2017
Lavi Yon Disip
August 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Out 2017

Lavi Yon Disip

Sa gen trantan nan Gana, yon jèn etidyan inivèsite ki rele Doe te antre nan yon sal reyinyon Sen Dènye Jou (SDJ) pou lapremyè fwa. Se yon zanmi fi ki te envite Doe pou l te akonpaye l, epi Doe te anvi konnen kijan Legliz la fonksyone.

Moun yo te tèlman janti ak akeyan ke li pa t kapab anpeche tèt li mande: “Ki kalite Legliz sa a?”

Doe te santi l sitèlman enpresyone ke l te deside aprann plis sou Legliz la ak manm li yo, ki te ranpli ak si anpil lajwa konsa. Men osito ke l te kòmanse fè sa, te gen kèk fanmi ak zanmi byen entansyone ki te kòmanse opoze avèk li nan tout bagay. Yo te di bagay tèrib sou Legliz la epi yo te fè tout sa yo te kapab pou te fè l chanje lide.

Men Doe te resevwa yon temwayaj.

Li te gen lafwa, e li te renmen levanjil la, ki t ap ranpli lavi l avèk jwa. Epi se konsa, li te antre nan dlo batèm yo.

Apre sa, li te lage kò l nan etid ak lapriyè. Li te jene epi li te chèche enfliyans Sentespri a nan lavi l. Kòm rezilta, temwayaj Doe ak lafwa li te vin pi fò ak pi pwofon. Finalman, li te deside fè yon misyon aplentan pou Senyè a.

Lè l te retounen apre li te fin fè misyon an, li te fè sòti an koup epi li te marye avèk yon ansyen misyonè – egzakteman misyonè ki te batize l la kèk ane anvan sa a – epi yo te sele apre sa nan Tanp Johannesburg la nan Afrik di Sid.

Sa gen plizyè ane depi Doe Kaku te premye fè eksperyans lajwa ki genyen nan levanjil Jezikri a. Pandan tan sa a, lavi a pa t toujou dous pou li. Li te andire pati chagren ak dezespwa pa l, enkli lanmò de pitit—gwo doulè eksperyans sa yo toujou peze lou sou kè li.

Men li menm ak mari l la, Anthony, te fè efò pou youn vin pi pre lòt ak pi pre Pè Selès byenneme yo a, ke yo renmen ak tout kè yo.

Jodi a, 30 tan apre l te antre nan dlo batèm yo, Sè Katu fèk sot fini yon lòt misyon aplentan—fwa sa a bò kote mari li, ki te prezidan misyon nan Nijerya.

Moun ki konnen Sè Kaku di gen yon bagay espesyal nan li. Li briye tankou yon limyè. Li difisil pou yon moun pase yon ti tan avèk li san moun sa a pa santi l pi kontan pase jan l te ye anvan.

Temwayaj li sèten. Li di : “Mwen konnen Sovè a wè m kòm pitit fi L ak zanmi L (gade Mozya 5:7 Etè 3:14,” li te di. “Epi m ap aprann ak fè efò pou m zanmi L tou – non sèlman nan sa m ap di men nan sa m ap fè tou.”

Nou se Disip

Istwa Sè Kaku a sanble avèk pa anpil lòt moun. Li te gen yon dezi pou l te konnen laverite, li te fè efò ki te nesesè pou l te ka jwenn limyè espirityèl, li te demontre lanmou l pou Bondye ak pwochen l yo, e pandan tan sa a li te pase pa eprèv ak chagren.

Men malgre tout opozisyon, malgre tout chagren li te rankontre, li te kontinye avanse nan lafwa. Epi sa ki osi enpòtan tou, li te kenbe lajwa li. Li te jwenn yon fason pou l te non sèlman andire difikilte lavi yo men pou l te pwogrese malgre yo tou!

Istwa l la sanble ak istwa pa w ak pa mwen.

Li ra pou vwayaj nou swa oswa san eprèv.

Nou chak gen lapenn pa nou, desepsyon pa nou, chagren pa nou.

Nou kapab menm santi nou dekouraje e pafwa boulvèse.

Men, moun ki mennen yon lavi disip – ki rete fidèl e ki kontinye avanse ak lafwa; ki mete konfyans yo nan Bondye epi ki respekte kòmandman L yo;1 ki viv levanjil la chak jou ak chak moman; ki rann moun ki bò kote yo sèvis, yon bon aksyon alafwa – se moun ki gen ti aksyon piti yo souvan fè yon gwo diferans.

Moun ki yon tijan pi janti, yon ti jan pi padonan, ak yon ti jan gen plis mizèrikòd yo, se moun sa yo ki pral resevwa mizerikòd.2 Moun ki fè mond sa a vin yon pi bon kote nan bay atansyon ak lanmou alafwa, e ki ap fè efò pou yo viv lavi beni, satisfezan ak pezib yon disip Jezikri se yo menm ki ap jwenn lajwa finalman.

Y ap konnen ke “lanmou Bondye ki antre nèt nan kè pitit lèzòm …li pi dezirab pase tout bagay …. pa gen anyen ki kapab fè yon moun pi kontan pase sa.”3

Enprime