2022
Ou pa bezwen Pè—Senyè a Avèk Ou
Jiyè 2022


“Ou pa bezwen Pè—Senyè a Avèk Ou)” Pou Fòs Jèn yo, Jiyè 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo Jiyè 2022

Ou pa bezwen Pè—Senyè a Avèk Ou

Laperèz se pa yon santiman ki nouvo. Depi nan ansyen tan yo, laperèz te limite konsepsyon pitit Bondye yo. Nan 2 Wa, wa peyi Siri a te voye yon lejyon pou kaptire pwofèt Elize epi pou touye li.

“Epi lè sèvitè [Elize],a te reveye bonè, epi li soti, li wè yon lame ki t ap fè wonn vil la avèk chwal ak charyo. Epi sèvitè [Elize] a te di Li, Adje, mèt mwen an! kisa nou pral fè?” (2 Wa 6:15).

Sa sete laperèz ki t ap pale.

“Epi [Elize] te reponn, Ou pa bezwen pè: Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun yo genyen avèk yo a.

“Epi, Elize te priye, epi l te di, Senyè, m priye ou, louvri je l pou l ka wè. Epi Senyè a te ouvri je jèn gason an; epi l te wè: e li te wè, mòn nan te chaje avèk chwal ak charyo dife ki te antoure Elize” (2 Wa 6:16–17).

Nou gen dwa wè oubyen pa wè yo voye charyo dife pou chase laperèz nou yo ak pou nou konkeri demon nou yo, men, leson an klè. Senyè a avèk nou, Li sousye pou nou, epi L ap beni nou nan fason Limenm sèl kapab fè.

Si nou totalman mete konfyans nan Senyè a ak chemen Li, si nou angaje nou nan travay Li, nou p ap pè tandans mond la ni yo p ap twouble nou. Senyè a ap veye sou nou, L ap pran swen nou, epi L ap kanpe bò kote nou.

Enprime