Kote Paviyon an ye?
Paviyon ki sanble l kache èd divin nan pa kouvri Bondye, men se nou menm li kouvri pafwa. Bondye pa janm kache, men pafwa se nou menm ki kache.
Nan pwofondè angwas li nan Prizon Libèty a, Profèt Joseph Smith te kriye: “O Bondye, kote ou ye? Kote paviyon ki kouvri kote w kache a?”1 Anpil nan noumenm, nan moman angwas pèsonèl nou, gen enpresyon ke Bondye lwen nou. Men paviyon ki sanble k kache èd divin nan pa kouvri Bondye; se nou menm li kouvri pafwa. Bondye pa janm kache, men pafwa noumenm nou kache, nou kouvri anba yon paviyon motivasyon ki elwanye nou de Bondye e ki ba nou enpresyon ke li elwaye ak inaksesib. Se dezi pèsonèl nou yo olye de atitid pou nou di “ke volonte ou fèt la,”2 ki kreye santiman ke gen yon paviyon ki bloke Bondye a. Bondye pa enkapab wè nou ni kominike avèk nou, men, nou gen dwa pa dispoze pou koute ak soumèt nou anba volonte Li, nan tan pa Li.
Santiman separasyon nou de Bondye a diminye lè nou vin plis menmjan avèk yon timoun devan Li. Sa pa fasil nan yon mond kote opinyon lòt èt imen kapab gen gwo enfliyans sou motivasyon nou yo. Men sa ap ede nou rekonèt verite sa a: Bondye pwòch nou, e li sousye pou nou e li pa janm kache pou pitit fidèl Li.
Pitit pitit fi twazan m nan te ilistre pouvwa inosans ak imilite pou konekte nou avèk Bondye a. Li te ale avèk fanmi li nan pòt ouvèt tanp Brigham City a nan Utah. Nan youn nan sal yo nan tanp lan, li te gade alantou li epi li te mande: “Manman, kote Jezi ye?” Manman an te eksplike l ke li pat kapab wè Jezi nan tanp lan, men li ta kapab santi enfliyans li nan kè l. Eliza te panse seryezman sou repons manman l lan epi apresa, li te sanble satisfè epi l te di konsa: “Jezi al ede yon moun.”
Pa t gen paviyon ki te kache konpreyansyon Eliza oubyen bouche vizyon li sou reyalite a. Bondye te pwòch li, epi li te santi li pwòch Bondye. Li te konnen tanp lan se mezon Senyè a men tou li te konprann Jezikri resisite ak glorifye a te gen yon kò epi li te kapab yon sèl kote alafwa.3 Li te rekonèt ke, si l pa t nan kay li a, siman li te dwe yon lòt kote. Epi, selon konesans li sou Sovè a, li te konnen li te dwe yon lòt kote ap fè byen pou pitit Papa Li yo. Sete klè li te espere wè Jezi, non pa pou te gen yon mirak pou konfime egzistans li, men senpleman paske li renmen Li.
Lespri a te kapab revele nan ti lespri timoun ni an ak nan kè li, rekonfò nou tout bezwen e nou tout vle a. Jezikri vivan, li konnen nou, l ap veye sou nou, e l ap pran swen nou. Nan moman doulè, solitid, oubyen konfizyon, nou pa bezwen wè Jezikri pou n konnen li okouran sitiyasyon nou epi misyon Li se pou fè nou byen.
Mwen aprann nan pwòp lavi pa m ke eksperyans Eliza a kapab tounen eksperyans pa nou lontan apre nou kite enfans nou. Nan premye ane karyè mwen yo, mwen te travay di pou m te jwenn yon pòs pwofesè nan inivèsite Stanford la. Mwen te estime ke m te debouye m pou m gen yon vi agreyab pou mwenmenm ak pou fanmi mwen. Nou t ap viv tou pre paran madanm mwen nan kad trè konfòtab. Selon kritè mond lan, mwen te reyisi. Mwen legliz la te ban m okazyon pou m te kite Kalifòni pou m ale nan Ricks Kolèj nan Rexburd, nan Idaho. Objektif pwofesyonèl lavi mwen te ka tounen yon paviyon pou separe m avèk yon Papa eman ki te konnen pi byen pase m sa demen te rezève pou mwen. Men mwen te gen benediksyon pou m te konnen ke tout reyisit mwen te genyen nan karyè mwen ak lavi familial mwen jiskaprezan yo sete yon kado Bondye. E konsa, tankou yon timoun piti, mwen te mete ajenou pou m priye e mande sa m dwe fè. Nan espri mwen, m te kapab tande yon ti vwa ki te di: “Se lekòl mwen.” Pa t gen paviyon ki te kache m de Bondye. Avèk lafwa ak imilite, mwen te soumèt volonte m anba pa li, e m te santi k l te sousye e l te pwòch.
Ane m te pase nan Ricks Kolèj, pandan m t ap eseye chèche ak fè volonte Bondye a, te pouse paviyon an pou l pa t kouvri mwen ni nwasi wòl aktif Bondye nan lavi mwen. Pandan m t ap chèche pou fè travay li, m te santi m pwòch li e m te gen asirans ke Li te konnen sitiyasyon mwen epi l te sousye anpil pou bonè mwen. Men, menmjan ak Stanford, motivasyon mond lan te kòmanse prezante devan mwen. Youn sete yon òf travay byen atiran, ki te prezante egzakteman nan moman m t ap fini senkyèm ane m kòm Prezidan Ricks Kolèj. Mwen te reflechi sou sa, mwen te priye sou sa, epi m te menm pale sa avèk manm Premye Prezidans lan. Yo te reponn mwen avèk chalè e avèk yon ti imou men sètènman pa avèk yon direksyon. Prezidan Spencer W. Kimball te koute m lè m te dekri l òf la m te resevwa nan men yon gwo antrepriz la epi l te di: “Enben, Hal, sa sanble yon okazyon mayifik! E si nou ta bezwen ou, n ap konn ki kote pou nou jwenn ou.” Yo t ap konn ki kote pou yo jwenn mwen, men dezi m pou reyisit pwofesyonèl la te kapab kreye yon paviyon ki te ka rann ni pi difisil pou m jwenn Bondye epi pou m koute ak suiv envitasyon Li.
Madanm mwen, ki te santi sa, te gen gwo enpresyon ke nou pa t dwe kite Ricks Kolèj. Mwen te di l: Sa sifi pou mwen.” Men li te ensiste, avèk sajès, pou m te chèche jwenn pwòp revelasyon pa mwen. E konsa, mwen te priye ankò. Fwa sa a, mwen te resevwa yon direksyon klè, sou fòm yon vwa nan lespri m ki te di: “M ap pèmèt ou rete nan Ricks Kolèj yon titan ankò.” Anbisyon pèsonèl mwen te kapab bouche vizyon mwen sou reyalite a epi rann li difisil pou m te resevwa revelasyon an.
Trant jou apre m te fin pran desizyon enspire pou m te resevwa òf travay la epi rete nan Ricks Kolèj la, baraj rivyè Teton an te kraze, tou pre a. Bondye te konnen baraj sa a ta pral kraze epi dèsantèn moun ta pral bezwen èd. Li te kite m chèche direksyon li epi jwenn pèmisyon pou m te rete nan Ricks Kolèj. Se sèlman Limenm ki te konnen tout rezon k fè sèvis mwen ta pral ankò enpòtan pou kolèj la ak nan Rexburg. Konsa, mwen te la, pou m te envoke Papa m ki nan Syèl souvan, nan lapriyè, pou l te ka di m sa pou m te fè pou te ded moun popriyete yo te andomaje yo oubyen ki te touche pèsonèlman yo. Mwen te pase anpil tan ap travay avèk lòt moun pou netwaye labou ak dlo nan kay yo. Dezi m pou m konnen ak fè volonte L la te ban m okazyon pou m te pwogrese espirityèlman.
Ensidan sa a demontre yon lòt fason nou kapab kreye yon baryè ki anpeche nou konnen volonte Bondye obyen santi lanmou Li pou nou: nou pa ka ensiste sou kalandriye pa nou lè Senyè gen pwòp kalandriye pa li. M te panse m te pase ase tan nan tach mwen nan Rexburg e m te prese pou fè yon chanjman. Pafwa ensistans nou pou aji an fonksyon pwòp kalandiye pa nou kapab bouche volonte Li pou nou.
Nan Prizon Liberty a, Joseph Smith te mande Senyè a pou l te pini moun ki t ap pèsikite manm Legliz yo nan Misouri a. Nan priyè l la, li te vle yon chatiman fèm ak rapid. Men, Senyè a te reponn ke “anpil ane p ap pase,”4 anvan l regle avèk enmi Legliz yo. Nan vèsè 24 ak 25 nan seksyon 121 Doktrin ak Alyans yo, li di:
Gade, je mwen wè epi m konnen tout zèv yo, epi m gen an rezèv yon jijman ki rapid nan sezon an pou yo tout;
Paske gen yon tan ki fikse pou chak moun, dapre zèv li.”5
Nou retire paviyon an lè nou di sensèman nan lapriyè nou “se pou volonte ou fèt” ak “nan pwòp tan pa ou.” Tan li dwe bonè ase pou nou paske nou konnen Li vle sèlman sa ki bon pou nou.
Youn nan bèlfi m yo te pase anpil ane ap santi ke Bondye te mete yon paviyon sou li. Li sete yon jèn manman twa pitit, ki te anvi fè plis pitit toujou. Apre l te fin pèdi de timoun, priyèl yo te vin angwase. Anpil ane pase sa l pa t ka fè pitit, e li te vin tante pou mete l ankòlè. Lè pi piti a t al lekòl, vid nan fwaye a te sanble ap moke dezi li pou fè pitit la. Li te gen zanmi ki te ansent sa planifye e ki menm pa t bezwen tonbe ansent, e sa te fè menm efè kòlè a sou li. Li te santi l osi angaje ak osi konsakre ke Mari, ki te di: “Se sèvant Mèt la mwen ye.”6 Men byenke l t ap repete pawòl sa yo nan kè li, li pat kapab tande repons pou yo.
Nan espwa pou remonte moral li, mari l te envite l pou akonpaye li nan Kalifòni nan yon vwayay travay. Pandan mari li te ale nan reyinyon yo, limenm li t ap mache sou bèl plaj vid, mayifik la. l Avèk kè l prèt pou eklate, li te priye byen fò. Pou lapremyè fwa, li pa t mande pou l fè yon lòt timoun men pou l akonpli yon bagay pou Senyè a. Li te kriye: “Papa nou ki nan Syèl la, m ap ba ou tout tan mwen; silvouplè, montre m kijan pou m okipe li.” Li te eksprime volonte li pou l te mennen fanmi li nenpòt kote yo ta mande l pou yo ale. Priyè sa a te pwodwi yon santiman lapè li pa t atann. Sa pa t satisfè swaf li pou l te jwenn sètitid la, men pou lapremyè fwa depi dèzane, sa te kalme kè li.
Lapriyè a te retire paviyon an epi te ouvri fenèt syèl yo. Mwens pase 2 semèn apre, li te aprann li te ansent. Nouvo bebe sa a te fèk gen ennan lè pitit gason m nan ak bèlfi m nan te resevwa yon apèl misyon. Jan li te pwomèt pou l te fè nenpòt bagay nenpòt kote a, li te repouse santiman laperèz li yo epi li te pati aletranje avèk pitit li yo. Nan chan misyon an, li te fè yon lòt timoun, nan yon jou transfè misyonè.
Li endispansab pou nou soumèt nou konplètman anba volonte syèl la, menmjan ak jèn manman sa a, pou nou retire paviyon espirityèl yo nou mete sou tèt nou pafwa yo. Men sa pa garanti yon repons imedya pou priyè nou yo.
Kè Abraramm te sanbla l te jis lontan anvan Sara te fè Izaak e anvan yo te resevwa tè pwomiz la. Syèl la te gen lòt objektif pou l te ranpli toudabò. Objektif sa yo sete non sèlman pou edifye lafwa Abraram ak Sara, men tou, pou ansenye yo verite etènèl te pwoklame bay lòt moun toutolon wout chaje detour a ki te prepare pou yo a. Dèle Senyè a souvan sanble yo long; genyen ki dire tout yon lavi. Men yo toujou kalkile pou yo fè byen. Delè yo pa oblije se peryòd solitid oswa chagren oswa enpasyans.
Byenke kalandriye pa l la se pa toujou kalandriye pa nou, nou kapab sèten ke Senyè a kenbe pwomès Li. Pou nenpòt nan nou ki panse kounyeya ke l difisil pou atenn Bondye, m ap temwanye ke jou a ap vini kote nou tout pral wè Li fasafas. Menmjan pa gen anyen kounyeya ki bloke vizyon li gen sou noumenm nan, se menmjan tou pa p gen anyen ki ap bloke vizyon nou genyen de li. Nou tout apral kanbe devan an pèsòn. Menmjan ak pitit pitit fi m nan, nou vle wè Jezikri kounyeya, men reyinyon asire nou menm avèk li a nan ba jijman an pral pi agreyab si nou premyèman fè bagay ki rann ni familye pou nou yo, jan nou familye pou li a. Pandan n ap sèvi Li, n ap vini plis menmjan avèk li, e n ap santi nou pi pwòch li pandan ke n ap rapwoche nou de jou sa a kote anyen pap bare vizyon nou an.
Mouvman nan direksyon Bondye a kapab toujou ap kontinye. Senyè a ansenye: “Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m’, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t’ap kreye lemonn lan.”7 Epi, apresa li di nou ki fason:
“Paske Mwen te grangou, nou ban m’ manje; mwen te swaf dlo, nou ban m’ bwè. Mwen te lwen peyi m’, nou te resevwa m’ lakay nou.
“Mwen te toutouni, nou te ban m’ rad. Mwen te malad, nou pran swen m’; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.
“Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n’ te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?
“Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n’ te ba ou rad?
“Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n’ te al wè ou?
Wa a va reponn yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m’ yo, se pou mwen nou te fè li.”8
Lè nou akonpli sa l mande nou fè pou pitit Papa L yo, Senyè a konsidere sa kòm zak jantiyès anvè Li, e n ap santi nou pi pwòch Li paske n ap santi lanmou li ak apwobasyon li. Yon jou, n ap vin menmjan avèk li, e n apral tann jou jijman an avèk lajwa.
Paviyon ki sanble l kache nou pou Bondye a se kapab krent lèzòm, olye de dezi pou nou sèvi pwochen nou. Sèl motivasyon Senyè a sete pou ede moun. Anpil nan noumenm, menmjan avèk mwen, konn santi krent lè n ap abòde yon moun nou te ofanse oubyen ki te blese nou. E poutan, anpil fwa, mwen wè Senyè a adousi kè moun, enkli kè pa m tou. Konsa, m ap envite nou pou nou ale vè yon moun pou Senyè a, malgre tout krent nou kapab genyen, pou nou pote lanmou nou ak padon nou. Mwen pwomèt nou si nou fè sa, n ap santi lanmou Sovè a pou moun sa a a ak lanmou Li pou nou, e nou pap gen enpresyon ke sa soti byen lwen. Pou noumenm, tach la gen dwa sitiye nan yon fanmi, nan yon kominote, oubyen nan tout yon peyi.
Men, si nou ale beni lòt moun pou Senyè a, l ap wè sa e l ap rekonpanse nou. Si nou fè sa souvan e ase lontan, n ap santi yon chanjman nan nati nou, gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Non sèlman n ap santi nou pi pwòch li, n ap santi nou plis an plis ap tounen menmjan avèk li tou. Lè sa a, lè na va rankontre li, jan sa ap ye pou nou tout la, nou pral viv menm bagay Mowoni te viv la, lè l te di: “Epi kounyeya, m di tout moun orevwa. Talèkonsa m pral repoze nan paradi Bondye a, jistan lespri m ak kò m reyini ankò, e m monte avèk triyonf anlè a, pou m rankontre nou devan bon tribinal plezan gran Jewova a, jij etènèl ni vivan yo ak mò yo. Amèn.”9
Mwen temwaye ke, si nou sèvi avèk lafwa, imilite, ak dezi pou fè volonte Bondye, ba jijman gran Jeyova a ap agreyab. Na va wè Papa eman nou an ak Pitit Gason L lan jan yo wè nou kounyeya, avèk yon klate pafè ak yon amou pafè. Nan non sakre Jezikri, amèn.