2017
Yon misyonè san plak
June 2017


Jèn yo

Yon misyonè san plak

Nan lekòl la m gen yon pwofesè ki gen kalite pèsonalite ki ka fè yon moun pè pataje pwendvi opoze li sou yon sijè. Yon jou nou t ap pale sou sijè misyonè nan Legliz nou an. M te konnen m te ka reponn kesyon l yo, men m te santi m pa ta dwe. Konsa m te jis di ase pou satisfè li pou moman an.

Nan semèn apre yo m pa t ka sispann panse sou konvèsasyon nou an. Finalman, panse a te vini nan tèt mwen ke m ta dwe ba l yon Liv Mòmon avèk kèk fraz souliyen sou travay misyonè. Panse a te efreye m, men m te pèsiste. M te konnen sete yon enspirasyon m te dwe suiv.

Apeprè de mwa apre, m te pare yon Liv Mòmon. Tout jounen an m te santi kòmsi liv la t ap boule m nan valiz sou do m nan. Twa segond sa te pran pou m te lonje liv la ba li a, lè m t ap kite pou ale nan vakans ivè a, sete moman ki te pi efreyan nan lavi mwen.

Premye jou m te retounen an, m te pase devan klas li men m te pè antre. Epi m te tande l rele m, epi li te ban m yon kat. M te li kat la nan koulwa a. Li te ekri ke l te etidye tout pasaj m te souliyen yo “afon”, epi li te kòmanse konprann kèk rezon ki te dèyè lafwa m yo.

M te vin eksite pou m te pataje levanjil la kounyeya, epi, m te menm vin gen plis eksitasyon pou m sèvi Pè Selès la nan yon misyon trè byento.

Enprime