2010–2019
Eseye, Eseye, Eseye
Oktòb 2018


Eseye, Eseye, Eseye

Sovè a ap mete non l nan kè nou. Epi n ap santi lanmou pi Kris la pou lòt moun ak pou tèt nou.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou opòtinite m genyen pou m pale avèk nou an. Konferans sa a te elvan ak edifyan pou mwen. Sentespri a te pote mizik ki te chante yo ak pawòl ki te pale yo nan kè nou. M priye pou menm Lespri sa a kominike nou sa m pral di la yo.

Sa gen kèk ane, m te premye konseye yon prezidan distri nan lès Etazini. Plis pase yon fwa, pandan nou t ap kondui al nan ti branch nou yo, li te konn di m, “Hal, lè nou rankontre nenpòt moun, si nou trete yo kòmsi yo nan gwo pwoblèm, n ap gen rezon plis pase mwatye ka yo.” Non sèlman l te gen rezon, men m te aprann atravè ane yo ke estimasyon l lan te twò piti. Jodi a, m swete ba nou ankourajman nan pwoblèm n ap fè fas yo.

Se yon Bondye eman ki te deziyen lavi mòtèl nou pou l te yon tès ak yon sous pwogresyon pou nou chak. Nou sonje pawòl Bondye konsènan Pitit li yo lè Kreyasyon mond lan: “Epi nou pral pase yo anba eprèv sou li, pou nou wè si yo pral fè tout bagay Senyè Bondye yo a pral kòmande yo.”1

Depi nan kòmansman, tès yo pa t fasil. Nou rankontre eprèv ki vini paske nou gen yon kò mòtèl. Nou tout ap viv nan yon mond kote lagè Satan kont laverite ak bonè pèsonèl nou ap vin pi puisan. Mond lan ak lavi pèsonèl ak lavi familyal nou ka sanble yo vin pi boulvèse toujou.

Kite m reyasire nou: Bondye eman an ki pèmèt nou gen eprèv sa yo prepare yon mwayen asire pou nou travèse yo tou. Papa nou ki nan Syèl la sitèlman renmen mond lan ke l te voye Pitit Gason Byeneme l la pou ede nou. 2 Pitit Gason l la, Jezikri, te bay lavi l pou nou. Jezikri te pran pwa tout peche nou yo sou tèt nan Jetsemani ak sou kwa a. Li te fè eksperyans tout tristès, tout lapenn, ak tout efè peche nou yo pou l te kapab rekonfòte ak fòtifye nou atravè chak eprèv nan lavi a. 3

Nou sonje sa Senyè a te di sèvitè l yo:

“Papa a avèk mwen nou fè yon sèl. M nan Papa a epi Papa a nan mwen; epi si nou resevwa m, nou nan mwen epi m nan nou.

“Se poutèt sa, m nan mitan nou, epi m se bon bèje a, ak wòch Izrayèl la. Yon moun ki bati sou wòch sa a li p ap janm tonbe.”4

Pwofèt nou an, Prezidan Russel M. Nelson, te bay menm asirans sa a tou. Epi ankò, li te dekri yon fason nou ka bati sou wòch sa a epi mete non Senyè a sou kè nou pou gide nou atravè eprèv nou yo.

Li te di: “Nou menm ki gen dwa santi nou dekouraje pou moman an, sonje, lavi a pa t fèt pou l te fasil. Nou bezwen andire eprèv ak chagren sou wout la. Lè nou sonje ke ‘avèk Bondye anyen pa enposib‘(Lik 1:37), konnen ke l se Papa nou. Nou se yon pitit gason oubyen yon pitit fi ki kreye nan imaj li, ki gen dwa resevwa revelasyon atravè diyite nou pou ede nou nan efò ki jis nou yo. Nou ka pran non sakre Senyè a sou nou. Nou kapab kalifye pou pale nan non sakre Bondye (gade D&A 1:20).”5

Pawòl Prezidan Nelson yo raple nou pwomès ki nan priyè Sentsèn nan, yon pwomès Pè Selès nou an kenbe si nou fè sa nou pwomèt la tou.

Tande pawòl yo: “O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan memwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote non Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo. Amen.”6

Chak fwa nou di mo amènnan lè priye a ofri nan non nou, nou pwomèt ke nan pran pen an, nou dispoze pou nou pran non sakre Jezikri sou tèt nou, pou n toujou sonje li, epi respekte kòmandman l yo. An retou, li pwomèt nou ke nou ka toujou gen Lespri li avèk nou. Pa pwomès sa yo, Sovè a se wòch nou ka kanpe sou li an tout sekirite e san nou pa pè nan kèlkeswa tanpèt n ap fè fas la.

Pandan m t ap medite sou pawòl alyans yo ak benediksyon yo pwomèt yo pou yo, m te mande tèt mwen kisa sa vle di pou nou dispoze pou pran non Jezikri sou tèt nou.

Prezidan Dallin H. Oaks eksplike: ”Sa siyifikan ke, lè n ap pran Sentsèn nan, nou pa temwaye ke nou pran non Jezikri sou tèt nou.. Men, nou temwaye ke nou dispoze pou nou fè sa. (Gade D&A 20:77.) Lefèt ke nou temwaye sèlman de dispozisyon nou pou n fè sa a sigjejre ke gen yon lòt bagay ki dwe fèt anvan nou vrèman pran non sakre sa a sou nou nan sans ki pi enpòtan li.”7

Fraz ki di nou “dispoze pou n pran non l sou [nou] an” di nou ke, byenke nou te pran non l sou nou pou lapremyè fwa lè nou te batize a, sa pa fini apre batèm nan. Nou dwe travay chak jou pou nou pran non l sou tèt nou pandan tout lavi nou, enkli lè nou renouvle alyans nou pandan Sentsèn nan ak lè nou fè alyans nan tanp sakre Senyè a.

Donk, de kesyon enpòtan nou chak dwe poze tèt nou se: “Kisa m dwe fè pou m pran non l sou mwen?” ak “Kijan m ap fè konnen si m ap fè pwogrè?”

Pawòl Prezidan Nelson yo sigjere yon repons itil. Li te di nou ka pran non Sovè sou tèt nou epi nou ka pale pou li. Lè nou pale pou li, nou sèvi l. “Paske, kouman yon nonm ap fè rekonèt yon mèt li pa sèvi, e ki se yon etranje pou li, e ki pa nan panse l ak desizyon kè l?”8

Pale de li mande priyè lafwa. Sa mande pou n adrese Pè Selès la yon priyè lafwa pou nou ka aprann ki pawòl pou nou pwononse pou n ka ede Sovè a nan travay li a. Nou dwe kalifye nou pou pwomès sa a ki di: “Kit se avèk pwòp vwa pa m oubyen avèk vwa sèvitè m yo, se menm bagay la.” 9

Men, pran non l sou nou vle di plis pase pale pou li. Gen santiman nou dwe santi nan kè nou pou n ka kalifye kòm sèvitè li.

Pwofèt Mòmon te dekri santiman ki kalifye nou yo e ki pèmèt nou pran non l sou nou yo. Santiman sa yo enkli lafwa, esperans, ak charite, ki se lanmou pi Kris la.

Mòmon te eksplike:

“Paske m panse nou gen lafwa nan Kris la poutèt nou dou; paske si nou pa gen lafwa nan li, nou pa kalifye pou nou fè pati nan pami pèp legliz li a.

“Epi ankò, frè byenneme m yo, m ta vle pale avèk nou konsènan esperans. Kouman nou kapab gen lafwa si nou pa gen esperans?

“Epi, ki sa nou dwe espere? Gade, m di nou, nou dwe gen esperans nan ekspyasyon Kris la ak pouvwa rezirèksyon li a, pou nou resisite nan lavi etènèl, e se poutèt lafwa nou nan li, dapre pwomès la.

“Se poutèt sa, si yon moun gen lafwa, li dwe gen esperans; paske san lafwa pa kapab gen okenn esperans.

“Epi ankò, gade, m ap di nou, li pa kapab gen lafwa, si l pa dou epi si kè l pa bon.

“Si se sa, lafwa l ak esperans li pa gen valè, paske pèsonn pa akseptab devan Bondye, eksepte si li dou e gen bon kè poze; e si yon moun dou e poze nan kè, e li konfese Jezi se Kris la avèk pouvwa Sentespri a, li dwe gen charite; paske si l pa gen charite, li pa anyen; se poutèt sa li dwe gen charite.”

Apre l fin dekri charite, Mòmon kontinye pou l di:

“Men, charite se lanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan; e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.

“Se poutèt sa, frè byenneme m yo, priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri; pou nou kapab vin tounen pitit Bondye; pou lè l parèt, pou nou kapab tankou l, paske n ap wè l jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a; pou nou pirifye menm jan li pi a. Amèn.”10

Temwayaj mwen sèke Sovè a ap mete non l nan kè nou. Pou anpil nan nou, lafwa nou nan li ap ogmante. N ap santi plis espwa ak optimis. Epi n ap santi lanmou pi Kris la pou lòt moun ak pou tèt nou.

Mwen wè l nan misyonè k ap sèvi nan kat kwen mond lan. Manm yo pale avèk zanmi yo ak fanmi yo de Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Gason, fi, jèn moun, e menm timoun ap rann sèvis pastoral pa amou yo pou Sovè a ak pou pwochen yo.

Kou nouvèl yon katastwòf nan mond lan rive, manm yo fè plan pou yo al pote sekou, pafwa yo menm travèse lanmè, san okenn moun pa mande yo. Pafwa you twouve l difisil pou yo tann jiskaske kote ki devaste a kapab resevwa yo.

M konsyan ke kèk nan nou k ap koute m jodi a ka santi ke lafwa nou ak esperans nou depase pa pwoblèm nou. Epi nou anvi santi ke moun renmen nou.

Frè m ak sè m yo, Senyè a ba nou dè opòtinite ki tou pre nou pou fè n santi amou li ak pataje li. Nou ka priye avèk konfyans pou Senyè a gide nou pou n al renmen yon moun pou li. Li reponn priyè enb volontè tankou noumenm yo. N ap santi lanmou Bondye pou tèt nou ak pou moun n ap sèvi pou li a. Lè nou ede pitit Bondye yo avèk pwoblèm yo, pwòp pwoblèm pa nou yo ap parèt pi lejè. Lafwa nou ak esperans nou ap fòtifye.

Mwen se yo temwen verite sa a. Pandan tout lavi li, madanm mwen pale pou Senyè a epi l sèvi moun pou li. Jan m te mansyone deja, youn nan evèk nou yo te di m yon fwa: “Mwen emèveye. Chak fwa m tande yon moun nan pawas la gen pwoblèm, mwen kouri al ede. Men lè m rive, sanble madanm ou toujou la anvan.” Sa te toujou konsa nan tout kote nou te rete pandan 56 an.

Kounyea li pa ka pale plis ke kèlke mo chak jou. Moun li te renmen pou Senyè a vizite li. Chak swa ak chak maten m chante kantik avè l epi nou priye. Mwen oblije fè priyè yo ak chante chan yo. Pafwa m konn wè l ap bat bouch li pou l di pawòl kantik yo. Li prefere chan timoun yo. Santiman l sanble l pi renmen an rezime nan kantik “Jésus-Christ est mon modèle” la.11

Lotrejou, apre n te fin chante pawòl refren yo: “Se pou youn renmen lòt jan Jezi renmen nou an.” Eseye montre jantiyès nan tout sa n ap fè, ”li te di tout dousman, men byen klè, “Eseye, eseye, eseye.” M panse lè l va wè Sovè nou an, l ap dekouvri ke Sovè a te mete non l nan kè li epi li vin menmjan avèk li. Pou moman an, Sovè a ap soutni l atravè pwoblèm li yo, menm jan l ap soutni nou atravè pwoblèm pa nou yo tou.

Mwen rann temwanyaj ke Sovè a konnen nou epi l renmen nou. Li konn non nou jan nou konn non l lan. Li konn doulè nou. Li te viv yo. Atravè Ekspyasyon l lan, li te venk mond lan. Lè nou dispoze pou nou pran non l sou tèt nou, n ap leve fado yon pakèt lòt moun. Epi n ap twouve avèk letan ke nou konn Sovè a pi byen epi nou renmen l plis. Non li ap nan kè nou e fikse nan memwa nou. Epi se non sa a ya va rele nou. Mwen temwaye de sa, avèk rekonesans pou jantiyès etènèl li pou mwen, pou moun ki chè pou mwen yo, ak pou noumenm, nan non Jezikri, amèn.