Kanpe nan pozisyon yo deziye w la
Se pou nou lonje lamen pou rachte sila yo ki tonbe sou bò wout la, pou pa menm yon nanm ta pèdi.
Nou reyini aswè a antanke yon kò Prètriz puisan, alafwa isit la nan Sant Konferans lan ak nan plizyè lòt kote nan mond lan. Gen nan nou ki detni Prètriz Aawon an, pandan ke gen lòt ki detni Pètriz Melkisedèk la.
Prezidan Stephen L Richards, ki te sèvi kom konseye Prezidan David O. McKay, te deklare: “Yo abityèlman defini Prètriz la senpleman kòm ‘pouvwa Bondye delege bay lòm.’” Li kontinye: ‘M panse ke definisyon sa a egzat. Men pou nou ka pi pratik, mwen ta renmen defini Prètriz la an tèm sèvis e mwen souvan rele l ‘plan sèvis pafè a.’ … Li se yon enstriman sèvis … epi moun ki echwe nan itilize l yo kapab pèdi l tou, paske yo di nou klèman pa revelasyon ke moun ki neglije li ‘yo pap konsidere l kòm diy pou l rete.’”1
Nan pieu Pioneer la, ki sitiye nan Salt Lake City, ki se kote mwen te resevwa Prètriz Aawon ak Prètriz Melkisedèk la, yo te anseye nou pou nou familiarize nou avèk ekriti yo, enkli seksyon 20, 84, ak 107 nan Doktrin ak Alyans yo. Nan seksyon sa yo nou aprann konsènan prètriz la ak gouvènman legliz la.
Aswè a mwen ta renmen mete aksan sou yon vèsè nan seksyon 107 la: “Se sa ki fè, kounyeya, se pou tout moun aprann devwa yo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a avèk tout dilijans.”2
Prezidan Harold B. Lee te souvan anseye: “Lè yon moun vin yon detantè prètriz, li tounen yon ajan pou Senyè a. Li dwe panse avèk apèl li a tankou si l te nan sèvis Senyè a.”3
Nan seksyon sa yo tou, nou aprann konsènan devwa prezidans kowòm yo ak lefètke nou responsab lòt moun yo anplis tèt nou.
Mwen kwè fèm ke legliz la pi solid jodia pase jan l te janm ye avan. Nivo aktivite jèn nou yo temwaye ke jenerasyon sa a se yon jenerasyon lafwa ak devouman pou laverite. Men, gen kèk ki kite chemen an, ki jwenn lòt sant enterè ki pèsyade yo pou yo neglije devwa yo nan Legliz la. Nou pa dwe pèdi nanm presye sa yo.
Gen plis anplis kantite nan ansyen potansyèl yo ki pa vini nan reyinyon Legliz yo ni ki pa ranpli tach yo nan Legliz la. Nou kapab redrese sitiyasyon sa a e nou dwe fè sa. Tach la nan men nou. Nou dwe bay responsablite epi fè efò pou sa san reta.
Sou direksyon episkopa a ak konseye kowòm yo, prezidans kowòm Prètriz Aawon yo ka resevwa pouvwa pou yo lonje lamen bay lòt pou pote yo sekou.
Senyè a di: “Sonje, nanm yo gen yon gwo valè nan je Bondye; … epi ala li pran anpil anpil plezi nan nanm ki repanti a!”4
Pafwa tach la ka parèt depasan. Nou ka pran kouraj nan eksperyans Jedeyon an ki, avèk fòs modès li, te oblije batay avèk Midyanit yo ak Amalesit yo. N ap sonje kijan Jideyon ak lame l la te fè fas ak fòs yon lame ki te grandman siperyè nan ekipman ak kantite. Liv Jij la nan Ansyen Testaman an rakonte ke enmi sa yo, Midyanit yo ak Amalekit yo, ki te ini tèt yo ansanm nan: “te repann nan vale a tankou miltitid zwazo; epi chamo yo te an gran kantite, tankou sann nan bò lanmè a.”5 Jedeyon te priye Bondye Toupuisan an pou l te ba l fòs.
Pou etonman li, Senyè a te di l ke fòs li yo te twò gran pou l ta livre enmi an nan men l, pou moun yo pa di: “Se men m ki te delivre m.”6 Li te kòmande Jedeyon pou l te di pèp li a: “Ke sila nan pami nou yo ki gen krent e ki pè yo ale … soti sou mòn Galad la.” Epi te gen vennde mil moun ki te ale; epi te gen di mil ki te rete.”7
Apresa, Senyè a te di l: “Moun yo twòp toujou.”8 Li te mande Jedeyon pou l te fè mesye yo desann nan dlo a pou l te ka gade kijan yo ta pral bwè dlo. Yo te mete sa k te lape dlo yo nan yon gwoup, epi sa ki te bese ajenou pou yo te bwè dlo yo nan yon lòt gwoup. Senyè a te di Jedeyon: “Se twasan moun ki te lape dlo yo m pral itilize pou sove ou epi livre Midyanit yo nan men ou: kite tout lòt moun yo retounen lakay yo.”9
Jedeyon te retounen al jwenn lame l la epi l te di yo: “Leve; paske Senyè a livre lame Madyan an nan men nou.”10 Epi li te divize yo an twa konpayi, epi l te mete yon twonpèt nan men yo chak, avèk krich vid, avèk flanbo andedan krich yo. Epi l te di yo:
“Gade mwen, epi fè sa nou wè m fè: epi, gade, lè m rive deyò kan an, sa nou wè m fè, fè l tou.”
“Lè m sonnen twonpèt la, mwen menm ak tout moun ki avèk mwen yo, na sonnen twonpèt pa nou yo tou sou chak bò kan an, … epi na di: Epe Senyè a, ak epe Jedeyon.” Sa l te di anfèt, sete: “Suiv mwen.” Mo egzat li sete: “Jan nou wè m fè a, se konsa nou dwe fè tou.”11
Sou sinyal lidè a, lame Jedeyon an te sonnen twonpèt yo epi yo te kraze krich yo epi yo te rele: “Epe Senyè a, ak epe Jedeyon.” Ekriti yo rakonte rezilta batay desizif sa a: “Epi chak moun te kanpe nan plas yo,” epi yo te ranpòte laviktwa.12
Ansèyman ofwaye fè pati plan aktyèl nou pou pote sekou a. Lè Prezidan David O. McKay te prezante l bay tout Otorite Jeneral yo, li te konseye yo: “Ansèyman nan fwaye se youn nan responsablite ki pi ijan ak pi rekonpansan nou pou nou edifye ak enspire, pou nou konseye ak gide pitit Pè Selès yo. … [Se] yon sèvis diven, yon apèl diven. Devwa nou antanke enstriktè nan fwaye se pou mennen lespri divin sa a nan chak fwaye ak chak kè.”13
Nan kèk zòn, kote pa gen ase detantè Prètriz Mèlkisedèk, prezidan pieu yo ak episkopa yo, an kolaborasyon avèk prezidan misyon an, ka itilize misyonè aplentan yo pou al vizite fanmi inaktif yo ak fanmi ki anpati manm yo. Non sèlman sa ka relimen espri misyonè a nan fwaye a, men sa ka bay yon okazyon ideyal pou yo ka jwenn referans moun ki enterese nan levanjil la tou.
Atravè ane yo, pandan m ap vizite anpil pieu nan mond lan, konn gen pieu kote dirijan pawas ak pieu yo, pa nesesite oubyen pa sans devwa yo, konn sispann plenyen epi yo twouse manch yo, epi, avèk èd Senyè a, y al travay pou mennen anpil gason presye vin kalifye yo pou Prètriz Mèlkisedèk la, epi, avèk madanm yo ak pitit yo, antre nan tanp sakre a pou yo ka fè dotasyon ak sèlman.
M pral brèfman mansyone kèk ladan yo:
Nan yon vizit m te fè nan pieu Millcreek nan Salt Lake City, sa gen kèk ane, m te aprann ke plis pase 100 frè ki sete ansyen potansyèl te òdone kòm ansyen nan ane anvan an. M te mande Prezidan James Clegg sekrè siksè sa a. Malgre ke l te twò modès pou l te pran kredi a pou tèt li, youn nan konseye l yo te di m ke Prezidan Clegg, ki te pran konsyans pwoblèm nan, te pèsonèlman rele chak nan ansyen sa yo epi l te fikse randevou avèk yo chak. Pandan randevou a, Prezidan Clegg te mansyone tanp Senyè a, òdonans ak alyans sali ki akonpli andedan tanp yo, epi li te fini ak kesyon sa a; “èske w pa ta renmen mennen madanm ou ak pitit presye w yo nan kay Senyè a, pou nou ka vin yon fanmi etènèl atravè etènite yo?” Yo te toujou dakò, epi pwosesis reyaktivasyon an te kontinye, epi bi a te atenn.
An 1952, majorite fanmi nan Twazyèm Pawas Rose Park yo sete manm ki te gen papa oubyen mari ki te detni sèlman Prètriz Aawon an, olye de Prètriz Mèlkisedèk la. Frè L. Brent Goates te aple pou l te sèvi kòm evèk pawas sa a. Li te envite yon frè inaktif, Ernest Skinner, pou te ede l pou l re aktive 29 frè adilt nan pawas la ki te detni ofis enstriktè nan Prètriz Aawon an epi pou te ede mesye sa yo ak fanmi yo ale nan tanp. Etandone l sete yon moun ki te inaktif poukont pa l, Frè Skinner te ezite toudabò men alafen li te di ke l t ap fè sa l te kapab. Li te kòmanse pèsonèlman vizite enstriktè inaktif sa yo, pandan l t ap eseye ede yo pran konsyans wòl yo kòm detantè prètriz nan fwaye yo epi antanke mari ak papa nan fanmi yo. Byen vit, li te jwenn kèk nan frè inaktif sa yo ki te ede l nan tach sa a. Youn apre lòt, yo te vin retounen aktif totalman ankò epi yo te mennen fanmi yo nan tanp.
Yon jou, grefye pawas la te soti sou kès yon magazen pou l t al salye dènye nan gwoup moun sa yo ki ta pral nan tanp lan. Pandan l t ap kòmante sou pozisyon l kòm dènye moun nan gwoup la, mesye a te di: “M te rete la ap kanpe gade tout frè nan gwoup sa a retounen vin aktif nan pawas nou a epi ale nan tanp.” Si sèlman m te ka imajine kijan sa te bèl nan tanp lan, epi kijan sa t ap chanje lavi m ajamè, m pa t ap dènye nan pami 29 moun sa yo pou te sele nan tanp lan.
Nan chak nan resi sa yo, te gen kat eleman ki te mennen nan siksè:
-
Opòtinite reyaktivasyon an te suiv nan nivo pawas la.
-
Evèk pawas la te enplike.
-
Yo te jwenn enstriktè kalifye ak enspire.
-
Yo te pote atansyon a chak moun endividyèlman.
Frè m yo, annou sonje konsèy Wa Benjamen an: “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvi Bondye nou ye”14
Annou lonje lamen pou pote sekou bay moun ki si bezwen èd nou yo epi elve yo al nan wout ki pi wo ak nan fason ki pi bon. Annou konsantre panse nou sou bezwen detantè prètriz yo ak madanm yo ak pitit yo ki soti nan chemen aktivite a. Annou koute mesaj ineksprime ki nan kè yo a:
Dirije m, gide m, mache bò kote m,
Ede m jwenn wout la.
Ansenye m tout sa m dwe fè
Pou m viv avèk li yon jou15
Travay reyaktivasyon an se pa yon tach pou moun ki parese ni pou moun k ap reve. Timoun ap grandi, paran ap vyeyi, epi tan an pa tann pèsonn. Pa ranvwaye yon enspirasyon; men, aji sou li, epi Senyè a ap louvri wout la.
Souvan, sa mande pasyans ki se yon vèti selès. Antanke evèk, m te santi m pouse yon jou pou m te rele yon mesye ki te gen madanm ni yon ti jan inaktif, ansanm ak pitit li. Men, mesye sa a pa t janm reponn. Yon jou ete byen cho, m te frape nan pòt lakay Harold G. Gallacher. M te wè Frè Gallacher ki te chita sou yon chèz ap li yon jounal. Li te mande, san l pa gade: “Kimoun sa?”
M te reponn: “Evèk ou.” “Mwen vin fè konesans avèk ou epi mande w pou vin asiste reyinyon nou yo avèk fanmi ou.”
Li te reponn avèk mepri: “Non, m twò okipe.” Li pa t janm leve tèt li. M te remèsye l paske l te koute epi m t ale.
Fanmi Gallacher te demenaje al Kalifòni tou suit apre. Ane te pase. Epi, pandan m te manm Kolèj Douz yo, m t ap travay nan biwo m yon jou lè sekretè m nan te rele m, li te di: “Gen yon frè Gallacher ki te viv nan pawas ou yon lè ki ta renmen pale avèk ou. Men l la a nan biwo m nan.”
M te reponn: “Mande l si l se Harold G. Gallacher ki, ansanm ak fanmi l, te viv nan Vissing Place nan West Temple ak Fifth South.”
Li te reponn: “Wi, se limenm.”
M te mande l pou l te fè l antre. Nou te gen yon konvèsasyon agreyab sou fanmi li. Li te di m: “Mwen vin prezante w eksikz dèske m pa t leve sou chèz mwen pou m te fè w antre jou ete sa a, sa gen dèzane a.” M te mande l si l te aktif nan Legliz la. Avèk yon souri yon ti jan iwonik, li te reponn: “M se dezyèm konseye nan episkopa pawas mwen” Envitasyon w te fè m pou m te vin legliz la, ak repons negatif mwen an, te sitèlman trakase m ke m te deside fè yon bagay pou sa.”
Harold avèk mwen te pale anpil fwa anvan l te mouri. Gallacher yo ak pitit yo te ranpli anpil apèl nan Legliz la. Youn nan pitit pitit yo aktyèlman ap sèvi yon misyon aplentan.
Pou misyonè k ap koute m yo aswè a, m ta renmen di yo ke, souvan, semans temwayaj yo a gen dwa pa pran rasin ni fleri imedyatman. Pen yo jete sou sifas dlo a ka pafwa retounen aprè plizyè jou. Men, l ap retounen.
M te reponn telefòn mwen yon jou swa, epi m te tande yon vwa ki te mande: “Èske w se fanmi yon Frè Monson ki te sèvi nan Misyon Angletè a, sa fè lontan an?”
M te reponn non. Moun nan te prezante tèt li kòm Frè Leonardo Gambardella epi li te di ke yon Eldè Monson ak yon Eldè Bonner te rele lakay li sa gen dèzane, epi yo te rann temwayaj yo pou limenm ak madanm ni. Yo te koute men yo pa t fè anyen apresa pou te aplike ansèyman yo. Nan apre, Gambardella yo te demenaje al abite Kalifòni, kote, 13 ane apre, yo te jwenn verite a epi yo te konvèti epi yo te batize. Apresa, Frè Gambardella te mande m si te gen yon mwayen pou yo te kontakte èldè sa yo ki te rann yo vizit la pou yo te ka eksprime pwofon rekonesans yo pou tewayaj yo a, ki te make limenm ak madanm ni an.
M te verifye rejis yo. M te lokalize èldè yo. Eske nou ka imajine sipriz yo, ki te marye epi ki te gen fanmi pa yo kounyeya, lè m te telefone yo epi m te di yo bòn nouvèl la—e espesyalman aboutisman efò yo. Yo te sonje Gambardella yo tousuit. M te aranje yon apèl konferans nan telefòn pou yo te ka pèsonèlman felisite Gambardella yo epi akeyi yo nan Legliz la. Yo te fè sa. Te gen kriye, men sete dlo lajwa.
Edwin Markham te ekri pawòl sa yo:
Gen yon destine ki fè nou vin frè;
Okenn moun pap fè chemen an tou sèl:
Tout sa nou voye nan lavi lòt moun
Ap retounen vin nan lavi nou.16
Aswè a, mwen priye pou nou tout ki detni prètriz la kapab konsyan de responsablite nou, epi pou, tankou Jedeyon otrefwa a, nou ka kanpe chak moun nan plas li, epi, ini ansanm, suiv Lidè nou an—Senyè a, Jezikri—ak pwofèt li a, Prezidan Gordon B. Hinckley. Se pou nou lonje lamen pou rachte sila yo ki tonbe sou bò wout la, pou pa menm yon nanm ta pèdi.
Nan non Jezikri, Amèn.