Mesaj Premye Prezidans, Novanm 2012
Konsidere benediksyon yo
Papa nou ki nan Syèl la konsyan de bezwen nou e l ap ede nou si nou mande l èd.
Frè ak sè byeneme m yo, konferans sa a fè 49 an depi yo te soutni m, jou 4 Oktòb 1963 a, kòm manm Kolèj Douz Apot yo. Karantnevan se anpil tan. Men, nan plizyè fason, se kòmsi yon ti bout tan k pase depi m te kanpe sou pipit la nan Tabènak la pou m te fè premye diskou mwen nan konferans jeneral.
Anpil bagay chanje depi jou 4 Oktòb 1963 sa a. N ap viv nan yon tan san parèy nan istwa mond lan. Nou jwenn sitèlman anpil. Men pafwa, li difisil pou nou wè pwoblèm ak dispozisyon pou peche ki bò kote nou yo san nou pa dekouraje. Mwen twouve ke, olye de chita nan bagay negatif yo, si nou ta fè yon poz pou konsidere benediksyon lavi nou yo, enkli sa ki parèt piti ke nou pa menm note yo, nou ka jwenn pi gwo lajwa.
Pandan m t ap repase 49 ane sa yo, m te fè kèk dekouvèt. Youn sèke pil eksperyans mwen te fè yo pa t nesesèman eksperyans yon moun ka konsidere kòm ekstraòdinè. Anfèt, nan lè yo te rive yo, yo te souvan parèt inapèsi e menm òdinè. Men, lè m ap gade dèyè, yo te anrichi ak beni lavi—enkli pwòp lavi pa m. M ta rekòmande nou fè menm egzèsis la—ki se, fè envantè lavi nou e chèche espesyalman benediksyon, gwo kou piti, nou resevwa yo.
Envantè pa m nan sou ane lavi m yo te konstamman ranfòse pa konesans mwen ke yo tande priyè nou yo e nou jwenn repons pou yo. Nou tout familye avèk verite nou jwenn nan 2 Nefi nan Liv Mòmon an: “Lèzòm fèt pou yo kapab gen lajwa.”1 Mwen temwaye ke anpil nan lajwa sa a vini lè nou rekonèt nou ka kominike avèk Papa nou ki nan Syèl la pa mwayen lapriyè epi priyè sa yo li tande yo e l reponn yo—petèt pa nan fason nou atann li t ap reponn yo a, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen nou e ki renmen nou pafètman an e ki vle nou gen lajwa a, ap reponn yo. Èske l pa t pwomèt nou: “Rete enb; epi Senyè Bondye w la ap pran men ou pou dirije ou, epi l ap ba ou repons pou priyè ou yo”?2
Pandan pwochen minit m genyen pou m pale avèk nou yo, mwen ta renmen pataje avèk nou yon ti echantiyon sou eksperyans m te fè kote yo te tande priyè m yo e reponn yo, sa ki, an retou, te pote benediksyon nan lavi m osibyen ke nan lavi lòt moun. Jounal mwen, ke m te kenbe pandan tout ane sa yo, ede m bay kèk bagay espesifik ke otreman mwen pa t ap kapab sonje.
Nan kòmansman ane 1965 la, mwen te resevwa tach pou m te ale nan konferans pye ak pou fè lòt reyinyon nan tout zòn Pasifik Sid yo. Sete premye vizit mwen nan pati sa a nan mond lan, e sete yon epòk mwen pap janm bliye. Anpil nan sa ki te evenman espirityèl yo te rive pandan tach sa a pandan m t ap rankontre dirijan, manm, ak misyonè.
Nan wikenn Samdi ak Dimanch, 20 ak 21 Fevriye a, nou te nan Brisbane, an Ostrali, pou fè sesyon konferans nan Pye Brisbane nan. Pandan reyinyon jou Samdi yo, yo te prezante m yon prezidan distri ki te soti yon lòt kote nan zòn nan. Pandan m t ap ba l lamen, mwen te santi yon gwo enpresyon pou m te pale avèk li pou ba li konsèy, epi konsa, m te mande l si l te vle akonpaye m nan sesyon Dimanch maten an nan demen pou m te kapab fè sa.
Apre sesyon Dimanch la, nou te gen opòtinite pou n te pale. Nou te pale sou pil responsablite l te genyen kòm prezidan distri. Pandan nou t ap fè sa, mwen te santi m pouse pou ofri li kèk sigjesyon espesifik sou travay misyonè ak sou fason li menm ak manm yo ta ka ede misyonè aplentan yo nan travay yo nan zòn nan. Mwen te aprann nan apre ke mesye sa a t ap priye pou l te jwenn direksyon nan domèn sa a. Pou li menm, ti pale nou an sete yon temwayaj espesyal ke yo te tande priyè l yo e reponn yo. Sa sete yon reyinyon aparaman remakab men yon reyinyon ke m konvenki ki te gide pa Lespri a e ki te fè yon diferans nan lavi prezidan distri sa a, nan lavi manm li yo, ak nan siksè misyonè yo nan kote sa a.
Frè m ak sè m yo, objektif Senyè a souvan akonpli lè nou koute gidans Lespri a. Mwen kwè ke plis nou aji selon enspirasyon ak enpresyon nou resevwa yo, se plis Senyè a ap konfye nou tach pou nou fè.
Mwen te aprann, jan m konn mansyone nan mesaj anvan yo, pou m pa janm neglije yon enspirasyon. Nan yon okazyon, sa gen kèk ane, mwen t ap naje nan ansyen Deseret Gym nan nan Salt Lake City lè m te santi enspirasyon pou m t ale nan Lopital Inivèsite a pou vizite yon zanmi m ki te pèdi izaj janm ni akoz yon kansè ak operasyon l te oblije fè. Mwen te kite pisin nan imedyatman, m te abiye, epi byen vit m te prese al wè bon mesye sa a.
Lè m te rive nan chanm ni, mwen te jwenn ni vid. Lè m te mande, mwen te aprann ke m t ap pwobableman jwenn ni nan zòn pisin lopital la, yon zòn yo te itilize pou terapi fizik. Sete vre. Li te debwouye l dirije chèz woulant la al bò pisin nan e li sete sèl moun ki te nan sal la. Li te nan lòtbò pisin nan, nan zòn kote ki pi fon an. Mwen te rele li, epi l te manevre chèz woulant la pou vin akeyi mwen. Nou te fè yon bon pale, epi m te akonpaye l retounen nan chanm lopital Ia kote m te ba l yon benediksyon.
Nan apre m te aprann nan men zanmi m nan ke li te santi l trè dekouraje jou sa a epi li t ap panse pou l te touye tèt li. Li te priye pou l te jwenn sekou men li te kòmanse santi ke priyè l yo pa t jwenn repons. Li t al bò pisin nan avèk panse pou l te mete yon fen ak mizè li—kote l ta pral lage chèz woulant la nan fon pisin nan. Mwen te rive nan moman kritik la, an repons ak sa m konnen ki te enspirasyon soti nan syèl la.
Zanmi nan te viv plizyè ane apresa—ane ranpli ak lajwa ak rekonesans. Mwen te kontan anpil dèske m te yon enstriman nan men Senyè a nan jou kritik sa a bò pisin nan.
Nan yon lòt okazyon, pandan Sè Monson avèk mwen t ap kondui apre nou te fin sot wè kèk zanmi, mwen te santi enpresyon ke nou te dwe ale lavil—pou kondui sou plizyè kilomèt—pou al vizite yon granmoun vèv ki te nan pawas nou an yon fwa. Li te rele Zella Thomas. Nan moman an, li t ap viv nan yon mezon sante. Jou aprèmidi sa a, nou te jwenn ni ekstrèmeman frèl men li te kouche byen pezib sou kabann ni.
Zella te avèg depi lontan, men li te rekonèt vwa nou imedyatman. Li te mande si m te ka ba l yon benediksyon, li te ajoute ke l te prepare pou l te mouri si Senyè a te vle l retounen lakay. Te gen yon bèl espri pezib nan sal la, epi nou tout te konnen ke li pa t ret anpil tan pou l te kite mòtalite a. Zella te pran men m epi l te di l te priye anpil pou m te vin wè li pou ba l yon benediksyon. M te di l nou te vini akoz enspirasyon dirèk nou te resevwa nan men Papa nou ki nan Syèl la. Mwen te bo fwon li, m te konnen ke petèt mwen pa t ap wè l ankò nan mòtalite a. Sa te pase egzakteman konsa, li te mouri nan jou apre a. Paske m te kapab pote yon ti rekonfò ak lapè pou bèl Zella nou an, sete yon benediksyon pou li menm ak pou mwen.
Opòtinite pou nou tounen yon benediksyon nan lavi yon lòt moun yo souvan prezante sanzatann. Yon jou Samdi pandan yon nuit ekstrèmeman frèt nan ivè 1983–84 la, Sè Monson avèk mwen t ap kondui distans plizyè kilomèt pou n t ale nan vale montay Midwa a nan Uta, kote nou te gen yon kay. Tanperati jou swa sa a te mwens 24 degre Farenheit (-31ºC), epi nou te vle asire nou ke tout bagay te oke nan kay la nou te genyen nan kote sa a. Nou te tcheke e nou te wè tout bagay te anfòm, konsa nou te derape pou n te retounen Salt Lake City. Apèn nou te fè yon ti kilomèt sou otowout la, machin nan te kanpe. Nou te konplètman bloke. Mwen pa t janm te santi fredi, jamè, jan m te santi l jou swa sa a.
Ak reziyasyon, nou te kòmanse mache pou n t al nan vil ki te pi pre a, machin t ap pase vit bò kote nou. Finalman, yon machin te kanpe, epi yon jèn gason te ofri pou ede nou. Nou te finalman aprann ke gaz diesel la ki te nan tant gaz nou an te jele akoz fredi a, sa ki te fè l enposib pou nou te kondui machin nan. Jenòm janti sa a te kondui nou retounen nan kay nou nan Midway a. Mwen te eseye peye li pou sèvis li, men li te jantiman refize. Li te di l sete yon Eskout e l te vle fè yon bon aksyon. Mwen te prezante tèt mwen, epi li te di jan l te apresye privilèj li te genyen pou l te ede nou an. Paske m te asime l te nan laj pou fè yon misyon, m te mande l si l te planifye pou al sèvi yon misyon. Li te di m li pa t ko konn kisa l te vle fè.
Nan demen maten, mwen te ekri jenòm sa a yon lèt pou m te remèsye li pou jantiyès li. Nan lèt la m te ankouraje l pou l t al sèvi yon misyon aplentan. Mwen te voye lèt la avèk youn nan liv mwen yo e m te souliyen chapit sou sèvis misyonè yo.
Apeprè yon semèn apre, manman jenòm nan te telefòne m epi l te di m pitit gason l sa a sete yon jènjan ekstraòdinè men akoz kèk enfliyans nan lavi li, dezi l te genyen depi lontan pou l te fè yon misyon an te diminye. Li te di ke limenm ak papa a te jene ak priye pou kè l te ka chanje. Yo te mete non li nan lis priyè tanp Provo a nan Utah. Yo te espere ke yon jou, kè li ta touche e l ta retounen gen dezi pou sèvi yon misyon ak sèvi Senyè a fidèlman. Manman an te vle m konnen ke l te konsidere sa k te rive jou swa fredi sa a kòm yon repons pou priyè yo pou pitit gason sa a. Mwen te di l “M dakò avèk ou.”
Apre plizyè mwa ak plis kominikasyon avèk jenòm sa a, Sè Monson avèk mwen te anvayi pa lajwa lè nou t al di li orevwa anvan l te pati pou Misyon British Columbia a nan Vancouver nan Canada.
Èske sete chans ki te fè wout nou te kwaze nan lannuit frèt Desanm sa a? Mwen pa panse sa. Men, mwen kwè ke rankont nou an sete repons priyè sensè yon manman ak yon papa pou yon pitit gason yo te renmen.
Ankò, frè m ak sè m yo, Papa nou ki nan Syèl la konsyan de bezwen nou e l ap ede nou si nou mande l asistans. Mwen kwè ke pa gen okenn pwoblèm nou genyen ki twò piti ni twò ensiyifyan pou li. Senyè a sousye pou tout ti detay nan lavi nou.
Pou fini, mwen ta renmen rakonte nou yon eksperyans ki te fè yon enpak sou dè santèn moun. Sa te rive nan selebrasyon kiltirèl Tanp Kansas City a, sa gen prèske senk mwa. Menmjan ak pou tout bagay ki rive nan lavi nou, nan moman sa te fèt la, sa te sanble se jis yon lòt eksperyans kote tout bagay te fini byen. Men, lè m te aprann sikonstans ki te asosye avèk selebrasyon kiltirèl sa a jou swa anvan konsekrasyon tanp lan, mwen te reyalize ke prezantasyon jou sa a pa t yon bagay òdinè. Men, sa te remakab.
Menm jan ak tout aktivite kiltirèl ki fèt kòm pati konsekrasyon tanp yo, jèn nan Distri Tanp Kansas City yo te fè repetisyon prezantasyon an an gwoup separe nan pwòp zòn pa yo. Plan an sete pou yo tout te reyini ansanm, lwe sant minisipal la nan Samdi maten prezantasyon an pou yo te ka fè repetisyon sou kilè ak ki kote pou yo te antre, kote pou yo te kanpe, konbyen espas yo te dwe genyen ant yo menm ak moun bò kote yo a, kijan pou yo te soti nan premye etaj la, elatriye—anpil detay yo t ap gen pou kapte pandan jounen an pandan ke moun ki te anchaj yo t ap mete sèn yo ansanm pou prezantatyon final la te parèt poli ak byen rafine.
Men, te gen yon gwo pwoblèm jou sa a. Tout pwodiksyon an te depann sou segman yo te deja anrejistre ke yo t ap pase sou yon gwo ekran ki rele yon Jumbotron. Segman anrejistre sa yo te enpòtan anpil pou tout prezantasyon an. Yo te nonsèlman liye tout pati yo ansanm, men chak segman videyo t ap entwodui prezantasyon apre a. Segman videyo yo te esansyèl pou fè tout prezantasyon an fè sans. Epi Jumbotron an pa t mache.
Teknisyen yo te travay san relach pou rezoud pwoblèm nan pandan jèn yo t ap tann, dè santèn jèn, ki t ap pèdi tan presye repetisyon an. Sitiyasyon an te kòmanse parèt enposib.
Moun ki te ekri selebrasyon an, direktris la, Susan Cooper, te eksplike nan apre: “Pandan nou t ap pase pa plan A rive nan plan B jiska plan Z, nou te reyalize sa pa t mache. … Lè nou t ap gade orè a, nou te reyalize ke nou pa t ap kapab respekte li, men nou te konnen ke nou te gen youn nan pi gwo fòs yo prezan la a—3.000 jèn. Nou te bezwen al jwenn yo pou di yo sa k t ap pase a epi itilize lafwa yo.”3
Egzakteman inèdtan anvan envite yo te kòmanse antre nan sant lan, 3.000 jèn sa yo te mete ajenou atè a epi yo te priye ansanm. Yo te priye pou moun ki t ap travay sou Jumbotron yo te jwenn enspirasyon pou konnen kisa pou yo te fè pou te repare li; yo te mande Papa yo ki nan Syèl la pou l te kouvri pou yo nan sa yo pa t ap kapab fè akoz mank tan sa a.
Yon moun ki te ekri sou sa nan apre te di: “Sete yon priyè jèn yo pap janm bliye, non pa paske planche a te di, men paske yo te santi Lespri a nan tout zo yo.”4
Sa pa t pran tan pou yon teknisyen te vin di yo te dekouvri pwoblèm nan e yo te rezoud li. Li te di yo ke yo te gen anpil “chans”, men tout jèn sa yo te konnen pi byen pase sa.
Lè nou te antre nan sant minisipal la jou swa sa a, nou pa t gen okenn ide sou difikilte ki te genyen nan jounen an. Se sèlman nan apre nou te vin aprann yo. Men, sa nou te wè, sete yon bèl prezantasyon rafine—youn nan pi bèl nou konn wè. Jèn yo te reyone yon bèl espri puisan ke tout moun ki te la yo te santi. Sete kòmsi yo te konnen ki kote pou yo te antre, ki kote pou yo te kanpe, ak kijan pou yo te aji avèk lòt moun ki t ap jwe bò kote yo a. Lè m te aprann repetisyon an pa t ka fèt e gwoup la pa t repete anpil nan sa nou te wè yo, mwen te etone. Pèsonn pa t konnen. Senyè a te anfèt fè diferans la pou yo.
Mwen pap janm sispann etone pa fason Senyè a ka motive ak dirije chak pati wayòm ni an e malgre sa li gen tan pou bay enspirasyon konsènan yon moun—oswa yon selebrasyon kiltirèl oubyen yon Jumbotron. Lefèt ke L kapab fè sa a, ke l fè sa a, se yon temwayaj pou mwen.
Frè m ak sè m yo, Senyè a enplike nan tout bagay nan lavi nou. Li renmen nou. Li vle beni nou. Li vle nou chèche èd li. Pandan l ap gide nou e dirije nou, epi pandan l ap koute e reponn priyè nou yo, n ap jwenn isit la kounyeya menm, bonè sa l vle pou nou an. Se pou nou konsyan de benediksyon l yo nan lavi nou, mwen priye nan non Jezikri, Sovè nou an, amèn.
© 2012 pa Intellectual Reserve, Inc. Tout dwa rezève. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon Anglè: 6/11. Apwobasyon tradiksyon: 6/11. Tradiksyon First Presidency Message, November 2012. Haitian Creole. 10371 036