2022
Pa ret tann! Vin tankou Bèje yo
Desanm 2022


“Pa ret tann! Vin tankou Bèje yo,” Pou Fòs Jèn yo, Des. 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo , Desanm 2022

Lik 2: 8–20

Pa ret tann! Vin tankou Bèje yo

Imaj
bèje

Sa gen lontan, nan yon nuit san okenn bri, bèje yo t ap veye sou twoupo yo avèk dilijans.

Imaj
mouton

Bèje yo te gen yon travay enpòtan. Mouton yo te bezwen manje, dlo ak pwoteksyon kont danje.

Imaj
zanj

Britsoukou, yon zanj te parèt!

“Nou pa bezwen pè, paske m vin anonse nou yon bòn nouvèl k ap pote gwo kè kontan… Paske jodi a… nou gen yon Sovè ki fenk fèt, ki se Kris la, Senyè a.”

Imaj
zanj

Zanj lan te rakonte bèje yo ke yo t ap jwenn bebe a vlope nan yon moso twal kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje nan vil Betleyèm.

Imaj
koral zanj

Yon koral zanj te ranpli syèl la epi yo te met ansanm avèk zanj lan pou yo te fè lwanj pou Bondye.

“Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.”

Imaj
bèje

“An n ale Betleyèm pou n al gade sa Senyè a revele nou.”

Imaj
bèje yo k ap suiv zetwal la

Bèje yo pa t ret tann. Sa te twò enpòtan! Yo “te prese vini” nan vil Betleyèm nan.

Imaj
bèje yo nan kote yo bay bèt manje a

Bèje yo te jwenn Jezi vlope nan moso twal, kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje, jan zanj lan te di a.

Imaj
Bebe Jezi

Se te Mesi yo te pwomèt ki t ap vini pou L te Sovè ak Redanmtè mond lan epi pote bon jan kè kontan pou nou an!

Imaj
bèje

Bèje yo te kontan anpil! Yo te pataje sa yo te tande ak wè.

“Sovè mond lan fèt!”

“Mesi a resi vini!”

Imaj
jènjan ki ap li ekriti

Bèje yo “te prese vini” jwenn Jezi. Ou kapab vini tou!

Ou kapab aprann konnen Li.

Imaj
jènjan ki ap koupe gazon

Ou kapab sèvi Li nan sèvi lòt moun.

Imaj
jènfi ki ap pataje Liv Mòmon an avèk yon jènjan

Ou kapab rann temwayaj konsènan Li.

Enprime