2010–2019
Bèje nanm
Oktòb 2018


Bèje nanm

Nou lonje lamen bay lòt avèk amou paske se sa Sovè nou an kòmande nou.

Nan yon konvèsasyon resan m te genyen avèk yon zanmi, li te di m lè l te yon jèn nouvo batize nan Legliz la, li te toudenkou santi ke l pa t gen plas li nan pawas li a ankò. Misyonè ki te anseye l yo te transfere, epi l te santi tankou yo te mete l aleka. Paske l pa t gen okenn zanmi nan pawas la, li t al jwenn ansyen zanmi l yo epi l te patisipe avèk yo nan aktivite ki te mennen l lwen legliz la—nan pwen ke l te kòmanse elwaye l de twoupo a. Ak dlo nan je l, li te dekri kijan l te rekonesan lè yon manm pawas la te lonje lamen ba li epi, chalerezman, li te envite l pou l te retounen avèk amou. Nan lespas kèlke mwa, li te retounen nan twoupo a an sekirite, kote l te fòtifye lòt moun ansanm ak tèt li. Èske nou pa rekonesan pou bèje nan Brezil la ki t al chèche jenòm sa a,Eldè Carlos A. Godoy, ki chita dèyèm nan la a kòm yon manm Prezidans Swasanndis yo?

Sa remakab pou n wè kijan ti efò piti ka gen konsekans etènèl. Verite sa a nan kè tout efò sèvis pastoral Legliz la. Pè Selès la ka pran senp efò chak jou nou yo, pou fè yo tounen yon bagay mirakile. Sa gen sis mwa sèlman depi Prezidan Russell M. Nelson te anonse ke “Senyè a te fè ajisteman enpòtan nan fason nou youn pran swen lòt la,”1 epi l te eksplike: “Nou pral enplante yon nouvo apwòch pi sakre pou pran youn pran swen lòt ak youn sèvi lòt. Nou pral senpleman rele efò sa yo ‘sèvis pastoral.’”2

Prezidan Nelson te eksplike tou: “Mak fabrik vrè Legliz vivan an ap toujou yon efò òganize, ki dirije pou sèvi tout pitit Bondye yo endividyèlman ansanm avèk fanmi yo. Paske se Legliz li, noumenm, antanke sèvitè li, n ap sèvi moun yo youn pa youn, jan l te fè a. Nou pral sèvi nan non li, ak pouvwa ak otorite li, epi avèk bonte l ak amou li.“3

Depi lè yo te bay anons sa a, reyaksyon nou te enkwayab! Nou resevwa rapò sou gwo siksè ki genyen nan enplante chanjman sa yo nan prèske chak pieu nan mond lan, jan pwofèt vivan nou an te mande a. Paregzanp, yo asiyen frè ak sè sèvis pastoral yo fanmi, ekip—enkli jènjan ak jènfi—yo te òganize, epi entèvyou sèvis pastoral ap fèt.

M pa panse ke se yon kowensidans dèske anons yo te fè yè a—“yon nouvo balans ak koneksyon ant enstriksyon levanjil nan fwaye a ak nan Legliz la”4—fèt sis mwa apre anons sou sèvis pastoral la. Apati Janvye, pandan nou pral pase inèdtan an mwens nan Legliz la, tout sa nou aprann nan sèvis pastoral yo pral ede nou rebalanse inèdtan sa a pou fè nou fè eksperyans yon jou Saba pi wo ak pi sakre, ki santre sou fwaye a, avèk fanmi nou ak moun ki chè pou nou.

Avèk òganizasyon sa yo ki anplas la, nou gen dwa mande tèt nou: “Kijan n ap fè konnen si n ap sèvi nan fason Senyè a? Èske n ap ede Bon Bèje a nan fason l prevwa a?“

Nan yon diskisyon resan avèk Prezidan Henry B. Eyring, li te konplimante Sen yo pou adaptasyon yo nan chanjman enpòtan sa yo men, li te eksprime espwa sensè ke manm yo ap rekonèt ke sèvis pastoral la se plis pase “pou nou janti.” Sa pa vledi ke jantiyès pa enpòtan, men moun ki konprann vrè espri sèvis pastoral yo ap reyalize ke l ale pi lwen pase senpleman janti avèk yon moun. Lè l fèt nan fason Senyè a, sèvis pastoral la ka gen yon enfliyans benefik konsiderab ki ap kontinye pandan tout letènite, jan sa se ka a pou Èldè Godoy la.

“Sovè a te montre palegzanp kisa sa vledi pou n sèvi jan l te sèvi pa amou an. … Li te … anseye yo, li te priye pou yo, li te rekonfòte yo, epi li te beni yo, pandan l t ap envite you tout pou yo suiv li. … Pandan manm Legliz yo ap fè sèvis pastoral la [nan yon fason ki pi nòb ak pi sen], nan yon espri lapriyè, yo chè sèvi jan l t ap sèvi—pou yo … ‘toujou veye sou legliz la, epi rete avèk yo, epi fòtifye yo,’ pou yo ‘vizite kay chak manm,’ epi ede chak manm vin yon vrè disip Jezikri.”5

N ap konprann ke yon vrè bèje renmen mouton li, li konn non yo chak, epi li “enterese pèsonèlman nan” yo.6

Imaj
Mouton nan yon mòn

Yon ansyen zanmi te pase lavi l kòm pwopriyetè yon ranch, kote l te travay di pou l te elve gwo vach ak mouton nan Montagnes Rocheuses yo. Yon jou, li te pale m de difikilte ak danje k ki genyen nan elevaj mouton. Li te di m ke, nan kòmansman prentan, lè nèj la prèske fonn totalman nan pil chèn montay yo, li te konn mennen twoupo k te gen apeprè 2.000 mouton l lan nan mòn yo pou ete a. Kote sa a, li te konn veye sou twoupo a jiska fen otòn nan, kote l te fè yo redesann soti nan patiraj ete a pou yo t al nan patiraj ivè nan dezè a. Li te dekri kijan l te difisil pou okipe yon twoupo osi anpil, sa te mande leve bonè epi dòmi ta—pou al mache byen anvan solèy la leve epi fini byen ta nan aswè. Li pa t ka fè sa poukont li.

Imaj
Limenm ak mouton yo

Gen lòt moun ki te ede l okipe twoupo a, enkli yon gwoup travayè plen eksperyans ak apranti ki t ap ede yo, ki te benefisye de sajès kòlèg sa yo. Li te gen de vye cheval tou, de poulen li t ap drese, de chyen bèje granmoun, ak de oubyen twa ti chyen bèje. Pandan ete a, zanmi m nan ak ekip li a te konn fè fas ak van, gwo lapli, maladi, blese, sechrès, ak prèske tout lòt difikilte yon moun ka imajine. Kèk ane, yo te konn oblije al tire dlo pandan tout ete a pou yo te ka kenbe mouton yo anvi. Apresa, chak ane nan fen lotòn, lè tanperati ivè a te vin menasan epi yo te fè mouton yo redesann mòn nan epi konte yo, yo toujou gen plis pase 200 ki te pèdi oubyen ki te manke.

Imaj
Okipe mouton
Imaj
Twoupo mouton

Twoupo 2.000 mouton an, ki te enstale nan mòn yo nan kòmansman prentan an te redui a mwens pase 1.800 nan fen chak otòn. Pifò nan mouton ki te disparèt yo se pa takoz maladi ni lanmò natirèl men, se te akoz predatè tankou lyon montay yo oubyen kòyòt. Predatè sa yo te abityèlman jwenn ti mouton ki te ale kite sekirite twoupo a, sa k te fè yo retire tèt yo anba pwoteksyon bèje a. Èske w ka reflechi yon moman sou sa m fèk sot dekri a, nan yon kontèks spirityèl? Kiyès ki bèje a? Kiyès ki twoupo a? Kiyès moun sa yo k ap ede bèje a?

Imaj
Bon Bèje a

Senyè a, Jezikri, limenm te di: “M se bon bèje a, e m konnen brebi m yo, … epi m ap bay lavi m pou brebi m yo.”7

Imaj
Jezi k ap pran swen monton l yo

Pwofèt Nefi te anseye tou ke Jezi “li pral nouri brebi l yo, e yo pral jwenn patiraj nan li.”8 M jwenn yon lapè dirab nan konesans ke “Senyè a se bèje mwen l ye”9 epi li konnen nou chak e l ap veye sou nou chak. Lè n ap afwonte van ak gwo lapli, maladi, blesi, ak sechrès lavi yo, Senyè a—Bon Bèje nou an—ap pran swen nou. L ap restore nanm nou.

Nan menm fason zanmi m nan te pran swen brebi l yo avèk asistans jèn travayè ak travayè aje, cheval, ak chyen yo nan ranch lan, Senyè a egalman mande asistan nou pou akonpli travay difisil ki se pran swen twoupo li a.

Imaj
Jezikri k ap ministre

Antanke pitit yon Pè Selès eman epi antanke brebi nan twoupo li, nou gen benediksyon pou n gen Jezikri sèvi nou endividyèlman. An menmtan tou, nou gen yon responsablite pou n fè sèvis pastoral pou lòt moun bò kote nou antanke bèje. Nou koute pawòl Senyè a ki di: “sèvi sèvi m, epi ale nan non mwen, epi … rasanble brebi m yo.”10

Kisa yon bèje ye? Chak gason, chak fi, ak chak timoun nan wayòm Bondye a se yon bèje. Sa pa mande yon apèl. Apati moman nou soti nan dlo batèm yo, nou anchaj travay sa a. Nou lonje lamen bay lòt avèk amou paske se sa Sovè nou an kòmande nou. Paske ki bèje nan pami nou ki gen anpil brebi e ki pa veye yo, pou lou pa antre vin devore yo? eskè l pa chase lou a?”11 Chak fwa pwochen nou nan detrès, tanporèlman oubyen spirityèlman, nou kouri al pote yo sekou. Nou youn pote fado lòt pou yo ka vin lejè. Nou kriye avèk moun k ap kriye. Nou konsole moun ki bezwen konsolasyon.12 Se sa Senyè a ap tann nan men nou. Epi jou a ap vini kote l pral rann nou responsab pou fason nou te pran swen twoupe l la.13

Zanmi m nan ki te bèje a te pale m de yon lòt eleman enpòtan nan veye sou brebi nan patiraj li yo. Li te dekri kijan brebi k te pèdi yo te patikilyèman ekspoze anba danje predatè yo. Anfèt, limenm ak travayè l yo te pase plis pase 15 pousan nan tan yo ap chèche brebi k te pèdi yo. Yo te aprann ke, pi vit yo te jwenn brebi pèdi yo, anvan yo t al twò lwen twoupo a, se plis yo te gen chans pou yo te ka jwenn yo anvi. Sa mande anpil pasyans ak disiplin pou jwenn brebi ki pèdi a.

Sa gen kèk ane, m te jwenn yon atik nan yon jounal ki te sitèlman entrige m ke m te konsève li. Sou premyè paj la, li te di: “Chyen detèmine refize abandone brebi pèdi.”14 Atik sa a dekri yon ti gwoup brebi ki te pou yon elvaj ki te sitiye tou pre pwopriyete zanmi m nan, ke yo te kite dèyè nan patiraj ete yo a. De oubyen twa mwa apre, yo te nèj te kwense yo nan mòn yo. Lè yo te kite brebi yo poukon yo a, chyen an te rete avèk yo, paske sete devwa l pou l te veye sou yo ak pwoteje yo. Li te refize kite pòs li. Li te rete la—ap vire bò brebi egare yo pandan dè mwa nan fredi ak nèj ivè a, ap sèvi kòm pwoteksyon kont kòyòt yo, kont lyon montay yo, oubyen tout lòt predatè ki ta ka fè yo ditò. Li te rete la jiskaske l te vin ka mennen yo retounen sen e sof al jwenn bèje a ak twoupo a. Imaj ki te nan premye paj atik sa a pèmèt yon moun wè karaktè detèmine ki nan je chyen bèje sa a.

Imaj
Karaktè nan je yon chyen bèje

Nan Nouvo Testaman an, nou jwenn yon parabòl ak enstriksyon Sovè a ki ba nou yon pi bon konpreyansyon sou responsablite nou kòm bèje, kòm frè ak sè nan sèvis pastoral, bò kot brebi pèdi yo:

“Sipoze youn nan nou ta gen san mouton. Si l pèdi youn ladan yo, èske li pap kite katrevendiznèf lòt mouton yo nan dezè a, pou l al dèyè sa k pèdi a?

“Epi lè l jwenn ni, l ap mete l sou zepòl li ak kè kontan.

“Epi lè l tounen lakay li avè l, la p rele tout zanmi l ak tout vwazen l yo, l ap di yo: Vin fè fèt avè m, mwen jwenn mouton m ki te pèdi a.”15

Si nou rezime leson yo anseye nou nan parabòl sa a, n ap jwenn konsèy valab sa a:

  1. Nou dwe idantifye brebi egare yo.

  2. Nou dwe chèche yo jiskaske nou jwenn yo.

  3. Lè nou jwenn yo, nou ka petèt oblije mete yo sou zepòl nou pou nou mennen yo retounen lakay.

  4. Nou antoure yo avèk zanmi lè yo retounen.

Frè m ak sè m yo, pi gwo difikilte nou ak pi gwo rekonpans nou ka vini pandan n ap sèvi brebi egare yo. Manm Legliz yo nan Liv Mòmon an “te voye je sou pèp yo a, e yo te nouri yo avèk nouriti lajistis.”16 Nou ka suiv egzanp yo pandan n ap sonje ke sèvis pastoral la dwe “dirije pa Lespri, … fleksib, epi … adapte a bezwen chak manm.” Li enpòtan tou pou nou “chèche ede moun yo ak fanmi yo prepare yo pou pwochen òdonans yo, pou kenbe alyans [yo] … , ak vin otonòm.”17

Chak nanm presye pou Pè Selès nou an. Envitasyon pèsonèl li pou nou fè sèvis pastoral la gen enpòtans ak valè kapital pou li, paske se travay li ak laglwa li. Se literalman travay letènite a. Chak pitit li gen yon potansyèl inestimab nan je li. Li renmen nouavèk yon lanmou nou pa ka konprann. Tankou chyen fidèl la, l ap kanpte nan mòn nan pou pwoteje nou nan mitan van, gwo lapli, nèj, ak plis toujou.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye nan dènye konferans lan: “Mesaj nou pou mond lan [epi m ka ajoute, ‘pou twoupo n ap sèvi a‘] senp e sensè: nou envite tout pitit Bondye nan toulède bò vwal lapou yo vin jwenn Sovè yo a, pou yo resevwa benediksyon tanp sakre yo, pou yo ka gen lajwa dirab, epi kalifye yo pou lavi etènèl.18

Se pou nou elve vizyon nou alawotè vizyon pwofesik sa a, pou nou ka gide nanm al nan tanp e finalman al jwenn Sovè nou an, Jezikri. Li pa atann pou nou akonpli mirak. Li sèlman mande pou nou mennen frè n ak sè nou yo ba li, paske li gen pouvwa pou l rachte nanm moun. Pandan n ap fè sa, nou ka jwenn akonplisman pwomès sa a: “Epi, lè Bèje anchèf la va parèt, nou va resevwa yon kouwòn laglwa ki p ap janm deperi.”19 Konsènan sa mwen temwaye—epi, konsènan Jezikri kòm Sovè nou ak Redanmtè nou—nan non Jezikri, amèn.

Enprime