2010–2019
Vanyan nan temwayaj Jezi a
Oktòb 2016


15:34

Vanyan nan temwayaj Jezi a

Nou pa ka pèmèt nou kite pyèdachopman vin pote konfizyon ak konplikasyon nan temwayaj nou konsènan Papa a ak Pitit Gason an.

Lavi etènèl se pi gwo nan tout kado Bondye yo epi se moun ki “respekte kòmandman yo epi pèsevere jiskalafen.” li bay li. Yon lòtbò, lavi etènèl avèk Papa nou ki nan syèl la, moun “ki pa vanyan nan temwayaj Jezi yo.” y ap refize yo li. Gen yon kantite pyèdachopman ki ka anpeche nou atenn bi lavi etènèl la. Pyèdachopman yo ka konplèks, kite m ilistre sa pou nou.

Sa gen kèk ane, papa m te bati yon ti kabin nan yon pati sou teren fèm kote l te grandi a. Peyizaj yo atravè preri a te eksepsyonèl. Lè yo te monte mi kabin nan, m t al fè yon vizit. M te etone wè fenèt pou w te gade deyò a te bay dirèkteman sou yon poto elektrik ki te tou pre kay la. Pou mwenmen, sete yon gwo bagay ki te gache bèl vi peyizaj la.

Poto elektrik w ap gade atravè fenèt la

M te di: “Papa, poukisa w kite yo mete poto elektrik la dirèkteman devan fenèt la?”

Papa m, yon mesye eksepsyonèlman pratik e kalm, te di avèk emosyon: “Quentin, poto elektrik sa a se pi bèl bagay pou mwen nan tout fèm nan!” Apresa, li te eksplike m poukisa. “Lè m gade poto sa a, m reyalize ke, kontrèman ak jan sa te ye lè m t ap grandi isit la, m pa pral oblije bwote dlo nan bokit soti nan sous la pou al nan kay la pou kuit manje, pou lave men m, oubyen benyen. M pra pral oblije limen balèn ni lanp lannuit pou m li. M vle wè poto limyè sa a egzakteman nan mitan vi fenèt la.”

Papa m te gen yon pwendvi diferan ak pa m sou poto elektrik la. Pou limenm, poto sa a te reprezante yon lavi miyò, men pou mwen, sete yon obstak ki te bouche yon peyizaj mayifik. Papa m te bay limyè a, klète a, ak pwòpte plis vale pase yon bote peyizaj la. M te imedyatman reyalize ke, pandan poto a sete yon pyèdachopman pou mwen an, li te gen yon gwo siyifikasyon pratik ak senbolik pou papa m.

Yon pyèdachopman se “yon obstak pou kwayans oswa konpreyansyon” oswa “yon obstak pou pwogrè.” Trebiche espirityèlman se “tonbe nan peche oubyen nan rebelyon.” Yon pyèdachopman kapab se nenpòt bagay ki anpeche nou atenn bi ki jis.

Nou pa ka pèmèt nou kite pyèdachopman fè temwayaj nou konsènan Papa a ak Pitit Gason an vin tonbe nan konfizyon ni konplikasyon. Nou pa ka tonbe nan pyèj sa a. Temwayaj nou konsènan Yo dwe rete pi ak senp tankou agiman senp papa m nan pou defann poto elektrik sou fèm kote l te grandi a.

Kisa ki kèk nan pyèdachopman ki pote konfizyon ak konplikasyon nan temwayaj pi ak senp nou sou Papa a ak Pitit Gason an e ki anpeche nou vanyan nan temwayaj sa a?

Youn nan pyèdachopman sa yo se filozofi lèzòm

Nou pran angajman pou n akeri tout kalite konesans epi nou konnen “laglwa Bondye se entèlijans.” Men, nou konnen tou, pi bon strateji advèsè a se pou mennen moun ale lwen Bondye e fè yo tonbe nan mete aksan sou filozofi lèzòm plis pase sou Sovè a ak ansèyman l yo.

Apot Pòl sete yon temwen Jezikri ki te vanyan akoz yon eksperyans mirakile li te fè avèk Sovè a ki te chanje lavi li. Antesedan san parèy Pòl te prepare l pou l te anrapò avèk moun nan plizyè kalite kilti. Li te renmen “senplisite dirèk” Tesalonisyen yo ak “bèl konpasyon” Filipyen yo. Li te toudabò twouve l difisil pou l te anrapò avèk Grèk entelektyèl ak sofistike yo. Nan Athène sou Kolin Mars la, li te eseye yon apwòch filozofik epi yo te rejte l. Pou Korentyen yo, li te pran detèminasyon pou l te senpleman anseye “doktrin Kris krififye a.” Pou n itilize pwòp pawòl Pòl:

“Epi, pawòl mwen ak prèch mwen pa t repoze sou bèl pawòl sajès lèzòm, men sou demonstrasyon Lespri a ak sou pouvwa:

“Pou lafwa nou pa chita sou sajès lèzòm, men sou pouvwa Bondye.”

Kèk nan pi bèl resi nan ekriti yo sou Sovè a ak misyon Li, n ap jwenn yo nan 1 Korentyen. Yon chapit—15—ladann te resevwa atansyon mondyal parapò ak prezantasyon George Frideric Handel la nan Messiah a. Li gen yon doktrin pwofon sou Sovè a. Nan twazyèm pati Messiah a, imedyatman apre “Kè Alelouya a” pifò nan ekriti yo itilize yo soti nan 1 Korentyen 15. Nan kèk nan vèsè sa yo, Pòl byen dekri kèk nan sa Sovè a te akonpli:

“[Paske] kounyeya Kris resisite anba lanmò, … premye nan moun ki mouri yo.

“… Puiske se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menmjan tout se yon sèl moun k ap fè tout moun ki mouri leve.

“Menmjan tout moun mouri nan Adan an, se menmjan tout moun ap vin vivan nan Kris la. …

“O lanmò, kote pikan ou? O tonbo, kote viktwa ou? …

“Men, ann di Bondye mèsi, [Limenm] ki ba nou laviktwa pa mwayen Senyè Jezikri nou an.”

Nou konnen Apostazi a te rive anpati paske yo te mete filozofi lèzòm yo pi wo pase doktrin debaz esansyèl Kris la. Olye de senplisite mesaj Sovè a, yo te chanje anpil verite klè ak presye, oubyen yo te pèdi. Anfèt, Krisyanite a te adopte kèk tradisyon filozofik Grèk yo pou yo te akòde kwayans yo avèk kilti ki te egziste a. Istoryen Will Durant te ekri: “Krisyanis la pa t detwi paganis; li te adopte li. Lespri Grèk la, ki t ap mouri, te vin rejwenn lavi sou yon lòt fòm.” Istorikman, e nan pwòk epòk pa nou an, kèk moun rejte levanjil Jezikri a paske, nan pwendvi pa yo, li pa gen entelektyèlman sofistike jan yo ta renmen an.

Nan kòmansman Retablisman an, anpil moun te omwen deklare yo t ap suiv ansèyman Sovè a. Anpil peyi te konsidere tèt yo kòm peyi kretyen. Men, menm lè sa a, yo te pwofetize ke tan an t ap pi difisil pou epòk pa nou an.

Heber C. Kimball sete youn nan premye Douz Apot yo nan dispansasyon sa a epi l te premye Konseye Prezidan Brigham Young. Li te avèti: “Tan ap rive kote nou pral melanje nan sa ki se vale pezib sa yo kounyeya, nan pwen ke sa pral difisil pou n konnen kiyès ki yon Sen ak kiyès ki yon enmi pèp Bondye a. Lè sa a, se pral moman pou nou chèche gwo paswa a, paske pral gen yon tan netwayaj kote yo pral pase yo nan paswa, epi anpil moun ap tonbe.” Li te di pou fini “yon TÈS ap rive.”

Nan epòk nou an, enfliyans Krisyanis la nan plizyè peyi, enkli Etazini, febli anpil anpil. San kwayans relijye, pa gen okenn santiman responsablite devan Bondye. Konsa, li difisil pou etabli valè inivèsèl sou fason pou moun viv. Folozofi yo kenbe fèm yo souvan an kontradiksyon youn ak lòt.

Malerezman, menm bagay la rive avèk kèk manm nan Legliz la ki pèdi repè yo epi yo vin enfliyanse pa opinyon ki popilè nan moman an—anpil ladan yo ki klèman pa dwat.

Konsistan avèk pwofesi Heber C. Kimball la, Èldè Neal A. Maxwell te di an 1982: “Yon gwo pati nan netwayaj sa a ap rive akoz mank konpòtman jis, ke moun yo pa repanti pou yo. Anpil moun pral lage sa olye yo pèsevere jiskalafen. Gen kèk ki pral kite aposta twonpe yo. Menmjan tou, gen lòt ki pral ofanse, paske gen pyèdachopman ki atache a chak dispansasyon!”

Yon lòt pyèdachopman se refize wè peche pou sa l ye a

Youn nan aspè ki pi twoublan nan epòk nou an sèke anpil moun angaje nan konpòtman peche men yo refize konsidere l kòm peche. Yo pa gen remò ni volonte pou rekonèt ke konduit yo pa bon moralman. Menm moun ki di yo kwè nan Papa a ak Pitit Gason an malerezman pran pozisyon ke yon Papa eman ki nan syèl la pa dwe enpoze okenn konsekans pou konduit ki kontrè ak kòmandman l yo.

Sa sete aparaman pozisyon Koryanton, pitit gason Alma, pitit la, te pran nan Liv Mòmon an. Li te angaje nan konduit trè imoral epi Alma t ap ba l konsèy. Nou beni dèske gran pwofèt Alma, ki te pèsonèlman fè eksperyans “twou ki pi fènwa a [ak] limyè mèveye a,” te ekri enstriksyon li te bay yo. Nan chapit 39 Almaa, nou li kijan li te konseye pitit gason sa a atravè pwosesis repantans lan epi apresa li te eksplike l kijan Kris la te vini pou retire peche. Li te rann nesesite repantans lan klè pou Koryanton paske “okenn bagay sal pa ka eritye wayòm Bondye a.”

Alma 42 gen kèk nan doktrin ki pi mayifik sou Ekspyasyon an nan tout ekriti yo. Alma te ede Koryanton konprann ke se pa t yon “enjistis si pechè yo ale nan yon eta mizerab.” Men li te note ke kòmanse avèk Adan, yon Bondye plen mizèrikòd te bay yon “tan pou repantans” paske san repantans “gwo plan sali a t ap toufe.” Alma te deklare tou ke plan Bondye a se yon “plan bonè.”

Ansèyman Alma yo trè enstriktif: “Reyèlman, lajistis fè tout reklamasyon pa l, epi mizèrikòd reklame tout moun ki pou li, epi konsa, pèsonn pa sove eksepte moun ki reyèlman penitan.” Si nou gade byen, benediksyon gloriye repantans ak obeyisans nan ansèyman Sovè a yo ekstrèmeman enpòtan. Sa pa enjis pou nou klè, jan Alma te klè avèk Koryanton an, sou konsekans chwa peche ak mank repantans. Souvan yo konn di: “Nan yon lè kèlkonk, tout moun ap gen pou chita nan yon bankè konsekans.”

Benediksyon selès remakab Ekspyasyon Sovè a sèke pa mwayen repantans, konduit peche a efase. Apre repantans Koryanton, Alma te di: “M vle pou w pa kite bagay sa yo annwiye w ankò, epi se pou peche w yo sèlman annwiye w, avèk anvi sa a k ap Mennen w desann nan repantans lan.”

Gade odela liy nan se yon pyèdachopman

Pwofèt Jakòb te fè referans ak ansyen Juif yo kòm “yon pèp kou rèd” ki te meprize pawòl ki klè, “yo te touye pwofèt yo, e yo te chèche bagay yo pa t kapab konprann. Se poutèt sa, poutèt yo avèg, yo te avèg poutèt yo te gade pi lwen liy nan, yo dwe tonbe.”

Pandan ke gen anpil egzanp sou gade odela liy nan, youn ki pi siyifikan nan epòk pa nou an se ekstremis. Ekstremis nan levanjil la se lè yon moun pran yon prensip levanjil pou mete l anlè yon lòt prensip ki egalman enpòtan epi li pran yon pozisyon ki ale odela oubyen ki kontrè avèk ansèyman dirijan Legliz yo. Youn nan egzanp sa yo se lè yon moun ap plede mande adisyon, modifikasyon, oswa pi gwo aksan sou yon pati nan Pawòl Sajès la. Yon lòt ladann se pil preparasyon chè pou “senaryo lafen dimond” yo. Nan toude egzanp sa yo, yo pouse lòt moun aksepte entèpretasyon pèsonèl pa yo. “Si nou pran yon lwa sante oubyen nenpòt ki lòt prensip pou fè l vin tounen yon fòm fanatis relijye, n ap gade odela liy nan.”

Pandan l t ap pale sou doktrin enpòtan, Senyè a te deklare: “Nenpòt moun ki deklare plis oubyen mwens pase sa a, moun sa a pa pou mwen; men li kont mwen; se poutèt sa, li pa nan legliz mwen an.” Lè nou elve yon prensip nan yon fason ki diminye angajman nou nan lòt prensip ki egalman enpòtan yo oubyen nou pran pozisyon ki kontrè oubyen ki depase ansèyman dirijan Legliz yo, n ap gade odela liy nan.

Anplis, gen manm ki elve kèk koz, anpil ladan yo ki bon, pi wo pase doktrin fondamantal levanjil la. Yo ranplase devouman yo anvè koz la kòm premye angajman yo epi yo relege angajman yo anvè Sovè a ak ansèyman L yo nan dezyèm pozisyon. Si nou leve nenpòt bagay pi wo devosyon nou pou Sovè a, si konduit nou rekonèt Li sèlman kòm jis yon lòt enstriktè e non pa Pitit Gason diven Bondye a, enben, n ap gade odela liy nan. Jezikri se liy nan!

Seksyon 76 Doktrin ak Alyans yo di klèman ke “vanyan nan temwayaj Jezi” a se tès senp ak esansyèl ant moun ki pral eritye benediksyon wayòm selès yo ak moun ki pral eritye yon wayòm terès. Pou nou vanyan, nou bezwen konsantre sou pouvwa Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la genyen pou simonte lanmò epi, pa mwayen repantans, pou pwòpte nou anba peche epi suiv doktrin Kris la. Epitou, nou bezwen limyè ak konesans sou lavi sovè a ak ansèyman l yo pou gide nou sou chemen alyans lan, enkli òdonans sakre tanp yo. Nou bezwen kenbe fèm nan Kris la, fè yon festen ak pawòl li yo, epi pèsevere jiska lafen.

Konklizyon

Si nou vle vanyan nan temwayaj Jezi nou genyen an, nou dwe evite pyèdachopman k ap pyeje ak anpeche pwogresyon anpil gason ak fi ki otreman onorab yo. Annou pran detèminasyon pou n toujou rete nan sèvis Li. Pandan n ap chèche konesans, nou dwe evite filozofi lèzòm k ap diminye angajman nou anvè Sovè a. Nou dwe wè peche pou sa l ye a epi aksepte Ekspyasyon Sovè a atravè repantans. Nou dwe evite gade odela liy nan e konsantre nou sou Jezikri, Sovè ak Redanmtè nou an, epi suiv doktrin ni an.

Papa m te wè poto elektrik la kòm yon mwayen pou te founi elektrisite, limyè ak dlo an abondans pou fè manje ak pou netwaye. Sete yon enstriman pou amelyore lavi li.

Yon ekriven te di ke pyèdachopman kapab transfòme pou vin tounen “enstriman pou yon karaktè nòb ak pou syèl la.”

Pou noumenm, vanyan nan temwayaj nou konsènan Jezi se yon enstriman ki ka kalifye nou pou gras Sovè a ak pou wayòm selès la. Jezikri se sèl non anba syèl la ki kapab sove lèzòm.Mwen ran temwayaj konsènan divinite Li ak wòl etènèl Li nan plan Papa a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Doktrin ak Alyans 14:7; see also John 17:3.

  2. Doktrin ak Alyans 76:79.

  3. Gade Ankre nan lafwa: Yon referans levanjil (2004), 52–53.

  4. Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary, 11th ed. (2003), “stumbling block.”

  5. Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary, “stumble.”

  6. Doktrin ak Alyans 93:36.

  7. Gade Travay 9:1–9; 26:13–18.

  8. Gade Frederic W. Farrar, The Life and Work of St. Paul (1898), 319.

  9. Gade Farrar, Life and Work of St. Paul, 319–20.

  10. 1 Corinthians 2:4–5.

  11. Gade George Frideric Handel, Messiah, ed. T. Tertius Noble (1912).

  12. 1 Korentyen 15:20–22, 55, 57.

  13. Will Durant, The Story of Civilization, vol. 3, Caesar and Christ (1944), 595.

  14. Heber C. Kimball, in Orson F. Whitney, Life of Heber C. Kimball (1945), 446.

  15. Neal A. Maxwell, “Be of Good Cheer,” Ensign, Nov. 1982, 68.

  16. Mozya 27:29.

  17. Alma 40:26.

  18. Alma 42:1. Nan doktrin Sen Dènye Jou yo, yo pran dispozisyon pou tout limanite, enkli moun ki pa janm tande pale de Kris la nan lavi sa a, timoun ki mouri anvan laj responsablite yo, ak tout moun ki andikape mantal yo (gade Doktrin ak Alyans 29:46–50; 137:7–10).

  19. Alma 42:5.

  20. Alma 42:8.

  21. Alma 42:24. Note ke pwonon pèsonèl pou jistis la se maskilen epi pwonon pèsonèl pou mizèrikòd la se feminen.

  22. Robert Louis Stevenson, nan Carla Carlisle, “A Banquet of Consequences,” Country Life, July 6, 2016, 48. Madan Carlisle di sitasyon an se sitasyon Robert Louis. Gen moun ki di se pa lòt moun.

  23. Alma 42:29.

  24. Jakòb 4:14.

  25. Nan yon atik m te ekri pou magazine Legliz yo an 2003, m te mete aksan sou kat bagay ki ta ka kreye avègleman teyolojik ak achopman Jakòb dekri a: sibstitisyon filozofi lèzòm pou verite levanjil yo, ekstremis nan levanjil la, jès ewoyik olye de konsekrasyon kotidyèn, ak plase règ anlè doktrin nan (gade “Looking beyond the Mark,” Liahona, Mas. 2003, 21–24).

  26. Quentin L. Cook, “Looking beyond the Mark,” Liahona, Mas. 2003, 22.

  27. Doktrin ak Alyans 10:68.

  28. Doktrin ak Alyans 76:79.

  29. Gade 2 Nefi 31:17–21.

  30. Gade 2 Nefi 31:20–21.

  31. Henry Ward Beecher, nan Tryon Edwards, A Dictionary of Thoughts (1891), 586.

  32. Gade 2 Nefi 31:21; Mozya 3:17.