2010–2019
Kounyeya se moman an
Oktòb 2018


Kounyeya se moman an

Si gen nenpòt bagay nan lavi w ou ta dwe reflechi sou li, kounyea se moman an.

Sa gen kèk ane, pandan n t ap prepare yon vwayaj biznis, m te kòmanse santi doulè nan pwatrin mwen. Paske l te enkyete, madanm mwen te deside pou l te akonpaye m. Nan premye pati vòl la, doulè a te sitèlman fò ke m te gen difikilte pou m te respire. Lè nou te ateri, nou te kite ayewopò a epi nou t al nan lopital nan zòn nan kote, apre plizyè egzamen, doktè a te di ke nou te ka kontinye vwayaj la.

Nou te retounen nan ayewopò a epi nou te pran avyon pou n t al nan destinasyon final nou. Pandan avyon an t ap desann, pilòt la te pran entèfòn nan epi l te mande m pou m te idantifye m. Yon manm ekipaj la te apwoche, epi l te di m li te fèk resevwa yon apèl telefòn ijans, epi l te di m te gen yon anbilans ki t ap tann nou nan ayewopò a pou mennen nou lopital.

Nou te monte nan anbilans la epi yo te kouri mennen nou nan sal dijans. La, nou te rankontre de doktè enkyè ki te eksplike ke dyanostik yo te fè anvan an pa t bon, anfèt, m te gen yon gwo pwoblèm ’embolie pulmonaire’, oswa kayo san nan poumon mwen, ki mande swen medikal imedyatman. Doktè yo te enfòme nou ke anpil moun pa t siviv anba maladi sa a. Paske yo te konnen nou te lwen lakay nou e nou te petèt pa t prepare pou evenman boulvèse lavi sa yo, doktè yo te di si te gen yon bagay nan lavi nou nou ta dwe mete annòd, kounyea se moman an.

M sonje bye ke, toudenkou nan moman anksyete sa a, pèspektiv mwen te chanje. Sa k te sanble yo enpòtan jis kèlke minit anvan yo te vin parèt ensiyifyan kounyeya. Espri m te kite preyokipasyon ak sousi lavi sa a pou al nan yon pèspektiv etènèl—m te panse a fanmi m, pitit mwen yo, madanm mwen, e finalman m te fè yon evalyasyon sou lavi m.

Nan ki pwen nou te ye antanke fanmi e endividyèlman? Èske nou t ap viv lavi nou an amoni avèk alyans nou te fè yo ak sa Senyè a te atann nan men nou, oubyen èske nou te petèt envolontèman kite sousi mond lan detounen nou de bagay sa yo ki plis konte yo?

Mwen envite nou pou nou reflechi sou yon leson enpòtan m te tire nan eksperyans sa a: pran yon rekil soti nan mond lan epi evalye lavi nou. Oubyen, nan pawòl doktè a, si gen yon bagay nan lavi nou nou ta dwe mete annòd, kounyea se moman an.

Evalye lavi nou

N ap viv nan yon mond ki chaje ak enfòmasyon, ki domine pa yon kantite distraksyon ki toujou ap ogmante, ki fè l vin plis an plis difisil pou nou triye pami tout ajitasyon lavi sa a e konsantre nou sou bagay ki gen valè etènèl yo. Chak jou lavi nou bonbade anba gwo tit kaptivan ke teknoloji k ap evolye rapidman yo ap voye ba nou.

Si nou pa pran tan pou nou reflechi, nou gen dwa pa rann nou kont de enpak anviwonman rapid sa a genyen nan lavi kotidyen nou ak nan chwa n ap fè. Nou riske dekouvri ke lavi nou depase anba rafal enfòmasyon ki rasanble sou fòm ’mèmes’, videyo ak gwo tit. Byenke yo enteresan e amizan, pifò ladan yo pa gen anyen pou wè ak pwogresyon etènèl nou, e poutan, yo modle vizyon nou sou eksperyans mòtalite a.

Distraksyon monden sa yo ka konpare avèk distraksyon yo ki te nan rèv Leyi a. Pandan n ap avanse nan chemen alyans la avèk men nou kenbe ba fè a byen fèm, n ap tande epi n ap wè moun nan gwo kay laj la “ki t ap lonje dwèt sou yo” (1 Nefi 8:27). Nou gen dwa pa menm rann nou kont ke n ap fè sa, men pafwa, nou fè yon poz pou n ka wè kisa tout agitasyon ki nan mond lan ye. Gen kèk nan nou ki menm lache ba fè a pou yo apwoche pou yo ka wè pi byen. Gen lòt ki tonbe totalman “poutèt lòt moun yo ki t ap pase yo nan betiz” (1 Nefi 8:28).

Sovè a te avèti nou pou nou “pran prekosyon … pou kè nou pa sichaje anba … sousi lavi sa a” (Lik 21:34 Revelasyon modèn nan raple nou ke anpil moun aple, men se kèk ki chwazi. Yo pa chwazi “paske kè yo tèlman chita sou … bagay ki nan mond sa a, epi yo espere onè nan men lèzòm” (Doktrin ak Alyans 121:35 gade vèsè 34) tou. Lè nou evalye lavi nou, sa ba nou yon opòtinite pou nou pran yon rekil soti nan mond lan, pou reflechi sou ki kote nou kanpe sou chemen alyans la, epi, si nesesè, fè ajisteman pou asire nou ke nou kenbe ba a fèm epi n ap gade devan.

Dènyèman, nan yon devosyon mondyal pou jèn yo, Prezidan Russell M. Nelson te envite jèn yo pou yo pran yon rekil sou mond lan, pou yo fè yon jèn kote yo p t ap itilize medya sosyal pandan sèt jou. Epi yèswa, li te bay sè yo menm envitasyon an nan sesyon konferans fi yo. Apresa, li te mande yo pou yo te note diferans sou fason yo te santi yo, fason yo te panse, ak menm kisa yo panse. Apresa l te envite yo pou yo te “fè yon evalyasyon total avèk Senyè a … pou yo ka asire yo ke pye yo plante byen fèm sou chemen alyans la.” Li te di yo ke, si yo te gen kèk bagay nan lavi yo ke ta dwe chanje, “jodia se moman pafè a pou yo chanje.”1

Nan evalye sa nou dwe chanje yo nan lavi nou, nou gen dwa poze tèt nou yon kesyon pratik: kijan nou elve nou anlè distraksyon mond sa yo epi n kenbe je nou fikse sou vizyon letènite ki devan nou an?

Nan yon diskou konferans li te bay an 2007, ki rele “Bon, pi bon, pi bon toujou,” Prezidan Dallin H. Oaks te anseye kijan pou nou klase chwa nou yo nan lòd priyorite nan mitan pil egzijans mond lan ki devan nou yo. Li te konseye nou: “Fòk nou renonse ak yon seri bon bagay pou nou ka chwazi lòt ki meyè oswa pi bon paske yo devlope lafwa nan Senyè Jezikri ak fòtifye fanmi nou.”2

Kite m sigjere ke bagay ki pi bon yo nan lavi sa a, yo santre sou Jezikri ak sou konpreyansyon nou sou verite etènèl apwopo kiyès li ye ak kiyès nou ye nan relasyon nou avèk li.

Chèche laverite

Lè n ap chèche konn Sovè a, nou pa dwe bliye verite fondamantal sou kiyès nou ye ak poukisa nou isit sou tè a. Amilèk raple nou ke “lavi sa a se lè … pou lèzòm prepare yo pou rankontre Bondye,” tan “pou nou prepare pou letènite” (Alma 34:32–33 Jan pwovèb familye sa a raple nou: “Nou èt imen k ap fè yon eksperyans spirityèl. Men, nou se èt spirityèl k ap fè yon eksperyans imen.”3

Konprann orijin dien nou enpòtan pou pwogresyon etènèl nou epi sa ka libere nou anba distraksyon lavi sa yo. Sovè a te anseye:

“Si nou demere nan pawòl mwen, nou se disip mwen vre;

“Lè sa a, n ap konn laverite, epi laverite ap rann nou lib” (Jan 8:31–32

Prezidan Joseph F. Smith te deklare: “Pi gwo akonplisman limanite ka atenn nan mond sa a se familyarize tèt yo avèk verite divin nan, nan fason si apwofondi, si pafè, ke egzanp oubyen konduit okenn èt vivan nan mond lan pa p ka janm detounen yo de konesans sa a yo akeri a.”4

Nan mond la jodia, deba sou laverite yo atenn limit ki pi wo yo, avèk tout kote k ap revandike laverite kòmsi sete yon konsèp relatif ki ouvè pou chak moun entèprete. Joseph Smith, nan jenès li, te twouve ke “konfizyon ak diskisyon te sitèlman gwo” nan lavi li “ke l te enposib … pou fè konklizyon sou kiyès ki gen rezon ak kiyès ki gen tò” (Joseph Smith—Istwa 1:8 Sete “nan mitan lagè pawòl ak batay opinyon sa a” li te chèche gidans divin nan rechèch li sou laverite a (Joseph Smith—History 1:10).

Nan konferans Avril la, Prezidan Nelson te anseye: “Si nou gen yon ti kras espwa pou n triye nan pami pil vwa ak filozofi lèzòm k ap atake nou yo, nou dwe aprann resevwa revelasyon.”5 Nou dwe aprann konte sou Lespri Verite a, ke “mond lan pa ka resevwa, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li” (Jan 14:17).

Pandan mond sa a ap avanse rapidman al nan reyalite paralèl, nou dwe sonje pawòl Jakòb yo ki di ke “Lespri a pale verite, e li pa bay manti. Se poutèt sa, li pale konsènan bagay yo jan yo reyèlman ye an, ak jan yo pral vin ye; se poutèt sa, bagay sa yo vin jwenn nou klèman, pou nanm nou kapab sove” (Jakòb 4:13).

Pandan n ap pran rekil soti nan mond lan epi evalye lavi nou an, kounyeya se moman pou n konsidere ki chanjman nou bezwen fè. Nou ka jwenn gwo espwa nan konesans ke Jezikri, Egzanp nou an, montre nou chemen an yon fwa ankò. Anvan lanmòli ak Rezirèksyon l lan, pandan l t ap travay pou ede moun bò kote l konprann wòl divin ni, li te raple yo “nan mwen nou kapab jwenn lapè. Nou gen pou n soufri anpil tribilasyon nan mond lan; men, pran kouraj, mwen venk mond lan.” (Jan 16:33 Konsènan sa mwen rann temwenyaj mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, “O vaillants guerriers d´Israël“ (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), broadcasts.lds.org.

  2. Gade Dallin H. Oaks, “Bon, pi bon, pi bon toujou,Ensign oswa LiahonaNov. 2007, 104–8.

  3. Sitasyon yo souvan di ki se sitasyon Pierre Teilhard de Chardin.

  4. Enseignements des présidents de l’église:Joseph F. Smith1998), 247.

  5. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96.