2019
Fè Sèvis Pastoral agreyab
Avril 2019


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Avril 2019

Fè Sèvis Pastoral agreyab

Lè nou sèvi avèk amou, sa pote lajwa ni nan kè moun k ap rann sèvis la ni sa k ap resevwa l la.

Pafwa rechèch bonè nou nan lavi sa a kapab parèt tankou n ap kouri sou yon tapi woulan. Nou kouri epi n kouri men nou santi se kòm si n pa al okenn kote. Pou kèk moun, lide pou nou fè sèvis pastoral pou lòt moun nan parèt tankou nou ajoute plis bagay pou nou fè.

Men Papa nou ki nan Syèl la vle nou santi lajwa epi l di nou: “Lòm fèt, pou yo kapab gen lajwa”(2 Nefi 2:25). Epi Sovè a te ansenye ke sèvis pastoral pou lòt moun se yon pati esansyèl nan fason nou pote lajwa nan lavi nou ak nan lavi lòt moun.

Kisa lajwa ye?

Yo defini lajwa kòm “yon santiman gran plezi ak kontantman.”1 Pwofèt dènye jou yo te bay klarifikasyon sou ki kote lajwa soti ak sou kijan pou nou jwenn ni. Prezidan Russell M. Nelson te di “Lajwa nou santi a pa twò gen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li gen pou wè avèk fokis lavi nou.”… Lajwa sotin nan [Jezikri] e gras avèk li. Li se sous tout lajwa.”2

Sèvis Pastoral pote lajwa

Lè Leyi te manje fwi pyebwa lavi a, nanm ni te ranpli ak “anpil lajwa” (1 Nefi 8:12). Premye dezi li sete pou l te pataje fwi sa a avèk moun ki te chè pou li yo.

Dispozisyon nou pou nou fè sèvis pastoral kapab pote kalite lajwa sa a pou nou menm ak pou yo yo menm tou. Sovè a te anseye disip li yo ke fwi nou pote lè nou konekte avèk li yo ede nou jwenn yon plenitid lajwa (gade Jan 15:1–11). Lè nou fè travay li nan sèvi ak chèche mennen lòt moun vin jwenn ni, sa kapab yon eksperyans agreyab (gade Lik 15:7; Alma 29:9; Doktrin ak Alyans 18:16; 50:22). Nou ka santi lajwa sa a menm lè n ap fè fas ak opozisyon ak soufrans (gade 2 Korentyen 7:4; Kolosyen 1:11).

Sovè a te montre nou egzanp pafè ke youn nan pi gwo sous vrè lajwa nan lavi motèl la, nou jwenn ni atravè sèvis. Lè nou sèvi frè ak sè nou yo menm jan ak Sovè a, avèk charite ak lanmou nan kè nou, nou kapab santi yon lajwa ki plis pase senp kontantman.

Prezidant Jean B. Bingham, Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a te ansenye: “Lè nou anbrase [sèvis pastoral] avèk kè nou byen dispoze, n ap vin … pi prè pou n vin yon pèp Siyon epi n ap santi yon lajwa depasan avèk moun nou te ede yo sou chemen disip la.”3

Kijan nou ka fè sèvis pastoral vin pi agreyab?

Gen plizyè fason nou ka pote pi gwo lajwa nan sèvis pastoral nou. Men kèk ide:

  1. Konprann objektif nou nan sèvis pastoral la. Gen plizyè rezon pou n sèvi. Alafen, efò nou dwe aliyen avèk objektif Bondye pou “reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm” (Moses 1:39). Lè nou aksepte envitasyon Prezidan Russel M. Nelson nan pou nou ede lòt moun sou chemen alyans lan, nou kapab jwenn lajwa nan patisipe nan travay Bondye a.4 (Pou plis enfòmasyon sou objektif sèvis pastoral la, gade “Prensip Sèvis Pastoral: Objektik ki pral chanje Sèvis Pastoral nou,” nan Lyawona Janvye 2018 la.)

  2. Fè sèvis pastoral la vin yon bagay ki osijè moun yo, non pa osijè tach yo ba nou. Prezidan Thomas S. Monson souvan te souvan raple nou: “Pa janm kite yon pwoblèm pou nou rezoud vin pi enpòtan pase yon moun pou nou renmen.”5 Sèvis Pastoral se konsènan renmen moun, non pa konsènan bagay pou nou fè. Lè nou vin aprann renmen jan Sovè a te renmen an, n ap vin pi ouvri pou lajwa ki vini nan sèvi lòt moun.

  3. Senplifye sèvis pastoral la. Prezidan M. Russell Ballard, Prezidan Sipleyan Kolèj Douz Apot yo, di nou: “Se atravè bagay senp ak piti yo gran bagay vini. … Ti zak jantiyès ak sèvis senp yo ap akimile nan yon lavi ranpli ak lanmou pou Papa nou ki nan Syèl la, devosyon pou travay Senyè a, Jezikri, ak yon santiman lapè ak lajwa chak fwa nou lonje men youn bay lòt.”6

  4. Elimine strès nan sèvis pastoral nou. Se pa responsablite w pou w travay sali yon moun. Se ant moun nan avèk Senyè a. Responsablite nou se renmen yo ak ede yo al jwenn Jezikri ki se Sovè yo.

Pa ranvwaye lajwa sèvis la a demen

Pafwa moun yo ezite mande èd lè yo bezwen, donk, ofri sèvis nou se ka egzakteman sa yo bezwen. Men fòse tèt nou sou moun se pa solisyon an nonplis. Mande pèmisyon anvan nou rann sèvis pastoral se yon bòn ide.

Èldè Dieter F. Uchtodorf nan Kolèj Douz Apot yo te pale de yon manman selibatè ki te gen lawoujòl-epi pitit li yo te vin malad tou. Kay ki dabitid te konn trè pwòp la te vin ankonbre ak gaye. Asyèt sal ak rad sal te anpile.

Nan yon moman kote l te santi l totalman depase, sè Sosyete sekou te frape nan pòt li. Yo pa t di: “Fè nou konnen si nou ka ede ou.” Lè yo te wè sitiyasyon an, yo te antre an aksyon.

“Yo te netwaye, yo te pote limyè ak klète nan kay la, epi yo te rele yon zanmi pou l te pote kèk pwovizyon kay la te bezwen. Lè yo te fini travay yo alafen epi yo te di orevwa, yo te kite jèn manman sa a ap kriye---dlo rekonesans ak lanmou.”7

Ni moun ki t ap rann sèvis yo ni moun ki te resevwa l la te santi chalè lajwa.

Kiltive lajwa nan lavi nou

Plis lajwa, lapè ak kontantman nou ka kiltive nan lavi nou, se plis n ap kapab pataje avèk lòt moun lè n ap fè sèvis pastoral. Lajwa vini atravè Sentespri a (gade Galat 5:22 ak Doktrin ak Alyans 11:13). Se yon bagay nou ka priye pou nou jwenn (gade Doktrin ak Alyans 136:29) ak envite nan lavi nou. Men kèk ide pou nou kiltive lajwa nan pwòp lavi nou:

  1. Konte benediksyon yo. Lè nw egzamine lavi w, ekri benediksyon Bondye ba ou yo nan jounal ou.8 Pote atansyon a byen k ap fèt bò kote ou.9 Pote atansyon sou sa ki ta ka ap anpeche w santi lajwa epi ekri fason w ka rezoud yo oubyen pi byen konprann yo. Pandan sezon Pak la, pran tan pou w chèche gen yon pi gwo koneksyon avèk Sovè a (gade Doktrin ak Alyans 101:36).

  2. Pran konsyans. Lajwa kapab vin jwenn nou pi fasil nan moman meditasyon an silans.10 Pote anpil atansyon sou bagay ki pote lajwa pou ou yo (gade 1 Kwonik 16:15). Pase tan lwen medya se kapab yon bagay ki pafwa nesesè pou refleksyon.11

  3. Evite konpare tèt ou. Yo di konparezon se volè lajwa. Pòl te avèti ke moun “k ap mezire tèt yo pou kont yo, epi k ap konpare tèt yo antre yo yo, pa gen sajès” (2 Korentyen 10:12)

  4. Chèche revelasyon pèsonèl. Sovè a te ansenye: “Si nou mande, n ap resevwa revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans, pou nou kapab konnen mistè ak bagay pezib—ki pote lajwa, ki pote lavi etènèl”(Doktrin ak Alyans 42:61).

Envitasyon pou n aji

Kijan w ka ogmante lajwa w jwenn nan lavi watravè sèvis pastoral la?

Nòt

  1. “Lajwa”

  2. Russell M. Nelson, “Lajwa ak Renesans Spirityèl” Liahona, Nov. 2016, 82.

  3. Jean B. Bingham, “Sèvi jan Sovè a Sèvi” Lyawona, Me 2018, 107.

  4. Gade Russell M. Nelson, “Pandan n ap avanse ansanm,” Lyawona, Avr. 2018, 4-7.

  5. Thomas S. Monson, “Jwenn lajwa sou wout la,” Liahona, Nov. 2008, 86.

  6. M. Russell Ballard, “Jwenn lajwa atravè sèvis eman,” Liahona, Me 2011, 49.

  7. Ggade Dieter F. Uchtdorf, “Viv Levanjil la ak lajwa,” Liahona, Nov. 2014, 120-123

  8. Gade Henry B. Eyring, “O Sonje, Sonje,” Liahona, Nov. 2007, 67

  9. Gade Jean B. Bingham, “Pou lajwa nou ka ranpli,” Liahona, Nov. 2017, 87.

  10. Gade Dieter F. Uchtdorf, “Konsènan bagay ki pi konte yo” Liahona, Nov. 2010, 21.

  11. Gade Gary E. Stevenson, “Eklips spirityèl,” Liahona, Nov. 2017, 46.

Enprime