Konferans Jeneral
Ouvri Syèl la pou Èd
Konferans Jeneral Avril 2020


Ouvri Syèl la pou Èd

Annou mete lafwa nou nan Senyè Jezikri a an aksyon!

Ala yon bèl sesyon espesyal sa te ye! Mèsi, chè Laudy an Enzo. Nou reprezante jènfi ak jènjan mayifik yo nou genyen nan Legliz la si byen.

Chè frè m ak sè m yo, nou tande anpil jodia sou Retablisman Legliz la—Legliz sa a menm Sovè nou an, Jezikri, te etabli pandan ministè terès Li a. Retablisman sa a te kòmanse sa gen 200 zan prentan sa a lè Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, te parèt devan jèn Joseph Smith.

Dizan apre vizyon ekstraòdinè sa a, Pwofèt Joseph Smith ak senk lòt moun te aple kòm manm fondatè Legliz retabli Senyè a.

Apati ti gwoup sa a ki te reyini jou 6 Avril 1830 lan, yon gwo òganizasyon mondyal soti ki gen plis pase 16 milyon manm ladan l. Tout moun rekonèt byenfè Legliz sa a akonpli toupatou nan mond lan pou soulaje soufrans lòm ak pou elve limanite. Men objektif ki pi enpòtan li se ede gason, fi, ak fanmi yo suiv Senyè Jezikri, kenbe kòmandman L yo, ak kalifye yo pou pi gwo nan tout benediksyon yo—lavi etènèl avèk Bondye ak moun yo renmen.1

Pandan n ap komemore evenman ki te derape Retablisman an, li enpòtan pou nou sonje ke, pandan nou revere Joseph Smith kòm pwofèt Bondye a, Legliz sa a se pa legliz Joseph Smith, ni se pa legliz Mòmon. Se Legliz Jezikri l ye. Li te di egzakteman kijan yo dwe rele Legliz Li a: “Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vledi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo”2

Mwen te pale anvan sa de bezwen pou nou te pote koreksyon nan fason nou fè referans ak non Legliz la.3 Depi lè sa a, gen anpil bagay ki te fèt pou pote koreksyon sa a. Mwen rekonesan anvè Prezidan M. Russell Ballard ak tout Kolèj Douz Apot la, ki te travay anpil pou dirije efò sa yo ansanm ak moun ki te travay di anpil nan yon lòt bagay k m pral anonse aswè a.

Dirijan yo ak depatman Legliz yo, tout antite ki anrapò yo, ak dè milyon manm—ak lòt moun—kounyea ap itilize non kòrèk Legliz la. Nou mete tout bagay ofisyèl yo nan Legliz la ajou. Sit entènèt ofisyèl Legliz la kounyea se ChurchofJesusChrist.org. Adrès pou email, non domèn yo, ak chèn medya sosyal yo te mete ajou. Bèl koral nou an rele kounyea “Kè Tabènak Temple Square la.”

Nou te antreprann efò ekstraòdinè sa yo paske lè nou retire non Senyè a nan non Legliz Li a, nou an menm tan retire Li kòm fokis santral adorasyon nou ak lavi nou. Lè nou pran nou Sovè a sou tèt nou nan batèm, nou pran angajman pou nou temwaye, nan panse nou ak nan aksyon nou, ke Jezi se Kris la.4

Anvan sa, m te pwomèt nou si nou “si nou fè tout sa n kapab pou retabli non kòrèk Legliz Senyè a,” Li t ap “devèse pouvwa ak benediksyon L sou tèt Sen Dènye Jou yo, nan fason nou pa t janm konn wè”5 Mwen renouvle pwomès sa a jodia.

Pou ede nou sonje Li ak pou idantifye Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kòm Legliz Senyè a nou kontan pou nou prezante w yon senbòl ki pral demontre plas santral Jezikri nan Legliz li a.

Senbòl sa a genyen non Legliz la ki andedan yon ‘pierre angulaire’. . Jezikri se ‘pierre angulaire’ la.6

Imaj
Senbòl mo avèk pierre angulaire

Nan mitan senbòl la, gen yon reprezantasyon estati an mab Thorvaldsen nan, ki se Christusla. Li montre Senyè vivan resisite a ki lonje bra l pou anbrase tout moun ki vin jwenn ni.

Senbolikman, Jezikri kanpe anba yon vout. Vout la raple nou Sovè resisite a k ap soti nan tonm nan twazyèm jou apre Krisifiksyon L lan.

Imaj
Nouvo Senbòl Legliz la

Senbòl sa a siman familye pou anpil moun, paske depi lontan nou idantifye levanjil retabli a avèk Kris vivan, resisite a.

Kounyea nou pral itilize senbòl sa a kòm yon bagay vizyèl pou idantifye tout literati, nouvèl, ak evenman ofisyèl Legliz la.7 L ap raple tout moun ke sa a se Legliz Sovè a epi tout sa n ap fè, antanke manm Legliz Li a, santre sou Jezikri ak levanjil Li a.

Gade, frè m ak sè m yo, demen se Dimanch Ramo, jan Èldè Gong sot anseye nou avèk anpil elokans. Epi n ap antre nan semèn espesyal ki abouti nan Pak la. Antanke disip Jezikri, k ap viv nan yon epòk kote epidemi COVID-19 la mete mond lan an boulvès, annou pa sèlman pale de Kris la oubyen preche Kris la oubyen itilize yon senbòl ki reprezante Kris la.

Annou mete lafwa nou nan Senyè Jezikri a an aksyon!

Jan nou konnen, manm Legliz yo obève lwa jèn nan yon jou nan chak mwa.

Doktrin jèn nan ansyen. Ewo biblik te konn pratike l depi nan premye jou yo. Moyiz, David, Ezra, Nehemi, Estè, Ezayi, Danyèl, Joel, ak anpil lòt te jene ak preche sou jèn.8 Atravè ekri Ezayi yo, Senyè a te di: “Èske se pa jèn s a m te chwazi? pou nou sispann fè mechanste, retire fado nou mete sou moun yo, bay moun n ap oprese yo libète?”9

Apot Pòl te konseye Sen nan Korent yo pou yo “lage tèt yo nan jèn ak priyè.”10 Sovè a Limenm te deklare gen kèk bagay ki “p ap sòti san fòs lapriyè ak jèn.”11

Nan yon videyo nan medya sosyal, mwen fèk sot di “Antanke yon doktè ak chirijyen, mwen gen gwo respè pou pwofesyonèl medikal yo, syantis yo, ak tout moun k ap travay san rete pou sispann maladi COVID-19 la simaye yo.”12

Kounyea, antanke Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi antanke yon Apot Jezikri, mwen konnen ke Bondye “gen tout apouvwa, tout konpreyansyon, li bkonprann tout bagay, li se yon Èt ki gen cmizèrikòd, menm pou l sove moun ki repanti, e ki kwè nan non l.”13

Konsa, nan moman gwo detrès, tankou lè maladi atenn nivo epidemi, bagay ki pi natirèl pou nou fè a se rele Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gaosn L lan—Mèt Gerisè a—pou montre pouvwa mèveye Yo pou beni moun sou tè a.

Nan mesaj video m nan, m te envite tout moun pou yo ini avèk mwen nan yon jèn jou Dimanch 29 Mas 2020 an. Anpil nan nou te wè videyo a epi nou te fè jèn nan. Gen moun ki gen dwa pa t fè l. Kounyea, nou toujou bezwen èd syèl la.

Konsa, chè frè m ak sè m yo, nan espri pitit gason Mozya yo, ki te lage tèt yo nan jèn ak lapriyè a,14 epi kòm yon pati nan konferans Jeneral Avril 2020 nou an, m ap mande yon lòt jèn mondyal. Pou tout moun sante yo pèmèt yo, annou jene, priye, epi ini lafwa nou yon fwa ankò. Annou sipliye, nan yon espri lapriyè, pou n jwenn sekou anba epidemi mondyal sa a.

Mwen envite tout moun, enkli sa k pa manm Legliz nou yo tou, pou yo jene ak priye Vandredi Sen 10 Avril la, pou nou ka jwenn kontwòl pou epidemi an, pou moun k ap bay sante yo pwoteje, pou ekonomi an fòtifye, ak pou lavi retounen vin nòmal.

Kijan nou jene? De repa oubyen yon peryòd 24 èdtan se koutim nan. Men se oumenm ki dwe deside kisa ki ap reprezante yon sakrifis pou ou, pandan w ap sonje sakrifis siprèm Sovè a te fè pou ou a. Annou ini nou pou n sipliye pou gerizon atravè tout mond lan.

Vandredi Sen se ap jou pafè a pou nou fè Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan koute nou!

Chè frè m ak sè m yo, mwen eksprime lanmou pwofon m pou nou, ansanm ak temwayaj mwen konsènan divinite travay sa a nou angaje a. Sa a se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li kanpe alatèt li epi l ap dirije tout sa n ap fè. Mwen konnen L ap reponn priyè pèp Li a. Mwen rann temwanyaj de sa nan non sakre Jezikris, amèn.