2010–2019
Vin yon Bèje
Oktòb 2018


Vin yon bèje

Mwen espere ke moun n ap sèvi yo va wè nou tankou yon zanmi epi yo va reyalize ke, nan noumenm, yo gen yon defansè ak yon moun yo ka konfye.

Sa gen ennan, yon timoun Primè m te rankontre nan Chili te fè m souri. Li te di: “Alo” “M rele David. Èske w pral pale de mwen nan konferans jeneral?

Nan moman trankilite m yo, m te medite sou demann sanzatann David la. Nou tout anvi pou yo apresye nou. Nou vle enpòtan, nou vle yo sonje nou, epi renmen nou.

Frè m ak sè m yo, nou chak enpòtan. Menmsi nou pa pale de ou nan konferans jeneral, Sovè a sonje ou epi l renmen ou. Si w ap mande w si se vre, ou bezwen sèlman raple w ke l “grave w nan pla men li.”1

Konesan ke Sovè a renmen nou, nou gen dwa mande n kijan nou ka pi byen montre amou nou pou li?

Sovè a te mande l ankò: “Èske w renmen m …?”

Pyè te reponn: “Wi, Senyè, ou konnen mwen renmen ou. Li te di l: Pran swen mouton m yo.”

Lè Sovè a te poze kesyon sa a yon dezyèm fwa epi yon twazyèm fwa: ”Eske w renmen m”? Pyè te santi l tris men li konfime amou li: “Senyè, ou konn tout bagay; ou konnen mwen renmen ou. Jezi te di li : Pran swen brebi m yo.2

Èske Pyè pa t deja pwouve ke l sete yon disip eman Kris la? Depi nan premye rankont yo a bò lanmè a, li te “imedyatman” abandone filè pwason yo pou l te suiv Sovè a. 3 Pyè te vin yon vrè pechè moun. Li te akonpaye Sovè a pandan ministè l nan mòtalite a epi l te ede anseye lòt moun levanjil Jezikri a.

Men kounyeya, Senyè resisite a te konnen li pa t ap bò kote Pyè ankò, pou montre l kijan ak kilè pou l te sèvi. Nan absans Sovè a, Pyè ta pral bezwen chèche gidans nan men Lespri a, resevwa revelasyon poukont li, epi apresa, jwenn lafwa ak kouraj pou l te aji. Konsantre sou brebi l yo, Sovè a te vle Pyè fè sa limenm li t ap fè si l te la. Li te mande Pyè pou l te vin yon bèje.

An Avril dènye, Prezidan Russell M. Nelson te lanse nou menm envitasyon sa a pou nou pran swen brebi Papa nou yo nan yon fason ki pi sakre epi pou nou fè sa atravè sèvis pastoral.4

Pou nou aksepte envitason sa a efikasman, nou dwe devlope yon kè bèje epi konprann bezwen brebi Senyè a yo. Kijan nou ka vin bèje Senyè a ak pwofèt li a bezwen nou devni an?

Menmjan pou tout kesyon, nou ka vire gade Sovè nou an, Jezikri—Bon Bèje a. Nan ekriti yo, nou aprann ke Sovè a te konn brebi l yo epi l te konn ki kantite yo; li te veye sou yo, li te rasanble yo nan bèjri Bondye a.

Konnen ak konte

Pandan n ap eseye suiv egzanp Sovè a, nou dwe toudabò konnen ak konte brebi l yo. Yo ba nou kèk moun ak fanmi espesifik pou nou sèvi pou nou ka asire nou ke nou konte tout moun ki nan twoupo Senyè a epi nou pa bliye youn. Sepandan, konte brebi yo se pa reyèlman yon kesyon de chif; se asire nou ke chak moun santi amou Sovè a atravè yon moun k ap sèvi pou li. Nan fason sa a, nou tout ka rekonèt ke yon Pè Selès eman nan syèl la konnen nou.

Imaj
Sovè a avèk yon brebi

Dènyèman m te rankontre yon jènfi ki te gen tach pou l te fè sèvis pastoral pou yon sè ki te gen prèske senk fwa laj li. Ansanm, yo te dekouvri yon amou komen pou mizik. Lè jènfi sa a t al fè vizit yo, yo te chanje ansanm epi yo te pataje pale de chante prefere yo. Yo te fòme yon amitye ki beni lavi yo toulède.

M espere moun n ap sèvi yo ap wè nou kòm yon zanmi e reyalize ke, nan noumenm, yo gen yon konpay, yon defansè, ak yon konfidan—yon moun ki konnen sitiyasyon yo epi ki sipòte yo nan espwa yo ak aspirasyon yo.

M te resevwa tach pou m te fè sèvis pastoral pou yon sè ke ni mwen ni konpay mwen pa t konnen. Pandan m t ap pale avèk Jess, konpay sèvis pastoral 16 zan m nan, li te sigjere sajman: “Nou dwe aprann konnen li.”

Imaj
Sè Cordon ak konpay sèvis pastoral li

Nou te imedyatman deside ke yon ’selfie’ ak yon tèks pou prezante tèt nou t ap byen tonbe. M te kenbe telefòn nan, epi Jess te peze bouton an pou l te pran foto a. Premye okazyon nou pou n sèvi a te yon efò ansanm.

Nan premye vizit nou an, nou te mande sè nou an si te gen yon bagay nou ta ka antre nan priyè n ap fè pou li yo. Li te pale nou de yon pwoblèm epi l te di li t ap kontan pou nou priye pou li. Onètete li ak konfyans li te kreye yon lyen amou tousuit. Ala yon bèl privilèj sa ye pou m sonje li nan priyè chak jou mwen.

Si nou priye, n ap santi amou Jezikri pou moun nou gen tach pou sèvi yo. Pataje lanmou sa a avèk yo. Ki pi bon fason k genyen pou pran swen brebi l yo pase ede yo santi amou li—atravè noumenm.

Veye sou yo

Yon dezyèm fason pou n devlope kè yon bèje se veye sou brebi l yo. Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou ka deplase, fikse, repare, ak rebati nenpòt bagay. Nou rapid pou reponn a yon bezwen avèk yon men edan oubyen yon plat bonbon. Men èske n ka fè plis?

Èske brebi nou yo konnen n ap veye sou yo avèk amou epi n ap aji pou ede yo—souvan sa yo pa tann pou yo mande nou?

Nan Matye 25nou li:

“Vini, noumenm Papa m beni, vin eritye wayòm ki prepare pou nou an … :

“Paske mwen te grangou , nou te ban m manje, mwen te swaf nou te ban m bwè; mwen te etranje, nou te resevwa m lakay nou: …

“Lè sa a, moun ki te fè byen yo te reponn ni, yo di, Senyè, kilè nou te w grangou pou n te ba w manje? Kilè nou te wè ou swaf, pou nou te ba ou bwè?

“Kilè nou te w yon etranje, epi nou te resevwa w lakay nou?“{5

Frè m ak sè m yo, mo kle a se wè. Jis yo te wè moun ki nan bezwen yo paske yo t ap gade epi yo te note. Nou menm tou nou ka ouvri je nou pou n ede ak rekonfòte, pou n selebre ak reve. Pandan n ap aji a, noumenm tou nou ka asire de pwomès ki nan Matye a: “Chak fwa w te fè sa pou youn nan pi piti nan moun sa yo, … se pou mwen w te fè li.“6

Imaj
Sovè a k ap pran swen yon brebi

Yon zanmi—ke m ap rele Jan—te rakonte m kisa k ka rive lè nou wè bezwen ki mwens vizit yon moun genyen: “Yon sè nan pawas mwen an te fè yon tantatif pou l te touye tèt li. Apre de mwa, m te dekouvri ke okenn moun nan kowòm mwen an pa t al wè mari li pou te pale de eksperyans twomatizan sa a. Malerezman, m pa t fè sa nonplis. Finalman, m te envite mari a pou n al manje. Li sete yon mesye timid, ki te trè rezève. Men, lè m te mande l: ’Madanm ou te eseye touye tèt li. Siman sa te difisil pou ou. Èske w vle pale de sa?’ li te tonbe kriye. Nou te pase yon bon timoman ap pale avèk emosyon epi nou te vin rapwoche nan yon fason enkwayab e etabli yon rapò konfyans nan kèlke minit.”

Jan te ajoute: “M panse ke nou gen tandans pou nou jis pote gato pase pou n reflechi sou fason pou nou jere moman sa yo avèk onètete ak lanmou.”7

Brebi k sou kont nou yo gen dwa ap soufri, yo gen dwa pèdi e menm volontèman egare; antanke bèje yo, nou ka pami premye moun ki wè bezwen yo. Nou ka koute ak renmen san pote jijman epi ofri lespwa ak èd avèk enspirasyon Sentespri a.

Sè m ak frè m yo, mond la ranpli avèk esperans ak lajwa gras ak ti zak jantiyès enspire ou ka akonpli. Si w chèche direksyon Senyè a sou kijan pou w transmèt amou li ak wè bezwen moun w ap sèvi yo, je w ap louvri. Tach sakre sèvis pastoral ou a ba w dwa divin pou w resevwa enspirasyon. Ou ka chèche enspirasyon sa a ak konfyans.

Rasanble yo nan twoupo Bondye a.

Twazyèmman, nou vle brebi nou yo rasanble nan twoupo Bondye a. Pou fè sa, nou dwe konnen ki kote yo ye sou chemen alyans la epi nou dwe dispoze pou mache avèk yo nan vwayaj lafwa yo a. Nou gen privilèj pou n vin konn kè yo epi dirije yo al jwenn Sovè a.

Imaj
Brebi k ap suiv Bon Bèje a

Sè Josivini nan Fidji te gen difikilte pou l te ka wè kijan l t ap pwogrese sou chemen an—literalman. Zanmi l la te wè ke l t ap lite pou l te ka wè ekriti yo ase pou l te ka li. Li te pote linèt pou Josivini epi l te ba l yon kreyon koulè jòn vif pou l te ka make chak kote yo mansyone Jezikri nan Liv Mòmon an. Sa k te yon senp dezi pou sèvi ak ede yon moun nan etid ekriti li te vin mennen Josivini ale nan tanp pou lapremyè fwa nan laj 62 zan—28 tan apre batèm ni.

Imaj
Sè Josivini
Imaj
Sè Josivini nan tanp lan

Keseswa brebi nou yo solid oubyen fèb, ke yo jwaye oubyen angwase, nou ka asire nou ke okenn nan yo pa mache poukont li. Nou ka renmen yo kèlkeswa nivo spirityalite yo epi nou ka ofri yo sipò ak ankourajman pou pwochen etap annavan an. Pandan n ap priye epi chèche pou n konprann kè yo, mwen temwaye nou ke Pè Selès la ap dirije nou epi Lespri l ap mache avèk nou. Nou gen opòtinite pou n “zanj ki ap bò kote [yo]”8pandan limenm l ap mache devan yo.

Imaj
Bon Bèje a avèk mouton l yo

Senyè a envite nou pou nou nouri mouton l yo, pou n pran swen twoupo a jan l t ap fè. Li envite nou pou nou vin bèje pou chak nasyon, chak peyi. (Epi, wi, Eldè Uchtdorf, nou renmen bèje alman epi nou bezwen yo.) Epi li vle pou jèn ni yo patisipe nan travay la.

Jèn nou yo ka bèje ki pi solid nou ka genyen. Jan Prezidan Russell M. Nelson te di a, yo ka “pami pi bon moun Senyè a te janm voye nan mond sa a.” Yo se espri nòb, “pi bon jwè nou” k ap suiv Sovè a.9 Èske w ka imajine pouvwa kalite bèje sa yo ap pote pandan y ap pran swen brebi l yo? Pandan n ap sèvi bò kote yo, nou wè mèvèy.

Jènfi nou yo ak jènjan nou yo, yo bezwen nou! Si nou pa gen yon tach pou fè sèvis pastoral, pale avèk prezidant Sosyete Sekou nou oubyen prezidan kowòm ansyen nou. Y ap kontan wè dispozisyon nou pou n asire n ke nou konnen brebi l yo, epi nou konte yo, nou veye sou yo, epi nou rasanble yo nan twoupo Bondye a.

Lè jou a va rive kote nou pral ajenou nan pye Sovè byeneme nou an, apre ke n fin nouri twoupo l la, mwen priye pou nou ka reponn jan Pyè te reponn nan: “Wi, Senyè; ou konnen ke m renmen ou.”10 Sa yo, brebi w yo, nou renmen yo yo, yo an sekirite, epi yo epi yo retounen lakay. Nan non Jezikri, Amèn.