Konferans Jeneral
Frè m yo, èske Nou pa dwe Kontinye avèk yon Gwo Koz konsa?
Konferans Jeneral Avril 2020


2:3

Frè m yo, èske Nou pa dwe Kontinye avèk yon Gwo Koz konsa?

Nou ta dwe toujou sonje pri Joseph ak Hyrum, ansanm avèk anpil lòt gason, fi, ak timoun fidèl te peye pou Legliz la te etabli a.

Mèsi anpil, Prezidan, pou yon si bèl ouvrèti. Frè m ak sè m yo, sa gen 215 an, yon ti gason, ki se pitit Joseph ak Lucy Mack Smith, te fèt nan Vermont nan yon rejyon ke yo rele New England nan nòdès Etazini.

Joseph ak Lucy Mack te kwè nan Jezikri, yo te etidye ekriti sen yo, yo te priye sensèman, epi yo te mache avèk lafwa nan Bondye.

Yo te rele ti bebe yo a ki se te yon tigason, Joseph Smith Jr.

Brigham Young te di osijè de fanmi Smith lan: “Senyè a gen je l sou [Joseph Smith], ak papa l, ak sou granpapa, ak sou zansèt yo ki remonte a Abraram, e ki ale de Abrararam a delij la, soti nan delij la pou rive nan Enòk et de Enòk a Adam. Li te veye sou fanmi sa a ak san sa a pandan l tap sikile soti nan fontèn li rive nan nesans nèg sa a. [Joseph Smith] te preòdone nan letènite.”1

Joseph Jr., ke fanmi l te renmen anpil, te patikilyèman pwòch gran frè l, Hyrum, ki te gen sizan lè Joseph te fèt.

Nan Oktòb ki sot pase a, m te chita bò kote wòch an fòm kè ki te nan ti kay Smith la nan Sharon, Vermont kote Joseph te pran nesans lan. M te santi lanmou Hyrum pou Joseph e m te panse a limenm ki te kenbe ti frè l ki te fèk fèt la nan bra l e ki t ap montre l kijan pou l mache.

Papa ak Manman Smith te gen kèk difikilte pèsonèl ki te fòse yo demenaje avèk fanmi yo plizyè fwa anvan yo te finalman abandone New England epi pran desizyon ki te mande kouraj pou yo te demenaje ale pi lwen nan lwès nan eta New York la.

Paske fanmi an te ini, yo te siviv anba difikilte yo epi ansanm, yo te afwonte tach difisil pou yo te rekòmanse ankò sou yon tè bwaze 100 acres (100÷3.19= 31 kawo tè) (0.4 km2) nan Manchester, tou pre Palmyra, nan New York.

M pa konn si anpil nan nou rann nou kont de pwoblèm fizik ak emosyonèl ke rekòmanse te prezante pou fanmi Smith—debwaze tè, plante fwi, bati yon ti kay an bwa ak lòt batiman agrikòl, anboche travayè jounaliye, epi fè bagay manjab nan kay la pou t al vann lavil.

Lè fanmi an te rive nan lwès New York la, zòn nan te gen anpil fèvè relijye—ke yo te rele Dezyèm Gran Revèy.

Pandan peryòd deba ak konfli sa a nan mitan relijyon yo, Joseph te gen yon vizyon ekstraòdinè, ke nou rekonèt jodia kòm Premy Vizyon. Nou beni dèske nou gen kat vèsyon orijinal kote m ap pran sa m pral di yo.2

Joseph te ekri: “Pandan peryòd gwo eksitasyon sa a, lespri te panche sou refleksyon serye ak gwo malèz; malgre santiman m yo te pwofon epi yo te rache kè m, m te toujou kanpe lwen tout pati sa yo, malgre m te asiste plizyè reyinyon yo te fè osi souvan ke okazyon te pèmèt mwen. [Men,] tèlman te gen gwo konfizyon ak diskisyon negatif nan pami diferan denominasyon yo, li te enposib pou yon moun ki te jèn tankou m, epi ki te si tèlman pa konnen lèzòm ak bagay yo, pou m te rive tire yon konklizyon sou kiyès ki gen rezon ak kiyè ki gen tò.”3

Joseph te ale nan Bib la pou l te ka jwenn repons kesyon l yo e li te li nan Jak 1:5: “Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou granmesi.”4

Joseph te rakonte: “Okenn pasaj nan ekriti yo pa janm vini avèk plis pouvwa nan kè lòm pase jan sa te fèt lè sa a . Li te sanble li te antre avèk anpil fòs nan chak kwen nan kè mwen. Mwen te reflechi sou sa plizyè fwa.”5

Joseph te reyalize ke Bib la pa t gen tout repons pou kesyon lavi yo; men, li te anseye gason ak fi pito kijan yo ka jwenn repons pou kesyon yo nan kominikasyon dirèk avèk Bondye atravè lapriyè.

Li te ajoute: “Konsa, dapre dispozisyon m te pran pou m mande Bondye a, m te ale nan yon forè pou m eseye. Se te nan maten yon bèl jou klè, bonè, nan prentan mil yuisan ven.”6

Tousuit apre, Joseph te di ke “[yon kolòn]” limyè te repoze sou mwen, [epi] m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen, epi l te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—[Joseph,] Se Pitit Gason Byenneme m nan. Koute l!7

Apre sa, Sovè a te di: “Joseph, pitit gason m, peche w padone. Suiv wout ou, mache dapre lwa m yo, epi respekte kòmandman m yo. Gade, m se Senyè laglwa a. M te krisifye pou mond lan, pou tout moun ki kwè nan non mwen ka gen lavi etènèl.”8

Joseph te ajoute: “Osito m te rekonèt tèt mwen, epi m te vin kapab pale, m te mande pèsonaj ki te sispandi anlè nan limyè a, kiyès nan tout sèk yo ki te gen rezon.”9

Li te raple l: “Yo te di m ke tout denominasyon relijye yo te kwè nan doktrin ki pa t kòrèk, epi youn nan yo pa t rekonèt Bondye kòm legliz li ak wayòm ni. Epi … an menm tan tou, [Mwen] te resevwa yon pwomès ke plenitid levanjil la ta pral nan moman apwopriye a vin revele a mwen menm.”10

Joseph te di tou: “M te wè anpil anj nan vizyon sa a.”11

Apre vizyon gloriye sa a, Joseph te ekri: “Nanm mwen ranpli avèk lanmou, epi pandan anpil jou m te kapab rejwi avèk gran jwa. Senyè a avèk mwen.”12

Li te mache soti nan Forè Sakre a pou l te kòmanse preparasyon l pou l te vin yon pwofèt Bondye.

Joseph te kòmanse aprann tou sa pwofèt ansyen tan yo te konn fè eksperyans—rejè, opozisyon, ak pèsekisyon. Joseph te raple l ke li te pataje sa l te wè a ak sa l te tande a avèk youn nan pastè ki te aktif nan renesans espirityèl la.

“M te etone anpil lè m te wè konpòtman l; non sèlman li te trete enfomasyon m nan alalejè men tou, avèk anpil mepri, li te di sa te soti nan dyab, epi pa t gen zafè vizyon oubyen revelasyon nan dènye jou sa yo; li te di, tout bagay konsa te sispann avèk apot yo, epi pa t ap janm genyen yo ankò.

“Sepandan, avan lontan rakonte m te rakonte istwa a te lakoz gwo prejidis kont mwen pami pwofesè relijyon yo, epi sa te lakòz anpil pèsekisyon, ki te kontinye grandi; … epi se te komen pami tout sèk yo—yo tout te kole tèt yo pou yo pèsekite m.”13

Twazan apre, an 1823, syèl yo te ouvri ankò kòm yon pati nan Retablisman levanjil Jezikri a nan dènye jou yo. Joseph te note ke yon zanj, ki rele Mowoni, te parèt devan l epi zanj lan te di l ke “Bondye te gen yon travay pou m fè … [e ke] te gen yon liv ki depoze, ekri sou plak an nò” ki te genyen ladan l“plenitid Levanjil etènèl la … jan Sovè a te delivre l bay abitan lontan [Amerik yo].”14

Finalman, Joseph te jwenn, epi tradui epi pibliye rejis tan lontan an, ki pote non Liv Mòmon an jodia.

Frè l Hyrum, ki te toujou ap sipòte l, sitou apre operasyon nan janm li an ki te koze l anpil doulè e ki te menase lavi l an 1813, se te youn nan temwen plak lò yo. Li te youn nan sis manm Legiz Jezikri a tou lè legliz te òganize an 1830.

Pandan lavi yo, Joseph ak Hyrum te afwonte popilas ak pèsekisyon ansanm. Pa egzanp, yo te pase move moman nan kondisyon vrèman mizerab nan Prizon Liberty a nan Missouri pandan senk mwa pandan livè frèt 1838–39 la.

An Avril 1839, Joseph te ekri madanm ni, Emma, kote l te dekri l sitiyasyon yo nan Prizon Libète a: “Mwen kwè sa fè anviwon senk mwa ak sis jou depi m anba grimas yon gad lajounen tankou lannuit dèyè mi, gri, ak pòt an fè ki ap fè bri dezagreyab nan yon prizon dezè, sonm, e sal.… Nou ap kite [kote] sa a kèlkeswa jan sa ye e lè sa a nou ap kontan kèlkeswa sa nou devni. Kèlkeswa sa k pral rive nou, nou p ap ka nan yon kondisyon ki pi mal pase sa nou ye la a. … Nou pap janm swete pou nou ta renounen Liberty nan Clay County Missouri ankò. Nou bouke avèk li ajamè.”15

Devan pèsekisyon yo, Hyrum te montre li gen lafwa nan pwomès Senyè a, enkli yon garanti pou l te chape anba men enmi yo si l te chwazi sa. Nan yon benediksyon Hyrum te resevwa nan men Joseph Smith in 1835, Senyè a te pwomèt li “W ap gen pouvwa pou w chape anba enmi w yo. Y ap chèche retire lavi w avèk yon zèl enfatigab, men w ap chape.. Si sa fè w plezi, epi si se dezi ou, w ap gen pouvwa pou bay lavi w volontèman pou glorifye Bondye.”16

An Jen 1844, yo te bay Hyrum chwa ant viv oswa bay lavi l pou glorifye Bondye epi “sele temwayaj li avèk san l”—kòtakòt ansanm avèk frè byeneme l la, Joseph.17

Yon semèn avan vwayaj fatidik li a pou Carthage kote yon gwoup nèg lach ki te ame e ki te pentire figi yo pou moun pa rekonèt yo te asasine yo fwadman, Joseph te ekri: “Mwen te konseye frè m Hyrum pou l te pran fanmi l epi mennen yo CincinnatiI sou pwochen bato a vapè a.”

Mwen ankò santi gwo emosyon lè m sonje repons Hyrum lan: “Joseph, m pa ka kite w.’’18

Se konsa Joseph ak Hyrum te ale Carthage, kote yo te vin tounen mati pou koz ak non Kris la.

Anons ofisyèl asasina yo a te deklare bagay sa a: “Joseph Smith, Pwofèt ak Vwayan Senyè a, … te pibliye Liv Mòmon an, ke li te tradui l pa don ak pouvwa Bondye, epi li pèmèt li pibliye nan de kontinan; li te voye plenitid levanjil etènèl la ki nan liv la, nan kat kwen tè a; li te vini avèk revelasyon ak kòmandman ki konpoze liv Doktrin ak Alyans sa a ak anpil lòt dokiman saj ak enstriksyon pou benefis pitit lèzòm; li te rasanble anpil milye Sen Dènye Jou, li te fonde yon gwo vil, epi l te kite yon renome ak yon non moun pa kapab asasinen. … Epi tankou pifò nan pami moun Senyè a te chwazi nan ansyen tan yo, li te sele misyon l ak travay li avèk pwòp san pa li; epi frè Hyrum fè sa tou. . Nan lavi a yo pa t divize, epi nan lanmò yo pa t separe!19

Apre mati a, yo te retounen Nauvoo avèk kò Joseph ak Hyrum, yo te benyen yo, epi yo te abiye yo pou fanmi an te kapab wè 2 moun sa yo ki te chè pou yo. Manman yo te rakonte: “Pandan yon bon ti tan, m te prepare m fizikman ak emosyonèlman, m te prepare tout enèji m ak tout fòs mwen, epi m te mande Bondye pou l te ban m fòs; men lè m te antre nan sal la, epi m te wè pitit gason m yo ke yo te asasine a, toulède kouche devan je m an menmm tan an, epi m te tande sanglo ak jemisman fanmi m [ak] kri ki t ap soti nan bouch madanm yo, pitit yo, frè yo, ak sè yo, sa te twòp pou mwen. M te rale yon bak epi m te kriye bay Senyè a nan agoni nanm mwen: ‘O Bondye mwen! Bondye m! Poukisa w bliye fanmi sa a?’”20

Nan moman chagren ak detrès sa a, li te tande de pitit gason l yo ki t ap di l: “Manman, pa kriye pou nou; nou venk mond lan pa amou.”21

Yo te venk mond lan tout bon vre. Joseph ak Hyrum Smikth, menmjan ak sen fidèl yo dekri nan liv Revelasyon an, te “pase anba gwo tribilasyon. epi yo te lave rad yo, yo te blanchi yo nan san ti Mouton an [epi] yo … devan twòn Bondye a, lajounen kou lannuit y ap sèvi nan tanp li a: epi Moun ki chita sou twòn nan ap toujou la nan mitan yo.

“Yo pa pral grangou ankò, ni yo pap swaf ankò; ni solèy pa p klere sou yo, ni okenn chalè.

“Paske Anyo a ki nan mitan twòn nan pral nouri yo, epi l pral dirije yo al nan anpil fontèn dlo vivan: epi Bondye pral seche tout dlo ki nan je yo.”22

Pandan n ap selebre okazyon jwaye sa a, 200èm anivèsè Premye Vizyon an, nou ta dwe toujou sonje pri Joseph ak Hyrum Smith te peye.ansanm avèk anpil lòt gason, fi, ak timoun pou etabli Legliz Jezikri a pou oumenm avèk mwen te kapab jwi bann benediksyon ak verite revele ke nou genyen jodi a. Nou pa dwe janm bliye fidelite yo!

Mwen souvan mande tèt mwen poukisa Joseph ak Hyrum ak fanmi yo te oblije soufri konsa. Li posib ke se pou yo te vin konnen Bondye atravè soufrans yo nan fason ki pa t ap kapab rive otreman. Atravè sa, yo te reflechi sou Jetsemane ak kwa Sovè a. Jan Paul te di a: “Paske nou menm k ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.”23

Avan lamò l an 1844, Joseph te ekri yon lèt plen enèji voye bay Sen yo. Sete yon apèl alaksyon, ki kontinye nan Legliz la jis jodia.

“Frè m [ak sè m] yo, èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, frè [ak sè] m yo; epi an avan, an avan pou laviktwa!

“… Se poutèt sa, an nou noumenm, kòm yon legliz ak yon pèp, epi kòm Sen Dènye Jou, ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis.”24

Pandan n ap koute Lespri a pandan 200èm anivèsè selebrasyon wikenn sa a, konsidere ki ofrann nou pral prezante devan Senyè a nan lajistis nan jou ki ap vini yo. Se pou nou gen anpil kouraj—pataje l avèk yon moun nou fè konfyans, e sitou, silvouplè pran tan pou nou fè sa!

Mwen konnen Senyè a kontan lè nou prezante L yon offrann ki soti nan kè nou nan lajistis, menm jan Li te kontan pou ofrann fidèl frè remakab sa yo, Joseph ak Hyrrum Smith, ak tout lòt Sen fidèl yo. Mwen temwaye solanèlman konsènan bagay sa yo nan non sakre Senyè nou an, Jezikri, amèn.