2010–2019
Blese
Oktòb 2018


Blese

Nan mitan eprèv terès yo, rete pasyan epi avanse, epi pouvwa gerizon Sovè a va pote limyè, konpreyansyon, lapè, ak lespwa.

Jou 22 Mas 2016 la, jis anvan 8 tè dimaten, de bonb teworis te eksploze nan ayewopò Bruxelles la. Èldè Richard Norby, Èldè Mason Wells, ak Èldè Joseph Empey te mennen Sè Fanny Clain nan ayewopò Bruxelles la pou l t ap pran avyon pou al nan misyon li nan Cleveland, Ohio. Trannde moun te pèdi lavi yo, epi tout misyonè yo te blese.

Moun ki te blese pi grav nan misyonè yo sete Èldè Richard Norby, 66 zan, ki t ap sèvi avèk madanm ni, Sè Pam Norby.

Èldè Richard Norby te repanse a moman sa a:

“M te imdeyatman konn kisa k te rive.

“M te eseye kouri alabri, men m te tonbe imedyatman. … M te wè janm goch mwen blese anpil. M te remake yon bagay tankou suif ki t ap tonbe soti nan de men m, tankou twal arenye. M te rale l dousman, men, m te reyalize ke se pa t suif men sete po m ki te boule. Chemiz blan m nan te vin tou wouj akoz yon blesi nan do mwen.

“Amezi m t ap pran konsyans de sa k te fèk rive m nan, gen yon panse solid ki te vin nan tèt mwen, … Sovè a te konn kiyèy mwen te ye, li te konn sa k te fèk rive a, ak sa m te santi nan moman sa a.”1

Imaj
Yo mete Richard Norby nan koma

Te gen jou difisil ki t ap tann Richard Norby ak madanm ni, Pam. Yo te oblije mete l nan koma atifisyèl, ki te suiv pa anpil operasyon, enfeksyon, ak gwo ensètitid.

Richard Norby te siviv, men, lavi l pa t ap janm menmjan an ankò. Dezan edmi apre, pwosesis gerizon an toujou ap kontinye; yon aparèy òtopedik te ranplase pati k manke nan janm ni an; chak pa l fè diferan jan pa l te ye anvan moman sa a nan ayewopò Bruxelles la.

Imaj
Richard ak Pam Norby

Poukisa sa te rive Richard ak Pam Norby?2 Yo te fidèl nan alyans yo, yo te sèvi yon premye misyon nan Cote d´Ivoire anvansa, epi yo te elve yon bèl fanmi. Yon moun ta gen dwa di: “Sa pa jis! Sa tou senpleman pa jis! Se vi yo yo t ap bay pou levanjil JezIkri a; kijan sa fè rive?”

Sa fè pati mòtalite a

Byenke detay yo ap diferan, trajedi, eprèv sanzatann, fizik ak spirityèl, vini pou nou chak paske sa fè pati mòtalite a.

Pandan m ap reflechi sou moun ki te fè diskou yo nan sesyon konferans sa a maten an, m reyalize ke de ladan yo te pèdi pitit epi twa te pèdi pitit pitit ki te retounen al nan fwaye selès yo sanzatann. Okenn ladan yo pa t epaye anba maladi ak tristès, epi, jan yo te di nou, semèn sa a, yon zanj nou tout renmen, Sè Barbara Ballard, te pezibleman travèse vwal la. Prezidan Ballard, nou p ap janm bliye temwayaj ou rann maten an.

Nou chèche bonè. Nou aspire a lapè. Nou espere lanmou. Epi Senyè a devèse yon abondans benediksyon etonan sou nou. Men, melanje avèk lajwa ak bonè nou an, gen yon bagay ki sèten: ap gen dè moman, èdtan, jounen, pafwa menm ane kote n ap santi nanm nou blese.

Ekriti yo anseye ke n ap gen pou n goute anmè ak dous3 epi ap gen “opozisyon nan tout bagay.”4 Jezi te di: “[Papa nou ki nan syèl la] fè solèy la leve sou mechan an ak sou bon moun nan, epi li voye lapli sou jis yo ak moun ki pa jis yo.”5

Blesi nanm yo se pa zafè yon kilti, yon nasyon, oubyen yon jenerasyon. Yo fè pati aprantisaj nou resevwa nan eksperyans mòtalite sa a.

Moun jis yo pa egzan

Mesaj mwen jodia se espesyalman pou moun k ap kenbe kòmandman Bondye yo, k ap kenbe pwomès yo fè Bondye, epi ki, tankou fanmi Norby, fè fas ak eprèv ak pwoblèm enprevi ak douloure.

Blesi nou ka soti nan yon katastwòf natirèl oubyen yon move aksidan. Yo ka soti nan yon mari oubyen yon madanm enfidèl, ki boulvèse lavi yon konjwen fidèl ak pitit yo. Blesi nou yo ka soti nan fènwa ak tristès depresyon, nan yon maladi sanzatann, nan soufrans oubyen lanmò prematire yon moun nou renmen, nan chagren pou wè yon manm fanmi renonse ak lafwa li, nan solitid lè sikonstans yo pa pote yon konpayon etènèl, oubyen nan dè santèn lòt eprèv demoralizan ak douloure ”[chagren] ke je pa kapab wè.”6

Nou tout konnen ke eprèv yo fè pati lavi a, men lè yo tonbe sou nou pèsonèlman, yo ka koupe souf nou. San nou pa panike, nou bezwen pare. Apot Pyè te di: “Nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo ki tonbe sou nou tankou yon gwo dife a, kòmsi se yon bagay etranj k ap rive nou la a.”7 Avèk koulè eklatan bonè ak lafwa yo, fil koulè pi sonb eprèv ak trajedi yo tise pwofondeman nan fabrik plan Papa nou an. Konba sa yo, byenke yo difisil, se souvan se pi gwo enstriktè nou. 8

Lè n ap rakonte istwa mirakile 2.060 jèn gèrye yo, nou renmen repete ekriti sa a: “Dapre bonte Bondye, nou te etone anpil e tout lame a te kontan, lè nou te wè pa t gen yon nanm nan pami yo ki te peri.”

Men fraz la kontinye: “Wi, ni tou pa t gen yon nanm nan pami yo ki pa t blese anpil.”9 Chak nan 2.060 gèrye sa yo te gen anpil blese, epi, nou chak gen pou n blese nan batay lavi a, keseswa fizikman, spirityèlman, oubyen toulède.

Jezikri se Bon Samariten nou

Pa janm lage sa—kèlkeswa jan blesi nanm nou yo ta pwofon, kèlkeswa sous yo, kèlkeswa kote oubyen moman yo rive, ak kèlkeswa dire yo, nou pa sipoze peri spirityèlman. Nou sipoze siviv spirityèlman epi pwogrese nan lafwa ak konfyans nan Bondye.

Bondye pa t kreye espri nou pou yo te endepandan de li. Senyè ak Sovè nou an, atravè don enkalkilab Ekspyasyon l lan, non sèlman sove nou anba lanmò e ofri nou padon pou peche nou atravè repantans, men, li pare pou l sove nou anba chagren ak soufrans nanm blese nou yo tou.10

Imaj
Bon Samariten an

Sovè a se Bon Samariten nou,11 yo te voye “pou geri moun ki gen kè brize.”12 Li vin jwenn nou lè lòt moun inyore nou. Avèk konpasyon, li pase pomad gerizon sou blesi nou yo epi l panse yo. Li pote nou. Li sousye pou nou. Li envite nou: “Vin jwenn mwen … epi m ap geri [nou].”13

“Epi [Jezi] pral … [soufri] lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon; … pou … l [kapab] pran lapenn ak maladi pèp li a sou tèt pa l … [li pran sou tèt li] maladi nou yo, [epi] l ranpli ak mizèrikòd.”14

Vous qui souffrez, venez, venez au Dieu de grâce;

Il veut vous pardonner et vous bénir.

Parlez-lui du danger qui vous menace;

Si grands soient nos maux, il peut les guérir. 15

Nan yon epòk trè douloure, Senyè a te Pwofèt Joseph: “tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w.”16 Kòman blesi douloure nou yo ka pou byen nou? Nan mitan eprèv yo sou tè a, pouvwa gerisè Sovè a pote limyè, konpreyansyon, lapè, ak lespwa. 17

Pa janm lage sa

Priye ak tout kè nou. Fòtifye lafwa nou nan Jezikri, nan reyalite li, nan lagras li. Akwoche nou nan pawòl li ki di: “Gras mwen sifi pou ou: paske se nan feblès puisans mwen akonpli.”18

Sonje, repantans se yon medikaman spirityèl puisan.19 Respekte kòmandman yo, epi rete diy pou n ka gen Konsolatè a, pandan n ap sonje ke Sovè a pwomèt: “M p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou.”20

Lapè tanp lan se yon pomad apezan pou nanm blese. Retounen nan kay Senyè a avèk non fanmi ou osi souvan sa posib. Tanp lan pwojte brèf moman nou nan mòtalite a sou gran ekran letènite a.21

Gade dèyè, pandan w ap sonje ke w te demontre diyite ou nan eta premòtèl la. Ou se yon pitit vaynyan Bondye, epi, ak èd li, ou ka triyonfe nan batay mond dechi sa a. Ou te fè l anvan, ou ka fè l ankò.

Gade devan. Pwoblèm ou ak chagren w yo trè reyèl, men yo p ap dire pou tout tan. 22 Lannuit fènwa w la ap pase, paske “Pitit Gason an … [te resisite] avèk gerizon nan zèl li.”23

Fanmi Norby te di m: “Tanzantan, desepsyon vin vizite nou men nou pa janm kite l rete.”24 Apot Pòl te di: “Nou twouble … men nou pa an detrès; nou ensèten, men nou pa nan dezespwa; nou pèsekite, men yo pa abandone nou; nou tonbe, men nou pa detwi.”25 Ou gen dwa bouke, men pa janm lage.26

Menm avèk blesi ki pi douloure w yo, w ap enstenktivman vire gade lòt moun avèk yon konfyans nan pwomès Sovè a: “Yon moun ki va pèdi lavi l pou mwen, li va jwenn ni.”27 Moun blese ki pran swen blesi lòt moun yo se zanj Bondye sou tè a.

Nan kèk moman, nou pran tande pwofèt byeneme nou an, Prezidan Russell M. Nelson, yon gason ki gen lafwa inebranbab nan Jezikri, yon gason optimis e pasifik, ke Bondye renmen men li pa t epanye anba blesi nanm yo.

Pitit fi li, Emily, te aprann ke l te gen kansè pandan l te ansent. Te gen jou espwa ak bonè lè l te akouche yon tibebe byen ansante. Men, kansè a te retounen, epi pitit fi byeneme yo sa a te mouri de semèn apre l te fin gen transetan, li te kite mari byeneme li avèk senk timoun piti.

Imaj
Prezidan Nelson k ap pale an 1995

Nan yon konferans jeneral, yon ti tan apre lanmò li, èldè Nelson te di: “Dlo chagren m yo te akonpaye pa regrè ke m pa t ka fè plis pou pitit fi m nan. … Si m te gen pouvwa pou m resisite li, m t ap tante fè sa pou fè l retounen. … {Men] se Jezikri ki detni kle sa yo epi l ap itilize yo pou Emily … ak pou tout moun nan pwòp tan pa li.”28

Imaj
Prezidan Nelson nan Pòtoriko

Mwa pase a, pandan l t ap vizite Sen nan Pòtoriko yo, epi sonje dezas ki te rive akoz siklòn Maria a, Prezidan Nelson te pale avèk amou ak konpasyon:

“Sa fè pati lavi a. Se pou rezon sa a nou la a. Nou isit la pou n ka gen yon kò epi pou n pase tès. Gen kèk nan tès yo ki fizik; gen kèk ki spirityèl, epi eprèv pa nou yo isit la te ni fizik ni spirityèl.” 29

“Nou pa lage sa. Mwen fyè de nou anpil. Nou menm, Sen fidèl yo, nou pèdi anpil men, malgre tout sa, nou nouri lafwa nou nan Senyè a, Jezikri.”30

“Nan kenbe kòmandman Bondye yo, nou ka jwenn lajwa menm nan mitan sikonstans ki pi difsil yo.”31

Tout dlo pral seche nan zye nou

Frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou ke si nou ogmante lafwa nou nan Senyè a, Jezikri, n ap resevwa pi plis fòs ak pi gwo espwa. Pou noumenm, jis yo, Gerisè nanm nou an ap geri tout blesi nou, nan tan pa l ak nan fason pa li. 32 Okenn enjistis, okenn pèsekisyon, okenn tristès, chagren, soufrans, ni blesi—kèlkeswa jan yo pwofon, kèlkeswa jan yo gwo ak douloure—p ap reziste anba rekonfò, lapè, ak esperans dirab Limenm k ap gen bra l louvri ak men l blese pou akeyi nou lè nou retounen nan prezans li a. Nan jou sa a, Apot Jan temwaye, ke jis yo “ki soti anba gwo tribilasyon yo”32pral kanpe “abiye ak rad blan … devan twòn Bondye a.” Anyo a va “demere nan mitan yo … epi li va siye tout dlo nan je yo.”34 Jou sa a gen pou l vini. Mwen temwaye konsènan sa, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Konvèsasyon pèsonèl, 26 Jan. 2018.

  2. Nan yon konvèsasyon nan kòmansman ane sa a, Richard Norby te di m: “Nou reponn a sa yo te ba nou.” Nan jounal li: “Tès ak eprèv nou chak rankontre yo ba nou opòtinite ak privilèj pou nou pi byen konn Sovè a ak pou n pi byen konprann sakrifis ekspyatwa l la. Se sou li nou apiye. Se limenm nou chèche. Se de li nou depann. Se nan li nou gen konfyans. Se limenm nou renmen ak tout kè nou, san rezèv. Sovè a kouvri tout doulè fizik ak emosyonèl ki fè pati mòtalite a. Li pran soufrans lan sou tèt li. Li pran chagren nou yo sou tèt li.”

  3. Gade Doktrin ak Alyans 29:39.

  4. 2 Nefi 2:11.

  5. Matye 5:45.

  6. “Seigneur, je te suivrai,” Cantiques, no. 141.

  7. 1 Pyè 4:12.

  8. “Epi nou pral pase anba eprèv yo sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo” (Abraham 3:25; gade Doktrin ak Alyans 101:4–5) tou.

  9. Alma 57:25.

  10. Korespondans pèsonèl yon zanmi: “Yon konba prèske senkan avèk ‘tenèb’ emosyonèl nan diferan degre ap ouse w nan limit kapasite ou, detèminasyon ou, lafwa ou ak pasyans ou. Apre dè jou ‘ap soufri,’ ou fatige. Apre dè semèn ‘ap soufri,’ ou bouke. Apre dè mwa ‘ap soufri,’ ou kòmanse pèdi pye. Apre dèzane ‘ap soufri,’ ou anvizaje posiblite ke w p ap janm geri ankò. Lespwa vin don ki pi presye ak pi ensezisab pou ou. Anbrèf, m pa konn kijan m t ap fè sòti anba eprèv sa a, se se pa t [Sovè a]. Se sèl eksplikasyon m genyen. M pa ka eksplike kijan m fè konn sa, sof ke mwen konnen. Gras avèk li, m te soti nan bagay sa a.”

  11. Gade ik 10:30–35.

  12. Lik 4:18; gade Ezayi 61:1 tou.

  13. 3 Nefi 18:32.

  14. Alma 7:11–12. Li te desann pi ba pase tout bagay, pou l te ka konprann tout bagay” (Doktrin ak Alyans 88:6).

  15. “Vous qui souffrez, venez,” Cantiques, no. 64.

  16. Doktrin ak Alyans 122:7.

  17. “Ou konnen grandè Bondye; li pral konsakre afliksyon ou yo nan avantaj pa w.” (2 Nefi 2:2). “Paske m konnen, nenpòt moun ki mete konfyans nan Bondye, y ap jwenn sipò nan traka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral monte anlè nan dènye jou a.“ (Alma 36:3).

  18. 2 Korentyen 12:9.

  19. Gade Neil L. Andersen, “The Joy of Becoming Clean,” Ensign, Avr. 1995, 50–53.

  20. Jan 14:18.

  21. “Si se nan lavi sa a sèlman nou espere nan Kris, nou se moun ki pi mizerab ki egziste” (1 Korentyen 15:19).

  22. Nan premye vèsè Liv Mòmon an, Nefi eksplike: “M te wè anpil afliksyon nan lavi m” (1 Nefi 1:1). Nan apre, Nefi di: “Men, m te leve tèt bay Bondye m nan, e m te louwe l tout lajounen; epi m pa t plenyen kont Senyè a poutèt afliksyon m yo.” 1 Nefi 18:16).

  23. 3 Nefi 25:2.

  24. Konvèsasyon pèsonèl, Jan. 26, 2018.

  25. 2 Korentyen 4:8–9.

  26. Pandan l t ap vizite Izrayèl, yo te mande Prezidan Hugh B. Brown poukisa yo te kòmande Abraham pou l te sakrifye pitit gason l lan. Li te reponn: “Abraham te bezwen aprann yon bagay sou Abraham” (nan Truman G. Madsen, Joseph Smith the Prophet [1989], 93).

  27. Matye 16:25.

  28. Russell M. Nelson, “Children of the Covenant,” Ensign, Me 1995, 32.

  29. Russell M. Nelson, nan Jason Swensen, “Better Days Are Ahead for the People of Puerto Rico,” Church News, Sept. 9, 2018, 4.

  30. Russell M. Nelson, nan Swensen, “Better Days Are Ahead,” 3.

  31. Russell M. Nelson, nan Swensen, “Better Days Are Ahead,” 4.

  32. Gade Russell M. Nelson, “Jesus Christ—the Master Healer,” Liahona, Nov. 2005, 85–88.

  33. Revelasyon 7:14.

  34. Gade Revelasyon 7:13, 15, 17.