen yon pitit fi ki parèt li pa bezwen nourisman yo. Ou gen dwa priye pou w konn kimoun ki ka gen enfliyans spirityèl piti ou a bezwen an, ke l ap vle aksepte a. Bondye tande epi l reponn priyè sensè manman ki enkyete yo, epi l voye èd ba yo.

Epi, ka gen yon granmè ki la a aswè, ki ka santi kè l tris poutèt eprèv ak difikilte pitit li oubyen pitit pitit li ap travèse. Ou gen dwa pran kouraj ak direksyon nan eksperyans fanmi ki nan ekriti yo.

Soti nan tan Adan ak Èv la, pase pa Patriyach Izrayèl la, pou rive nan chak fanmi nan Liv Mòmon an, gen yon leson ki sèten: pa janm sispann renmen.

Nou gen egzanp ankourajan Sovè a ki te nouri pitit rebèl Pè Selès yo. Menm lè yo menm avèk nou fè l atriste li, men Sovè a toujou lonje pou ede nou.8 Nan 3 Nefi, li pale de sè ak frè spirityèl li yo li te eseye nou ri san siksè yo: “O, nou menm pèp … ki se kay Izrayèl la, konbyen fwa m te rasanble nou menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li, e m te nouri nou.”9

Pou nou menm sè ki nan tout etap nan vwayaj lavi a, nan tout sitiyasyon familyal, ak tout kilti, Sovè a se egzanp pafè nou sou fason nou pral jwe yon wòl enpòtan nan desizyon li pou mete pi gwo aksan sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a.

Santiman charite ki andedan noumenm nan ap vin gen yon chanjman nan aktivite ak akonplisman nou yo nan fanmi nou. Sa pral poute yon pi gwo pwogresyon spirityèl. Lè nou priye avèk manm fanmi nou epi n priye pou yo, n ap santi amou nou genyen pou yo ak amou Sovè a genyen pou yo. Si nou chèche li, don spirityèl sa ap vin plis an plis devlope nan non. Manm fanmi nou ap santi l paske n ap priye avèk yon pi gwo lafwa.

Lè fanmi an reyini pou li ekriti yo awotvwa, n ap deja te li yo e priye sou yo pou n te prepare tèt nou. N ap jwenn moman pou nou priye pou Lespri a ka eklere lespri nou. Epi, lè se tou pa nou pou nou li, manm fanmi an ap santi amou nou pou Bondye ak pou pawòl li a. Y ap nouri pa limenm epi pa Lespri a.

Menm devèsman sa a ka fèt nan nenpòt reyinyon familyal si nou priye pou li epi nou planifye pou li. Sa ka mande efò ak tan, men sa ap pote mirak. M sonje yon leson manman m te anseye m lè m te piti. Mwen ankò sonje kat kolore l te prepare sou vwayaj Apot Pòl yo. M ap mende tèt mwen kijan l te fè jwenn tan ak enèji pou l te fè sa. Epi, jis jodia, mwen beni akoz amou li pou Apot fidèl sa a.

N apral jwenn fason pou nou kontribye nan devèsman levarite sa a sou fanmi nou nan Legliz retabli Senyè a. Nou chak pral priye, etidye, ak medite pou n ka konn ki kontribisyon patikilye nou ka pote. Men, gen yon bagay mwen konnen: sèke nou chak, ki asosye egal ego avèk pitit gason Bondye yo, nou pral yon jwe yon wòl enpòtan nan mirak aprantisaj ak pratik levanjil la ki pral akselere rasanbleman Izrayèl la epi ki pral prepare fanmi Bondye a pou retou gloriye Senyè a, Jezikri. Nan non sakre Jezikri, amèn.