2011
Efè pozitif ki genyen lè yon chyen mòde w
mas 2011


Jèn yo

Efè pozitif ki genyen lè yon chyen mòde w

Nan ete 2009 la, chyen zanmi m nan te mòde m nan figi. Malerezman, mòde a te chire po bouch mwen, e yo te oblije koud li.

Apre blese a, mwen te dekouraje. M te kite advèsite pran pye sou panse mwen, epi m te santi kòmsi tout lavi m te detwi. Mwen te santi m anbarase avèk po bouch mwen e m pa t vle ale nan piblik ditou. Nan lespri pa mwen, plan m pou pyano, volebòl, legliz, naje, ak lekòl te demoli poutèt blesi m nan.

Men chak fwa m te priye, resevwa benediksyon Prètriz, pale avèk paran mwen, oswa resevwa vizit fanmi ak zanmi mwen, lespri m te edifye e m te santi bonè nan yon tan tristès. Mwen te vit reyalize ke si moun te panse avèk blese m nan, yo te santi konpasyon pou mwen.

Eksperyans sa a te ede bati karaktè mwen, epi m te aprann pou m pa sousye pou sa lòt moun panse de mwen. Mwen te beni tou paske blese m nan te ede m reyalize ke m dwe panse mwens avèk tèt mwen epi kòmanse sousye plis pou lòt moun. Lespri mwen te fòtifye anpil pandan tan sa a.

M te aprann ke advèsite se yon pati nan plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou. Si nou chèche sa ki bon e non pa sa ki pa bon, nou kapab simonte advèsite, vin yon pi bon moun, epi kite eksperyans la fòtifye temwayaj nou.

Enprime