Konferans Jeneral
“Se Pou Kay Sa a bati Nan Non Mwen”
Konferans Jeneral Avril 2020


“Se Pou Kay Sa a bati Nan Non Mwen”

(Doktrin ak Alyans 124:40)

Men, òdonans nou resevwa ak alyans nou fè nan tanp yo esansyèl pou sanktifye kè nou ak pou egzaltasyon ki dwe fèt pou pitit gason ak pitit fi Bondye yo.

Nan forè bwa sakre a, sa gen 200 zan, jènjan ki te rele Joseph Smith la te wè epi l te pale avèk Bondye, Papa Etènèl l la, ak Pitit Gason L lan, Jezikri. Nan men yo, Joseph te aprann konsènan vrè nati Divinite a, ak konsènan revelasyon kontinyèl pandan ke vizyon selès sa a te ouvri “dispansasyon plenitid tan“ nan dènye jou yo.1

Anviwon twazan pita, an repons pou priyè sensè l nan sware 21 Septanm 1823 a, chanm Joseph la te ranpli avèk limyè jistan l te vin “pi klere pase midi,”2 Yon pèsonaj te parèt bò kote kabann li, li te site non jèn gason an, epi l te deklare ke “li se yon mesaje ki te sòti nan prezans Bondye … epi non li sete Mowoni.”3 Li te enstwi Joseph konsènan Liv Mòmon an ki te gen pou vini an.

Epi apresa Mowoni te site yon bagay nan liv Malachi a nan Ansyen Testaman an, avèk yon ti varyasyon nan langaj ki itilize nan Vèsyon Wa Jak la:

“Gade, m ap revele prètriz la ba nou, anba men Eli, pwofèt la, anvan gwo jou terib Senyè a rive. …

“Epi li pral plante pwomès papa yo te resevwa yo nan kè pitit yo, e kè pitit yo pral vire sou papa yo. Si se pa t sa, tout tè a t ap devaste nèt lè aparisyon l la.”4

Sa k enpòtan, sèke enstriksyon Mowoni te bay Joseph Smith konsènan misyon Eli a te inisye travay tanp ak istwa familyal nan dènye jou yo, epi sete yon eleman kle nan retablisman “tout bagay, Bondye te pale atravè bouch tout pwofèt ki sen Li yo depi lè mond la te kòmanse.”5

M priye pou asistans Sentespri a pandan n ap aprann konsènan alyans, òdonans, ak benediksyon ki disponib pou nou nan tanp Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Retou Eli

Pou m kòmanse m ap poze yon kesyon fondamantal: Poukisa retou Eli a te enpòtan?

“Nou aprann nan revelasyon dènye jou yo ke Eli gen pouvwa sèlman ki nan Prètriz Mèlchizedèk la”6 epi li te dènye pwofèt ki te genyen l anvan epòk Jezikri a.”7

Pwofèt Joseph Smith te eksplike, “Espri, pouvwa, ak apèl Eli a sèke nou gen pouvwa pou nou gen kle … totalite Prètriz Mèlchizedèk la … ; epi pou nou … jwenn … tout òdonans wayòm Bondye a posede yo, pou nou retounen kè papa yo sou pitit yo, menm sa ki nan syèl yo.”8

Otorite sèlman sakre sa a nesesè pou “nenpòt bagay ou sele sou latè a vin sele nan syèl la: epi nenpòt bagay ou desele sou latè a ap desele nan syèl la.”9

Joseph te klarifye ankò, “Kouman Bondye pral vin sove jenerasyon sa a? Li pral voye Eli, pwofèt la. … Eli pral revele alyans pou sele kè papa yo sou pitit yo, ak timoun yo sou papa yo.”10

Eli te parèt avèk Moyiz sou mòn transfigirasyon an epi l te mete otorite sa a sou Pyè, Jak, ak Jan.11 Eli te parèt tou, avèk Moyiz ak Elize nan 3 avril 1836, nan Tanp Kirtland nan, epi l te mete menm kle prètriz sa a sou Joseph Smith ak Oliver Cowdery.12

Retablisman otorite sèlman an Eli te pote an 1836 la te nesesè pou prepare mond la pou Dezyèm Vini Sovè a epi l te kòmanse yon enterè ki te grandman ogmante nan mond la pou rechèch istwa familyal.

Chanje, Retounen, epi Pirifye Kè

Mo a itiize plis pase 1,000 fwa nan Ekriti sen yo. Souvan, mo senp men siyifikatif sa a demontre santiman pèsonèl yon moun. Kè nou—ki se sòm total dezi nou, afeksyon nou, entansyon nou, motivasyon nou ak atititd nou—defini kiyès nou ye, epi l detèmine kisa nou pral tounen. Epi esans travay Senyè a, se chanje, retounen, ak pirifye kè yo atravè alyans levanjil yo ak òdonans prètriz yo.

Nou pa bati tanp sakre ni antre ladan yo sèlman pou nou viv yon eksperyans pèsonèl ak familyal ki memorab. Men, òdonans nou resevwa ak alyans nou fè nan tanp yo esansyèl pou sanktifye kè nou ak pou egzaltasyon ki dwe fèt pou pitit gason ak pitit fi Bondye yo.

Plante pwomès papa yo te resevwa yo nan kè pitit yo—menm pwomès Abraram, Izaak, ak Jakòb yo—pou tounen kè pitit yo sou papa yo a, pou fè rechèch istwa familyal, ak òdonans nan tanp pou mò yo, se travay ki pote benediksyon pou moun sou toude kote vwal la. Lè nou angaje avèk dilijans nan travay sakre sa a, se kòmandman nou obeyi, pou nou renmen ak sèvi Bondye ak pwochen nou yo.13 Epi sèvis dezenterese sa a ede nou reyèlman “Tande L!”14 epi vin jwenn Sovè a.15

Nou resevwa alyans ak òdonans prètriz ki pi sakre yo sèlman nan yon tanp—kay Senyè a. Tout bagay nou aprann ak tout bagay ki fèt nan tanp la mete aksan sou divinite Jezikri ak wòl Li nan gran plan bonè Papa nou ki nan syèl la.

Kòmanse andedan al Deyò

Prezidan Ezra Taft Benson te dekri yon modèl enpòtan Redanmtè a anplwaye pou L “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm.”16 Li te di, “Senyè a travay, kòmanse andedan al deyò. Mond la travay, kòmanse deyò al andedan. Mond la retire moun nan bidonvil. Kris la retire bidonvil nan moun epi apresa, yo retire tèt yo nan bidonvil la. Mond la chanje anviwònnman moun pou modle moun yo. Kris la chanje moun epi moun yo chanje anviwònman yo. Mond la modle konpòtman limanite, men Kris la ka chanje nati limanite.”17

Alyans ak òdonans prètriz yo se bagay ki santral nan pwosesis kontinyèl renesans ak transfòmasyon an; se mwayen Senyè a itilize pou L travay avèk nou chak kòmanse andedan al deyò. Alyans nou onore avèk fèmte, nou sonje tout tan, api nou ekri “avèk Lespri Bondye Vivan an … sou tab lachè kè nou an”18 pral fè nou gen objektvite ak asirans sou benediksyon nan mòtalite a ak pou letènite. Òdonans nou resevwa avèk diyite epi nou sonje tout tan yo ap ouvri kanal selès yo kote pouvwa sentete a ka koule vin nan lavi nou.

Nou pa vin nan tanp pou nou ka kache lwen mal ki nan mond lan ni pou nou chape anba yo. Okontrè, nou vin nan tanp pou nou gen viktwa sou mal ki nan mond lan. Lè nou envite “pouvwa sentete” a nan nanm nou19 nan resevwa òdonans prètriz yo ak nan fè alyans sakre ke nou kenbe, n ap beni avèk fòs ki depase pwòp fòs nou20 pou nou ka gen viktwa sou tantasyon ak difikilte mòtalite yo epi pou nou ka fè sa ki bon ak pou nou vin bon.

Renome Kay sa a Pral Simaye

Premye tanp nan dispansasyon sa a te bati nan Kirtland, Ohio epi l te konsakre 27 mas 1836.

Nan yon revelasyon Li te bay Joseph Smith yon semèn apre konsekrasyon an, Senyè a te deklare:

“Se pou kè tout pèp mwen an rejwi, ki, avèk puisans yo, te bati kay sa a nan non mwen.

“Wi, kè anpil milye ak dizèn milye moun pral rejwi anpil kòm konsekans benediksyon ki pral devèse, ak dotasyon ki te dote sèvitè m yo nan kay sa a.

Epi non kay sa a pral gaye nan peyi etranje; epi se kòmansman benediksyon ki pral tonbe sou tèt pèp mwen an.”21

Silvouplè note fraz kè anpil milye ak dizèn millye moun pral rejwi anpil epi renome kay sa a pral gaye nan peyi etranjeyo. Bagay sa yo te deklarasyon etonan an avril 1836 kote Legliz la te sèlman gen, relativman, kèk manm avèk yon sèl tanp.

Jodia an 2020, nou gen 168 tanp k ap fonksyone. Karantnèf tanp adisyonèl k ap bati oubyen ki te anonse. Kay Senyè yo ap bati sou “zile yo ki nan lanmè yo”22 ak nan peyi ak lokalite anpil moun te panse anvan ke yo pa t t ap otorize yon tanp.

Kounyea, seremoni dotasyon an prezante nan 88 lang epi l pral vin disponib nan anpil lòt lang adisyonèl pandan tanp adisyonèl pral bati pou beni plis nan pitit Bondye yo. Nan 15 ane ki pral vini yo, kantite lang ki pral disponib pou òdonans tanp yo pral pwobableman double.

Ane sa a, nou pral prepare chantye pou nou kòmanse 18 tanp. An konparezon, sa te pran 150 ane pou yo te bati premye 18 tanp yo, soti nan lè òganizasyon Legliz la an 1830 rive nan konsekrasyon Tanp Tokyo, Japon an Prezidan Spencer W. Kimball te konsakre an 1980 an.

Imaj
Sis tanp

Konsidere rapidite travay tanp ki fèt sèlman pandan lavi Prezidan Russell M. Nelson an. Lè Prezidan Nelson te fèt 9 septanm 1924, Legliz la te gen sis tanp ki t ap fonksyone.

Imaj
26 tanp

Lè yo te òdone l kòm Apot, 7 Avril, 1984, 60 ane pita, 26 tanp t ap fonksyone, ki fè yon ogmantasyon 20 tanp nan 60 ane.

Imaj
159 tanp

Lè Prezidan Nelson te soutni kòm Prezidan Legliz la, 159 tanp t ap fonksyone, ki fè yon ogmantasyon 133 tanp nan 34 ane pandan li t ap sèvi kòm manm nan Kolèj Douz yo.

Imaj
Tanp k ap opere ak sa ki anonse

Depi l vin Prezidan Legliz la, 14 janvye 2018, Prezidan Nelson anonse 35 nouvo tanp.

Katrevensèz pousan nan tanp ki egzite yo te konsakre pandan lavi Prezidan Nelson; katrevenkat pousan te konsakre depi li te òdone kòm Apot la.

Toujou Konsantre sou Bagay Ki Pi Enpòtan yo

Kòm manm Legliz retabli Senyè a, nou etone anpil pou nou wè mach akselere travay Li a nan dènyè jou yo. Epi, gen plis tanp k ap vini.

Brigham Young te pwofetize: “Pou akonpli travay sa a, p ap sèlman dwe gen yon tanp, men plizyè milye tanp, epi dizèn milye gason ak fi pral nan tanp sa yo pou fè travay pou moun ki te viv osi lontan ke Senyè pral revele.”23

Nou konprann ke anons chak nouvo tanp se yon sous gran jwa epi se yon rezon pou nou bay Senyè a remèsiman. Sepandan, konsantrasyon prensipal nou ta dwe sou alyans ak òdonans ki ka chanje kè nou yo ak apwofondi devosyon nou pou Sovè a, epi pa sèlman sou lokalite a oubyen bèlte tanp la.

Obligasyon fondamantal ki repoze sou nou kòm manm Legliz retabli Senyè a se (1) pou nou “Tande L!”24 epi chanje pwòp kè pa nou atravè alyans ak òdonans yo, epi (2) pou nou jwayezman akonpliresponsablite diven nou genyen pou nou ofri benediksyon tanp yo a tout fanmi limanite a sou tou de bò vwal la. Avèk direksyon L epi ak èd Li, reyèlman, n ap akonpli obligasyon sakre sa yo.

Bati Siyon.

Pwofèt Joseph Smith te deklare:

“Bati Siyon se yon koz ki toujou enterese pèp Bondye a nan tout epòk; se yon tèm ke pwofèt, prèt ak wa de pale avèk anpil delis; avèk bèl antisipasyon yo t ap tann epòk kote n ap viv la; epi ranpli avèk antisipasyon ak lajwa selès yo te chante epi yo te ekri epi yo te pwofetize sou epòk sa a n ap viv la; men yo te mouri sa yo pa t wè li; … konsa, se noumenm ki ap wè, patisipe, ak ede nan pou nou avanse nan laglwa dènye jou a.”25

“Prètriz selès la pral ini avèk sa k sou tè a, pou reyalize gwo bagay; … yon travay Bondye ak zanj te kontanple avèk delis pandan jenerasyon ki pase yo; ki te ranpli nanm ansyen patriyach ak pwofèt yo, yon travay ki destine pou pote destriksyon pouvwa tenèb yo, renovasyon tè a, laglwa Bondye, ak sali tout fanmi imèn nan.”26

Mwen temwaye ke Papa a ak Pitit Gason an te parèt devan Joseph Smith, epi Eli te retabli otorite s&lman an. Alyans sakre ak òdonans tanp yo ka ranfòse nou ak pirifye kè nou pandan n ap “Tande L!”27 epi resevwa pouvwa sentete a nan lavi nou. Epi mwen rann temway ke travay dènye jou sa a ap detwi pouvwa tenèb yo pou reyalize sali fanmi imèn nan. Konsènan verite sa yo mwen rann temwayaj mwen jwayezman, nan non sakre Senyè Jezikri, amèn.