2010–2019
Lanmou—Esans levanjil la
Avril 2014


15:52

Lanmou—Esans levanjil la

Nou pa ka reyèlman renmen Bondye si nou pa renmen konpayon vwayajè nou yo nan vwayaj sa a nan mòtalite a.

Chè frè m ak sè m yo, lè Sovè a t ap sèvi pami lèzòm nan, doktè lalwa a ki t ap chèche konnen an te poze l kesyon sa a: “Mèt, kiyès ki pi gwo kòmandaman an nan tout lalwa a?”

Matye ekri sa Jezi te reponn ni:

“Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, avèk tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tou lide ou.

“Se kòmandman sa a ki pi gwo.

“Men dezyèm nan ki gen menm enpòtans avèk li, Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.”1

Mak fini resi a avèk deklarasyon Sovè a: “Pa gen okenn lòt kòmandman ki pi gran pase sa yo.”2

Nou pa ka vrèman renmen Bondye si nou pa renmen konpayon vwayajè yo k ap vwayaje avèk nou nan mòtalite sa a. Menmjan tou, nou pa ka totalman renmen pwochen nou si nou pa renmen Bondye, Papa nou tout la. Apot Jan di nou: “Se sa k fè, men kòmandman Kris la ba nou: moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou.”3 Nou tout se pitit espri Papa nou ki nan Syèl la, epi, antanke sa, nou se frè ak sè. Si nou kenbe verite sa a nan lespri nou, renmen tout pitit Bondye ap vin pi fasil pou nou.

An reyalite, lanmou se vrè esans levanjil la, epi Jezikri se Egzanp nou. Lavi li sete yon don lanmou. Li te geri moun malad, relve moun oprime, li te sove pechè a. Alafen, foul moun ankòlè a te pran lavi li. Men soti sou mòn Gòlgota a, nou ka tande pawòl sa yo: “Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè”4—yon ekspresyon siprèm sou konpasyon ak lanmou nan mòtalite a.

Gen anpil kalite ki se ekspresyon lanmou, tankou jantiyès, pasyans, jenewozite, konpreyansyon, ak padon. Nan tout rapò nou avèk lòt moun, kalite sa yo ak lòt tankou yo ap ede lòt moun wè amou ki nan kè nou an.

Abityèlman, nou demontre lanmou nou nan relasyon nou genyen chak jou youn ak lòt. Sa k pi enpòtan an se kapasite nou pou rekonèt bezwen yon moun epi reponn apresa. M toujou cheri santiman yo eksprime nan ti powèm sa a:

Lannuit mwen kriye

Dèske m te si bòne

Mwen pa t wè bezwen yon lòt moun.

Men m poko janm

Santi menm yon ti regrè

Poutèt m te twò janti.5

Dènyèman yo te rakonte m yon egzanp touchan sou bonte—yon egzanp ki te pote rezilta moun pa t atann. Sete nan ane 1933, kote, akoz Gwo Depresyon an, opòtinite travay te ra anpil. Istwa a te dewoule nan Lès Etazini. Arlene Biesecker te fèk fini etid li nan lekòl segondè. Apre anpil tan ap chèche travay, li te finalman reyisi jwenn yon travay kòm koutiryè nan yon faktori twal. Yo te peye travayè yo sèlman pou chak pyès kòrèkteman fini yo te koud chak jou. Plis pyès yo te pwodui, se plis yo te touche.

Yon jou, yon ti bout tan apre l te kòmanse travay nan faktori a, Arlene te fè fas ak yon teknik ki te pètibe li ak kontrarye li. Li te chita devan machin nan ap eseye defèt yon tantativ li te fè pou l te fini pyès li t ap travay la sou li a. Sanble pa t gen okenn moun pou te ede li, paske tout lòt koutiryè yo t ap prese fini otan pyès yo te kapab. Arlene te santi l sanzespwa ak dekouraje. An silans, li te kòmanse kriye.

Te gen Bernice Rock ki te chita anfas Arlene nan. Li te pi aje epi l te gen plis eksperyans kòm koutiryè. Lè l te wè detrès Arlene, Bernice te kite pwòp travay pa l la e l t al bò kote Arlene, li te jantiman konseye l sa pou l te fè e l te ede li. Li te rete jiskaske Arlene te santi l gen plis konfyans e l te kapab reyisi fini pyès la. Apresa Bernie te retounen al chita sou machin pa l la, e li te rate okazyon pou l te fini otan travay li te kapab la, si l pa t al ede yon moun.

Apre zak jantiyès sa a, Bernice ak Arlene te vin bon zanmi pandan tout lavi yo. Yo chak te fini pa marye e yo te fè pitit. Yon lè nan ane 1950 yo, Bernice, ki sete yon manm legliz la, te bay Arlene ak fanmi li yon Liv Mòmon. An 1960, Arlene ak mari li ak pitit li te vin batize antre nan Legliz la. Nan apre, yo te sele nan tanp.

Kòm rezilta konpasyon Bernice te montre lè l te kite travay li pou l t al ede yon moun li pa t menm konnen men ki te andetrès e te bezwen asistans lan, anpil moun, ni vivan ni sa k mouri, benefisye òdonans levanjil yo kounyeya.

Chak jou nan lavi nou, nou gen okazyon pou nou montre lanmou ak jantiyès pou moun bò kote nou. Prezidan Spencer W. Kimball te di: “Nou dwe sonje ke moun sa yo nou rankontre nan pakinn yo, nan asansè yo, ak tout lòt kote yo se pòsyon limanite sa a Bondye ba nou pou nou renmen ak sèvi a. Sa pap pote okenn pwofi pou nou si nou pale de fratènite inivèsèl nan limanite epi nou pa kapab konsidere moun bò kote nou kòm frè nou ak sè nou.”6

Souvan, opòtinite pou montre lanmou nou yo vini sanzatann. Yon egzanp sou yon opòtinite konsa te parèt nan yon atik jounal an Oktòb 1981. M te tèlman enpresyone pa lanmou ak konpasyon yo te dekri ladan l lan ke m te konsève atik la nan dosye m pandan 30 ane.

Atik la di yo te devire yon avyon ki t ap fè yon vòl dirèk soti Anchorage, nan Alaska, pou ale Seattle, nan Washington—yon vòl ki t ap transpòte 150 pasaje—pou te fè l ale nan yon ti lokalite elwaye nan Alaska, pou l t al chèche yon tigason ki te blese grav. Tigason ki te gen dezan an te gen yon venn koupe nan bra li lè l te tonbe sou yon moso vè pandan l t ap jwe bò lakay li. Vil la te sitiye a 725 kilomèt nan Sid Anchorage e li pa t sou wout avyon an ditou. Men, doktè yo ki te prezan yo te voye mande yon èd an ijans, epi konsa, yo te devire avyon an pou l t al pran timoun nan pou te mennen l Seattle pou l te ka jwenn swen nan yon lopital.

Lè avyon an te ateri toupre vil elwaye a, doktè yo te enfòme pilòt la ke tigason an te sitèlman ap senyen ke yo pa t panse l te ka siviv vòl pou al Seattle la. Yo te pran desizyon pou fè avyon an fè yon lòt detou 320 kilomèt pou l t al Junean, nan Alaska, vil ki te gen lopital pi pre a.

Apre yo te fin transpòte tigason an Junean, vòl la te dirije al Seattle, avèk anpil èdtan reta. Okenn pasaje pa t plenyen, malgre pifò nan yo te rate randevou yo ak vòl koneksyon yo. Anfèt, pandan pil minit ak èdtan yo t ap pase a, yo te fè lakòlèk e yo te ranmase yon bon ti kòb pou tigason an ak fanmi li.

Lè avyon an te prèske ateri Seattle, pasaje yo te aplodi lè pilòt la te anonse l te aprann pa radyo ke tigason an t ap oke.7

Pawòl ekriti sa yo te vini nan lespri mwen: “Charite se lanmou pi Kris la, ... e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.”8

Frè m ak sè m yo, kèk nan pi bèl okazyon pou demontre lanmou nou yo ap prezante andedan lakay nou. Lanmou dwe andedan kè lavi familyal nou, men poutan, pafwa li pa la. Gen dwa gen twòp enpasyans, twòp chirepit, twòp goumen, twòp dlo nan je. Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Poukisa se moun nou pi renmen yo nou souvan ap di pawòl rèd? Poukisa [nou] pafwa di pawòl ki tankou kouto ki ka blese moun?”9 Repons pou kesyon sa yo gen dwa diferan pou nou chak, men sa pou nou kenbe sèke rezon yo san enpòtans. Si nou vle respekte kòmandman pou youn renmen lòt la, nou youn dwe trete lòt avèk jantiyès ak respè

Natirèlman ap gen okazyon kote nou oblije mete disiplin. Men annou sonje konsèy ki nan Doktrin ak Alyans lan—ki di, lè nou oblije reprimande yon moun, nou dwe montre yon pi gwo lanmou apresa.10

Mwen espere n ap fè efò pou n toujou gen respè ak konsiderasyon pou panse ak santiman ak sitiyasyon moun ki bò kote nou. Annou pa rabese moun ni imilye moun. Olyesa, annou konpatisan ak ankourajan. Nou dwe veye pou nou pa detwi konfyans yon lòt moun atravè pawòl n ap di ak aksyon n ap fè san reflechi.

Padon dwe mache men nan lamen avèk lanmou. Nan fanmi nou, osibyen avèk zanmi nou, ka gen santiman blese ak dezakò. M ap repete, rezon k fè pwoblèm nan egziste a pa enpòtan. Nou pa dwe kite bagay yo deraye, pouri, e finalman detwi. Akizasyon se bagay ki kenbe blesi louvri. Se sèlman padon ki geri.

Yon bèl madanm ki mouri kounyeya te vin vizite m yon jou e, sanzatann, li te rakonte m kèk nan regrè li te genyen. Li te pale m de yon ensidan ki te pase depi dèzane ki te enplike yon fèmye ki te vwazen li, ki otrefwa te yon bon zanmi li menm ak mari li men yo te tonbe nan dezakò plizyè fwa. Yon jou, fèmye a te mande si l te ka pran yon rakousi sou tè yo a pou l te ka ale sou tè pa l la. Lè l te rive nan pwen sa a, madanm nan te sispann pale, epi avèk tranbleman nan vwa li, li te di “Frè Monson, mwen pa t kite l pase sou tè nou an jou sa a ni nan apre men, m te kite l oblije fè tout tou a apye, pou l t ale sou tè pa l la. M te antò, e mwen regrèt sa. Kounyeya li mouri, men o, ala m ta renmen di li ‘mwen sitèlman dezole.’ Ala m ta renmen gen yon dezyèm chans pou m te ka janti.”

Pandan m t ap koute l la, pawòl John Greenleaf Whittier te ekri yo te vin nan lespri mwen: “Nan tout mo tris ki pwononse oubyen ekri, men mo ki pi dezolan yo, se sa yo: ‘Si m te konnen!’”11 Frè m ak sè m yo, si nou trete lòt moun avèk amou ak konsiderasyon, n ap evite kalite regrè sa yo.

Lanmou eksprime nan plizyè fason rekonesab: yon souri, yon alo, yon pawòl janti, yon konpliman. Gen lòt ekspresyon ki ka pi sibtil, tankou montre w enterese nan aktivite yon lòt moun, anseye yon prensip avèk jantiyès ak pasyans, vizite yon moun ki malad oubyen ki oblije rete kouche. Pawòl ak aksyon sa yo, ak anpil lòt tou, kapab kominike lanmou.

Dale Carnegie, Dale Carnegie, yon otè e konferansye Ameriken renome, te kwè chak moun gen nan limenm “pouvwa pou ogmante sòm total bonè nan mond lan … nan di yon moun ki sèl oswa dekouraje kèk ti mo apresyasyon sensè.” Li te di: “Petèt demen w ap bliye pawòl janti ou te pwononse jodia yo, men moun ou te di yo a ap cheri yo pou tout lavi.”12

Se pou kounyeya, jodia menm, nou kòmanse eksprime lanmou nou pou tout pitit Bondye yo, keseswa manm fanmi nou, zanmi nou, senp relasyon, oubyen total etranje. Lè nou leve chak maten, annou pran desizyon pou nou reyaji avèk amou ak jantiyès nan tout sitiyasyon ki ka prezante devan nou.

Odela konpreyansyon, frè m ak sè m yo, gen lanmou Bondye pou nou. Akoz lanmou sa a, li te voye Pitit Gason l lan, ki te renmen nou ase pou l te bay lavi li pou nou, pou nou kapab gen lavi etènèl. Lè nou vin konprann don enkonparab sa a, kè nou va ranpli avèk amou pou Papa Etènèl nou an, pou Sovè nou an, ak pou tout limanite. Pou sa ka fèt, mwen priye sensèman, nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 22:36–39.

  2. Mak 12:31.

  3. 1 Jan 4:21.

  4. Lik 23:34.

  5. Author unknown, nan Richard L. Evans, “The Quality of Kindness,” ImprovementEra, Me 1960, 340.

  6. The Teachings of Spencer W. Kimball, ed. Edward L. Kimball (1982), 483.

  7. Gade “Injured Boy Flown to Safety,” Daily Sitka Sentinel (Alaska), Okt. 22, 1981.

  8. Mowoni 7:47.

  9. Gordon B. Hinckley, “Let Love Be the Lodestar of Your Life,” Ensign, Me 1989, 67.

  10. Gade Doktrin ak Alyans 121:43.

  11. “Maud Muller,” nan The Complete Poetical Works of John Greenleaf Whittier (1878), 206; italik ajoute.

  12. Dale Carnegie, nan, pa egzanp, Larry Chang, Wisdom for the Soul (2006), 54.