Ekriti yo
Paj Tit nan Liv Mòmon An


Liv Mòmon An

Yon Istwa ekri pa
Men Mòmon
sou Plak
ki te Sòti nan Plak Nefi yo

Se poutèt sa, li se yon rezime istwa pèp Nefi a, ak Lamanit yo—Li te ekri pou Lamanit yo, ki se yon rès nan kay Izrayèl la; epi pou Juif ak Janti yo—Li te ekri daprè kòmandman, daprè lespri pwofesi epi avèk lespri revelasyon—Yo te ekri, yo te sele epi yo te kache nan Senyè a pou yo pa t detwi yo. Pou yo parèt daprè don ak pouvwa Bondye pou entèpretasyon l. Mowoni te mete so sou yo avèk men li epi yo te kache nan Senyè a, pou parèt lè tan an rive pa mwayen Janti yo—Tradiksyon an pral fèt daprè don Bondye.

Yon rezime ki sòti nan Liv Etè a tou, ki se istwa pèp Jarèd la, ki te gaye nan moman Senyè a te konfonn langaj pèp la, lè yo t ap bati yon tou pou yo monte nan syèl la. Sa vle montre rès kay Izrayèl la ki kalite gwo bagay Senyè a te fè pou zansèt yo; e pou yo kapab konnen alyans Senyè a yo, pou Senyè a kapab pa rejte yo pou tout tan. Epi tou pou Juif ak Janti kapab gen konviksyon, Jezi se Kris la, Bondye Etènèl la, ki manifeste tèt li devan tout nasyon yo kounyeya, si gen fòt se erè lèzòm yo ye; se poutèt sa, pa kondane bagay Bondye, pou w kapab san tach devan fotèy jijman Kris la.

Joseph Smith, pitit la
Te fè tradiksyon orijinal apati plak yo nan lang Anglè