2010–2019
Èske w vle geri?
Oktòb 2018


Èske w vle geri?

Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, si nou chwazi pou nou repanti epi vire kè nou bay Sovè a totalman, l ap geri nou spirityèlman.

Kèk mwa apre l te antre nan misyon, pi jèn pitit gason m nan ak konpayon li t ap fin fè etid ekriti yo lè pitit gason m nan te santi yon gwo doulè nan tèt li. Li te santi l etranj; premyèman, li te pèdi kontwòl bra goch li, epi apresa li pa t santi lang ni. Bò goch figi l te kòmanse afekte. Li te gen difikilte pou l te pale. Li te konnen te gen yon bagay ki pa t mache. Sa l pat konnen, sèke li te nan mitan yon gwo atak serebral masif nan twa kote nan sèvo li. Laperèz te kòmanse anpare l pandan l te vin prèske paralize. Rapidite yon moun reyaji devan yon atak serebral ke gen yon enpak desizif sou gerizon li. Konpayon fidèl li a te aji rapidman. Apre l te fin telefone 911, li te ba l yon benediksyon. Mirakilezman, anbilans la te sèlman yon distans senk minit.

Apre yo te fin kouri mennen pitit gason nou an lopital, pwofesyonèl medikal la te rapidman evalye sityasyon an epi yo te deside ke yo te dwe ba l yon medikaman ki ta ka efase efè paralizan atak serebral la avèk letan.1 Men, si pitit gason nou an pa t fè yon atak serebral, medikaman an t ap gen konsekans grav, tankou emoraji serebral. Pitit gason nou an te oblije chwazi. Li te aksepte medikaman an. Byenke pou l te konplètman retabli, sa te mande plis operasyon ak plizyè mwa, li te finalman retounen al fini misyon l lan, apre efè atak serebral yo te fin ranvese sifizamman.

Papa nou ki nan syèl la toupuisan epi l konnt tout bagay. Li konn pwoblèm fizik nou. Li konnen doulè fizik nou akoz maladi, laj avanse, aksidan, ak defòmasyon nan nesans nou. Li konnen difikilte emosyonèl ki asosye avèk anksyete, solitid, depresyon, oubyen maladi mantal. Li konn chak moun ki soufri anba enjistis oubyen ke yo te abize. Li konnen feblès nou ak tandans ak tantasyon n ap afwonte.

Pandan mòtalite a, nou pase tès pou wè si n ap chwazi byen olye de mal. Moun ki kenbe kòmandman l yo pral viv avèk li “nan yon bonè ki pap janm fini.”2 Pou ede nou nan pwogresyon nou pou n vin menmjan avè l la, Papa nou ki nan syèl bay Pitit Gason l la Jezikri, Mèt gerisè a, tout pouvwa ak konesans. Pa gen okenn maladi fizik, emosyonèl, oubyen spirityèl Kris la pa ka geri.3

Pandan ministè mòtèl Sovè a, ekriti yo rakonte plizyè evenman mirakile kote Jezikri te itilize pouvwa Diven li pou l geri moun ki t ap soufri fizikman.

Levanjil Jan an rakonte istwa yon sèten òm ki te anba yon maladi k te fèl enfim depi 38 tan.

“Lè Jezi te wè l kouche, epi L te konnen sa te fè lontan l te nan sityiyasyon sa a, Li te di L konsa, Èske w vle geri?

Mesye malad la te di li pa t gen okenn moun pou te ede l lè l te plis bezwen an.

“Jezi te di mesye a: Leve, pran kabann ou, epi mache w ale.

“Epi imedyatman mesye a te geri, epi l te pran kabann ni, li te mache.”4

Tanpri note kontras ki genyen ant konbyen tan mesye sa a t ap soufri poukont li a (38 tan) ak kijan l gerizon an te vini rapid imedyatman Sovè a te vin enplike. Gerizon an te “imedyat.

Nan yon lòt okazyon, yon fi ki te gen yon emoraji pandan 12 zan, ki te depanse tout sa l te genyen nan doktè, te vin dèyè Jezi epi l te touche pwent rad Li; epi imedyatmanpwoblèm san li a te [sispann]. …

“Epi Jezi te di, Gen yon moun ki manyen m: paske mwen santi yon fòs soti nan mwen.

“Epi lè fi a te wè aksyon l pat kache, li … li te rakonte devan tout pèp la … jan l te geri a imedyatman.”5

Pandan tout ministè l la, Kris la te anseye ke l te gen pouvwa sou kò fizik la. Nou pa ka gen kontwòl sou moman kote Kris la ap geri nou anba maladi fizik nou yo. Gerizon ap fèt selon volonte li ak sajès Li. Nan ekriti yo, gen moun ki te soufri pandan dèzane; gen lòt pandan tout lavi terès yo. Enfimite nou nan mòtalite a ka rafine nou epi apwofondi depandans nou sou Bondye. Men, si nou pèmèt Kris la enplike ladan yo, l ap toujou ranfòse nou sprityèlman, pou nou gen pi gran kapasite pou n pote fado nou yo.

Alafen, nou konnen ke chak maladi fizik, chak doulè, oubyen enpèfeksyon nou pral geri nan Rezirèksyon an. Sa se yon kado tout limanite jwenn atravè Ekspyasyon Jezikri a.6

Jezikri kapab geri plis pase kò fizik nou. Li ka geri lespri nou tou. Atravè ekriti yo, nou aprann fason Kris la te ede moun ki te gen lespri fèb yo epi l te geri yo.7 Pandan n ap reflechi sou eksperyans sa yo, esperans nou ak lafwa nou nan pouvwa Sovè a pou l beni lavi nou an ap ogmante. Jezikri ka chanje kè nou, li ka geri nou anba efè enjistis oubyen abi nou sibi, epi l ka ranfòse kapasite nou pou nou sipòte pèt oubyen chagren, nan ba nou lapè pou ede nou andire eprèv lavi nou yo.

Kris la ka ede nou lè nou peche. Nou peche lè nou dezobeyi youn nan lwa Bondye yo an tout konesans.8 Lè nou peche, nanm nou vin pa pwòp. Onkenn bagay sal paka rete nan presans Bondye.9 “Lè moun vin pwòpte anba peche yo, yo geri spirityèlman.“10

Bondye, Papa a konnen n ap peche, men, li te prepare yon mwayen pou rachte nou. Eldè Lynn G. Robbins te anseye: “Repantans se pa yon dezyèm plan [Bondye] genyen pou sizoka nou ta tonbe. Repantans se plan li, paske l konnen n ap tonbe.”11 Lè nou peche, nou gen opòtinite pou nou chwazi ant byen ak mal. Nou chwazi byen lè nou repanti apre nou te peche. Atravè sakrifis ekspyatwa Kris la, nou ka rachte anba peche nou yo, pou nou retounen nan prezans Bondye Papa a si nou repanti. Gerizon spirityèl pa fèt nan yon sèl direksyon—li egzije pouvwa redanmte Sovè a ak repantans sensè moun ki fè peche a. Pou moun ki chwazi pou yo pa repanti yo, yo rejte gerizon Kris la ofri yo a. Pou yo, se kòmsi redanmsyon an pat fèt.12

Lè m te konn ap konseye lòt moun pou yo repanti, m te konn etone pou m wè kijan moun ki t ap viv nan peche te gen difikilte pou yo te pran desizyon ki kòrèk. Sentespri a kite yo, epi yo gen difikilte pou yo fè chwa k ap mennen yo pipre Bondye yo. Yo lite pandan dè mwa e menm dèzane, anbarase oubyen pè konsekans peche yo. Souvan yo te santi ke yo pa t ap kapab janm chanje ni jwenn padon. M konn souvan tande yo pale de krent ke si moun ki chè pou yo yo konnen sa yo te fè, yo t ap sispann renmen yo oubyen yo t ap kite yo. Lè yo te suiv kalite fason panse sa a, yo te konn reziye yo pou yo gade silans yo epi pou yo ranvwaye repantans yo. Yo te konn enkòrèkteman panse ke l ta pi bon si yo pa ta repanti kounyeya pou yo pa fè moun yo renmen yo plis mal. Nan panse yo, li te pi bon pou yo soufri apre lavi sa a pase pou yo ta pase anba pwosesis repantans la. Frè m ak sè m yo, sa pa janm yon bon ide pou nou ranvwaye repantans nou. Advèsè a souvan itilize lakrent pou anpeche nou aji imedyatman sou lafwa nou nan Jezikri.

Lè nou devwale laverite devan moun nou renmen yo sou move konpòtman nou, menmsi yo ka blese anpil, yo souvan vle ede pechè a ki sensèman repanti a pou l chanje epi rekonsilye l avèk Bondye. Anfèt, gerizon spirityèl la akselere lè moun ki peche a konfese epi li antoure avèk moun ki renmen l epi k ap ede l abandone peche a. Tanpri, sonje ke Jezikri puisan nan fason li geri viktim inosan peche yo lè yo tounen yo vè limenm.13

Eldè Boyd K. Packer te di: “Lespri nou andomaje lè nou komèt erè ak fè peche. Men, kontrèman a kò mòtèl nou, lè transfòmasyon repantans la konplè, pa gen okenn sikatris ki rete gras ak Ekspyasyon Jezikri a. Pwomès la se: ‘Gade, yon moun ki repanti pou peche l, moun sa a padone, epi mwenmenm Senyè a m pa sonje peche yo ankò’ [Doktrin ak Alyans 58:42].”14

Lè nou repanti “avèk tout kè nou,”15 e “imedyatman gran plan redanmsyon a pran efè ” nan lavi nou.16 Sovè a ap geri nou.

Konpayon misyonè a ak pwofesyonèl medikal ki te ede pitit gason m nan ki te anba atak serebral nan misyon l lan te aji rapidman. Piti gason nou an te chwazi pran medikaman k te ranvèse atak serebral la. Efè paralizan atak serebral la ki ta ka suiv li pou rès lavi mòtèl li yo te ranvèse. Menmjan tou, plis nou ret tann pou nou repanti epi pote Ekspyasyon Jezikri a nan lavi nou, se plis n ap pwolonje efè peche yo.

Prezidan Russell M. Nelson te fè envitasyon sa a: “Si ou te sòti sou chemen an, … m envite ou … tanpri retounen. Kèlkeswa pwoblèm ou, kèlkeswa difikilte ou, gen yon plas pou ou la a, nan Legliz Senyè a. Oumenm ak jenerasyon ki poko fèt yo ap beni akoz aksyon w ap pran kounyea pou w retounen sou chemen alyans lan.”17

Gerizon spirityèl nou mande pou nou soumèt tèt nou anba kondisyon Sovè nou an te trase yo. Nou pa dwe pran reta! Nou dwe aji jodi a! Aji kounyeya pou paralizi spirityèl pa anpeche pwogresyon etènèl nou. Pandan m ap pale a, si w santi bezwen pou w mande yon moun ou te fè mal padon, m envite w pou w aji. Di yo kisa w te fè. Mande yo padone ou. Si w te komèt yon peche ki afekte diyite ou pou w ale nan tanp, m envite w pou w al jwenn evèk ou—jodia. Pa fè reta.

Frè m ak sè m yo, Bondye se Papa nou ki nan Syèl la ki renmen nou. Li bay Pitit Gason Byeneme l la Jezikri tout konesans ak tout pouvwa. Gras avèk li, yon jou, tout limanite pral geri anba tout maladi fizik pou tout tan. Gras ak Ekspyasyon Jezikri a, si nou chwazi pou nou repanti epi vire kè nou bay Sovè a totalman, L ap geri nou spirityèlman. Gerizan sa a ka kòmanse imedyatman. Chwa a nan men nou!. Èske nou vle geri?

M temwaye ke Jezikri te peye pri a pou nou ka geri. Men, nou dwe chwazi pou nou pran medikaman gerizon li ofri nou an. Fè sa jodia. Pa fè reta. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. Medikaman an rele tPA (plasmojèn pou aktive selil kò a).

  2. Mozya 2:41.

  3. Gade nan Matye 4:24. Kris la te mache al geri tout moun ki malad, menm sa ki te gen anpil maladi,” “touman,” “move lespri dyab te posede yo,” ak “moun ki te fou.”

  4. Gade nanJan 5:5–9; italik ajoute.

  5. Gade Lik 8:43–48; italik ajoute.

  6. Gade Alma 40:23; Elaman 14:17.

  7. Gade Lik 5:20, 23–25; gade Tradiksyon Joseph Smith, Lik 5:23 (nan Lik 5:23, referans a): “Èske plis pouvwa nesesè pou padone peche pase pou fè malad yo leve mache?“

  8. Gade 1 Jan 3:4.

  9. Gade 3 Nefi 27:19.

  10. Levanjil Jezikri a,” Precje Levanjil Mwen an: Yon gid pou travay misyonè, rev. ed. (2018), lds.org/manual/missionary.

  11. Lynn G. Robbins, “Jiska swasanndis fwa sèt fwa Lyawona,Me 2018, .

  12. Gade nanMozya 16:5

  13. Nan plizyè okazyon, m konn temwen gerizon akselere moun lè manm fanmi yo antoure moun ki te kraze ve fidelite ak konfyans, pou ede yo tounen vin jwenn Sovè a pi totalman pou pouvwa gerizon lan ka travay nan lavi yo. Si nanm ki repanti reyèlman an ap chèche chanjman, manm fanmi ki ede yo nan etid ekriti yo, ak priyè sensè, ak sèvis kretyen yo, non sèlman yo ede moun ki fè peche a chanje, men yo louvri pòt pou Sovè a pote plis gerizon nan lavi pa yo tou. Lè sa apwopriye, viktim inosan yo ka ede pechè k ap ere a nan chèche direksyon divin konsènan sa yo dwe etidye ansanm, kijan pou yo sèvi, ak kijan pou yo entegre manm fanmi yo nan sipòte ak ranfòse nanm repantan an pou l chanje ak pou l benefisye nan pouvwa redanmtè Jezikri a.

  14. Boyd K. Packer, “The Plan of Happiness,” Liahona, Me 2015, 28.

  15. 3 Nefi 18:32.

  16. Alma 34:31; italik ajoute.

  17. Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Liahona, Avr. 2018, 7.