2011
Anba Prètriz la ak selon modèl Prètriz la
mas 2011


Mesaj vizit nan fwaye, Mas 2011

Anba Prètriz la ak selon modèl Prètriz la

Etidye materyèl sa a epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo. Itilize kesyon pou ede ou fòtifye sè w ap vizite yo epi fè Sosyete Sekou vin yon pati aktif nan pwòp lavi pa ou.

Imaj
Relief Society seal

Lafwa • Fanmi • Sekou

Chè sè m yo, ala nou beni! Non sèlman nou se manm Legliz sa a, men se manm Sosyete Sekou tou — “òganizasyon Senyè a pou fi yo.”1 Sosyete Sekou se prèv lanmou Bondye pou pitit fi l yo.

Èske kè nou pa bat lè nou raple n bèl kòmansman sosyete sa a? Jou 17 Mas 1842 a, Pwofèt Joseph Smith te òganize sè yo “anba prètriz la selon modèl prètriz la.”2

Òganize “anba prètriz la” te bay sè yo otorite ak direksyon. Eliza R. Snow, dezyèm prezidant jeneral Sosyete Sekou, te anseye ke Sosyete Sekou “pa kapab egziste san Prètriz la, palefèt ke tout otorite li ak enfliyans li soti nan sous sa a.”3 Èldè Dallin H. Oaks nan Kolèj Douz Apot yo te eksplike: “Otorite ki pou te egzèse pa ofisye ak enstriktris Sosyete Sekou yo … sete otorite ke yo te resevwa atravè koneksyon òganizasyon yo avèk Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo epi atravè mizapa endividyèl yo anba men dirijan Prètriz yo ki te aple yo a.”4

Òganize “selon modèl Prètriz la” te bay sè yo responsablite sakre. Julie B. Beck, prezidant jeneral Sosyete Sekou, eksplike: “Nou fonksyone selon modèl prètriz la — ki vle di ke nou chèche, resevwa, ak aji selon revelasyon; nou pran desizyon an konsèy; e nou sousye nou pou pran swen chak moun youn pa youn. Objektif nou se objektif prètriz la pou prepare tèt nou pou benediksyon lavi etènèl yo nan fè ak respekte alyans. Se poutèt sa, menmjan pou frè nou yo ki detni prètriz la, travay pa nou se yon travay sali, sèvis, ak vin yon pèp sen.”5

Barbara Thompson, dezyèm konseyè nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a.

Apati ekriti yo

1 Korentyen 11:11; Doktrin ak Alyans 25:3; 121:36–46

Apati istwa nou

Pandan konstriksyon Tanp Novou a, yon gwoup sè te vle òganize yo pou pote sipò yo nan travay konstriksyon an. Eliza R. Snow te prepare règleman pou nouvo gwoup sa a. Lè l te montre Pwofèt Joseph Smith yo, li te reponn: “Di sè yo Senyè a aksepte ofrann yo a, e li gen yon pi bon bagay pou yo. … M pral òganize fi yo anba prètriz la selon modèl Prètriz la.”6 Yon ti tan apre, Pwofèt la te di Sosyete Sekou ki te fèk òganize a: “Kounyeya, mwen remèt nou kle a nan non Bondye, e Sosyete sa a pral rejwi, epi konesans ak entelijans pral vide apati moman sa a.”7 Yo te atann pou sè yo rive nan yon nouvo nivo sentete epi pou prepare pou òdonans Prètriz yo ki ta pral administre nan tanp lan.

Nòt

  1. Spencer W. Kimball, “Relief Society — Its Promise and Potential,” Ensign, Mas. 1976, 4.

  2. Joseph Smith, quoted in Sarah Granger Kimball, “Auto-biography,” Woman’s Exponent, Sept. 1, 1883, 51.

  3. Eliza R. Snow, “Female Relief Society,” Deseret News, Apr. 22, 1868, 81.

  4. Dallin H. Oaks, “The Relief Society and the Church,” Ensign, Me 1992, 36.

  5. Julie B. Beck, “Relief Society: A Sacred Work,” Liahona, Nov. 2009, 111.

  6. Joseph Smith, site nan Kimball, “Auto-biography,” 51.

  7. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 451.

Kisa m kapab fè?

  1. Kijan m kapab ede sè m ap vizite yo jwi benediksyon travay sakre Sosyete Sekou yo?

  2. Kisa m pral fè mwa sa a pou ogmante kapasite mwen pou resevwa revelasyon pèsonèl?

Enprime