Vire gade Senyè a
Nou pa ka kontwole tout sa ki rive nou, men, nou gen kontwòl total sou fason nou reyaji devan chanjman nan lavi nou yo.
Nan prentan 1998, Carol avèk mwen te jwenn mwayen pou nou te konbine yon vwayaj dafè avèk vakans familial nou, epi mennen pitit nou yo, ansanm avèk bèlmè m ki te fèk pèdi mari li, al Hawaii pou kèlke jou.
Jou swa anvan nou te pran avyon al Hawaii a, nou te aprann ke pitit gason kat mwa nou an, Jonathon, te fè yon enfeksyon nan toulède zorèy li, epi yo te di nou li pa tap ka vwayaje anvan omwen twa ou kat jou. Nou te deside ke Carol te rete nan kay la avèk Jonathon, pandan ke m tap fè vwayaj la avèk rès fanmi an.
Premye siy ki te fè m wè se pat kalite vwayaj sa a m te anvizaje a te pwodui tousuit apre nou te rive. Pandan nou t ap mache nan limyè lalin nan sou yon santye ki te gen pye palmis sou toulèdeboò, ap kontanple oseyan an devan nou, m te vire tèt mwen pou m te fè yon kòmantè sou bote zile a, epi nan moman romantik sa a, olye de Carol, m te twouve m ap gade je bèlmè mwen—ke m dwe presize m renmen anpil. Sèlman, se pa t sa m te prevwa, ni tou Carol pat prevwa pou l te pase vakans li nan kay la poukont li avèk yon tibebe malad.
Ap gen moman nan lavi nou kote n ap twouve nou sou yon chemen enprevi, kote n ap rankontre sitiyasyon ki pi grav pase yon vakans ki boulvèse. Kijan nou reyaji, lè evènman ki souvan pa sou kontwòl nou, modifye lavi nou te planifye ak espere a?
Jou 6 Jen 1944 la, Hyrum Shumway, yon jèn sou-lyetnan nan Lame Ameriken an, te debake sou plaj Omaha kòm yon pati nan envazyon jou Delivrans Ewòp la. Li te ateri ansekirite, men, nan 27 Jiyè , pandan l t ap patisipe nan avans alye yo, li te blese grav anba eksplozyon yon min antitank. Nan lespas yon moman, lavi li ak fiti karyè medikal li te trajikman afekte. Apre plizyè operasyon, ki te ede l refè anba majorite gwo blesi l te sibi yo, frè Shumway pa t janm ka wè nan je l ankò. Kijan l te reyaji?
Apre twazan yon lopital reyadaptasyon, li te retounen lakay li nan Lowell, Wyoming. Li te konnen rèv li pou l te vin tounen yon doktè a pa t ap posib ankò, men li te pran detèminasyon pou l te kontinye avanse, pou l te marye, epi pou l te pran swen fanmi li.
Li te finalman jwenn travay nan Baltimore, Maryland, kòm konseye reyadaptasyon ak espesyalis danplwa pou moun avèg. Nan pwòp pwosesis reyadaptasyon pa l la, li te aprann ke avèg yo te ka fè plis bagay pase sa l te panse, epi pandan yuitan l te pase nan pozisyon sa a, li fè plis moun avèg jwenn travay pase tout lòt konseye nan peyi a.
Kounyeya, paske l te gen konfyans nan kapasite l pou pran swen yon fanmi, Hyrum te mande ti mennaj li a maryaj konsa: “Si w ap li tout lèt yo, triye chosèt yo, epi kondi machin nan, map fè rès bagay yo.” Tousuit apre, yo te sele nan tanp Salt Lake la epi apresa, yo te beni avèk yuit pitit.
An 1954 fanmi Shamway a te retounen Wyoming, kote frè Shumway te travay pandan 32 zan kòm Direktè Edikasyon pou moun soud ak avèg pou Eta a. Pandan tan sa, li te sèvi pandan setan kòm evèk premye pawas Cheyenne nan, epi, 17 tan apre, kòm patriyach pieu a. Apre retrèt li, Frè ak Sè Shumway te sèvi tou kòm koup misyonè aje nan Misyon Sid vil Londre la, an Angletè.
Hyrum Shumway te mouri an Mas 2011, li te kite yon eritaj lafwa ak konfyans nan Senyè a, menm nan kondisyon difisil, pou gwo posterite pitit, pititpitit, ak pitit pitit pitit li yo.
Lavi Hyrum Shumway te chanje akoz lagè, men, li pa t janm doute nati divin ni ak potansyèl etènèl li. Menmjan avè l, nou se pitit gason ak pitit fi lespri Bondye, epi nou “te aksepte plan l lan kote [nou] te kabab vin gen yon kò fizik pou [mou] fè eksperyans terès epi pou [nou] pwogrese nan direksyon pèfeksyon epi pou [nou] vin rive alafen nan destine diven [nou] kòm eritye lavi etènèl.” Okenn chanjman, okenn tribilasyon, ni opozisyon pa ka chanje pwogresyon etènèl sa a—se sèlman chwa nou yo ki kapab fè sa, lè nou egzèse libabit nou.
Chanjman, ak difikilte ki soti nan sa yo, ke nou rankontre nan mòtalite a, vini nan yon varyete fòm ak gwosè epi yo afekte nou chak nan fason patikilye. Menmjan avèk nou, mwen konn wè zanmi ak fanmi k ap fè fas a difikilte ki lakoz pa:
-
Lanmò yon moun pa yo.
-
Yon divòs difisil.
-
Petèt yo pa janm jwenn opòtinite pou yo marye.
-
Yon maladi oubyen blesi grav.
-
E menm katastwòf natirèl, jan nou te fèk sot wè sa rive nan tout mond lan.
Epi lis la long anpil. Byenke chak “chanjman” ka depann de sitiyasyon pèsonèl nou, gen yon eleman komen nan eprèv oswa pwoblèm li pote a—esperans ak lapè toujou disponib atravè sakrifis ekspyatwa Jezikri a. Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a founi mezi siprèm yo pou korije ak geri chak kò ki blese, chak espri ki andomaje, ak chak kè ki brize.
Nan yon fason okenn lòt moun pa ka konprann, li konn kisa nou bezwen, endividyèlman, pou nou ka pwogrese nan mitan chanjman. Diferan avèk zanmi nou ak moun ki chè pou nou yo, Sovè a non sèlman tankou yon zanmi pou nou, men li ka konprann nou pafètman tou, paske limenm tou li te pase kote nou ye a. Anplis peye pri a epi soufri pou peche nou yo, Jezikri te mache nan chak chemen, li te afwonte chak pwoblèm, li te fè fas ak chak doulè—fizik, emosyonèl oubyen spirityèl—n ap janm gen pou n rankontre nan mòtalite a.
Prezidan Boyd K. Packer te anseye: “Mizèrikòd ak gras Jezikri pa la sèlman pou moun ki kòmèt peche … , men yo anbrase pwomès lapè etènèl la pou tout moun ki vle aksepte l ak suiv li tou. … Mizèrikòd Li se yon gerisè puisan, menm pou inosan ki blese yo.”
Nan eksperyans mòtèl sa a, nou paka kontwole tout bagay ki rive nou, men nou gen kontwòl total sou fason nou reyaji devan chanjman nan lavi nou yo. Sa pa vle di ke eprèv ak difikilte nou yo minim oubyen fasil pou jere ak rezoud. Sa pa vle di ke nou pap gen okenn doulè ak chagren. Men, sa vle di ke gen rezon pou nou espere epi, gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka kontinye avanse epi jwenn jou ki pi bon—jou ranpli ak lajwa, limyè, ak kè kontan.
Nan Mozya nou li istwa Alma, ansyen prèt Wa Nowe a, ak pèp li a, ki, paske “Senyè a te avèti yo … [,] yo te pati al nan dezè a devan lame Wa Noye a.” Apre yuit jou, “yo te jwenn … yon bèl peyi ki te byen agreyab” kote “yo te plante tant yo, epi yo te kòmanse kiltive tè a, epi yo te kòmanse bati kay.”
Kounyeya, sityasyon yo te parèt li bay anpil espwa. Yo te aksepte levanjil Jezikri a. Yo te batize, epi konsa yo te fè alyans pou yo te sèvi Senyè a ak kenbe kòmandman L yo. Epi “yo te miltipliye ak pwospere ekstrèmman nan peyi a.”
Sepandan, sitiyasyon yo ta pral chanje byento. “Yon lame Lamanit te sou fwontyè peyi a.” Byento, Alma ak pèp li a te vin tonbe nan esklavaj, epi “afliksyon yo te tèlman gwo, yo te kòmanse kriye fò bay Bondye.” Epitou, moun ki te mete yo nan esklavaj yo te menm kòmande yo pou yo te sispann priye, osinon, “pou yo te touye nenpòt moun yo te bare ap rele non Bondye.” Alma ak pèp li a pa t fè anyen pou yo te merite nouvo sityasyon sa a. Ki reyaksyon yo ta pral fè?
Olye yo te blame Bondye, yo vire al jwenn ni epi yo “te ouvè kè yo ba Li.” Kòm repons pou lafwa yo ak priyè ansilans yo, Senyè a te reponn: “Konsole nou. … M pral… fè chay ki sou do nou yo vin lejè, pou nou pa menm kapab santi yo sou do nou.” Byen vit apre, “Senyè a te fòtifye yo pou yo te kapab pote chay yo alèz, e yo te aksepte ak kè kontan ak pasyans, tout sa Senyè a te vle.” Malgre yo pat ko delivre anba esklavaj la, poutèt yo te tounen vè Senyè a, epi yo pa t detounen yo de li, yo te jwenn benediksyon daprè bezwen yo ak daprè sajès Senyè a.
Èldè Dallin H. Oaks te anseye: “Benediksyon gerizon yo vin sou plizyè fòm, yo chak adapte a bezwen respektif nou, jan Moun ki renmen nou pi byen an konnen yo. Pafwa yon ‘gerizon’ trete maladi nou oubyen aleje chay nou. Men pafwa, nou ‘geri’ nan resevwa fòs oubyen konpreyansyon ak pasyans pou nou sipòte chay ki sou do nou yo.”
Alafen, “lafwa yo ak pasyans yo te tèlman gran” ke Senyè a te delivre Alma ak pèp li a, jan l ap delivre nou tou, “epi yo te bay remèsiman,” “paske yo te nan esklavaj, e pèsonn pa t kapab delivre yo, eksepte Senyè Bondye yo .”
Iwoni an sèke, twò souvan, moun ki pi nan bezwen yo se yo ki vire do bay sèl sous èd pafè a—Sovè nou an, Jezikri. Gen yon ekriti nou tout konnen, ki pale de sèpan eren an, ki anseye nou ke nou gen yon chwa lè n ap fè fas a pwoblèm. Apre “sèpan move ak zèl,” yo “te fin mòde plizyè nan pitit Izrayèl yo, “yon modèl te leve …. pou nenpòt moun ki te leve tèt gade l … te kapab geri. [Men sete yon chwa.] Epi, anpil moun te gade l epi yo te viv.
“… Men, te gen anpil moun ki te tèlman gen kè di, yo pa t vle gade; se poutèt sa, yo te peri.”
Menmjan ak ansyen Izrayelit yo, yo envite nou e ankouraje nou pou nou vire gade Sovè a pou nou ka viv—paske jouk li fasil epi fado l lejè, menm kan pa nou an gen dwa lou.
Alma ki pi jèn nan te anseye verite sakre sa a, lè l te di: “M konnen, nenpòt moun ki mete konfyans nan Bondye, y ap jwenn sipò nan traka yo, ak pwoblèm yo, ak afliksyon yo, epi yo pral monte anlè nan dènye jou a.”
Nan dènye jou sa yo, Senyè a banou yon pil resous, “sèpan eren” nou yo, ki se tout sa ki gen objektif pou ede nou gade kris la epi mete konfyans nou nan Li. Relve defi lavi yo pa vledi inyore reyalite a men sav le di konsidere sou kisa n ap chwazi pou n konsantre nou ak sou ki fondasyon nou chwazi pou nou bati.
Nan pami resous sa yo nou jwenn:
-
Etid regilye ekriti yo ak ansèyman pwofèt vivan yo.
-
Priyè ki sensè, souvan ak jèn.
-
Pran sentsèn nan diyman.
-
Ale nan tanp regilyèman.
-
Benediksyon Prètriz yo.
-
Konsèy saj nan men pwofesyonèl ki konpetan.
-
E menm medikaman, lè yo preskri kòrèkteman epi nou itilize yo jan yo otorize a.
Kèlkeswa chanjman ki rive nan lavi nou, e kèlkeswa chemen enprevi nou dwe pran, fason fason nou reyaji a se yon chwa. Vire al jwenn Sovè a epi kenbe men l ki lonje a se toujou pi bon opsyon nou.
Èldè Richard G. Scott te anseye nou verite etènèl sa a: “Vrè bonè dirab la, avèk fòs, kouraj ak kapasite pou simonte pi gwo difikilte ki akonpaye l yo, chita nan yon lavi ki santre sou Jezikri. … Pa gen garanti ke n ap jwenn rezilta imedya, men, gen asirans absoli ke, nan moman pa Senyè a, solisyon yo ap vini, lapè ap enstale, epi vid yo ap.”
Konsènan verite sa yo mwen rann temwayaj mwen. Nan non Jezikri, amèn.