2010–2019
Senyè a gen yon plan pou nou!
oktòb 2014


Senyè a gen yon plan pou nou!

Si nou kontinye viv jan n ap viv la, èske benediksyon yo pwomèt nou yo p ap akonpli?

Ala yon privilèj sa ye pou mwen pou m ka fè pati moman istorik sa a kote oratè yo nan konferans jeneral la gen opsyon pou yo pale nan lang natif natal yo a. Dènye fwa m te pale sou chè sa a, m te enkyè akoz aksan mwen an Anglè. Kounyeya, mwen pè pou m pa pale twò vit nan lang Pòtigè a. M pa vle pale pi vit pase pawòl ki ekri sou ekran yo.

Nou tout konn gen okazyon oubyen nou pral gen okazyon pou nou pran gwo desizyon nan lavi nou. Èske m ta dwe kontinye nan karyè sa a oubyen yon lòt? Èske m dwe al fè misyon? Èske moun sa se bon moun nan pou m marye?

Bagay sa yo se sitiyasyon ki nan diferan aspè nan lavi nou kote yon ti chanjman direksyon ka gen konsekans siyifikatif pou avni nou. Nan pawòl Prezidan Dieter F. Uchtdorf yo: “Pandan tout ane m ap sèvi Senyè a …, mwen aprann ke diferans ant bonè ak male pou moun yo, nan maryaj yo, nan fanmi yo, souvan soti nan yon erè kèk ti degre sèlman” (“A Matter of a Few Degrees,” Ensign oswaLiahona, Me 2008, 58).

Kouman nou kapab evite ti erè nan kalkil sa yo?

M pral rakonte yon eksperyans pèsonèl pou ilistre mesaj mwen an.

Nan fen ane 1980 yo, jèn fanmi mwen te konpoze pa madanm mwen, Mônica, de nan kat pitit nou yo, avèk mwen menm. Nou te abite São Paulo, nan Brezil, epi m t ap travay pou yon bon konpayi. M te fini avèk etid nan inivèsite epi yo te fèk relve m kòm evèk nan pawas kote nou te abite a. Lavi a te bèl, epi tout bagay te sanble jan yo ta dwe ye a---jisskaske yon jou, yon ansyen zanmi te rann nou vizit.

Nan fen vizit li a, li te fè yon komantè epi l te poze m yon kesyon ki te boulvese konviksyon mwen. Li te di m: “Carlos, tout bagay sanble y ap mache byen pou ou, fanmi ou, karyè pwofesyonèl ou, ak sèvis ou nan Legliz la, men---” epi apresa li te poze kesyon sa, “si ou kontinye viv jan wap viv la, èske pwomès nan benediksyon patriyakal ou yo a ap akonpli?”

M pa t janm te panse ak benediksyon patriyakal mwen an nan fason sa a. M te konn li l tanzantan, men se pat janm avèk entansyon pou m te wè benediksyon yo te pwomèt mwen pou lavni yo, ni pou evalye fason m t ap viv nan moman an.

Apre vizit li a, m te vire atansyon m sou benediksyon patriyakal mwen an, m te mande tèt mwen: “Si nou kontinye viv jan n ap viv la, èske benediksyon yo pwomèt yo ap akonpli?” Apre kèk ekzaminasyon, m te santi gen kèk chanjman ki te nesesè, patikilyèman konsènan etid mwen ak sitiyasyon pwofesyonèl mwen.

Se pat yon desizyon ant sa ki byen ak sa ki mal, men ant sa ki bon ak sa ki pi bon, jan Èldè Dallin H. Oaks te anseye nou an, lè l te di: “Lè n ap konsidere plizyè chwa, nou dwe sonje ke li pa sifi pou yon bagay bon. Gen lòt chwa ki pi bon, epi gen lòt ki pi bon toujou” (“Good, Better, Best,” Ensign oswaLiahona, Nov. 2007, 104–5).

Konsa, kijan pou nou asire nou ke desizyon n ap pran an se pi bon desizyon an?

Men kèk prensip m te aprann.

Prensip nimewo en: Nou bezwen anvizaje opsyon yo avèk fen an nan tèt nou

Pran desizyon ki kapab gen enpak sou lavi nou ak lavi moun nou renmen yo, san nou pa gen yon pi gran vizyon sou konsekans desizyon sa yo, kapab riske. Men, si nou chèche pwojte nou nan lavni pou n evalye konsekans posib desizyon sa yo, nou ka pi klèman wè pi bon chemen pou nou suiv la nan moman prezan an.

Konprann kiyès nou ye, poukisa nou isit la sou tè a, ak sa Senyè a atann nan men nou nan lavi sa a, se bagay k ap ba nou vizyon ki pi laj la nou bezwen an.

Nou kapab jwenn egzanp nan ekriti yo kote lefèt ke yon moun te gen pi gran vizyon sa a, sa te pote klate nan chemen pou l te suiv la.

Moyiz te pale avèk Senyè a fasafas, li te aprann sou plan sali a, epi konsa, li te vin pi byen konprann wòl li kòm pwofèt rasanbleman Izrayèl la.

“Epi Bondye te pale avèk Moyiz, li te di: Gade, m se Senyè Bondye Toupuisan an. …

“… Epi m ap montre ou travay men mwen. …

“Epi, m gen yon travay pou ou, Moyiz, pitit gason m nan” (Moyiz 1:3–4, 6).

Gras ak konpreyansyon sa a, Moyiz te kapab reziste anpil pil ane tribilasyon yo nan dezè a pou l te ka mennen Izrayèl retounen lakay li.

Leyi, gran pwofèt Liv Mòmon an, te fè yon rèv, epi nan vizyon l yo, li te aprann misyon li pou dirije fanmi l al nan tè pwomiz la.

“Epi, se te konsa, Senyè a te pale avèk papa m, e nan yon rèv, pou l pran fanmi l e pou l pati nan dezè a.

“… Epi l te kite kay li, ak tè eritaj li, ak lò l, ak lajan l, ak bagay chè li yo” (1 Nefi 2:2, 4).

Leyi te rete fidèl nan vizyon sa a malgre difikilte vwayaj yo e malgre l te oblije kite yon lavi konfòtab dèyè l nan Jerizalèm.

Pwofèt Joseph Smith se yon lòt gwo egzanp. Gras ak plizyè revelasyon, kòmanse avèk Premye Vizyon an, li te kapab akonpli misyon li, ki sete pou l retabli tout bagay la (gade Joseph Smith—Istwa 1:1–26).

E nou menm? Kisa Senyè a ap atann nan men nou chak?

Nou pa bezwen wè zanj pou nou konprann bagay yo. Nou gen ekriti yo, tanp lan, pwofèt vivan yo, benediksyon patriyakal nou, dirijan enspire, epi, anwo tout, dwa pou nou resevwa revelasyon pèsonèl pou gide nou nan desizyon nou yo.

Prensip nimewo de: Nou bezwen prepare nou pou difikilte ki gen pou vini yo

Nan lavi a, pi bon chemen yo se raman chemen ki pi fasil yo. Souvan, se egzakteman opoze a. La ankò, nou ka gade egzanp pwofèt m fèk sot mansyone yo

Moyiz, Leyi ak Joseph Smith pa t gen pakou ki te fasil malgre ke yo te pran desizyon ki te kòrèk yo.

Èske nou dispoze pou nou peye pri desizyon nou yo? Èske nou pare pou nou kite zòn konfòtab nou yo, pou n al nan yon pi bon kote?

Pou m retounen sou eksperyans avèk benediksyon patriyakal mwen an, m te vin rive nan konklizyon lè sa a ke m te dwe chèche pousuiv etid mwen epi chèche jwenn yon bousdetid nan yon inivèsite Ameriken. Si yo ta chwazi m, m t ap oblije kite travay mwen, vann tout sa nou te genyen, epi al viv nan Etazini kòm etidyan pandan dezan.

Tès tankou TOEFL ak GMAT te vin premye obstak pou m te simonte. Sa te pran twa long ane preparasyon, anpil “non,” ak kèk petèt “petèt” anvan yo te finalman aksepte m nan yon inivèsite. Mwen ankò sonje apèl telefòn m te resevwa nan fen twazyèm ane a nan men moun ki te responsab bousdetid yo.

Li te di : “Carlos, m gen yon bon nouvèl ak yon move nouvèl pou ou. Bon nouvèl la sèke ou se yonn nan pami twa finalis yo ane sa a.” Te gen yon sèl bousdetid disponib lè sa a. “Move nouvèl la sèke yonn nan lòt kandida yo se pitit yon moun ki enpòtan, lòt la se pitit yon lòt moun ki enpòtan, epi apresa, gen oumenm.”

Rapidman, m te reponn : “Epi mwen menm … m se yon pitit Bondye.”

Erezman, lyen parante terès se pa t faktè desizif la, e yo te aksepte m nan ane sa, an 1992.

Nou se pitit Bondye Toupuisan an. Li se Papa nou, Li renmen nou, epi Li gen yon plan pou nou. Nou pa la a isit nan lavi sa a pou nou gaspiye tan nou, pou nou vin granmoun, epi pou nou mouri. Bondye vle nou pwogrese epi atenn potansyèl nou.

Daprè pawòl Prezidan Thomas S. Monson: “Nou chak, selibatè oubyen marye, kèlkeswa laj nou, nou gen opòtinite pou nou aprann epi pou nou pwogrese. Agrandi konesans nou, ni entelektyèl ni espirityèl, jiskaske nou atenn nivo total potansyèl divin ou” (“The Mighty Strength of the Relief Society,” Ensign, Nov. 1997, 95).

Prensip nimewo twa: Nou dwe pataje vizyon sa a avèk moun nou renmen yo

Leyi te fè plis pase kèk tantativ pou ede Laman ak Lemyèl konprann enpòtans chanjman yo tap fè a. Lefèt ke yo pat pataje vizyon papa yo a, sa te lakoz yo te plenyen pandan tout vwayaj la. Men, Nefi limenm, te konsilte Senyè a pou l te kapab wè sa papa l te wè yo.

“Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, lè m te fin tande tout pawòl papa m yo konsènan bagay li te wè nan vizyon an, … m … te vle wè, tande e konnen bagay sa yo avèk pouvwa Sentespri a” (1 Nefi 10:17).

Avèk vizyon sa a, Nefi te kapab non sèlman simonte difikilte vwayaj la yo, men tou, li te ka dirije fanmi li lè sa te vin nesesè.

Se konsa tou lè nou deside pran yon sèten chemen, li pwobab ke moun nou renmen yo pral afekte, epi gen kèk ki ap menm pataje rezilta chwa sa a avèk nou. Nan yon fason ideyal, yo pral kapab wè sa nou wè a, epi yo pral pataje menm konviksyon avèk nou. Sa pa toujou posib, men, lè sa rive, vwayaj la pi fasil..

Nan eksperyans pèsonèl m te itilize kòm ilistrasyon an, sa te endiskitab ke m te bezwen sipò madanm mwen. Timoun yo te piti toujou e yo pa t gen anpil bagay pou yo te di, men, sipò madannm mwen te esansyèl. M sonje nan kòmansman, Mônica avèk mwen te oblije byen diskite chanjman sa a nan plan nou yo jiskaske li te vin santi l konfòtab epi l te vin deside angaje li. Vizyon pataje sa a te non sèlman pèmèt li sipòte chanjman an, men, li te vin yon pati esansyèl nan siksè chanjman an tou.

Mwen konnen Seyè a gen yon plan pou nou nan lavi sa. Li konnen nou. Li konn sa k pi bon pou nou. Menmsi bagay yo ap byen mache, sa pa vle di ke tanzantan nou pa dwe cheche konnen si pa gen yon bagay ki pi bon. Si nou kontinye viv jan n ap viv la, èske benediksyon yo pwomèt nou yo ap akonpli?

Bondye vivan. Li se Papa nou. Jezikri, Sovè a vivan, epi m konnen ke gras ak sakrifis ekspyatwa l la nou kapab jwenn fòs pou nou simonte difikilte jounalye nou yo. Nan non Jezikri, amèn.

Enprime