2010–2019
Respekte Pwomès ak Alyans Nou Yo
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Respekte Pwomès ak Alyans Nou Yo

M envite nou pou nou reflechi sou pwomès ak alyans nou fè avèk Senyè a, ak lòt moun, avèk entegrite, konesan ke pawòl nou liye nou.

Frè m ak sè m yo, pandan n ap fèmen sesyon sa a, ke nou chak kenbe temwayaj sou verite levanjil Jezikri yo nou te tande jodia nan kè nou. Nou beni paske nou gen moman sakre sa a ansanm pou nou reyafime pwomès nou fè Senyè a, Jezikri, ke nou se sèvitè L epi Li se Sovè nou an.

Enpòtans pou nou fè ak kenbe pwomès ak alyans yo peze lou sou lespri m. Nan ki pwen l enpòtan pou nou kenbe pawòl nou? Pou moun fè nou konfyans? Pou nou fè sa nou di n ap fè? Pou efòse nou pou nou onore alyans sakre nou yo? Pou nou gen entegrite? Lè rete fidèl nan pwomès nou fè Senyè a ak lòt moun, nou mache sou chemen alyans lan pou n retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la epi nou santi lanmou L nan lavi nou.

Sovè nou an Jezikri se gwo egzanp nou pou sa ki konsène fè ak respekte pwomès ak alyans. Li te vin sou tè a ak pwomès pou l fè volonte Papa a. Li te ansenye prensip levanjil yo nan pawòl ak nan aksyon. Li te ekspye pou peche nou yo pou nou ka viv ankò. Li te onore chak grenn nan pwomès Li yo.

Èske yo ka di sa pou nou chak? Ki danje ki genyen si nou triche yon ti kras, si nou fè yon ti fopa, oubyen nou pa vrèman suiv angajman nou yo? E si nou abandone alyans nou yo? Èske lòt moun ap vin “jwenn Kris la” gras ak egzanp nou? Èske nou fè sa nou di n ap fè? Kenbe pwomès se pa yon abitid; se karakteristik yon disip Jezikri.

Senyè a ki te toujou ap panse ak feblès nou nan lavi mòtèl la te pwomèt, “Fè kè nou kontan, epi pa krenn, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou.”1 M konn santi prezans li lè m bezwen asirans, rekonfò, pi gwo enspirasyon oubyen fòs spirityèl, epi mwen ranpli imilite e m pwofondeman rekonesan pou konpayi Li.divin ni.

Senyè a te di: “Tout nanm ki abandone peche yo epi ki vin jwenn mwen, epi ki rele non mwen, epi ki obeyi vwa mwen, epi ki respekte kòmandman m yo, ap wè fas mwen epi l ap konnen m egziste.”2 Sa se pwomès iltim Li.

M te aprann enpòtans pou m kenbe pwomès mwen lè m te jèn. Yon egzanp sou sa se lè m te kanpe pou m te resite deviz eskout la. Asosyasyon nou avèk Eskout Amerik yo, ki fini kounyea, ap toujou rete yon eritaj enpòtan pou mwenmenm ak Legliz la. Pou òganizasyon Eskout la, pou pil kantite gason ak fi ki te sèvi ak dilijans kòm dirijan Eskout yo, pou manman yo—nou dwe yo anpil—epi pou tout jènjan ki te patisipe nan pwogram Eskout la, m di, “Mèsi.”

Nan sesyon sa a, chè pwofèt nou an, Prezidan Russel M. Nelson, ak Eldè Quentin L. Cook te anonse chanjman ki pral konsantre atansyon nou plis sou jèn yo epi k pral aliyen òganizasyon nou yo avèk verite ki te revele yo. Epitou, Dimanch pase, Prezidan Nelson ak Prezidan M. Russell Ballard te eksplike nouvo pwogram pou Timoun yo ak Jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou tout Legliz la. Se yon inisyativ mondyal ki fokis sou Senyè ak Sovè nou an, Jezikri. Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo ini ansanm nan nouvo direksyon sa a, e mwen rann temwayaj pèsonèl mwen ke Senyè a te gide nou nan chak etap. Mwen kontan pou timoun yo ak jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo fè eksperyans konsantrasyon global sa a sou yo a , nan fwaye yo ak nan legliz la—atravè aprantisaj levanjil la, sèvis ak aktivite ak devlopman pèsonèl.

Tèm pou jèn yo pou ane 2020 k ap vini an pale de pwomès selèb Nefi a pou l t “ale epi fè a” Li te ekri: “Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te di papa m: M prale e m ap fè bagay Senyè a kòmande yo, paske m konnen Senyè a pa bay pitit lèzòm okenn kòmandman san li pa prepare yon mwayen pou yo kapab akonpli bagay li kòmande yo.”3 Byenke pawòl sa yo te pwononse sa gen lontan, noumenm nan Legliz la, nou kenbe pwomès sa a jounen jodi an.

“Ale epi aji” vle di elve nou pi wo pase fason mond lan, resevwa pèsonèl epi suiv yo, mennen yon vi dwat avèk esperans ak lafwa nan demen, fè ak kenbe alyans pou nou suiv Jezikri, epi konsa, ogmante lanmou nou pou Li, Sovè mond lan.

Yon alyans se yon pwomès a de direksyon ant noumenm ak Senyè a. Kòm manm Legliz la, nou fè alyans pou nou pran non Jezikri sou tèt nou lè nou batize, pou nou viv jan L te viv. Tankou moun ki te batize nan dlo Mòmon yo, nou fè alyans pou nou vin tounen pèp li, pou nou “youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè; … “pou nou kriye ak moun k ap kriye yo; wi, konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay, e tout kote.”4 Lè nou sèvi youn lòt nan Legliz la sa reflete angajman nou pou nou onore pwomès sa yo.

Lè nou pran sentsèn nan, nou renouvle alyans sa a pou nou pran non L sou tèt nou an epi nou fè lòt pwomès pou nou amelyore. Panse ak aksyon chak jou nou yo, ni gwo ni piti, montre angajman nou anvè li. An retou, pwomès sakre L a noumenm se, “Si nou toujou sonje m, n ap gen Lespri m avèk nou.”5

Kesyon m jodi a se èske nou respekte pwomès nou ak alyans nou yo oubyen èske pafwa yo se angajman ki fèt ak de kè, ke nou te kontrakte avèk neglijans e pa konsekan, nou kraze yo byen fasil? Lè nou di yon moun, “M ap priye pou ou,” èske nou fè sa? Lè nou pran angajman, “M ap la pou m ede,” èske n ap la vre? Lè nou bay tèt nou obligasyon pou nou peye yon dèt, èske nou fè sa? Lè nou leve men nou pou nou soutni yon manm parèy nou nan yon nouvo apèl, ki vle di n ap ba l sipò, èske nou fè sa?

Yon jou swa lè m te jèn, manman m te chita avèk mwen nan pye kabann ni epi li te pale avèk mwen klè sou enpòtans pou nou respekte Pawòl Sajès la. Li te di “M konnen, apati eksperyans lòt moun, depi dèzane, ke si nou pa obeyi Pawòl Sajès la, n ap pèdi espirityalite ak sansiblite.” Li te gade m dwat nan je epi m te santi pawòl li yo penetre nan kè m: “Pwomèt mwen, Ronnie, jodia (li te rele m Ronnie), ke w ap toujou obeyi Pawòl Sajès la.” M te fè l pwomès solanèl sa a, epi m te kenbe l pandan tout ane sa yo.

Angajman sa a te sèvi m byen lè m te avèk zanmi lè m te jèn ak apre sa lè m te nan milye pwofesyonèl avèk moun kote move sibstans te an abondans. M te pran yon desizyon alavans pou m te suiv lwa Bondye yo, epi m pa t janm retounen sou sa. Senyè a te di, “Mwen menm, Senyè a, m anba obligasyon lè nou f☺ sa m di; men, lè nou pa fè sa m di, nou pa gen okenn pwomès.”6 Kisa L di moun ki obeyi Pawòl Sajès la? Ke n ap gen pwomès sante, fòs, sajès, konesans, ak zanj pou pwoteje nou.7

Sa gen kèk ane, Sè Rasband avèk mwen te nan tanp Salt Lake la pou sèlman youn nan pitit fi nou yo. Pandan nou te kanpe deyò tanp lan avèk yon jèn pitit fi nou, ki potko gen laj pou l te asiste seremoni an, nou te pale de enpòtans pou nou sele nan tanp sakre Bondye a. Jan manman m te anseye m dèzane avan sa, nou te di pitit fi nou an, “Nou ta renmen w sele nan tanp, e nou ta renmen w pwomèt nou ke lè w jwenn konpanyon etènèl ou a, w ap fikse yon dat avèk li pou nou sele nan tanp.” Li te pwomèt nou sa.

Imaj
Pitit fi Èldè Rasaband nan ak mari li

Li te di apresa ke ti pale nou an ak pwomès li a te pwoteje l epi te fè l sonje “kisa k te pi enpòtan.” Nan apre, li te vin fè alyans sakre lè l te sele avèk mari l nan tanp lan.

Prezidan Nelson te ansenye: “Nou … ogmante pouvwa Sovè a nan lavi nou lè nou fè alyans epi respekte alyans sa yo avèk presizyon. Alyans nou yo mare nou avèk Li epi yo banou pouvwa diven.”8

Lè nou respekte pwomès youn fè lòt, sa fè nou pi fasil respekte pwomès nou fè avèk Bondye. Sonje pawòl Senyè a: “Chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li.”9

Reflechi avèk mwen sou ekzanp pwomès ki nan ekriti yo. Amon ak pitit gason Mozya yo nan Liv Mòmon an te pran angajman pou yo te “preche pawòl Bondye a.”10 Lè Lamanit yo te kaptire Amon, yo te mennen l l devwa Wa Lamanit la, Lamoni. Li te pwomèt wa a, “M ap vin sèvitè w.”11 Lè vòlè te vini pou yo te vòlè mouton wa a, Amon te koupe bra yo. Wa a te tèlman sezi, li te koute mesaj Amon te ba li osijè levanjil la epi l te vin konvèti.

Nan Ansyen Testaman an, Ruth te pwomèt bèlmè l, “Kèlkeswa kote w ale, m prale.“12 Li te kenbe mo l. Bon Samariten an, nan yon parabòl nan Nouvo Testaman an, te pwomèt mèt otèl la si l pran swen vwayajè ki te blese a, “Kèlkeswa sa w depanse anplis, lè m retounen, m ap peye w.”13 Zoram, nan Liv Mòmon an, te pwomèt pou pou l t ale nan dezè a avèk Nefi ak frè l yo. Nefi te rakonte, “Lè Zoram te fin fè sèman ba nou, krent nou te sispann konsènan li.”14

E ansyen pwomès “yo te fè zansèt yo” jan sa dekri nan ekriti yo ke “kè timoun yo pral vire sou papa yo” a?15 Nan lavi premòtèl la, lè nou te chwazi plan Bondye a, nou te fè pwomès pou nou te ede rasanble Izrayèl nan toulède bò vwal la. Sa gen kèk ane, Èldè John A. Widtsoe te eksplike “Nou te antre nan yon asosyasyon avèk Senyè a,” “Dewoulman plan an te vin non sèlman travay Papa a, ak travay Senyè a, men travay pa nou tou.”16

Pandan l ap vwayaje nan tout mond lan, Prezidan Nelson di: “Rasanbleman [an] se bagay ki pi enpòtan ki ap fèt sou tè a jodia. “Lè nou pale de rasanblemang, an, nou tou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: Chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal la, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a.”17

Antanke yon Apot Senyè Jezikri, m ap fini avèk yon envitasyon ak yon pwomès. M envite nou pou nou reflechi sou pwomès ak alyans nou fè avèk Senyè a, ak lòt moun, avèk entegrite, konesan ke pawòl nou liye nou. Dezyèman, m pwomèt nou, si nou fè sa, Senyè a ap etabli pawòl nou yo epi l ap apwouve aksyon nou pandan n ap efòse nou ak dilijans san fay pou nou edifye lavi nou, fanmi nou, ak Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. L ap avèk nou, chè frè m ak sè m yo, epi n ap kapab, avèk konfyans, ret tann “akèy nan syèl la, pou [nou] kapab rete avèk Bondye nan yon bonè ki p ap fini … paske Senyè Bondye a te di sa.”18

Konsènan sa mwen temwaye nan non Jezikri, amèn.