2010–2019
Jiska Swasanndis Fwa Sèt
Avril 2018


2:3

Jiska Swasanndis Fwa Sèt

Nan mitan yon lavi chaje ak pyèdachopman ak enpèfeksyon, nou rekonesan pou dezyèm chans yo.

Komèt erè se yon fasèt nan lavi a. Sa pratikman enposib pou n jwe pyano byen si nou pa komèt plizyè milye erè—petèt menm yon milyon. Pou aprann yon nouvo lang, yon moun dwe fè fas ak anbarasman ki genyen nan komèt plizyè milye erè—petèt menm yon milyon. Menm pi gran spòtif yo nan mond la pa janm sispann fè erè.

Yo konn di “siksè se pa absans echèk, men se pase soti nan yon echèk al nan yon lòt san w pa pèdi antouzyas ou.”

Apre l te fin envante anpoul elektrik la, Thomas Edison te di: “Mwen pa t echwe 1, 000 fwa. Anpoul elektrik la se te yon envansyon ki te mande 1.000 etap.” Charles F. Kettering te rele echèk “pano direksyon sou wout akonplisman an.” Erezman, chak erè nou komèt ka vin tounen yon leson sajès, ki transfòme pyèdachopman yo fè yo vin tounen mwayen pou nou avanse.

Lafwa inebranlab Nefi te ede l soti de echèk an echèk jiskaske finalman l te resevwa plak eren yo. Sa te pran Moyiz 10 esè avan l te finalman jwenn siksè pou l kite Ejip avèk Izrayelit yo.

Nou kapab mande tèt nou—si Nefi ak Moyiz te nan travay Senyè a, poukisa Senyè a pa t entèvni epi ede yo jwenn siksè premye fwa yo te eseye a? Poukisa l te kite yo—e poukisa l kite nou—bite ak echwe nan tantativ nou pou n reyisi yo? Pami plizyè repons enpòtan pou kesyon sa a, men kèk:

  • Premyèman, Senyè a konnen “tout bagay sa yo ap ba [nou] eksperyans, epi se ap pou byen [nou].”

  • Dezyèmman, pou l pèmèt nou “goute sa ki anmè a, pou [nou] kapab apresye sa ki bon an”

  • Twazyèman, pou pwouve ke “Batay la se batay Senyè a,” epi se sèlman pa lagras li nou kapab akonpli travay li a epi vin menm jan avè l.

  • Katriyèmman, pou ede nou devlope ak pèfeksyone plizyè kalite kretyèn ki kapab “rafine” sèlman atravè “lopozisyon” ak “nan founèz afliksyon”

Konsa, nan mitan yon lavi chaje ak pyèdachopman ak enpèfeksyon, nou tout rekonesan pou dezyèm chans nou genyen yo.

An 1970, alòske m te nan premye ane nan BYU, mwen te enskri nan yon nouvo klas sou fizik fondamantal ki te anseye pa Jae Ballif, yon bon pwofesè renome. Apre chak pati nan kou a, li te konn bay yon egzamen. Si yon etidyan te gen yon C epi l te vle gen yon pi bon nòt, Profesè Ballif te pèmèt li refè yon egzamen modifye ki te kouvri menm sijè yo. Si etidyan an te fè B dezyèm fwa a, epi l te toujou pa satisfè, li ta kapab pran tès la yon twazyèm fwa ak yon katriyèm fwa, epi kontinye. Paske l te ban m plizyè dezyèm chans, sa te ede m eksele epi finalman m te fè dis sou dis nan klas li a.

Pwofesè Jae Ballif

Li te yon pwofesè ki te saj anpil, ki te enspire etidyan l yo pou yo te kontinye eseye—pou yo te konsidere echèk kòm yon mwayen fòmasyon, non pa kòm yon trajedi, epi pou yo pa pè echèk men pou aprann de li.

Sa pa lontan m te telefone gwo mesye sa a, 47 an apre m te fin pran kou fizik li a. M te mande l poukisa l dispoze pou pèmèt etidyan yo fè tout pil tantativ ilimite sa yo pou te amelyore nòt yo. Li te reponn: “M te vle ret nan menm bò ak etidyan yo.”

Tandiske nou rekonesan pou dezyèm chans nou genyen apre erè, oubyen echèk nan lespri nou yo, nou kanpe tout emèveye pou lagras Sovè a ki banou pil dezyèm chans pou nou simonte peche nou, oubyen echèk kè nou yo.

Pa gen okenn moun ki plis pou nou pase Sovè a. Li pèmèt nou pran epi kontinye pran egzamen L yo. Pou nou ka vin menm jan avè L, sa ap mande anpil dezyèm chans nan lit kotidyen nou yo avèk lòm natirèl la, tankou kontwòl apeti nou, aprann pasyans ak padon, simonte parès, ak evite peche omisyon, pou m site kèk sèlman. Si erè fè pati nati imèn nan, konbyen echèk sa ap pran pou nati nou vin pa imen ankò men pou l vin diven? Dè milye? Siman yon milyon.

Konesan ke chemen etwat ak kwense a ap chaje avèk eprèv epi echèk se t ap yon bagay nou t ap rankontre chak jou, Sovè a te peye yon pri enfini pou l ka banou otan dezyèm chans nou t ap bezwen pou n reyisi mizaleprèv nou nan mòtalite a. Opozisyon li kite rive a ka souvan parèt ensimontab ak prèske enposib pou n fè fas, men li pa kite nou sanzespwa.

Pou nou kenbe esperans nou fèm lè n ap fè fas ak pwoblèm lavi yo, lagras Sovè a toujou pare epi l toujou prezan. Gras li se yon “mwayen divin pou n resevwa èd oubyen fòs, … yon pouvwa ki pèmèt gason ak fi jwenn lavi etènèl ak egzaltasyon apre yo fin fè pi gwo efò yo.” Lagras li, ak zye lanmou li sou nou pandan tout vwayaj la pandan l ap enspire, aleje fado, fòtifye, delivre, pwoteje, beni, ak “pote pèp li a sekou”, menm lè yo bite sou chemen dwat e etwat la.

Repantans se kado Bondye ki toujou disponib ki pèmèt nou kapab soti de echèk an echèk san nou pa pèdi antouzyas nou. Repantans pa plan ranplasman li oka nou echwe. Repantans se plan li, paske l konnen nou t ap echwe. Sa se levanjil repantans la, epi jan Prezidan Russel M. Nelson obzève, “Se yon pwogram tout yon lavi.”

Nan pwogram repantans tout yon lavi sa a, sentsèn nan se mwayen Senyè a dezinye pou ba nou aksè kontinyèl nan padon li. Si nou pran sentsèn nan ak yon kè brize ak yon lespri kontri, li ofri nou padon chak semèn pandan n ap pwogrese soti nan echèk al an echèk sou chemen alyans lan. Paske “malgre peche yo, zantray mwen ranpli avèk konpasyon pou yo.”

Men konbyen fwa L ap padone nou? Ki longè pasyans Li? Nan yon okazyon, Pyè te mande Sovè a, “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m nan, lè l peche kont mwen? jiska sèt fwa?”

Pyè ak Jezi

Siman Pyè te panse sèt fwa sete yon nimewo ase wo pou l te souliyen foli pou padone twòp fwa a epi jenewozite ta dwe gen limit li. Kòm repons, Sovè a te esansyèlman di Pyè pou l pa te menm konte—pou l pa mete limit nan padon.

“Jezi te di l, M pa di w, jiska sèt fwa: men, jiska swasanndis fwa sèt fwa.”

Aparaman, Sovè a pa t ap fikse yon limit 490. Sa t ap pratikman vledi ke pran sentsèn nan gen yon limit 490 fwa, epi 491 zèm fwa a, yon kontab selès ap entèvni pou l di, “Mwen dezole, men kat repantans ou a fèk ekspire—apati kounyeya, ou poukont ou.”

Senyè a te itilize matematik swasanndis fwa sèt fwa a kòm yon metafò sou Ekspyasyon enfini l la, sou lanmou san fen li, ak lagras san limit Li. “Wi, epi chak fwa pèp mwen an repanti, m ap padone yo ofans yo kont mwen.”

Sa pa vle di sentsèn nan tounen yon pèmisyon pou n fè peche. Se pou rezon k fè yo te enkli fraz sa a nan liv Mowoni an: “Men, chak fwa yo te repanti, epi yo te mande padon avèk entansyon reyèl,yo te padone.”

Entansyon reyèl vledi avèk yon efò serye ak yon vrè chanjman. “Chanjman” se mo prensipal Gid Ekriti yo itilize pou defini repantans: “Yon chanjman nan lespri ak nan kè ki mennen yon nouvo atitid vizavi Bondye, vizavi tèt nou, ak lavi an jeneral” Kalite chanjman sa a pote pwogresyon spirityèl. Konsa, siksè nou pa ale de echèk an echèk, men, li pwogrese de echèk an echèk san nou pa pèdi antouzyas nou.

Konsènan chanjman, ann konsidere senp ide sa a: “Bagay ki pa chanje yo rete menm jan.” Verite evidan sa a pa destine pou ofanse entelijans nou men l se sajès pwofon Prezidan Boyd K. Packer a, ki te ajoute apresa, “Epi, lè nou fin chanje—nou fini.

Paske nou pa vle fini ak tout bagay jiskaske nou vin menmjan ak Sovè nou an, nou bezwen kontinye leve chak fwa nou tonbe, avèk yon dezi pou n kontinye grandi ak pwogrese malgre feblès nou. Nan mitan feblès nou, li rasire nou, “Lagras mwen ase pou nou: paske fòs mwen vin pafè nan feblès.”

Se sèlman ak metòd fotografi an akselere oubyen tablo kwasans nou kapab disène kwasans fizik nou. Menmjan tou, kwasans spirityèl nou abityèlman pa ka detekte sof atravè linèt tan an. Sa t ap saj pou n ta regilyèman voye je nou atravè linèt sa a pou n gade dèyè pou n ka rekonèt pwogrè nou e enspire nou pou nou ka “avanse devan avèk yon fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè.

Mwen etènèlman rekonesan pou bonte, pasyans, ak sansiblite eman Paran Selès nou yo ak Sovè a, ki pèmèt nou jwenn plizyè dezyèm chans nan vwayaj nou pou n retounen al nan prezans Yo a. Nan non Jezikri, amèn.