2017
Lajwa antanke Disip Jezikri.
August 2017


Jèn yo

Lajwa antanke Disip Jezikri

Èske w janm pase yon move jounen? Kisa w te fè pou te ankouraje ou? Prezidan Uchtdorf konnen ke “nou chak gen lapenn pa nou, desepsyon pa nou, chagren pa nou. Nou kapab menm santi nou dekouraje e pafwa boulvèse.”

Solisyon li se viv sa li rele “yon lavi disip”: “rete fidèl epi kontinye avanse ak lafwa.” Lè nou avanse ak lafwa, nou kapab fè Bondye konfyans, respekte kòmandman L yo, epi sèvi lòt moun – epi santi lajwa pandan n ap fè bagay sa yo! Jan Prezidan Uchtdorf te di a, “Moun ki viv yon lavi disip … se moun ti aksyon yo souvan fè yon gwo diferans.”

Anvizaje fè yon lis fason nou ka viv yon lavi disip. Pa egzanp, ou ta kapab ekri yon ide sèvis tankou “Ede yon paran prepare manje” oswa yon ide pou respekte kòmandman yo tankou “Priye pou m gen plis pasyans avèk frè ak sè m yo.” Pwochèn fwa w santi w fristre oswa boulvèse, rale lis ou a, chwazi yon ide, epi eseye l!

Enprime