Konferans Jeneral
Ozana, Alelouya—Jezikri vivan an: Kè Retablisman an ak Pak
Konferans Jeneral Avril 2020


Ozana, Alelouya—Jezikri vivan an: Kè Retablisman an ak Pak

Nan sezon ozana ak alelouya sa a, ann chante alelouya—paske L ap reye pou tout tan e ajamè!

Chè frè m ak sè m yo nan tout mond lan: avèk ozana ak alelouya, nou selebre Jezikri vivan an nan sezon Retablisman kontinyèl ak Pak sa a. Ak amou pafè, Sovè nou an asire nou: “Nan mwen n ap jwenn lapè.” Nou gen pou n soufri anpil tribilasyon nan mond la; men, pran kouraj, mwen venk mond la.”1

Sa gen kèk ane, pandan Sè Gong avèk mwen te avèk yon bèl fanmi, pitit fi yo a, Ivy, te pote bwat vyolon li. Li te retire vyolon an, li te tache ‘arc’ vyolon an nan plas li epi l te pase ‘rosin’ sou li. Apresa, li te remete ‘arc’ la nan bwat la, li te souri, li te fè yon reverans, epi l t al chita. Kòm yon nouvo jwè vyolon, li te jis pataje tout sa l te konnen sou vyolon. Kounyea, dèzane apre, Ivy jwe vyolon byen bèl.

Imaj
Ivy avèk vyolon li

Nan peryòd mòtalite sa a, nou tout yon ti kras tankou Ivy ak vyolon l lan. Nou kòmanse nan kòmansman an. Ak pratik ak pèsistans, nou pwogrese epi nou amelyore. Avèk tan k ap pase, libète moral ak eksperyans mòtalite yo ede nou vin plis tankou Sovè nou an pandan n ap travay avèk Li nan jaden L lan2 ak suiv chemen alyans L lan.

Anivèsè, enkli bisantenè sa a, make chema retablisman an.3 Pandan n ap selebre Retablisman levanjil Jezikri a k ap kontinye a, n ap prepare nou pou Pak tou. Nan toulède, nou rejwi nan retou Jezikri a. Li vivan—non sèlman lè sa a, men kounyea tou; non pa pou kèk moun, men pou tout moun. Literalman ak figirativman, Li te vini epi li vin geri kè brize, delivre prizonye yo, fè avèg yo wè, ak pote libète pou moun ki oprime.4 Ki se chak nan nou. Pwomès redanmsyon l lan aplikab, kèlkeswa pase nou, prezan nou, oubyen sa nou ka panse de fiti nou.

Imaj
Antre triyonfal nan Jerizalèm nan

Demen se Dimanch Ramo. Tradisyonèlman, ramo se yon senbòl sakre pou eksprime lajwa nou nan Senyè nou an, tankou nan Antre Triyonfal Kris la nan Jerizalèm nan, kote “yon pil moun … te pran branch palmye, epi yo te al rankontre Li.”5 (Sa ka petèt enterese w pou w konn egzistans orijinal tablo Harry Andersen sa a nan biwo Prezidan Russell M. Nelson, sou dèyè l la.) Nan liv Apokalips la, moun k ap louwe Bondye ak Anyo a fè sa “abiye ak rad blan, ak fèy palmis nan men yo.”6 Ansanm ak “wòb lajistis” ak “kowòn laglwa,” fèy palmis te enkli nan priyè konsekrasyon Tanp Kirtland nan.7

Natirèlman, siyifikasyon Dimanch Ramo a ale odela foul moun k ap akeyi Jezi avèk fèy palmis. Jou Dimanch Ramo a, Jezi te antre triyonfalman nan Jerizalèm nan fason fidèl yo te rekonèt kòm akonplisman yon pwofesi. Jan Zakari8 ak Salmis la te predi nan pwofesi a, Senyè nou an te antre Jerizalèm chita sou on bourik pandan miltitid moun t ap rele: “Ozana anwo nan syèl la.”9 Ozana vledi “sove kounyea.”10 Lè sa a, ak kounyea tou, nou rejwi konsa: “Beediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a.”11

Yon semèn apre Dimanch Ramo a se Dimanch Pak. Prezidan Russell M. Nelson anseye ke Jezikri “te vini pou l te peye yon dèt Li pa t menm dwe, paske nou te dwe yon dèt nou pa t ka peye”12 Anfèt, atravè Ekspyasyon Kris la, tout pitit Bondye yo “kapab sove, si yo obeyi lalwa ak òdonans Levanjil yo”13 Pou Pak, nou chante Alelouya. Alelouya vledi “lwanj pou Senyè a.”14 Chan Alelouya nan Messiah Handel la se yon deklarasyon moun renmen sou Pak ki deklare ke Li se “Wa tout wa, ak Senyè tout senyè.”15

Evenman sakre ant Dimanch Ramo ak Dimanch Pak yo se istwa ozana ak alelouya. Ozana se siplikasyon nou pou Bondye sove nou. Alelouya eksprime louwanj ak rekonesans pou Senyè a pou espwa sali ak egzaltasyon an. Nan ozana ak alelouya a, nou rekonèt Jezikri vivan an kòm sant Pak ak retablisman dènye jou a.

Retablisman dènye jou a kòmanse avèk tewofani—ki se aparans literal Bondye Papa a ak Pitit Gason L lan, Jezikri, devan jèn pwofèt Joseph Smith. Pwofèt Joseph Smith te di: “Si nou te ka fè yon ti koudèy nan syèl la pou senk minit, nou t ap konn plis pase nou t ap apran nan li tout sa k te ekri sou sijè a.”16 Paske syèl yo ouvri ankò, nou konnen epi nou “kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason L lan, Jezikri, ak nan Sentespri a”17

Jou Dimanch Pak 3 Avril 1836 la, nan premye ane Retablisman yo, Jezikri vivan an te parèt lè Tanp Kirtland nan te konsakre. Moun ki te wè L yo te temwaye konsènan Li kote yo te itilize imaj dlo ak dife: “Je li te tankou yon flanm dife; cheve ki nan tèt li te blan tankou lanèj figi l te pi klere pase limyè solèy la; epi vwa l te tankou bri gwo dlo, k ap deplase, vwa Jewova menm.”18

Nan okazyon sa a, Senyè a te deklare: “M se premye a ak dènye a; Se mwen menm ki vivan an, se mwen menm yo te touye a; m se avoka ou bò kote Papa a.”19 Ankò, kontras konplemantè—premye ak dènye, vivan ak mouri. Li se Alfa ak Omega, kòmansman an ak fen an,20 otè ak finisè lafwa nou.21

Apre aparisyon Jezikri a, Moyiz, Eli, ak Elyas te vini tou. Sou direksyon divin, gran pwofèt ansyen sa yo te retabli kle prètriz yo ak otorite prètriz la. Konsa, “yo te remèt kle dispansasyon sa a”22 andedan Legliz retabli L la pou beni tout pitit Bondye yo.

Vini Eli a nan Tanp Kirtland nan te akonpli pwofesi Ansyen Testaman nan Malachi a ki di Eli t ap retounen “anvan jou Senyè a ki pral fè moun tranble a vini.”23 Nan bgay sa a, aparisyon Eli a tonbe menm lè, malgre se pa yon kowensidans, avèk sezon Pak Juif la ke tradisyon li ap tann retou Eli a ak reverans lan.

Anpil fanmi Juif relijye kite yon plas pou Eli sou tab Pak yo. Anpil ranpli yon tas byen plen pou envite l ak akeyi li. Epi kèk lòt, pandan fèt Pak Seder a, voye yon timoun nan pòt la, pafwa ki ouvri ademi, pou wè si Eli deyò a ap tann pou yo envite l antre.24

Nan akonplisman pwofesi a ak kòm yon pati nan retablisman tout bagay yo te pwomèt la,25 Eli te vini jan l te pwomèt la, pou Pak la. Li te pote otorite sèlman pou lye fanmi yo sou tè a ak nan syèl la. Jan Mowoni te anseye Pwofèt Joseph la, Eli “pral plante nan kè pitit yo, pwomès Bondye te fè papa yo, epi kè pitit yo pral retounen sou papa yo. Si se pa t sa” Mowoni te kontinye, “ tout tè a t ap gaspiye nèt lè li [Senyè a] vini”26 Espri Eli a, yon manifestasyon Sentespri a, atire nou jwenn jenerasyon nou—pase, prezan, ak fiti—nan jeneyaloji nou, istwa nou, ak sèvis nan tanp.

Annou brèfman raple kisa Pak siyifi. Pak raple delivrans timoun Izrayèl yo anba 400 zan esklavaj. Liv Egzòd la rakonte kijan delivrans lan te vini apre fleyo tankou krapo, pou, mouch, lanmò zannimo, brile, plè, lagrèl ak dife, krikèt, ak fènwa epè. Dènye fleyo a sete menas lanmò tout premye pitit nan peyi a, men pa nan fwaye mezon Izrayèl yo—si yo te mete san yon anyo san tach sou lento pòt chak kay.27

Zanj lanmò a te epanye kay ki te make ak san senbolik anyo a.28 Pasaj sa a, oubyen pak la, reprezante Jezikri ki finalman venk lanmò. Anfèt, san ekspyatwa Mouton Bondye a bay Bon Bèje nou an pouvwa pou l rasanble pèp Li a nan tout kote ak nan tout sikonstans pou mennen yo nan sekirite twoupo L la sou toulède bò vwal la.

Avèk sans, Liv Mòmon an dekri “pouvwa ak rezirèksyon Kris la”29—esans Pak la—kòm de retablisman.

Premyèman, rezirèksyon an enkli restorasyon“bon lòd pafè yo”29chak jwenti,” “menm yon pye cheve yo p ap pèdi.”30 Pwomès sa a bay espwa pou moun ki pèdi manm yo, ki pèdi kapasite pou yo wè, tande, oubyen mache yo, oubyen k ap soufri anba enpèfeksyon nan kò yo. L ap jwenn nou. L ap fè nou antye.

Espirityèlman, pwomès Pak la ak Ekspyasyon Senyè nou an sèke “tout bagay pral restore nan lòd pa yo.”31 Dezyèm restorasyon an, restorasyon spirityèl sa a, reflete zèv nou ak dezi nou. Tankou pen sou dlo,32 li retabli “sa ki bon,” “sa ki jis” ak “plen mizèrikòd.”33 Sa pa etonan ke pwofèt Alma itilize mo restore a 22 fwa34 pandan l ap priye nou pou nou “fè zafè ki jis, jije avèk jistis, epi fè byen tout tan.”35

Paske “Bondye Limenm ekspye pou peche mond lan,”36 Ekspyasyon Senyè a ka restore non sèlnman sa k te egziste, me sa ki kapab tou. Paske L konnen doulè nou, afliksyon, maladi ak tantason tout kalite nou yo,37 ak mizèrikòd, Li ka pote nou sekou nan enfimite nou yo.38 Paske Bondye se “yon Bondye ki pafè, ki jis, e yon Bondye plen mizèrikòd tou,” plan mizèrikòd la kapab “satisfè egzijans lajistis.”39 Nou repanti epi nou fè tout sa n kapab. Li ansèkle nou etènèlman “nan bra lanmou Li.”40

Jodia n ap selebre retablisman ak rezirèksyon. Mwen rejwi e mwen temwaye de Retablisman plenitid levanjil Jezikri a. Jan sa te kòmanse sa gen desan zan prentan sa a, limyè ak revelasyon kontinye ap devèse atravè pwofèt vivan Senyè a ak Legliz Li a ki pote non Li—Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo—epi atravè revelasyon ak enspirasyon pèsonèl pa mwayen don diven Sentespri a.

Avèk noumenm, nan sezon Pak sa a, mwen temwaye de Papa Etènèl nou an, ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri vivan an. Moun mòtèl te krisifye kriyèlman epi resisite apresa. Men Sèl Jezikri vivan an, nan fòm resisite pafè L la, ankò pote mak krisifiksyon yo nan men Li, pye L ak bò kòt Li. Se sèl Limenm ki ka di: “Gade, mwen grave w nan pla men m.41 Se sèl Limenm ki ka di: “M se moun yo te leve anlè a. M se Jezi yo te krisifye a. M se Pitit Gason Bondye a.”42

Menmjan ak Ivy ak vyolon l lan, nou ankò nan kòmansman. Anfèt, “bagay pèsonn pa janm wè, ni okenn moun pa janm tande, bagay okenn moun pa t janm mete nan tèt yo, se sa Bondye prepare pou moun ki renmen li.”43 Nan moman sa yo, nou ka aprann anpil sou bonte Bondye ak potansyèl diven nou pou amou Bondye grandi nan nou pandan n ap chèche Li ak lonje lamen youn bay lòt. Ala yon benediksyon pou sa nou kapab fè e devni, liy apre liy, bonte apre bonte, endividyèlman epi ansanm.

Chè frè m ak sè m yo, amezi m ap rankontre nou epi aprann nan men nou, mwen ranpli ak yon santiman avanti pou levanjil la ak rekonesans. Temwayaj nou ak pakou nou nan levanjil la anrichi temwayaj mwen ak pakou pa m nan levanjil la. Preyokipasyon nou ak jwa nou, lanmou nou pou kominote Sen nou yo ak kay Bondye a, ak konpreyansyon nou sou verite ak limyè retabli a ogmante plenitid pa sou levanjil retabli a, avèk Jezikri vivan an nan sant li. Ansanm nou kwè, “atravè nyaj ak solèy, Senyè, rete avè m.”44 Ansanm nou konnen, akoz fado ak sousi, nou ka konte pil benediksyon nou yo.45 Nan detay chak jou yo, ti bagay senp ak piti yo, nou ka wè gwo bagay reyalize nan lavi nou.46

“Epi se pral konsa moun ki jis yo pral rasanble soti nan pami tout nasyon yo, epi yo pral vini nan Siyon, pou yo chante chan lajwa etènèl47 Nan sezon ozana ak alelouya sa a, ann chante alelouya—paske L ap reye pou tout tan e ajamè! Ozana pou Bondye ak Anyo a! Nan non sakre Jezikri, amèn.