2010–2019
Doktrin Kris la
Avril 2012


Doktrin Kris la

Nan Legliz la jodia, menmjan ak nan ansyen tan yo, defini doktrin Kris la oubyen korije devyasyon doktrinal se yon zafè revelasyon divin.

Nou, nan Komite Sosyete Sekou a, eksprime pwofon rekonesans nou ak lanmou nou pou Sè Beck, Sè Allred, ak Sè Thompson.

Resamman, nou wè yon enterè kwasan k ap reveye nan piblik la konsènan kwayans Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Sa se yon bagay ki fè nou kontan paske, apretou, misyon fondamantal nou se anseye levanjil Jezikri a, doktrin Li a, nan tout mond lan (gade Matye 28:19–20; D&A 112:28). Men nou dwe admèt ke te genyen e toujou genyen kèk konfizyon ki egziste sou doktrin nou an ak fason li etabli. Se sou sijè sa a m vle pale avèk nou jodia.

Sovè a te anseye doktrin ni an depi nan ansyen tan yo, epi Apot li yo te lite anpil pou te prezève li kont atak fos tradisyon ak filozofi san rete. Epit yo nan Nouvo Testaman an rapòte anpil ensidan ki demontre yon apostazi grav ki t ap simaye pandan ministè Apot yo.1

Syèk ki te suiv yo te ilimine pa kèk reyon limyè levanjil okazyonèl, jiskaske nan 19 yèm syèk la, yon bèl douvanjou Retablisman te kòmanse nan mond lan epi levanjil Jezikri a, total ak konplèt, te tounen yon fwa ankò sou tè a. Jou gloriye sa a te kòmanse lè, nan “yon kolòn limyè ki te pi klere pase solèy la” ( Istwa-Joseph Smith 1: 16), Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, te vizite jèn Joseph Smith epi yo te kòmanse sa ki t ap vin tounen yon flo revelasyon ki te akonpaye avèk pouvwa ak otorite divin tou.

Nan revelasyon sa yo, nou jwenn sa nou ka rele doktrin debaz Legliz Jezikri a ki re etabli sou tè a. Jezi Li menm te defini doktrin nan nan pawòl sa yo ki ekri nan Liv Mòmon an: Yon lòt temwayaj konsènan Jezikri:

“Men doktrin mwen an, e se doktrin Papa a te ban mwen; m rann temwayaj konsènan Papa a ak mwen; e m rann temwayaj, Papa a kòmande tout moun, tout kote, pou yo repanti e kwè nan mwen.

“Epi nenpòt moun ki kwè nan mwen, e ki batize, moun sa yo ap sove; e se yo k ap eritye wayòm Bondye a.

“Epi nenpòt moun ki pa kwè nan mwen, ap kondane.

“… Epi, m ap di nou, se doktrin mwen an sa, e m rann nou temwayaj se nan Papa a li sòti; e nenpòt moun ki kwè nan mwen, kwè nan Papa a tou; e Papa a ap rann li temwayaj konsènan m, paske l ap vizite l avèk dife e avèk Sentespri a. …

“Anverite anverite, m ap di nou, se doktrin mwen an sa, e nenpòt moun ki bati sou sa, li bati sou wòch mwen an, e pòt lanfè a p ap kapab gen pouvwa sou li” (3 Nephi 11:32–35, 39).

Sa se mesaj nou, wòch nou bati sou li a, fondasyon tout lòt bagay nan Legliz la. Menmjan ak tout sa ki soti nan Bondye, doktrin sa a pi, li klè, li fasil pou konprann---menm pou yon timoun piti. Ak kè kontan, nou envite tout moun pou resevwa li.

Nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, “nou kwè tout bagay Bondye te revele, ak tout bagay li revele kounyeya, epi nou kwè li pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a” (Atik Lafwa 1:9). Sa vle di, byenke gen anpil bagay nou poko konnen, verite ak doktrin nou resevwa yo vini e ap kontinye vini pa revelasyon divin. Nan kèk relijyon, teyolojyen deklare ke yo gen menm otorite pou anseye avèk dirijan relijye yo, epi kesyon doktrin yo kapab vin tounen yon konba opinion antreyo. Gen kèk ki apiye sou konsèy ekimenik Mwayen Aj yo ak kredo yo. Lòt mete majorite aksan yo sou rezonman teyolojyen ki te vin apre Apot yo oubyen sou etid entèpretasyon Bib la ak eksplikasyon oswa kritik sou Bib la. Nou menm tou nou valorize etid ki amelyore konpreyansyon, men, nan Legliz la jodia, menmjan ak nan tan ansyen an, defini doktrin Kris la oswa korije devyasyon doktrinal se yon zafè revelasyon divin ki akòde a moun Senyè a dote avèk otorite apostolik.2

An 1954, Prezidan J. Reuben Clark Jr., ki te yon konseye nan Premye Prezidans lan lè sa a, te eksplike fason doktrin nan preche nan Legliz la ak wòl ekstrèmeman enpòtan Prezidan Legliz la. An palan de manm Premye Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo, li te deklare: “[Nou] dwe [raple] nou ke gen kèk nan Otorite Jeneral yo ki resevwa yon apèl espesyal; yo posede yon don espesyal; yo soutni kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè, sa ki ba yo yon dotasyon espirityèl espesyal liye ak ansèyman y ap bay moun yo. Yo gen dwa, pouvwa, ak otorite pou deklare volonte Bondye bay pèp Li a, annakò avèk otorite ak pouvwa siprèm Prezidan Legliz la. Gen lòt Otorite Jeneral ki pa resevwa dotasyon ak otorite espirityèl espesyal sa a pou kouvri ansèyman yo; yo gen yon limitasyon, epi limitasyon pouvwa ak otorite nan anseye sa a aplike pou tout lòt ofisye ak manm yo nan Legliz la, paske okenn nan yo pa resevwa dotasyon espirityèl kòm pwofèt, vwayaj, ak revelatè. Anplis desa, jan nou fèk sot di a, Prezidan Legliz la gen yon dotasyon espirityèl pi espesyal nan domèn sa a, paske li se Pwofèt, Vwayan, ak Revelatè pou tout Legliz la annantye.”3

Kijan Sovè a revele volonte Li ak doktrin ni bay pwofèt, vwayan, ak revelatè L yo? Li gen dwa aji palentèmedyè yon mesaje oubyen pèsonèlman. Li gen dwa pale pa pwòp vwa pa li oubyen pa vwa Sentespri a---yon kominikasyon Lespri a lespri ki ka eksprime an pawòl oubyen nan santiman ki transmèt yon konesans ki depase mo (gade 1 Nefi 17:45; D&A 9:8). Li ka pale avèk sèvitè L yo dirèkteman oubyen aji an konsèy (gade 3 Nefi 27:1–8).

M ap site de ilistrasyon nan Nouvo Testaman an. Premye a sete yon revelasyon chèf Legliz la te resevwa. Nan kòmansman liv Travay la, nou wè Apot Kris yo k t ap deklare mesaj levanjil la sèlman bay Juif yo, selon modèl ministè Jezi a (gade Matye 15:24), men kounyeya selon kalandriye Senyè a, tan te rive pou yon chanjman. Nan Joppe, Pyè te fè yon rèv ki te repete twa fwa. Li te wè anpil kalite bèt ki trennen sou vant soti nan syèl la nan “yon gwo dra mare nan kat bout li” (Travay 10:11) e yo te kòmande l pou l “touye, lè fini, manje” (Travay 10:13). Pyè te ezite paske omwen kèk nan bèt yo “pa t pi” selon lwa Moyiz la, epi Pyè pa t janm te vyole kòmandman pou manje bagay sa yo. Men, vwa a te di Pyè nan rèv li a: “Bagay Bondye di ki bon pou moun, ou menm pa di l pa bon” (Acts 10:15).

Siyifikasyon rèv sa a te vin klè lè, tousuit apre, plizyè moun ke kapitèn Women an, Kònèy, te voye te rive kay Pyè avèk yon demann pou l te vin anseye mèt yo a. Kònèy te reyini yon gwo gwoup fanmi ak zanmi, epi lè Pyè te wè yo tout te rasanble ap tann pou resevwa mesaj li a, li te di yo:

“Bondye fè m konnen mwen pa gen dwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi. …

“…  Mwen konprann sa se vre, Bondye pa gade moun sou figi.

“Men li kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan Li” (Acts 10:28, 34–35; see also verses 17–24).

“Pandan Pyè t ap di pawòl sa yo, Sentespri a te desann sou tout moun ki t ap koute mesaj la.

“Epi [moun ki te akonpaye Pè] yo te sezi ... paske don Sentespri a te devèse sou Payen yo tou.

“…  Epi Pyè te reponn:

“Èske yon moun ka refize batize moun sa yo ki resevwa Sentespri a osibyen ke nou yo?” (Travay 10:44–47).

Pa eksperyans sa a ak revelasyon sa a Pyè te resevwa a, Senyè a te modifye pratik Legliz la epi l te revele yon konpreyansyon doktrinal pi konplè bay disip Li yo. Epi konsa, preche levanjil la te elaji pou enkli tout limanite.

Nan apre, nan Liv Travay la, nou jwenn yon lòt istwa apeprè menm jan an, fwa sa a ki montre kijan revelasyon sou kesyon doktrin kapab vini lè nou reyini an konsèy. Yon dezakò te leve sou sijè pou konnen si sikonsizyon lwa Moyiz la mande a ta dwe etabli kòm yon kòmandman nan levanjil la ak nan Legliz Kris la (gade Travay 15:1, 5). “Epi Apot yo ak ansyen yo te chita ansanm pou egzamine kesyon an” (Travay 15:6). Rapò nou genyen sou reyinyon konsèy sa a sètènman enkonplè, men yo di nou ke apre “anpil diskisyon” (Travay 15:7), Pyè, Apot Senyò a, te leve kanpe epi l te deklare sa Sentespri a te konfime pou li. Li te raple konsèy la ke lè yo te kòmanse preche Payen ensikonsi yo levanjil la nan kay Kònèy la, yo te resevwa Sentespri a menmjan avèk konvèti Juif sikonsi yo. Li te di, Bondye, “pa t fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm, li te pirifye kè yo paske yo te kwè nan li.

“Kounyeya, poukisa pou n ap eseye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t ka pote?

“Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l delivre nou, menm jan li fè l pou yo tou” (Travay 15:9–11; gade touvèsè 8).

Apresa, Pòl, Banabas, ak petèt lòt moun te pale pou te kore deklarasyon Pyè a, Jak te pwopoze pou yo te ekri desizyon voye bay tout Legliz la, epi konsèy la te “tonbe dakò” (Travay 15:25; gade touvèsè 12–23). Nan lèt pou te anonse desizyon yo a, Apot yo te di: “Men sa nou jwenn ki bon pou Sentespri a, ak pou nou menm” (Travay 15:28), oubyen otremandi, desizyon sa a te vini pa revelasyon divin palentèmedyè Sentespri a.

Se menm chema sa a nou suiv nan Legliz retabli Jezikri a jodia. Prezidan Legliz la gen dwa anonse oswa entèprete pwen doktrin baze sou revelasyon li resevwa (gade, pa egzanp, D&A 138). Entèpretasyon doktrinal la kapab vini atravè konsèy konbine Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo (gade, pa egzanp, Deklarasyon Ofisyèl 2). Diskisyon an konsèy yo souvan gen ladan yo yon evalyasyon sou ekriti kanonik yo, ansèyman dirijan yo nan Legliz la, ak sa ki te fèt anvan nan menm sikonstans yo. Men alafen, menmjan ak nan Legliz Nouvo Testaman an, objektif la se pa senpleman akò ant manm konsèy yo men revelasyon nan men Bondye. Se yon pwosesis ki enplike larezon ak lafwa pou yon moun jwenn panse ak volonte Senyè a.4

An menm tan tou, nou dwe sonje ke se pa tout deklarasyon ki fèt pa yon dirijan nan Legliz la, pase ou prezan, ki nesesèman doktrin. Òdinèman nan Legliz la, nou rekonèt ke yon deklarasyon ki fèt pa yon dirijan nan yon senp okazyon souvan reprezante yon opinion pèsonèl, malgre l byen konsidere, ki pa destine pou l ofisyèl oubyen obligatwa pou tout Legliz la annantye. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke “yon pwofèt [se] yon pwofèt sèlman lè l [ap] aji antanke pwofèt.”5 Prezidan Clark, ke nou te site anvan an, te di:

“Yon senp istwa papa m te rakonte m lè m te piti, byenke m pa konn pa ki otorite, ilistre pwen an. Istwa l la rakonte ke, pandan eksitasyon anrapò avèk rive Lame Johnston nan, Frè Brigham, nan yon reyinyon nan maten, te preche moun yo yon diskou vibran plen defi kont lame a k t ap pwoche a epi l te deklare entansyon l pou reziste anba yo epi repouse yo. Nan reyinyon aprèmidi a, Brigham Young te leve epi l te di ke sete Brigham Young ki t ap pale maten an, men Senyè a pral pale kounyeya. Apresa, li te fè yon diskou, ki te egzakteman opoze ak diskou l te fè nan maten an. …

“…  Pa temwayaj Sentespri a ke manm yo resevwa, Legliz la ap konnen si Frè yo, lè y ap prezante pwendvi yo a, ap pale dapre jan Sentespri a anime yo, epi finalman konesans sa a ap manifeste.”6

Pwofèt Joseph Smith te konfime wòl santral Sovè a nan doktrin nou an nan yon fraz enpòtan: “Prensip fondamantal nan relijyon nou an se temwayaj Apot ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ke l te mouri, li te antere, epi l te resisite nan twazyèm jou a, epi l te monte nan syèl; epi tout lòt bagay anrapò avèk relijyon nou yo se nan sa yo sòti.”7 Temwayaj Joseph konsènan Jezikri sèke Li vivan, paske nou te wè l, bò kote dwat Bondye menm; epi nou te tande vwa a ki t ap rann temwayaj pou fè konnen li se Sèl Pitit Literal Papa a” (D&A 76:23; gade touvèsè 22). Mwen priye tout moun k ap tande oubyen li mesaj sa a pou ke, pa mwayen lapriyè ak etid ekriti, yo chèche menm temwayaj sa a sou nati divin Jezikri, sou Ekspyasyon an, ak Rezirèksyon an. Aksepte doktrin sa a kote wa repanti, batize, resevwa don Sentespri a epi apresa pandan tout lavi ou, suiv lwa ak alyans yo nan levanjil Jezikri a.

Pandan ke fèt Pak la ap apwoche a, mwen eksprime pwòp temwayaj mwen ke Jezi, Moun Nazarèt la, sete e rete Pitit Gason Bondye, Mesi a menm yo te predi nan ansyen tan an. Li se Kris la, ki te soufri nan Jetsemani an, ki te mouri sou kwa a, ki te antere, epi ki anfèt te leve ankò sou twazyèm jou a. Li se Senyè ki te leve, resisite a, gras avèk Li te resisite e pa Li menm tout moun ki vle kapab rachte ak egzalte nan wayòm selès Li a. Menm Jezi sa a ki te anlve monte nan syèl la ap retounen ankò nan menmjan an tou pou dirije sou tè a (gade Travay 1:11). Sa se doktrin nou, ki konfime tout temwayaj anvan yo konsènan Jezikri epi ki renouvle ankò pou epòk pa nou an. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Neal A. Maxwell, “From the Beginning,” Ensign, Nov. 1993, 18–19: “Jak te denonse ‘lagè ak goumen’ pami Legliz la (Jak 4:1). Pòl te deplore ‘divizyon’ nan Legliz la ak ‘lou devoran’ ki pa t ap epaye ‘twoupo’ a (1 Kor. 11:18; Travay 20:29–31). Li te konnen yon apostazi t ap vini epi li te ekri Tesalonisyen yo ke dezyèm vini Jezi a pa t ap fèt pazavan “apostazi a te rive’; li te di yo pi lwen ke ‘inikite te deja an aksyon’ (2 Tes. 2:3, 7). “Prèske nan fen an, Pòl te rekonèt nan ki pwen apostazi a te grav: ‘Tout moun ki an Azi yo gen tan abandone m’ (2 Tim. 1:15). … “Fònikasyon ak idolatri ki te grandman repann nan te alame Apot yo (gade1 Kor. 5:9; Efez. 5:3; Jid 1:7). Jan ak Pòl te plenyen pou lè yo te wè fo Apot t ap parèt (gade 2 Kor. 11:13; Rev. 2:2). Legliz la te anba syèj. Gen kèk moun ki te apostazye epi apre ki te ouvètman opoze a Legliz la. Nan youn nan sitiyasyon sa yo, Pòl te kanpe poukont li epi li te plenyen ‘tout moun abandone m’ (2 Tim. 4:16). Li te denonse moun ki ‘te boulvèse dè fanmi antye’ tou. (Tit 1:11). “Kèk dirijan lokal te rebele, tankou lè youn, ki te renmen domine, te refize resevwa frè yo (gade 3 Jn. 1:9–10). “Se pa etonan ke Prezidan Brigham Young te obsève: ‘Yo di ke Prètriz la te anlve soti nan Legliz la, men se pa konsa sa te pase, se Legliz la ki te elwaye de Prètriz la’ (nan Journal of Discourses, 12:69).” Nan listwa, jan Èldè Maxwell te eksprime li, “larezon, tradisyon filozofik Grèk la, te domine, epi apresa ranplase, konfyans nan revelasyon, yon konsekans ki te pwobableman aktive pa dè Kretyen byen entansyone ki te anvi entegre kwayans yo nan kouran prensipal kilti kontanporèn nan. … “… Annou, nou menm [tou] rete vijilan kont tantasyon pou adopte teyoloji revele a ak sajès konvansyonèl” (Ensign, Nov. 1993, 19–20).

  2. Apot ak pwofèt tankou Joseph Smith deklare pawòl Bondye, men tou, nou kwè ke gason ak fi anjeneral, e menm timoun piti, kapab aprann pa enspirasyon divin an repons ak priyè ak etid ekriti. Menm jan ak nan tan ansyen Apot yo, manm yo nan Legliz Jezikri a resevwa don Sentespri a, ki fasilite kominikasyon kontini avèk Papa yo ki nan Syèl la, oubyen, otremandi, revelasyon pèsonèl (gade Travay 2:37–38). Nan fason sa a, Legliz la vin yon gwoup moun plen matirite espirityèl, angaje ke lafwa yo pa avèg men eklere---paske li fonde ak konfime pa Sentespri a. Sa pa vle di ke chak manm pale pou Legliz la oubyen kapab defini doktrin ni men, chak moun kapab resevwa konsèy diven pou jere eprèv yo ak chwa ki prezante nan lavi yo.

  3. J. Reuben Clark Jr., “When Are Church Leaders’ Words Entitled to Claim of Scripture?” Church News, July 31, 1954, 9–10; gade touDoktrin ak Alyans 28:1–2, 6–7, 11–13.

  4. Preparasyon ak kalifikasyon yo mande pou moun ki patisipe nan yon konsèy yo se “lajistis, ... sentete, imilite nan kè, dousè ak andirans, ... lafwa, ak vèti, ak konesans, tanperans, pasyans, pyete, bonte fratènèl ak charite; “Paske pwomès la se, si bagay sa yo abonde nan yo, yo pap pa gen konesans Senyè a” (Doktrin ak Alyans 107:30–31).

  5. Joseph Smith, nan History of the Church, 5:265.

  6. J. Reuben Clark Jr., “Church Leaders’ Words,” 10. Konsènan yon istwa papa l te rakonte l sou Brigham Young, Prezidan Clark te ekri nan apre: “Mwen pa konnen si sa konn rive deja, men m panse ke sa ilistre yon prensip---ke menm Prezidan Legliz la, li menm, gen dwa pa toujou ‘enspire pa Sentespri a’, lè l ap adrese l ak moun. Sa rive nan zafè doktrin (abityèlman se sipozisyon) kote Prezidan apre yo nan Legliz la ak lòt moun te santi moun nan pa t ‘ap pale selon Lespri’ lè l te fè deklare doktrin nan.’ “Kijan Legliz la kapab konnen si ekspedisyon Frè yo nan prensip ak doktrin otman sipoze sa yo reponn ak kondisyon pou asire ke yo te ‘pale selon Sentespri a’? Legliz la ap konnen gras ak temwayaj Sentespri a ki akòde a manm yo, si Frè yo k ap eksprime ide yo a fè sa ‘sou enspirasyon Sentespri a’; epi konesans sa a ap revele pou yo lè moman an rive” (J. Reuben Clark Jr., “Church Leaders’ Words,” 10).

  7. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 49.