2010–2019
Travay tanp ak istwa familyal (jeneyaloji): Sèlman ak gerizon
Avril 2018


2:3

Travay tanp ak istwa familyal (jeneyaloji): Sèlman ak gerizon

Lè nou rasanble istwa familyal nou epi nou al nan tanp pou zansèt nou yo, Bondye ap akonpli benedikson l pwomèt nou you nan toulède bò vwal la an menm tan.

Relasyon familyal ka pami eksperyans ki pi anrichisan ak pi difisil n ap viv. Anpil nan nou konn fè fas ak yon bagay dechiran andedan fanmi nou. Yon bagay konsa te pase ant de ewo Retablisman Legliz Jezikri a nan dènye jou sa yo. Parley ak Orson Pratt sete frè, yo sete premye konvèti nan legliz la epi yo te òdone kòm Apot. Yo chak te travèse yon eprèv lafwa epi yo chak te sòti ladan avèk yon temwayaj inebranlab. Toulède te fè sakrifis pou koz laverite a e yo te kontribye anpil ladann.

Parley Pratt

Pandan epòk Novou a, relasyon yo te vin difisil, epi sa te rive nan pwen kote yo te vin tonbe nan yon gwo diskisyon an piblik an 1846. Te gen yon gwo eka ki te kreye antreyo. Parley te deside ekri Orson pou l te rezoud pwoblèm nan, men Orson pa t reponn. Parley te lage sa, avèk santiman ke tout korespondans t ap enposib, sof si Orson ta pran inisyativ la.

Orson Pratt

Plizyè ane apre, an Mas 1853, Orson te vin aprann ke te gen yon pwojè pou yo te pibliye yon liv sou desandan William Pratt yo, premye zansèt Ameriken de frè sa yo. Orson te kòmanse kriye “tankou yon timoun piti” lè l te reyalize valè trezò sa a nan istwa familyal li a. Kè l te adousi, epi li te pran desizyon pou l te repare pwoblèm ak frè l la.

Orson te ekri Parley: “Kounyeya, chè frè mwen, pa gen okenn nan pami tout desandan zansèt nou an, Lyet[nan] William Pratt, ki ka gen plis enterè pou chèche desandan l yo pase noumenm.” Orson sete youn nan premye moun ki te konprann ke Sen Dènye Jou yo gen yon obligasyon pou yo fè rechèch ak konpile istwa fanmi yo pou nou ka akonpli òdonans pa pwokirasyon pou zansèt nou yo. Lèt li a te kontinye: “Nou konnen Bondye zansèt nou yo gen men l nan bagay sa a. … Mwen mande w padon dèske m te pran tout tan sa a pou m te reponn ou. … M espere w ap padone m.” Malgre temwayaj inebranlab yo te genyen an, lanmou yo pou zansèt yo a sete sa k te rive konble vid la, repare blesi a, epi mande ak akòde padon.

Lè Bondye mande nou pou n fè yon bagay, li souvan gen plizyè objektif nan lespri li. Travay tanp ak istwa familyal (geneyaloji) se pa sèlman pou mò yo men li beni vivan yo tou. Pou Orson ak Parley, sa te pèmèt youn vire kè l bay lòt. Travay tanp ak istwa familyal la te pote pouvwa gerizon yo te si bezwen an.

Antanke manm legliz la, nou gen yon responsablite divin pou n chèche zansèt nou yo e konpile istwa fanmi nou. Sa se plis pase yon pastan yo ankouraje nou pou n fè paske òdonans sali yo nesesè pou tout pitit Bondye yo. Nou dwe idantifye zansèt nou ki te mouri san yo pa t resevwa òdonans sali yo. Nou ka akonpli òdonans pa pwokirasyon pou yo nan tanp, epi zansèt nou yo ka chwazi pou yo aksepte òdonans yo.Yo ankouraje nou pou n ede manm pawas ak pieu nou yo tou avèk non fanmi yo. Sa grandman etonan ke, pa mwayen travay tanp ak istwa familyal, nou ka ede rachte mò yo.

Men, pandan n ap patisipe nan travay tanp ak istwa familyal la jodia, nou gen dwa reklame benediksyon “gerizon” pwofèt ak apot yo pwomèt yo tou. Benediksyon sa yo grandman etonan tou akoz pòte yo, fason yo spesifik, ak konsekans yo nan mòtalite a. Lis long benediksyon sa yo gen ladan:

  • Yon pi gwo konpreyansyon sou Sovè a ak sakrifis ekspyatwa l la;

  • Yon pi gwo enfliyans Sentespri a pou n santi fòs ak direksyon nan lavi nou;

  • Yon pi gwo lafwa, pou konvèsyon nou nan Sovè a vin pi pwofon ak pi ankre;

  • Yon pi gwo kapasite ak motivasyon pou nou aprann ak repanti gras ak yon konpreyansyon sou kiyès nou ye, ki kote nou soti, ak yon vizyon pi klè sou ki kote nou prale ;

  • Enfliyans ki pi modere, pi rafine, ak pi sanktifyan nan kè nou,

  • Pi gwo lajwa gras ak yon pi gran kapasite pou n santi amou Senyè a;

  • Pi gwo benediksyon familyal, kèlkeswa sitiyasyon aktyèl, pase, oswa fiti nou oubyen kèlkeswa jan ab jeneyalojik nou ka enpafè;

  • Pi gwo lanmou ak apresyasyon pou zansèt nou yo ak pou fanmi nou ki vivan yo, pou nou pa santi n poukont nou ankò;

  • Pi gwo pouvwa pou n disène sa k bezwen geri epi konsa, ak èd Senyè a, sèvi lòt moun;

  • Pi plis pwoteksyon kont tantasyon ak enfliyans kwasan advèsè a; ak

  • Pi plis kapasite pou repare kè ki twouble, ki brize, oubyen ki enkyè ak pou geri moun ki blese.

Si w ap priye pou w ka jwenn nenpòt nan benediksyon sa yo, patisipe nan travay tanp ak istwa familyal. Si w fè sa, priyè w yo ap egzose. Lè nou akonpli òdonans pou moun ki mouri yo, pitit Bondye yo sou tè a geri. Sa pa etonan ke Prezidan Russell M. Nelson, nan premye mesaj li kòm Prezidan Legliz la, te deklare: “Adorasyon nan tanp ak sèvis nou nan tanp pou zansèt nou yo ap beni nou avèk pi plis revelasyon pèsonèl ak lapè epi sa ap fòtifye angajman nou pou n rete sou chemen alyans lan.”

Gen yon ansyen pwofèt ki te predi benediksyon pou moun vivan ak pou mò yo tou. Yon mesaje selès te montre Ezekyèl vizyon yon tanp ki te gen dlo k t ap jayi soti ladan. Yo te di Ezekyèl:

“Dlo sa yo ap koule desann … l ap travèse dezè a, jouk li rive nan nan lanmò [mòt] la …, [epi] dlo yo va geri.

“Epi se konsa, tout kreyati vivan, k ap bouje, toupatou kote rivyè yo va koule, va viv: … paske yo va geri; epi tout kote dlo a pase, l ap bay tout bagay lavi.”

Dlo sa yo gen de karakteristk ki remakab. Premyèman, malgre ti kouran dlo a pa t gen okenn gwo kouran k t ap pouse l, li te grandi vin tounen yon gwo rivyè, epi, plis li t ap grandi, se plis li te vin pi laj e pi pwofon. Se menm bagay la k rive avèk benediksyon ki soti nan tanp yo lè moun yo sele antanke fanmi tou. Gen yon gwo kwasans ki fèt atavrè jenerasyon yo nan toulèdebò lè òdonans sèlman yo soude fanmi yo ansanm.

Dezyèmman, rivyè a te renouvle tout sa l te touche. Benediksyon tanp yo gen yon pouvwa gerizon ekstraòdinè tou. Yo ka geri kè moun ak lavi moun ak fanmi yo.

Todd, pitit gason Betty a

Kite m ilistre sa. An 1999, yon jenòm ki te rele Todd te tonbe anba yon venn ki te eklate nan sèvo li. Malgre Todd ak fanmi l te manm Legliz la, yo pa t tèlman aktif, epi youn nan yo pa t ko resevwa benediksyon tanp yo. Dènye sware nan lavi Todd la, manman l, Betty, te chita bò kabann ni e l te kenbe men li epi l te di: “Todd, si se moman an k rive pou w ale, mwen pwomèt ou m pral fè tout sa m kapab pou òdonans tanp yo fèt pou ou.” Nan demen maten, yo te di Todd mouri. Chirijyen yo te transplante kè Todd sou yon malad m te genyen, yon mesye remakab ki rele Rod.

Kèlke mwa apre transplantasyon an, Rod te aprann idantite fanmi moun ki te ba l kè a epi l te kòmanse koresponn avèk yo. Anviwon dezan apre, manman Todd, Betty, te envite Rod pou l te asiste lè l t al nan tanp pou premye fwa. Rod ak Betty te rankontre pou lapremyè fwa nan sal selès Tanp St. George la nan Utah.

Yon ti bout tan apresa, papa Todd-mari Betty-te mouri. Dezan apre, Betty te envite Rod pou l te sèvi pa pwokirasyon pou reprezante pitit gason l lan ki te mouri a lè l t ap resevwa òdonans tanp yo. Rod te rekonesan anpil pou sa, epi travay pa pwokirasyon an te fini nan yon sal selès nan Tanp St.George la nan Utah. Betty te sele avèk mari l ki te mouri a, ajenou sou lotèl la anfas pitit pitit gason li; ki te sèvi pa pwokirasyon. Apresa, ak dlo ki t ap koule sou figi li, li te mande Rodd pou l te vin jwenn yo sou lotèl la. Rod te met ajenou bò kote yo, kote l te sèvi pa pwokirasyon pou pitit gason l lan, Todd, avèk kè Tood ki t ap bat andedan pwatrin ni. Epi, Todd, moun ki te bay Rod kè l la, te sele avèk paran l pou letènite. Manman Todd te kenbe pwomès li te fè pitit gason lan kèk ane anvan an, lè l ta pral mouri a.

Rod ak Kim nan jou maryaj yo

Men, istwa a pa fini la. Kenzan apre transplantasyon kè l la, Rod te vin fiyanse pou l t al marye epi li te mande m pou m te akonpli sèlman an nan Tanp Provo a nan Utah. Jou maryaj la, m te rankontre Rod avèk bèl fiyanse li, Kim, nan yon sal tou pre sal sèlman an, kote fanmi yo ak zanmi pwòch yo t ap tann. Apre m te fin fè yon ti pale avèk yo, m te mande si yo te gen kesyon.

Rod te di: “Wi. Fanmi moun ki te fè m don kè l la la a e m ta renmen yo rankontre avèk ou.”

Mwen te etone epi m te mande: “Ou vledi la a? Kounyeya?”

Rod te reponn: “Wi.”

M te sòti epi m te rele fanmi an pou yo te soti nan sal sèlman an. Betty, pitit fi li, ak bofis li te vini. Rod te akeyi Betty avèk yon akolad, li te remèsye l dèske l te la, epi apresa li te prezante m ni. Li te di: “Betty, men Èldè Renlund. Li se doktè ki ap pran swen kè pitit gason w lan pandan tout ane sa yo.” Betty te travèse sal la epi l te anbrase mwen. Epi pandan kèlke minit, te gen akolad ak dlo nan je toupatou.

Apre nou te fin reprann nou, nou te retounen nan sal sèlman an, kote Rod ak Kim te sele pou letan ak pou letènite. Rod, Kim, Betty, avèk mwen ka temwaye ke syèl la te pwòch, epi nou konnen te gen anpil lòt moun nan lòtbò vwal la ki te prezan avèk nou jou sa a.

Nan puisans enfini li, Bondye sele e geri moun ak fanmi yo malgre trajedi, pèt, ak soufrans. Pafwa nou konpare santiman nou santi nan tanp yo avèk yon apèsi syèl la nou kapte. Jou sa a nan Tanp Provo nan Utah a, deklarasyon C. S. Lewis la te sonnen andedan mwen: “[Mòtèl] yo di apwopo kèk nan soufrans tanporèl yo ‘okenn bonè fiti pa ka ranplase yo,’ san yo pa konnen ke syèl la, lè n rive ladan, pral travay annaryè pou fè tout agoni vin chanje an glwa. … Moun ki beni a va di: ‘Nou pa t janm viv okenn lòt kote pase nan paradi.’”

Bondye ap fòtifye n, ede n, ak soutni nou; epi l ap sanktifye pi gwo detrès nou. Lè nou rasanble istwa familyal nou epi nou ale nan tanp pa pwokirasyon pou zansèt nou yo, Bondye ranpli anpil nan benediksyon sa yo an menm tan sou toulède bò vwa l yo. Menmjan tou, nou beni lè nou ede lòt moun nan pawas nou ak pieu nou fè menm bagay la tou. Manm ki pa abite tou pre yon tanp yo resevwa benediksyon sa yo tou nan patisipe nan travay jeneyalojik, nan kolekte non zansèt yo pou òdonans tanp ka akonpli pou yo.

Men, Prezidan Russell M. Nelson bay avètisman sa a: “Nou ka jwenn enspirasyon tout lajounen nan eksperyans tanp ak istwa familyal lòt moun te fè. Men, nou dwe fè yon bagay pou n ka fè eksperyans lajwa sa a noumenm.” Li te kontinye: “M envite nou pou, nan lapriyè, nou reflechi sou kalite sakrifis---de preferans yon sakrifis tan---nou ka fè pou n kapab fè plis travay tanp ak istwa familyal. .” Si nou aksepte envitasyon Prezidan Nelson nan, n ap dekouvri zansèt nou yo, n ap rasanble yo, epi konekte nou avèk yo. Epitou, benediksyon ap vide sou noumenm ak fanmi nou tankou rivyè Ezekyèl te pale a. N ap jwenn gerizon pou sa k bezwen geri.

Orson ak Parley Pratt te fè eksperyans efè gerizon ak sèlman nan travay istwa familyal ak tanp bonè nan dispansasyon sa a. Betty, fanmi li, ak Rod te fè eksperyans sa a tou. Nou kapab tou. Atravè sakrifis ekspyatwa l la, Jezikri ofri tout moun benediksyon sa yo, ni mò yo ni vivan yo. Gras ak benediksyon sa yo, n ap vin wè ke, metaforikman, “nou pa t janm te viv okenn lòt kote pase nan … paradi.” Mwen temwaye konsènan sa, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Parley P. Pratt pou Orson Pratt, 25 Me 1853, Orson Pratt Family Collection, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City; nan Terryl L. Givens and Matthew J. Grow, Parley P. Pratt: The Apostle Paul of Mormonism (2011), 319.

  2. Orson Pratt pou Parley P. Pratt, 10 Mas. 1853, Parley P. Pratt Collection, Church History Library, Salt Lake City; nan Givens and Grow, Parley P. Pratt, 319.

  3. Non sèlman Orson Pratt te ede pibliye liv sou desandan William Pratt yo, men, kèk ane apre, an 1870, limenm ak fanmi l te fè plis pase 2.600 batèm pa pwokirasyon nan Kay Dotasyon an nan Salt Lake City pou moun mouri l yo ki te mansyone nan liv la (gade Breck England, The Life and Thought of Orson Pratt [1985], 247).

  4. Gade Joseph Smith, History of the Church, 6:312–13.

  5. Gade “Non ki soumèt pou òdonans tanp,” lèt Premye Prezidans lan, 29 Fev. 2012. Moun ki voye non zansèt yo pou fè òdonans pa pwokirasyon pou yo nan tanp yo dwe gen lyen parante avèk moun sa yo. San eksepsyon, manm legliz yo pa dwe soumèt non okenn gwoup non otorize, tankou selebrite ak viktim Olokos Juif yo.

  6. Gade Dallin H. Oaks, “In Wisdom and Order,” Tambuli, Des. 1989, 18–23; D. Todd Christofferson, “The Redemption of the Dead and the Testimony of Jesus,” Liahona, Jan. 2001, 10–13; Boyd K. Packer, “Your Family History: Getting Started,” Liahona, Out 2003, 12–17; Thomas S. Monson, “Constant Truths for Changing Times,” Liahona, Me 2005, 19–22; Henry B. Eyring, “Hearts Bound Together,” Liahona, Me 2005, 77–80; M. Russell Ballard, “Faith, Family, Facts, and Fruits,” Liahona, Nov. 2007, 25–27; Russell M. Nelson, “Salvation and Exaltation,” Liahona, Me 2008, 7–10; Russell M. Nelson, “Generations Linked in Love,” Liahona, Me 2010, 91–94; David A. Bednar, “The Hearts of the Children Shall Turn,” Liahona, Nov. 2011, 24–27; Richard G. Scott, “The Joy of Redeeming the Dead,” Liahona, Nov. 2012, 93–95; Quentin L. Cook, “Roots and Branches,” Liahona, Me 2014, 44–48; Thomas S. Monson, “Hastening the Work,” Liahona, Jen 2014, 4–5; Henry B. Eyring, “The Promise of Hearts Turning,” Liahona, Jiyè 2014, 4–5; David A. Bednar, “Missionary, Family History, and Temple Work,” Liahona, Okt. 2014, 14–19; Neil L. Andersen, “‘My Days’ of Temples and Technology,” Liahona, Fev. 2015, 26–33; Neil L. Andersen, “Sharing the Temple Challenge,” Family Discovery Day, Fev. 2015, LDS.org; Quentin L. Cook, “The Joy of Family History Work,” Liahona, Fev. 2016, 22–27; Gary E. Stevenson, “Where Are the Keys and Authority of the Priesthood? Liahona, Me 2016, 29–32; Dieter F. Uchtdorf, “In Praise of Those Who Save,” Liahona, Me 2016, 77–80; Quentin L. Cook, “See Yourself in the Temple,” Liahona, Me 2016, 97–101; Dale G. Renlund, Ruth L. Renlund, ak Ashley R. Renlund, “Family History and Temple Blessings,” Liahona, Fev. 2017, 34–39; Dallin H. Oaks and Kristen M. Oaks, “Connected to Eternal Families,” Family Discovery Day, Mas 2018, LDS.org.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 109:15.

  8. Gade Doktrin ak Alyans 109:21.

  9. Gade Boyd K. Packer, “Balm of Gilead,” Ensign, Nov. 1987, 16–18; Jeremi 8:22; 51:8.

  10. Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Liahona, Avr. 2018, 7.

  11. Gade Ezekyèl 40–47;Diksyonè Bib la, “Ezekyèl.”

  12. Ezekyèl 47:8–9.

  13. Gade Spencer W. Kimball, “Glimpses of Heaven,” Ensign, Des. 1971, 36–37.

  14. C. S. Lewis, The Great Divorce: A Dream (2001), 69.

  15. Gade Ezayi 41:10.

  16. Gade “Quels fondements fermes,” Cantiques, no.42.

  17. Russell M. Nelson and Wendy W. Nelson, “Ouvri syèl yo atravè travay tanp ak istwa familyal,” Liahona, Okt. 2017, 19.

  18. Lewis, The Great Divorce, 69.