Konferans Jeneral
Yon Temwayaj Vivan sou Kris Vivan an
Konferans Jeneral Avril 2020


Yon Temwayaj Vivan sou Kris Vivan an

Mesaj santral Liv Mòmon an se pou retabli vrè konesans sou wòl esansyèl Jezikri nan sali ak ekzaltasyon limanite.

Nan yon bèl jounen prentan an 2017, pòtouvèt pou Tanp Pari Frans lan t ap fèt lè yon mesye ki te gen yon ekspresyon tris nan figi l te apwoche youn nan gid ki t ap bay tou yo. Li te di l te rete akote tanp lan epi li te admèt ke l te yon opozan aktif pou konstriksyon tanp lan. Li te di yon jou pandan l t ap gade nan fenèt apatman l lan, li te wè yo t ap desann yon estati Jezi ki te soti byen wo epi mete l nan lakou tanp lan tou dousman. Mesye a te deklare ke eksperyans sa a te konplètman chanje atitid li parapò ak Legliz nou an. Li te reyalize ke nou se disip Jezikri epi li te sipliye n pou nou padone l pou pwoblèm li te koze nou anvan sa yo.

Imaj
Estati a y ap mete nan tanp Paris an Frans lan

Estati Christus la, ki nan lakou Tanp Pari a ak lòt pwopriyete Legliz la, temwaye de lanmou nou pou Sovè a. Estati orijinal an mab la se travay atis Danwa Bertel Thorsvaldsen, ki te skilpte l an 1820—menm ane avèk Premye Vizyon an. Estati a gen yon gran diferans ak pifò lòt ekspresyon atistik yo te fè nan epòk sa a, ki leplisouvan montre Kris k ap soufri sou kwa a. Travay Thorvaldsen nan prezante Kris vivan an, ki te ranpòte laviktwa sou lanmò epi, avèk bra ouvri, k ap envite tout moun pou yo vin jwenn Li. Se sèl anprent klou yo nan men L ak pye L ak blesi nan bò kòt li yo ki temwaye de agoni endeskriptib ke l te andire pou l te sove tout limanite a.

Imaj
Men Sovè a jan yo montre l nan Christus la

Petèt youn nan rezon ki fè noumenm antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo nou renmen estati sa a se paske li raple nou deskripsyon yo bay nan Liv Mòmon an sou aparans Sovè a sou kontinan Ameriken an:

Imaj
Jezikri vizite Amerik yo

“Epi gade, yo te wè yon nonm ki t ap desann sòti nan syèl; li te abiye avèk yon wòb blanch; li te desann e li te kanpe nan mitan yo; …

“Epi, se te konsa, li te lonje men l e li te pale avèk pèp la, li te di:

“Gade, M se Jezikri, …

“… m te bwè nan tas anmè Papa m te ban mwen an, e m te glorifye Papa m lè m te pran peche mond lan sou tèt mwen.”1

Apresa Li te envite chak gason, chak fi, ak chak timoun pou yo te avanse epi pou yo te mete men yo bò kot Li epi santi anprent klou yo nan men L ak nan pye L, pou yo te ka resevwa yon temwanyaj pèsonèl ke Li efektivman te Mesi sa a ke yo t ap ret tann sa fè tèlman lonta an.2

Sèn siblim sa a se pi gwo evenman nan Liv Mòmon an. Tout “bòn nouvèl” levanjil la chita nan imaj sa a de Sovè a, ki ap lonje “bra mizèrikòd” li avèk tandrès3 pou envite chak moun pou vin jwenn Li epi resevwa benediksyon Ekspyasyon L yo.

Mesaj Santral Liv Mòmon an se pou retabli vrè konesans sou wòl esansyèl Jezikri nan sali ak ekzaltasyon limanite. Tèm sa a rezone depi nan paj entwodiksyon an jiska dènye pawòl nan dènye chapit la. Atravè plizyè syèk apostazi ak konfizyon spirityèl, siyifikasyon pi pwofon sou sa Kris la te fè nan Jetsemane ak nan Gòlgota a te vin pèdi oubyen kowonpi. Joseph Smith dwe te santi anpil antouzyas lè, pandan l t ap tradui 1 Nefi a, li te dekouvri pwomès mèveye sa a: “Dènye rejis sa yo [Liv Mòmon an] … pral etabli verite premye an [Bib la] … yo pral fè konnen pati klè epi presye ki te sòti ladan yo a; e yo pral fè tout fanmi, lang, ak pèp konnen, Ti Mouton Bondye a se Pitit Gason Papa Etènèl la, li se Sovè mond lan; epi tout moun dwe vin jwenn li, oubyen, yo pa kapab sove.”4

Verite klè ak presye konsènan Ekspyasyon Sovè a rezone nan tout Liv Mòmon an. Pandan m ap fè lis kèk nan verite sa yo, m envite nou pou nou reflechi sou kijan nou ka chanje oubyen chanje lavi nou.

  1. Ekspyasyon Jezikri a se yon kado gratis ki te ofri a tout moun ki te viv, k ap viv kounyeya ak sa k pral viv sou tè a.5

  2. Anplis pote fado peche nou yo, Kris la te pran sou Tèt Li tristès nou, enfimite, soufrans, maladi, ak tout lòt afliksyon ki fè pati nan kondisyon mòtèl lòm. Pa gen okenn angwas, lapèn, oubyen tristès ke l pa t soufri pou nou.6

  3. Sakrifis Ekspyatwa Sovè a pèmèt nou simonte konsekans negativ chit Adan an, enkli lanmò fizik. Gras ak Kris la, tout pitit Bondye yo ki fèt sou tè sa a, kèlkeswa degre ladwati yo, pral viv eksperyans pou lespri ak kò yo reyini atravè pouvwa Rezirèksyon an7 epi y ap tounen al jwenn ni pou yo ka “jije selon zèv yo.”8

  4. Pa kont, pou nou resevwa tout benediksyon Ekspyasyon Sovè a, se sou kondisyon dilijans nou9 nan viv “doktrin Kris la.”10 Nan rèv li a, Leyi te wè “chemen etwat e kwense” a11 ki mennen nan pyebwa lavi a. Fwi l la, ki reprezante lanmou Bondye jan sa eksprime atravè benediksyon mèveye Ekspyasyon Kris la, “pi bon e pi dezirab … e se pi gran kado Bondye.”12 Pou nou ka gen aksè nan fwi sa a, nou dwe egzèse lafwa nou nan Jezikri, repanti, “kenbe pawòl Bondye a fèm,”13 resevwa òdonans esansyèl yo, kenbe alyans sakre yo jiska lafen lavi nou.14

  5. Atravè Ekspyasyon L lan, non sèlman Jezikri lave peche nou yo, men tou Li bannou pouvwa ki pèmèt disip Li yo “[retire] lòm natirèl la,”15 pwogrese “liy apre liy,”15 epi grandi nan sentete17 pou yon jou yo ka vin moun pafè nan imaj Kris la18 ki kalifye pou yo viv ankò ak Bondye19 epi eritye tout benediksyon wayòm syèl la.20

Yon lòt verite rekonfòtan ki nan Liv Mòmon an sèke, malgre longè enfini ak inivèsèl li, Ekspyasyon Senyè a se yon kado remakableman pèsonèl ak entim, ki byen tonbe pou nou chak endividyèlman.21 Menm jan Jezi te envite chak nan disip Nefit yo pou yo touche blesi l yo, Li te mouri pou nou chak, pèsonèlman tou, kòmsi oumenm avèk mwen se te sèl moun sou tè a. Li bannou yon envitasyon pèsonèl pou nou vin jwenn Li epi pou nou pran benediksyon mèveye Ekspyasyon L yo.22

Nati pèsonèl Ekspyasyon Kris la vin pi reyèl toujou lè nou konsidere ekzanp remakab gason ak fin nan Liv Mòmon yo. Pami yo te genyen Enòs, Alma, Zeezrom, Wa Lamoni ak madanm li, ak pèp Wa Benjamen an. Istwa konvèsyon yo ak temwayaj vibran yo bay yon temwen vivan de kijan kè nou ka chanje epi kijan lavi nou ka transfòme atravè bonte ak mizèrikòd enfini Senyè a.23

Pwofèt Alma te poze pèp li a kesyon boule sa a: “Epi, gade kounyeya m ap di nou, frè m yo, si nou te santi yon chanjman nan kè nou, e si nou te anvi chante nan lanmou redanmtè a, m vle mande, èske nou kapab santi sa kounyeya?”24 Kesyon sa a esansyèl jounen jodi an, paske kòm disip Senyè a, pouvwa redanmtris li an dwe akonpanye nou, motive nou, epi chanje nou chak chak jou.

Kesyon Alma te poze a kapab chanje an: Ki dènye fwa nou te santi enfliyans dous Ekspyasyon Sovè a nan lavi nou? Sa rive lè nou santi “anpil” lajwa25 vini sou nou ki rann temwanyaj ak nam nou ke peche n yo te padone; oubyen eprev ki chaje lapèn yo soudènman vin pi lejè; oubyen lè kè w adousi e ou ka eksprime padon bay yon moun ki te fè w mal. Oubyen petèt se chak fwa ou rann ou kont de kapasite pou renmen ak sèvi lòt moun ogmante, oubyen pwosesis sanktifikasyon ap fè w vin yon moun diferan, k ap suiv apre ekzanp Sovè a26

M rann temwayaj ke tout eksperyans sa yo reyèl e yo se prèv ke lavi nou ka chanje atravè lafwa nan Jezikri ak Ekspyasyon L lan. Liv Mòmon an klarifye ak elaji konesans nou sou kado etènèl sa a. Pandan w ap etidye Liv sa a, w ap tande vwa Kris vivan an k ap envite w vin jwenn Li. M pwomèt ou ke si w aksepte envitasyon sa a epi ou modle lavi w selon egzanp li te trase a, enfliyans redanmtè li ap vini nan lavi ou. Atravè pouvwa Sentespri a, Sovè a ap transfòme ou jou apre jou jiska “jou pafè“27 kote, jan l deklare a, ou pral “Wè fas mwen e konnen ke m ekziste.”28 Nan non Jezikri, Amèn.