2010–2019
Non Kòrèk Legliz la
Oktòb 2018


Non Kòrèk Legliz la

Jezikri kòmande nou pou nou rele Legliz la pa non li paske se Legliz li, ki ranpli avèk pouvwa li.

Frè ak sè byeneme m yo, nan bèl jou Saba sa a, nou rejwi ansanm pou anpil benediksyon Senyè a ba nou. Nou rekonesan pou temwayaj nou de levanjil retabli Jezikri a, pou sakrifis nou fè pou n rete sou chemen alyans li a oubyen pou nou retounen ladan, ak pou sèvis devwe nou nan Leglis Li a.

Jodia m santi m pouse pou m abòde yon sijè ki gen gwo enpòtans. Sa gen kèk semèn, mwen te pibliye yon deklasrasyon konsènan yon demach pou korije non Legliz la.1 Mwen te fè sa paske Senyè a te fè m konprann enpòtans non l te dekrete pou Legliz li a, ki se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.2

Jan nou te ka atann, reyaksyon moun yo apre deklarasyon sa a ak pou gid stilistik revize sa a3 te varye. Anpil manm te korije non Legliz la sou blòg yo ak paj medya sosyal yo imedyatman. Gen lòt ki t ap mande poukisa, avèk tout sa k ap pase nan mond lan, li te nesesè pou nou ensiste sou yon bagay tèlman “si minim konsa.“ Epi gen kèk ki te di sa pa ap janm ka fèt, donk poukisa pou yo ta menm eseye? Kite m eksplike poukisa nou sousye si pwofondeman pou pwoblèm sa a. Men toudabò, kite m di nou kisa demach sa a pa ye:

  • Li pa yon chanjman non.

  • Li pa chanjman yon mak.

  • Li pa yon kesyon kosmetik.

  • Li pa yon fantezi.

  • Epi li pa san konsekans.

Anfèt, li se yon koreksyon. Li se yon kòmandman Senyè a. Joseph Smith pa t deside non Legliz retabli pou tèt pa li; ni Mòmon non plis. Se Sovè a limenm ki te di: “Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vle di legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo.”(4

Menm anvan sa, nan ane 34 apre Jezikri, Senyè resisite nou an te bay manm Legliz li yo menm enstriksyon an lè l te vizite Amerik yo. Nan moman sa a, li te di:

“Nou dwe bay legliz la pote non mwen. …

“Epi, kouman pou li ta legliz mwen si l pa pote non mwen? Paske, si yon legliz pote non Moyiz, se legliz Moyiz li ye; oubyen si l pote non yon moun, se legliz moun nan; men si l pote non mwen, se legliz mwen li ye, si l fonde sou levanjil mwen an.”5

Donk, non Legliz la pa negosyab. Lè Sovè a klèman deklare kisa non Legliz li a dwe ye, epi li menm prese deklarasyon lan avèk pawòl “Se konsa legliz mwen an dwe rele“ a, li serye. E si pèmèt moun itilize tinon oubyen nou adopte e menm sipòte tinon sa yo noumenm, nou ofanse li.

Kisa yon non gen ladan l, oubyen, nan ka sa a, yon tinon? Nan sa ki konsène tinon Legliz la, tankou “Legliz SDJ,“ “Legliz Mòmon“ an, oswa “Legliz Sen Dènye Jou yo,“ omisyon ki pi flagran an nan non sa yo se absans non Sovè a. Retire non Seyè a nan non Legliz Senyè a se yon gwo viktwa pou Satan. Lè nou retire non Sovè a, nou sibtilman meprize tout sa Jezikri te fè pou nou—menm Sakrifis Ekspyatwa l la.

Annou konsidere sa nan pèspèktiv li: Nan lavi premòtèl la, li sete Jewova, Bondye Ansyen Testaman an. Sou direksyon Papa li, li sete Kreyatè mond sa a ak lòt mond yo.6 Li te chwazi pou l te soumèt tèt li anba volonte Papa li epi pou l te fè pou tout pitit Bondye yo yon bagay okenn lòt moun pa t ap ka fè! Li te konsanti pou l te vin sou tè a kòm Sèl Pitit Literal Papa a nan lachè; yo te britalman ensilte li, moke li, krache sou li, e maltrete li. Nan Jaden Jetsemani an, Sovè nou an te pran sou tèt li chakdoulè, chakpeche, ak toutangwas ak soufrans oumenm avèk mwen ak tout moun ki te viv oswa ki ap gen pou viv ap janm travèse. Anba pwa fado atwòs sa a, li te senyen nan chak twou kò li.7 Tout soufrans sa a te entansifye lè yo te krisifye li kriyèlman sou kwa Kalvè a.

Atravè eksperyans atwòs sa yo ak rezirèksyon l ki te suiv la—ki se Espyasyon enfini l lan—li te akòde tout moun imòtalite, epi l te rachte nou chak anba konsekans peche, akondisyon pou nou repanti.

Apre Rezireksyon Sovè a ak lanmò Apot li yo, mond lan te plonje nan plizyè syèk tenèb. Epi, nan ane 1820 an, Bondye Papa a ak Pitit gason l lan, Jezikri, te parèt devan Pwofèt Joseph Smith pou te kòmanse Retablisman Legliz Senyè a.

Apre tout sa l te andire—epi apre tout sa l fè pou limanite—mwen reyalize avèk pwofon regrè ke nou envolontèman konsanti pou n rele Legliz retabli Senyè a pa lòt non, chak nan non sa yo efase non sakre Jezikri a!

Chak Dimanch, lè nou pran sentsèn diyman, nou renouvle Pè Selès la pwomès sakre nou ke nou dispoze pou pran non Pitit gason la, Jezikri, sou tèt nou.8 Nou pwomèt pou nou suiv li, pou nou repanti, kenbe kòmandman l yo, epi toujou sonje li.

Lè nou retire non li nan Legliz li a, èske, pa neglijans, nou pa retire l kòm fokis santral lavi nou?

Pran non Sovè a sou tèt nou enkli deklare ak temwaye bay lòt moun—atravè aksyon nou ak pawòl nou—ke Jezi se Kris la. Èske nou sitèlman pè pou n pa ofanse yon moun ki rele nou “Mòmon“ ke nou pa menm defann Sovè a limenm nan pran pozisyon pou n defann non li rele Legliz li a?

Si noumenm antanke pèp epi endividyèlman vle gen aksè nan pouvwa Ekspyasyon Jezikri a—pou netwaye nou ak geri nou, pou fòtifye ak mayifye nou, epi finalman egzalte nou an—nou dwe klèman rekonèt li kòm sous pouvwa sa a. Nou ka kòmanse pa rele Legliz li pa non ke limenm li dekrete a.

Pifò mond lan aktyèlman banalize Legliz Senyè a nan rele l “Legliz Mòmon“ an. Men noumenm, kòm manm Legliz Senyè a, nou konn kiyès ki kanpe nan tèt li: Jezikri limenm. Malerezman, anpil moun ki tande tèm Mòmon an gen dwa panse ke nou adore Mòmon. Se pa sa ditou! Nou onore gran pwofèt Ameriken ansyen sa a epi nou respekte li.9 Men nou pa disip Mòmon. Nou se disip Senyè a.

Nan premye tan Legliz retabli a, moun yo te souvan itilize tèm tankou Legliz Mòmon an akMòmon yo 10 kòm tèm pou ensilte—kòm tèm kriyèl, tèm pou joure—ke yo te envante pou yo te pwouve ke men Bondye pa t nan retablisman Legliz Jezikri a nan dènye jou sa yo.11

Frè m ak sè m yo, gen anpil agiman nan mond lan ki kanpe kont ide pou rebay Legliz la non kòrèk li a. Nan mond dijital n ap viv jodia kote plen kapasite rechèch ogmante ki ede nou jwenn enfòmasyon nou bezwen yo prèske imedyatman—enkli enfòmasyon sou Legliz Senyè a—kritik yo di ke yon koreksyon nan moman sa a pa fè sans. Gen lòt moun ki panse paske yo deja sitèlman rekonèt nou kòm “Mòmon“ epi kòm “Legliz Mòmon“ an, nou ta dwe jis pwofite de sa.

Si sete yon zafè bay non pou yon òganizasyon lòm te kreye, agiman sa yo ta ka pase. Men nan sijè enpòtan sa a, nou konsilte limenm Legliz la se pa l la epi nou rekonèt ke fason pa Senyè a se pa fason lèzòm e li p ap janm sa. Si nou gen pasyans epi nou fè pati pa nou an, Senyè a ap gide nou nan tach enpòtan sa a. Aprè tou, nou konnen Senyè a ede moun ki chèche fè volonte li, tankou l te ede Nefi akonpli tach pou konstwi yon bato pou travèze lanmè a.12

Nou pral bezwen itilize koutwazi, ak pasyans nan efò nou pou n korije erè sa yo. Medya ki serye yo apral favorab anvè demann nou an.

Nan yon konferans jeneral avan sa, Èldè Benjamin De Hoyos te pale sou yon sitiyasyon konsa. Li te di:

“Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi nan biwo zafè piblik Legliz la nan Meksik, [konpayon m avèk mwen] te resevwa envitasyon pou nou t al patisipe nan yon deba nan radyo. … [Youn nan direktè pwogram yo] te mande [nou]: ‘Poukisa Legliz la gen yon non ki long konsa? …

“Konpayon m avèk mwen te souri pou bèl kesyon sa a epi nou te kòmanse eksplike l ke se pa lòm ki te chwazi non Legliz la. Se Sovè a ki te bay li. … Imedyatman epi ak respè, direktè pwogram nan te reponn: ‘Enben, n ap repete l avèk gran plezi.‘“13

Rapò sa ba nou yon modèl. Youn pa youn, sa pral egzije maksimòm efò pèsonèl nou pou korije erè ki te glise antre pandan dèzane yo.14 Rès mond lan gen dwa oubyen gen dwa pa suiv egzanp nou nan rele nou pa non kòrèk la. Men, sa t ap parèt ipokrit pou nou ta fache lè pifò moun nan mond lan rele Legliz la ak manm li yo pa move non an si noumenm nou fè menm bagay la.

Gid stilistik revize w la ka ede. Li deklare: “Kòm premye referans, li ta preferab pou nou ta itilize non konplè Legliz la: ‘Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.‘ Si nou ta bezwen yon [dezyèm] referans ki pi kout, nou rekòmande pou n ta itilize tèm tankou ‘Legliz la‘ oswa ‘Legliz Jezikri‘ a. ‘Legliz retabli Jezikri‘ a kòrèk tou e nou rekòmande l tou. 15

Si yon moun ta mande, “Èske w se yon Mòmon?“ ou ka reponn, “Si ou mande m si m se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, wi, mwen se youn!“

Si yon moun mande, “Èske w se yon Sen Dènye Jou?“16 ou gen dwa reponn: “Wi, m se youn. Mwen kwè nan Jezikri epi m se yon manm Legliz retabli l la.“

Chè frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou ke si nou fè tout sa n kapab pou retabli non kòrèk Legliz Senyè a, limenm ki se mèt Legliz sa a ap devèse pouvwa l ak benediksyon l sou tèt Sen Dènye Jou yo,17 nan fason nou pa janm wè. N ap gen konesans ak pouvwa Bondye pou n ede nou pote benediksyon levanjil retabli Jezikri yo bay chak nasyon, ras, lang, ak pèp epi pou prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a.

Konsa, kisa k gen nan yon non? Nan sa ki gen pou wè avèk non Legliz Senyè , repons lan se “Tout bagay!“ Jezikri te kòmande nou pou n bay Legliz la non li paske se Legliz li, ki ranpli avèk pouvwa li.

Mwen konnen Bondye vivan. Jezi se Kris la. L ap dirije Legliz li a jodia. Mwen rann temwanyaj konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Senyè a fè m konprann enpòtans non li te revele pou Legliz li a, se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou gen travay ka p tann nou pou n konfòme nou avèk volonte li. Nan semèn ki sot pase yo, plizyè dirijan ak depatman nan Legliz la te kòmanse etap nesesè yo pou fè sa. Gen lòt enfòmasyon adisyonèl konsènan sijè enpòtan sa a ki pral disponib nan mwa k ap vini yo“ (Russell M. Nelson, “Non Legliz ladeklarasyon ofisyèl, Aug. 16, 2018], mormonnewsroom.org).

  2. Gen kèk nan Prezidan Legliz anvan yo ki te fè menm demann nan. Paegzan, Prezidan George Albert Smith te di: Pa desevwa Senyè a nan rele Legliz sa a Legliz Mòmon an. Li pa te rele li Legliz Mòmon“ (nan Conference Report, Apv. 1948, 160–61).

  3. Gade “Style Guide—Non Legliz lamormonnewsroom.org.

  4. Doktrin ak Alyans 115:4

  5. 3 Nefi 27:7–8

  6. Gade Moyiz 1:33

  7. Gade Doktrin ak Alyans 19:18

  8. Gade Mowoni 4:3Doktrin ak Alyans 20:37, 77

  9. Mòmon sete youn nan kat otè prensipal Liv Mòmon an, lòt twa yo sete, Nefi, Jakòb, ak Mowoni. Yo tout sete temwen vizyèl Senyè a, menmjan ak tradiktè enspire l la, Pwofèt Joseph Smith.

  10. Menm mo Mòmonit yote pami tèm derizyon moun yo te anplwaye (gade Istwa Legliz la,2:62–63, 126).

  11. Gen lòt epitèt yo sanble yo te konn itilize nan epòk Nouvo Testaman an. Pandan pwosè Apot Pòl la devan Felix la, yo te rele Pòl “yon ajitatè nan sèk Nazareyen yo“ (Travay 24:5). Konsènan itilizasyon mo “Nazareyen yo,“ yon kòmantatè te ekri: “Se non sa a yo te abitye bay Kretyen yo pou te meprize yo. Yo te rele yo konsa paske Jezi te soti Nazarèt“ (Albert Barnes, N149t, Explanatory and Practical, on the Acts of the Apostles1862], 313).

    Menmjan tou, yon lòt kòmantatè deklare: “Menmjan yo te konn rele Senyè a ‘Nazareyen an‘ pa mepri a (Matye 26:71se konsa Juif yo te rele disip li yo ‘Nazareyen‘ tou. Yo pat vle admè ke yo sete Kretyen,, kivledi disip Mesi a” (The Pulpit Commentary: The Acts of the Apostles, ed. H. D. M. Spence and Joseph S. Exell [1884], 2:231).

    Nan menm sans lan, Eldè Neal A. Maxwell te fè remake: “Toutolon istwa ekriti yo, nou wè efò repete ki fèt pou rabese pwofèt yo yon fason pou rejte yo—pou ba yo etikèt yon fason pou diminye yo. Sepandan, pi souvan, kontanporen yo ak listwa mondèn tou senpleman inyore yo. Aprè tou, yo te sèlman rele premye Kretyen yo ‘sèk Nazareyen yo.‘ (Travay 24:5.)” (“Out of Obscurity,” Ensign, Nov. 1984, 10).

  12. Gade 1 Nefi 18:1–2

  13. Benjamín De Hoyos, “Aple pou vin SenLyawona,Me 2011, 106.

  14. Pandan ke nou pa gen okenn kontwòl sou jan lòt moun vle rele nou, nou gen kontwòl total sou jan nou fè referans ak tèt nou. Kijan nou ka atann lòt moun onore non kòrèk Legliz la si noumenm antanke manm Legliz la nou pa fè sa?

  15. Gid stilistik—Non Legliz lamormonnewsroom.org.

  16. Tèm sen an souvan itilize nan Sent Bib la. Nan Lèt Pòl pou Efezyen yo, paegzanp, li te itilize mo sen an omwen yon fwa nan chak chapit. Yon sen se yon moun ki kwè nan Jezikri epi k ap fè efò pou suiv li.

  17. Gade Doktrin ak Alyans 121:33