Konferans Jeneral
Jwenn Refij Pandan Tanpèt Lavi yo
Konferans Jeneral Avril 2020


Jwenn Refij Pandan Tanpèt Lavi yo

Jezikri ak Ekspyasyon L lan se refij nou tout bezwen an, kèlkeswa tanpèt k ap frape lavi nou.

Nan mitan ane katrevendis yo, pandan ane inivèsite m yo, m te fè pati Katriyèm Brigad nan Depatman Ponpye a nan Santiago nan Chili. Lè m te an sèvis, m te konn pase nuit la nan estasyon ponpye a. Nan zòn fen ane a, yo te di m ke m te dwe nan stasyon ponpye a lavèy nouvèl ane a paske prèske toujou te gen yon ijans. Avèk etònman, m te reponn, “Vrèman?”

Ebyen, m sonje m t ap tann avèk kòlèg mwen yo lè, a minui, moun yo te kòmanse tire feux d’artifices nan lavil Santiago. Nou te kòmanse bay youn lòt akolad epi swete youn lòt meyè voeu pou nouvo ane an. Toudenkou sirèn yo te kòmanse sonnen nan stasyon ponpye a, sa k te endike ke te gen yon ijans. Nou te pran ekipman nou yo epi kouri monte kamyon ponpye an. Sou wout pou nou t al nan ijans lan, nou te kwaze foul moun ki t ap selebre nouvèl ane an, e m te remake ke yo pa t gen okenn pwoblèm e yo pa t gen okenn sousi. Yo te rilaks epi yo t ap jwi nuit chalè ete sa a. Men, pa twò lwen, moun nou t ap prese pou n al ede yo te nan gwo pwoblèm.

Eksperyans sa a te ede m reyalize ke menmsi lavi nou ka ap mache swa pafwa, gen yon lè k ap rive pou nou chak kote nou pral fè fas ak yon pwoblèm ak tanpèt sanzatann nan lavi a ki pral teste limit kapasite nou pou nou kenbe fèm. Difikilte fizik, mantal, familyal, ak anplwa; dezas natirèl; ak lòt bagay nan lavi a ki di lavi oubyen lanmò se kèk nan ekzanp tanpèt ke nou pral gen pou nou fè fas nan lavi sa a.

Lè n ap fè fas ak tanpèt sa yo, souvan nou konn gen santiman dezespwa oubyen laperèz. Prezidan Russell M. Nelson te di: “Lafwa se medikaman pou laperèz”—lafwa nan Senyè nou an, Jezikri (“Kite lafwa nou parèt,” Liahona, Me 2014, 29). Lè m wè tanpèt k ap afekte lavi moun, m konkli ke kèlkeswa tip tanpèt n ap fè fas la—ke gen yon solisyon pou li oubyen nou ka wè fen an—se yon refij sèlman ki genyen, e se menm bagay la pou tout tip tanpèt. Sèl refij sa a ke Papa nou Ki nan Syèl la bannou se Senyè nou an Jezikri ak Ekspyasyon L lan.

Okenn nan nou pa ekzante de tanpèt sa yo. Elaman, yon pwofèt Liv Mòmon an te anseye: “Sonje, sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a” (Elaman 5:12).

Èldè Robert D. Hales, ki te gen pwòp eksperyans pa l avèk tanpèt li te gen pou l andire, li te di, “Soufrans inivèsèl; jan nou reyaji devan soufrans lan endividyèl. Gen de fason soufrans kapab pran nou. Li ka yon eksperyans ki fòtifye ak pirifye nou lè nou melanje l ak lafwa, oubyen li ka yon fòs destriktif nan lavi nou si nou pa gen lafwa nan sakrifis ekspyatwa Sovè a” (“Chagren w yo ap vin tounen lajwa,” Ensign, Nov. 1983, 66).

Pou nou ka jwi de refij Jezikri ak Ekspyasyon L lan ofri, nou dwe gen lafwa nan Li—yon lafwa ki pral pèmèt nou simonte tout lapèn yon pèspektiv terès limite. Li te pwomèt nou ke L ap fè chay nou yo lejè si nou vin jwenn Li nan tout sa n ap fè.

Li te di “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m a soulaje nou.

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou, pran leson nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè: konsa, na viv ak kè poze.

“Paske jouk mwen fasil, e chay mwen an pa lou” (Matye 11:28–30; gade tou Mozya 24:14–15).

Yo di “lè yon moun gen lafwa, eksplikasyon pa nesesè. Lè yon moun pa gen lafwa, pa gen okenn eksplikasyon posib.” (Yo di se Thomas Aquinas ki te di fraz sa a, men an reyalite gen anpil chans pou se yon refòmilasyon kèk bagay li te anseye.) Men, nou gen yon konpreyansyon limite de bagay ki te pase isiba sou tè a, e souvan nou pa gen repons avèk tout kesyon ki mande poukisa. Poukisa sa rive? Poukisa bagay sa a rive m? Kisa m sipoze aprann? Lè repons yo echape nou, se lè pawòl Sovè a te eksprime bay Joseph Smith nan prizon Libète a aplikab pou nou:

”Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou; advèsite ou ak afliksyon ou yo pral sèlman pou yon ti moman;

“Epi, si ou sipòte yo byen, Bondye ap leve ou anlè” (Doktrin ak Alyans 121:7–8).

Menmsi gen anpil moun ki kwè nan Jezikri toutbon vre, kesyon kle a se èske nou kwè L epitou èske nou kwè sa L ansenye nou yo epi mande nou pou nou fè. Petèt yon moun ka panse, “Kisa Jezikri konnen konsènan sa k ap pase m nan? Kijan L fè konnen sa m bezwen pou m ka gen lajwa?” Toutbon vre, se de Redanmtè nou ak Moun ki Fè Entèsesyon pou nou an pwofèt Ezayi t ap fè referans lè l te di:

“Nou pa t gade li menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. …

“Men se soufrans nou ta gen pou nou soufri a li t ap soufri pou nou. …

“Men li te blese pou transgresyon nou yo; yo te maltrete l pou inikite nou yo; chatiman ki pote lapè pou nou an te sou tèt li; e avèk mak li yo, nou geri” (Ezayi 53:3–5).

Apot Pyè te ansenye nou konsènan Sovè a tou, li te di, “Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l’ pou l’ te ka geri nou.” (1 Pyè 2:24).

Menm lè peryòd mati Pyè a t ap apwoche, pawòl li yo pa chaje laperèz ni pesimis; men, li te ansenye Sen yo pou yo “rejwi,” menm lè yo te “gen lapenn anpil, avèk tout kalite eprèv.” Pyè te konseye yo pou yo te sonje ke menm si l te teste ak dife, “eprèv lafwa [yo] a,” t ap pote “louwanj ak onè ak laglwa lè Jezikri parèt” ak “sali nanm [yo]” (1 Pyè 1:6–7,9).

Pyè te kontinye:

“Nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo ki tonbe sou nou tankou yon gwo dife a, kòmsi se yon bagay etranj k ap rive nou la a:

“Men rejwi, tan ke nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n’a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt” (1 Pyè 4:12–13).

Prezidan Russel M. Nelson te ansenye ke ”Sen yo ka kontan Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan limenm e gras avèk li. Li se sous tout lajwa”(“Joie et survie spirituelle,” Liahona, Nov. 2016, 82).

Evidaman, li pi fasil pou nou di bagay sa yo lè nou pa nan mitan yon tanpèt ke pou nou viv epi aplike bagay sa yo pandan tanpèt la. Men kòm frè nou, m espere ke nou ka santi ke m vle sensèman pataje avèk nou konbyen l enpòtan pou nou konnen ke Jezikri ak Ekspyasyon L lan se refij ke nou tout bezwen, kèlkeswa tanpèt k ap sakaje lavi nou.

M konnen ke nou tout se pitit Bondye, ke L renmen nou, e ke nou pa pou kont nou. M envite nou pou nou vini epi wè ke Li ka fè chay nou yo vin leje epi vin refij n ap chèche an. Vini epi ede lòt moun jwenn refij ke yo tèlman bezwen an. Vini avèk nou nan refij sa a, ki pral ede nou reziste tanpèt lavi yo. Pa gen okenn dout nan kè m ke si nou vini, n ap wè, n ap ede, e n ap rete.

Pwofèt Alma te temwaye bagay sa a bay pitit gason l lan Elaman: “M konnen, nenpòt moun ki mete konfyans nan Bondye, y ap jwenn sipò nan traka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral monte anlè nan dènye jou a.“ (Alma 36:3).

Sovè a limenm te anseye:

Se poutèt sa, konsole kè ou konsènan Siyon; paske tout chè nan men m; rete trankil epi konnen m se Bondye.

“Se sa ki fè, pa pè menm jouk nan lanmò; paske nan mond sa a lajwa ou pa total, men, nan mwen lajwa ou total” (Doktrin ak Alyans 101:16, 36).

Kantik “Va, Ne Crains Pas,“ a ki te touche kè m nan plizyè okazyon gen yon mesaj rekonfò pou nanm nou. Men sa pawòl yo di:

Va, ne crains pas, Car se rapproche l’heure

Où, près du Père à jamais nous vivrons

Qu’un jour béni, la paix en nous demeure

Chassant douleur, angoisse et déception.

Va, ne crains pas: Dans une vie meilleure

Bientôt les pleurs, les maux nous oublierons” (Cantiques,no. 65). (Cantiques, no. 68).

Lè n ap fè fas ak tanpèt lavi yo, m konnen ke si nou fè pi gwo efò pou nou met konfyans nou nan Jezikri ak Ekspyasyon L lan kòm refij nou, n ap beni ak sekou, rekonfò, fòs, tanperans, ak lapè n ap chèche a, avèk sètitid nan kè nou ke nan fen pasaj nou isiba sou tè a, nou pral tande pawòl mèt la: “Sa se bèl bagay. Ou se yon bon sèvitè ki fidèl: antre nan lajwa Senyè w lan” (Matye 25:21). Nan non Jezikri, Amèn.