Konferans Jeneral
Prètriz Mèlchizedèk la ak Kle yo
Konferans Jeneral Avril 2020


Prètriz Mèlchizedèk la ak Kle yo

Nan Legliz la, otorite prètriz la egzèse sou direksyon yon dirijan prètriz ki detni kle prètriz sa a.

M chwazi pou m pale plis sou prètriz bondye a, menm sijè twa oratè te deja trete pou anseye nou sou fason prètriz la beni jèn fi, Jèn gason, ak fi.

Prètriz la se yon pouvwa diven ak otorite Bondye konfye nou pou itilize pou travay Li pou benefis tout pitit Li yo. Prètriz se pa moun ki òdone nan yon ofis prètriz oubyen moun ki egzèse otorite l. lèzòm ki gen prètriz yo pa prètriz la. menm lè nou pa dwe refere a òm ki gen prètriz yo kòm prètriz la, li apwopriye pou nou refere a yo kòm detantè prètriz la.

Pouvwa prètriz la egziste ni nan Legliz la ak nan òganizasyon fanmilyal. Men, pouvwa prètriz ak otorite prètriz fonksyone diferamman nan Legliz la pase jan yo funksyone nan fanmi. Tout bagay sa yo fèt daprè prensip Senyè a te etabli. Objektif plan Bondye a se pou dirije pitit Li yo al nan lavi etènèl. Fanmi mòtèl yo esansyèl pou plan sa a. Legliz la egziste pou bay doktrin nan, otorite a, ak òdonans ki nesesè pou kontinye relasyon familyal nan tout letènite yo. Konsa, òganizasyon familyal la ak Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo gen yon relasyon mityèl ki ranfòse yonn lòt. Benediksyon prètriz yo—tankou plenitid levanjil la, ak òdonans tankou batèm, konfimasyon, ak resevwa don Sentespri a, dotasyon tanp, ak maryaj etènèlal—disponib pou gason ak fi parèyman.1

Prètriz n ap pale la a, se Prètriz Mèlchizedèk la, ki te retabli nan kòmansman Retablisman levanjil la. Joseph Smith ak Oliver Cowdery te òdone anba men Pyè, Jak, ak Jan, ki te deklare tèt yo “kòm yo posede kle wayòm nan, ak dispansasyon plenitid tout tan yo” (Doktrin ak Alyans 128:20). Apot ki gen senyorite sa a te resevwa otorite nan men Sovè a menm. Tout lòt otorite oubyen ofis nan prètriz la se ekstansyon Prètriz Mèlchzedèk la (gade nan Doktrin ak Alyans 107:5), paske li “gen dwa prezidans la, epi l gen pouvwa ak otorite sou tout lòt ofis nan Legliz la pou tout epòk nan mond lan” (Doktrin ak Alyans 107:8).

Nan Legliz la, otorite pi gran prètriz la, Prètriz Mèlchizedèk la, ak pi piti prètriz la oubyen Prètriz Aawon an egzèse sou direksyon yon dirijan prètriz, tankou yon evèk oubyen prezidan ki gen kle prètriz sa a. Pou nou konprann egzèsis otorite prètriz la nan Legliz la, nou dwe konprann prensip kle prètriz yo.

Kle Prètriz Mèlchizedèk pou wayòm nan, te konfere atravè Pyè, Jak, ak jan, men, sa pat konplete retablisman kle prètriz yo. Kèk nan kle prètriz yo te vini pita. Apre dedikas premye tanp nan dispansasyon sa a nan Kirtland, Ohio, twa pwofèt—Moyiz, Eli, ak Elize—te retabli “kle dispansasyon sa a,” ansanm avèk kle ki gen relasyon avèk rasanbleman Izrayèl yo ak travay nan tanp Senyè a (gade nan Doktrin ak Alyans 110), jan Prezidan Eyring fèk sot dekri byen klè pou nou an.

Egzanp ki pi familye nan fonksyon kle yo se pèfòmans òdonans prètriz yo. Yon òdonans se yon aksyon solanèl, ki siyifi pou fè alyans epi pou pwomèt benediksyon. Nan Legliz la, tout òdonans yo fèt sou otorizasyon dirijan prètriz ki gen kle pou òdonans sa a.

Pi jeneralman, se moun ki te òdone nan yon ofis nan prètriz la, ki aji sou direksyon moun ki gen kle prètriz yo, ki ofisye yon òdonans. Paregzanp, detantè tout ofis Prètriz Aawon yo ofisye nan òdonans sentsèn sou kle ak direksyon evèk la, ki gen kle Prètriz Aawon an. Menm prensip la aplike pou donans Prètriz yo kote fi yo ofisye nan tanp la. Malgre fi yo pa gen yon ofis nan prètriz la, yo fè òdonans sakre nan tanp la sou otorizasyon prezidan tanp la, ki gen kle pou òdonans sa yo nan tanp lan.

Yon lòt egzanp otorite prètriz sou direksyon moun ki gen kle yo, se ansèyman gason ak fi ki aple pou anseye levanjil la, keseswa nan klas nan pawas lokal yo oubyen nan chan misyon an. Kèk lòt egzanp se egzanp moun ki gen pozisyon dirijan nan pawas la epi ki egzèse otorite prètriz kòm dirijan akoz apèl yo ki te mete yo apa ak sou direksyon dirijan prètriz ki gen kle nan pawas oubyen pieu a Se konsa otorite ak pouvwa prètriz la egzèse ak benefisye nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.2

Otorite prètriz la egzèse epi benediksyon l yon reyalize nan fanmi Sen Dènye-jou yo. Konsènan fanmi, m vle di yon gason ki gen prètriz ak yon fi ki marye ansanm avèk pitit yo. M konsidere varyasyon nan relasyo edyal yo tankou sa lamòak divòs lakoz yo

Prensip pou ki fè otorite prètriz la ka egzèse sèlman sou direksyon yon moun ki gen kle yo pou fonksyon sa a, se yon bagay fondamantal pou Legliz la, men, li pa aplike nan fanmi. paregzanp, yon papa prezide epi l egzèse prètriz la nan fanmi li atravè otorite prètriz li genyen. Li pa bezwen gen direksyon ak apwobasyon yon moun ki gen kle prètriz la pou l ka akonpli bann fonksyon familyal li yo. Li gen otorite pou l konseye fanmi l, fè reyinyon familyal, bay madanm li ak pitit li benediksyon prètriz, oubyen manm nan fanmi l ak lòt moun benediksyon pou gerizon.3 Otorite Legliz yo anseye manm nan fanmi yo, menm, yo pa dirije egzèsis otorite prètriz la nan fanmi an.

Menm prensip sa a aplike lè yon papa absan epi yon manman se dirijan fanmi an. Manman an, prezide sou fwaye li epi li enstrimantal pou l pote pouvwa ak benediksyon prètriz la nan fanmi li atravè dotasyon ak sèlman nan tanp la. Menm lè li pa otorize pou l bay benediksyon prètriz ke sèlman yon moun ki gen yon sèten ofis nan prètriz la ka bay, li ka akonpli tout lòt fonksyon kòm yon dirijan fanmi. Lè l ap fè sa, li egzèse pouvwa prètriz la pou benefis pitit l ap prezide yo nan pozisyon l kòm dirijan fanmi an.4

Si papa yo ta mayifye prètriz yo nan fanmi pa yo, sa ta avanse misyon Legliz la otan nan nenpòt lòt bagay yo t ap fè. Papa ki gen Prètriz Mèlchizedèk la ta dwe egzèse otorite yo “pou pèsyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib” (Doktrin ak Alyans 121:41). Modèl elve sa a pou egzèsis tout otorite prètriz yo se bagay ki pi enpòtan nan yon fanmi. Detantè prètriz ta dwe kenbe kòmandman yo tou pou yo ka gen pouvwa pou yo bay manm nan fanmi yo benediksyon prètriz. Yo ta dwe kiltive relasyon familyal ki gen amou pou manm nan fanmi yo ta vle mande yo benediksyon. Epi paran yo ta dwe ankouraje plis benediksyon prètriz nan fanmi an.5

Nan reyinyon konferans sa yo, pandan n ap chèche abri tanporè anba sousi mòtèl nou, poutèt maladi epidemik k ap devaste nou, nou te aprann kèt gran prensip konsènan letènite. M ankouraje chak moun pou yo gen je yo “fikse” pou yo resevwa laverite letènite sa yo pou kò nou ka “chaje avèk limyè” (3 Nephi 13:22).

Nan diskou Li a devan anpil miltitid moun, ki ekri nan Bib la ak nan Liv Mòmon an, Sovè a te anseye ke kò mòtèl ka ranpli avèk limyè oubyen tenèb. Noumenm, natirèlman, nou vle ranpli avèk limyè, epi Sovè nou an montre nou kouman nou ka fè sa fèt. Nou ta dwe koute mesaj sou laverite ki konsène letènite. Li te itilize egzanp je nou, ki pèmèt nou antre limyè nan kò nou. Si je nou “fikse”—otreman di, si nou konsantre nou sou resevwa limyè etènèl ak konpreyansyon—Li te eksplike, “tout kò nou ap chaje avèk limyè” (Matye 6:22; 3 Nefi 13:22). Men si “je nou move”—ki vle di, si n ap chèche mechanste epi nou mete sa nan kò nou—Li te avèti nou, “tout kò nou pral chaje avèk tenèb” (vèsè 23). Otreman di, limyè oubyen tevèb ki nan kò nou depann sou fason nou wè—obyen resevwa—laverite etènèl y ap anseye nou yo.

Nou ta dwe swiv envitasyon Sovè a pou nou chèche ak mande pou nou konprann laverite n ap chèche yo ki konsène letènite. Li te pwomèt ke papa nou ki nan syèl la vle anseye chak moun laverite y ap chèche yo (gade nan 3 Nefi 14:8). Si nou vle bagay sa a epi nou gen je nou fikse pou nou resevwa, Sovè a pwomèt ke laverite konsènan letènite “pral ouvri” devan nou (gade 3 Nefi 14:7–8).

An kontras, satan gen anksyete pou l konfonn panse nou oubyen fè nou pèdi nan bagay ki enpòtan tankou operasyon Prètriz Bondye a. Sovè a te avèti nou kont “fo pwofèt yo ki vini kote nou ak rad mouton sou yo, men andedan kè yo, yo se lou ki mechan” (3 Nefi14:15). Li te ban nou tès sa pou ede nou chwazi laverite nan pami diferan enstriksyon ki ta ka mete nou nan konfizyon: “n ap rekonèt yo daprè fwi yo,” Li te anseye (3 Nefi 14:16). ““Yon bon pyevwa pa ka bay move fwi, ni tou yon move pyebwa pa ka bay bon fwi.” (verse 18). Se poutèt sa, nou ta dwe gade rezilta yo—“fwi yo”—prensip ki anseye ak pwofèt ki anseye yo. Se pi bon repons a anpil nan objeksyon nou tande kont Legliz la ak doktrin, al regilasyon ak fason L dirije yo. Swiv tès Sovè a anseye a. Gade fwi yo—rezilta yo.

Lè nou panse a fwi levanjil la nan Legliz retabli Jezikri a, nou rejwi nan fason legliz la, nan entèval lavi manm ki vivan li yo, li te agrandi depi lè l te kòmanse avèk yon kongregasyon lokal nan mòn lwès la jiskaske majorite nan 16 milyon manm li yo rezide nan nasyon andeyò Etazini. Avèk devlopman sa a, nou te santi kèk ajoutman nan kapasite Legliz la pou asiste manm li yo. Nou asiste lè nou kenbe kòmandman yo, lè nou ranpli responsablite nou, pou nou preche levanjil retabli a, nan rasanble Izrayèl, ak nan bati tanp atravè mond la.

Nou gen kòm dirijan nou, yon pwofèt, Prezidan Russell M. Nelson, ke Senyè a te itilize kòm dirijan pou akonpli pwogrè nou te santi pandan tout peryòd ki plis pase dezan depi l ap dirije a. Kounyeya, nou pral beni pou nou koute Prezidan Nelson, ki pral anseye nou kouman pou nou avanse pwogrè nou nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye-jou yo nan tan difisil sa yo.

M temwaye konsènan verasite bagay sa yo epi m mete ansanm avèk nou nan lapriyè pou pwofèt nou an nou pral tande apre m nan, nan non Jezikri, amèn.