2017
Pouvwa Liv Mòmon an
May 2017


Mesaj Vizit nan fwaye, Me 2017

Pouvwa Liv Mòmon an

Imaj
Prezidan Thomas S. Monson

Mwen sipliye nou chak pou, nan lapriyè, nou etidye ak medite sou Liv Mòmon an chak jou.

Chè frè m ak sè m yo, mwen salye nou trè kòdyalman pandan n ap rankontre ankò nan yon gran konferans jeneral Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Anvan m kòmanse diskou m nan jodia, m ta renmen anonse senk nouvo tanp ki pral bati nan kote sa yo: Brasília, Brésil; gran Manila, Philippines; Nairobi, Kenya; Pocatello, Idaho, Etazini; ak Saratoga Springs, Utah, Etazini.

Maten an, m ap pale de pouvwa Liv Mòmon an ak bezwen enpòtan nou genyen kòm manm Legliz sa a pou nou etidye, medite, epi aplike ansèyman l yo nan lavi nou. Nou pa dwe neglije enpòtans pou nou gen yon temwanyaj ki fèm ak asire konsènan Liv Mòmon an.

N ap viv nan yon tan ki gen anpil pwoblèm ak anpil mechanste. Kisa ki pral pwoteje nou anba peche ak mal k ap fè ravaj nan monn lan jodia ? Mwen afime ke yon temwanyaj solid sou Sovè nou an, Jezikri, ak sou levanjil Li a ap ede nou jwenn sekirite. Si w pa li Liv Mòmon an chak jou, silvouplè fè sa. Si w li l nan lapriyè epi ak yon dezi sensè pou w konnen laverite, Sentespri a ap manifèste verite a nan kè ou. Si l se verite—e m temwanye nou solanèlman ke l se verite—enben Joseph Smith sete yon pwofèt ki te wè Papa a ak Pitit Gason L la, Jezikri.

Paske Liv Mòmon an vrè, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Senyè a isit sou tè a, epi sent prètriz Bondye a te retabli pou benefis ak benediksyon pitit Li yo.

Si nou pa gen yon temwanyaj ki fèm konsènan bagay sa yo, fè sa ki nesesè pou nou jwenn yonn. Li esansyèl pou nou gen pwòp temwanyaj pa nou nan moman difisil sa yo, paske temwanyaj lòt moun yo kapab sipòte nou sèlman jiska yon sèten pwen. Men, yon fwa nou jwenn ni, yon temwanyaj bezwen rete enpòtan epi vivan atravè obeyisans kontinèl nan kòmandman Bondye yo epi atravè priyè ak etid chak jou.

Chè asosye m yo nan travay Senyè a, mwen sipliye nou pou, nan lapriyè, nou chak etidye e medite Liv Mòmon an chak jou. Si nou fè sa, n ap nan yon pozisyon pou nou tande vwa Lespri a, pou n reziste anba tantasyon, pou n simonte dout ak laperèz, epi pou n resevwa èd Syèl la nan lavi nou. Mwen temwanye nou konsa ak tout kè m, nan non Jezikri, amèn.

Enprime