Konferans Jeneral
Diskou Ouvèti
Konferans Jeneral Avril 2020


Diskou Ouvèti

Nou dwe chèche, nan tout fason nou kapab, pou nou koute Jezikri, ki pale avèk nou atravè pouvwa ak travay Sentespri a.

Frè ak sè byeneme m yo, pandan n ap swete n byenveni nan konferans jeneral Avril 2020 istorik sa a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, pou rezon ke nou konnen, mwen kanpe devan yon sal vid!

M pa t konnen, lè m te pwomèt nan konferans jeneral Oktòb 2019 la ke konferans Avril sa a t ap “memorab” ak “inoubliyab” la, ke pale avèk yon asanble ki gen mwens pase 10 moun t ap fè konferans sa a si memorab ak si inoubliyab pou mwen! Men, paske m konnen n ap patisipe pa mwayen retransmisyon elektwonik la, epi m tande bèl prezantasyn koral la sot chante a “It Is Well with My Soul” la, sa pote gwo rekonfò pou nanm mwen .

Jan nou konnen, asistans nan konferans jeneral sa a strikteman limite nan ef‼ nou pou nou rete bon sitwayen ak pou nou fè tout sa n kapab pou anpeche COVID-19 la simaye. Viris sa a gen yon gwo enpak imans nan tout mond lan. Li tanporèman afekte reyinyon Legliz nou yo, travay misyonè, ak travay tanp tou.

Malgre restriksyon jodia yo anrapò avèk yon viris danjere, eprèv pèsonèl lavi yo ka depase epidemi sa a. Fiti eprèv gen dwa se yon aksidan, yon katastwòf natirèl, oubyen yon chagren pèsonèl sanzatann.

Kijan nou ka andire eprèv sa yo? Senyè a di nou “si nou prepare nou pa bezwen pè.”1 Natirèlman, fizikman nou ka fè pwòp rezèv manje, dlo, ak lajan nou. Men sa k egalman enpòtan tou sèke nou bezwen ranpli pati spirityèl pèsonèl nou an avèk lafwa, verite, ak temwayaj.

Rechèch final nou nan lavi a se prepare pou nou rankontre Mèt nou an. Nou fè sa nan fè efò nou chak jou pou nou vin plis tankou Sovè nou an, Jezikri.2 Epi nou fè sa lè nou repanti chak jou epi nou resevwa pouvwa Li pou netwaye nou, geri nou , ak fòtfye nou. Lè sa a, nou ka santi lapè ak lajwa k ap dire, menm pandan tan boulvèse. Se egzakteman pou rezon sa a Senyè a enplore nou pou nou kanpe nan kote ki sen epi “pa kite yo deplase nou.”3

Ane sa a, n ap komemore 200tyèm anivèsè youn nan evenman ki pi siyifikatif nan istwa mond lan—ki se aparisyon Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, devan Joseph Smith. Pandan vizyon patikilye sa a, Bondye Papa a te lonje dwèt sou Jezikri epi L te di: “Sa se Pitit Gason Byeneme m nan.” Koute l!”4

Avètisman sa a Li te bay Joseph la se pou nou tout. Nou dwe chèche, nan tout fason nou kapab, pou nou koute Jezikri, ki pale avèk nou atravè pouvwa ak travay Sentespri a.

Objektif bagay sa a ak bi chak konferans jeneral se pou ede nou koute Li. Nou priye, epi nou envite w pou w priye, pou Lespri Senyè a kapab avèk nou an si abondans ke w ka tande mesaj Sovè a genyen espesyalman pou ou a—mesaj k ap pote lapè nan nanm ou. Mesaj ki pral geri kè brize w la. Mesaj ki pral ilimine lespri ou. Mesaj ki pral ede w konnen kisa pou w fè pandan w ap avanse nan lavi w atravè tan ajitasyon ak eprèv sa yo ak sa k gen pou vini yo.

Nou priye pou konferans sa a memorab ak inoubliyab akoz mesaj ou pral tande yo, anons espesyal ki pral fèt yo, ak eksperyans yo pral envite w pou w patisipe yo.

Paregzanp, nan fen sesyon Dimanch maten an, nou pral konvoke yon asanble solanèl kote m ap dirije nou nan yon Kri Ozana sakre. Nou priye pou sa ka yon eksperyans spirityèl pou ou pandan ke ansanm nan tout mond lan n ap eksprime rekonesans pwofon nou pou Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la nan fè louwanj pou yo nan fason espesyal sa a.

Pou eksperyans sakre sa a, n ap bezwen itilize yon mouchwa blan ki pwòp. Men si nou pa gen mouchwa blan, nou ka senpleman sekwe men nou. Nan fen Kri Ozana a, kongregasyon an pral ini avèk koral la pou chante “L’Esprit du Dieu saint.”5

Chè frè m ak sè m yo, konferans sa a ap mayifik. Ane sa a pral ekstraòdinè pandan n ap konsantre nou sou Sovè a ak Levanjil retabli L la. Efè dirab k ap pi siyifikatif nan konferans istorik sa a se pral lè kè nou chanje epi nou kòmanse yon rechèch tout yon lavi pou nou koute Li.

Byenveni nan Konferans Jeneral Avril 2020 an! Mwen konnen Bondye Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan, Jezikri, sousye pou nou. Y ap avèk nou pandan tout dewoulman de jou golriye sa yo pandan n ap chèche rapwoche nou de Yo ak onore Yo a. Nan non sakre Jezikri, amèn.