Konferans Jeneral
Konsidere Bonte ak Grandè Bondye
Konferans Jeneral Avril 2020


Konsidere Bonte ak Grandè Bondye

Mwen envite nou pou nou sonje grandè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ak sa Yo fè pou nou chak jou.

Depi lontan, menm epi espesyalman nan tan difisil, pwofèt yo ap ankouraje nou pou nou sonje grandè Bondye epi konsidere sa li fè pou nou kòm moun, pou fanmi nou epi kòm yon pèp.1 Nou jwenn enstriksyon sa a tout kote nan ekriti yo men li patikilyèman evidan nan Liv Mòmon an. Paj tit la eksplike ke youn nan objektif Liv Mòmon an se “pou montre rès mezon Izrayèl la ki kalite gwo bagay Senyè a te fè pou paran yo.”2 Liv Mòmon an konkli avèk apèl Mowoni an: “Gade, m ap egzòte nou pou lè nou li bagay sa yo … pou nou ka sonje kijan Senyè a te gen mizèrikòd pou pitit lèzom yo, depi nan kreyasyon Adan jis rive desann nan epòk nou pral resevwa bagay sa yo, epi medite sou yo nan kè nou.”3

Fason pwofèt yo kontinye ensiste pou n reflechi sou jan Bondye bon an frapan.4 Sa montre ke Pè Selès la vle pou nou raple nou jan Limenm ak Pitit Gason Byenneme l la gen bonte, non pa pou pwòp benefis pa yo, men pou enfliyans kalite souvni sa a genyen sou nou. Si nou konsidere bonte Yo, pèspektiv nou ak konpreyansyon nou ap elaji. Si nou reflechi sou konpasyon Yo, n ap vin pi enb, pi renmen lapriyè, ak pi solid.

Yon eksperyans touchan avèk yon ansyen pasyan montre kijan gratitid pou jenewozite ak konpasyon ka transfòme nou. An 1987, mwen te vin familyarize m avèk Thomas Nielsen, yon mesye remakab ki te bezwen yon grèf kè. Li te gen laj 63 an epi l t ap viv nan Logan, Utah, nan Etazini. Apre sèvis militè pandan dezyèm gè mondyal la, li te marye avèk Donna Wilkes nan tanp Logan nan , nan Utah. Li te vin yon mason espesyalis nan brik plen enèji ak siksè. Nan ane apre yo li te espesyalman kontan pou l te travay avèk pi gran pitit pitit gason li, Jonathan, pandan epòk vakans. Yo tou de te develope yon koneksyon espesyal paske Jonathan te sanble ak Tom anpil.

Tom te twouve ke rete tann yon kè sete yon bagay ki te enèvan. Li pa t yon mesye ki te vrèman gen pasyans. Li te toujou gen posiblite pou l te fikse bi ak akonpli yo nan travay di ak detèminasyon fèm. Anba lit li ak kè l ki t ap fayi a, avèk lavi li ki te ensèten, Tom te konn mande m pafwa kisa m t ap fè pou m te akselere pwosesis la. Anjwèt, li te konn sigjere kèk wout m ta ka suiv ki t ap fè yon donè vin disponib pou li pi vit.

Yon jou kontantman men terib alafwa, te vin gen yon donè ideyal ki te disponib pou Tom. Gwosè kè a ak gwoup sangen an te byen matche, epi donè a sete yon jen apèn laj 16 an. Kè donè sa a sete kè Jonathan, pitit pitit gason byenneme Tom lan. Pi bonè nan jou sa a, Jonathan te blese grav nan yon aksidan kote yon tren ki t ap pase te frape machin li t ap kondui a.

Lè m te vizite Tom ak Donna nan lopital la jou sa a, yo te dezespere. Li difisil pou imajine sa yo t ap travèse, nan ide ke lavi Tom ta ka prolonje si l te itilize kè pitit pitit gason yo a. Odepa, yo te refize konsidere opsyon kè a de paran Jonathan yo, pitit fi yo ak bofis yo te ofri a. Men, Tom ak Donna te konnen ke sèvo Jonathan te mouri, epi yo te vin konprann ke se pa t priyè yo pou yon donè kè pou Tom nan ki te lakòz aksidan Jonathan an. Non, kè Jonathan sete yon kado ki ta p ka beni Tom nan moman li te bezwen l lan. Yo te rekonèt ke pafwa yon bon bagay te ka soti nan trajedi sa a epi yo te deside aksepte.

Operasyon transplatasyon an te byen pase. Apresa, Tom te vin yon moun diferan. Chanjman an te ale pi lwen pase amelyorasyon sante ou menm gratitid. Li te di m ke chak maten li te panse a Jonathan, a pitit fi l la ak bofis li, a kado li te resevwa a, ak sa kado sa a te enplike. Malgre bon imè natirèl ak bon tanperaman li te toujou trè evidan, m te obsève ke Tom te vin pi serye, pi pansif, ak pi sansib.

Tom te viv 13 an apre grèf la, ane ke li pa t ap genyen otreman. Orezon finèb li te di ke ane sa yo te pèmèt li touche lavi fanmi li ak lòt moun avèk jenewozite ak lanmou. Li sete yon byenfetè sekrè pou anpil moun epi yon egzanp optimis ak detèminasyon pou tout moun.

Prèske tankou Tom, nou chak resevwa don ke nou pa ta p ka bay tèt nou, don ki soti nan Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason Byenneme L la, ki enkli redanmsyon atravè sakrifis ekspyatwa Jezikri a.5 Nou te resevwa lavi nan mond sa a, nou pral resevwa lavi fizik apre lavi sa a, ak sali etènèl ak egzaltasyon—si nou chwazi sa—tout sa gras ak Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Chak fwa nou itilize don sa yo, nou tire benefis nan yo, oubyen nou menm panse ak don sa yo, nou dwe konsidere sakrifis, jenewozite ak konpasyon donè yo. Reverans pou donè yo fè plis pase jis rann nou rekonesan. Reflechi sou don Yo kapab epi ta dwe transfòme nou.

Yon transfòmasyon remakab sete transfòmasyon Alma, pitit la. Pandan Alma “ta pral fè rebelyon kont Bondye,”6 yon zanj te parèt. Avèk “yon vwa loray,”7 zanj lan te reprimande Alma paske l t ap pèsekite Legliz la ak “detounen kè moun yo.”8 Zanj lan te fini avèk avètisman sa a: “Ale, e sonje kaptivite zansèt ou yo …; epi sonje gwo bagay [Bondye] te fè pou yo”9 Nan pami tout egzòtasyon ki te posib, sete sou sa a zanj lan te mete aksan.

Alma te repanti epi l te sonje. Nan apre li te pataje avètisman zanj lan avèk pitit gason li Elaman. Alma te konseye l: “M ta vle pou w ta fè tankou m, sonje kaptivite zansèt nou yo; paske yo te nan esklavaj, epi pèsonn pa t kapab delivre yo, eksepte Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la, epi li te delivre yo tout bon anba afliksyon yo.”10 Li te di tou senpleman: “Mwen mete konfyans mwen nan li.”11 Alma te konprann ke si nou sonje delivrans nou anba esklavaj epi nou andire nan “tout kalite eprèv ak difikilte” yo, n ap vin konn Bondye ak asirans pwomès Li yo12

Pa gen anpil nan nou ki fè yon eksperyans si ekstraòdinè tankou pa Alma a, men transfòmasyon nou kapab osi pwofon ke pa l la. Sovè t te sipliye nou anvan sa:

“M ap ba nou yon nouvo kè, epi m ap mete yon nouvo espri andedan nou; epi m ap wete kè di nou an … epi m ap ba nou yon kè lachè.

“Epi m ap mete espri mwen nan nou. …

“… Epi n ap vin pèp mwen, epi m ap vin Bondye nou.”13

Sovè resisite a te di Nefit yo kijan transfòmasyon an kòmanse. Li te idantifye yon eleman santral nan plan Pè Selès la lè li te di:

“Epi Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a; epi apre yo fin leve m sou kwa a, pou m kapab atire tout moun kote m. …

“Epi se pou rezon sa yo te leve m; konsa, dapre pouvwa Papa a mwen pral atire tout moun vin kote m.”14

Kisa sa mande pou w atire kote Sovè a? Èske se soumisyon Jezikri anba volonte Papa Li, viktwa Li sou lanmò a, lefèke Li pran peche ak erè w yo sou tèt Li a, lefèke Li resevwa pouvwa de Papa a pou entèsede pou ou, ak redanmsyon final Li pou ou a?15 Èske bagay sa yo pa sifi pou atire w kote Li? Yo se pou mwen. Jezikri “kanpe avèk bra li yo louvri, ak espwa ak volonte pou geri, padone, netwaye, fòtifye, pirifye, ak sanktifye [ou].”16

Bagay sa yo ta dwe ba nou yon kè nouvo epi ankouraje n pou n chwazi suiv Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Men menm kè nouvo yo ka gen “tandans pou egare, … tandans pou kite Bondye [nou] renmen an.”17 Pou konbat tandans sa a, nou bezwen reflechi chak jou sou don nou resevwa yo ak sa yo enplike. Wa Benjamen te konseye: “M ta renmen pou nou sonje, epi toujou kenbe nan memwa nou, grandè Bondye … epi bonte ak pasyans li pou nou.”18 Si nou fè sa, n ap kalifye pou benediksyon selès ki remakab.

Reflechi sou bonte ak mizerikòd Bondye ede nou vin pi reseptif espirityèlman. An retou, ogmantasyon sansiblite espirityèl pèmèt nou vin konnen verite nan tout bagay pa pouvwa Sentespri a.19 Sa enkli yon temwayaj sou verasite Liv Mòmon an, konesans ke Jezi se Kris la, Sovè pèsonèl nou ak Redanmtè nou, epi aksepte ke levanjil Li a te retabli nan dènye jou sa yo.20

Lè nou sonje grandè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ak sa yo fè pou nou, nou p ap pran youn nan yo alalejè, menmjan Tom pa t pran kè Jonathan alalejè a. Nan yon fason plen lajwa ak reverans, Tom te chak jou sonje trajedi ki te pote pwolongasyon lavi li a. Nan antouzyas nou paske n konnen nou kapab sove ak egzalte a, nou bezwen sonje ke sali ak egzaltasyon te mande yon gwo pri.21 Nou ka gen kè kontan nan reverans lè nou reyalize ke san Jezikri nou kondane men avèk Li nou ka resevwa pi gwo don Papa nou ki nan Syèl la ka ba nou an.22 Anfèt, reverans sa a pèmèt nou jwi pwomès “lavi etènèl nan mond sa a” epi finalman resevwa “lavi etènèl … menm laglwa imòtèl” nan mond k ap vini an.23

Lè nou konsidere bonte Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, konfyans nou nan Yo ogmante. Priyè nou yo chanje paske nou konnen Bondye se Papa nou epi nou se pitit Li. Nou pa chèche pou n chanje volonte Li men pou nou konfòme volonte nou ak pa Li epi sekirize pou tèt nou benediksyon Li vle akòde nou yo, ak kondisyon ke nou mande yo.24 Nou anvi vin pi enb, pi pur, pi fèm, ak plis tankou Kris la.25 Chanjman sa yo kalifye nou pou benediksyon selès adisyonèl.

Lè nou rekonèt ke tout bon bagay soti nan Jezikri, n ap pataje lafwa nou avèk plis efikasite ak lòt moun yo.26 N ap vin gen plis kouraj pou nou konfwonte tach ak sitiyasyon ki ka sanble enposib.27 N ap ranfòse rezolisyon nou pou nou kenbe alyans yo nou fè yo pou n suiv Sovè a.28 N ap ranpli avèk lanmou Bondye, n ap gen dezi pou ede moun ki nan bezwen san nou pa jije yo, pou renmen pitit nou yo, epi elve yo nan ladwati, pou n konsève remisyon peche nou, epi toujou rejwi.29 Sa yo se fwi remakab souvni bonte ak mizerikòd Bondye pote.

An kontras, Sovè a te avèti, “Epi lòm pa ofanse Bondye nan anyen, oubyen kòlè Bondye pa limen kont okenn moun, eksepte moun ki pa konfese men l nan tout bagay.”30 M pa panse ke Bondye santi l ensilte lè nou bliye Li. Okontrè, m panse Li pwofondeman desi. Li konnen ke nou prive tèt nou de opòtinite pou nou vini pi pre li nan sonje Li ak bonte Li. Lè sa a, nou rate okazyon pou Li vin pi pre nou an ak benediksyon espesifik Li pwomèt nou yo.31

Mwen envite nou pou nou sonje grandè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ak sa Yo fè pou nou chak jou. Se pou refleksyon w sou bonte Yo a vin pi inikè egare w la avèk Yo.32 Medite sou konpasyon Yo, epi w ap gen benediksyon pou sansiblite espirityèl ou ogmante epi pou w vin plis tankou Kris la. Reflechi sou senpati Yo ap ede w “rete fèm nan fidelite jiska lafen,” jiskaske yo “resevwa w nan syèl la” pou w “demere avèk Bondye nan yon eta bonè ki pap janm fini.”33

Papa nou ki nan Syèl la, an referans avèk Pitit gason Byenneme L la, te di, “Koute Li!”34 Pandan w ap aplike pawòl sa yo epi koute Li, sonje, avèk lajwa ak reverans, ke Sovè a renmen restore sa ou pa ka restore, Li renmen geri plè ou pa ka geri, Li renmen fikse bagay ki sanble brize ak ireparab,35 Li konpanse pou tout enjistis ou sibi,36 epi Li renmen pou L definitivman repare kè ki brize.37

Pandan m ap reflechi sou don Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri yo, mwen vin konnen lanmou enfini Yo ak konpasyon enkonpreyansib Yo pou tout pitit Papa noiu ki nan Syèl la.38 Konesans sa a chanje mwen, epi l ap chanje nou tou. Nan non Jezikri, Amèn.