2019
Èske w Rate Pati Vital Sèvis Pastoral Sa a?
Oktòb 2019


Prensip Sèvis Pastoral, Oktòb 2019

Èske w Rate Pati Vital Sèvis Pastoral Sa a?

Fè Sèvis pastoral se “rejwi ak moun k ap rejwi“ otan ke l se pou “kriye ak moun k ap kriye“ (Women 12:15).

Imaj
ministering

Ilistrasyon pa Augusto Zambonato

Lè nou reflechi konsènan sèvis pastoral, li fasil pou n panse a ede moun ki nan bezwen. Nou pale konsènan fè jadinaj pou vèv la, pote manje bay moun ki malad, oubyen bay moun k ap lite. Nou sonje konsèy Paul pou nou “lite ak moun k ap lite,“ men èske nou fokis ase sou premye pati vèsè sa a—pou nou “rejwi avèk moun k ap rejwi“? (Women 12:15). Rejwi ak moun n ap fè sèvis pastoral pou yo an—keseswa sa vle di selebre siksè yo oubyen ede yo jwenn lajwa nan tan difisil—se yon pati enpòtan nan sèvis pastoral la menm jan Sovè a te fè a.

Men twa ide ki ka ede (ak youn pou nou evite) lè n ap eseye fokis sou bon bagay Bondye mete nan lavi nou.

1. Pote Atansyon

Bonnie H. Cordon, Prezidant Jeneral Jènfi yo, ede nou konprann ke nou dwe moun n ap fè sèvis pastoral pou yo an pou nou—non sèlman wè chay yo ak lit yo men fòs, talan, ak sisksè yo tou. Li te di ke nou bezwen rete yon “chanpyon ak yon moun ki konfyan—yon moun ki pote atansyon avèk sikonstans yo ak sipòte yo nan esperans ak aspirasyon yo.”1

Nan parabòl mouton ak kabrit yo, Sovè a te di moun ki ap adwat Li yo pral mande: “Senyè, kilè nou te wè w grangou, epi nou te ba w manje? oubyen swaf, epi te ba w bwè?

“Kilè nou te wè w yon etranje, epi nou te resevwa w lakay nou?” (Matye 25:37–38).

Sè Cordon te di: “Frè m ak sè m yo, mo kle yo se te wè a.. “Jis yo te wè moun ki te nan bezwen yo paske yo t ap gade epi yo te note. Nou menm tou nou ka ouvri je nou pou n ede ak rekonfòte, pou n selebre e menm reve.”2

2. Jwenn yon Rezon pou Selebre

Selebre siksè nou, gwo oubyen piti. Se gen dwa simonte kansè oubyen fè fas ak yon separasyon, jwenn yon nouvo travay oubyen jwenn yo soulye ki te pèdi, siviv yon mwa apre pèt yon moun ki chè pou ou oubyen viv yon semèn san sik.

Rele pou felisite, depoze yon kat, oubyen soti al manje ansanm. Lè nou pataje benediksyon nou yo ansanm, lè nou viv ak gratitid, epi nou selebre benediksyon ak siksè lòt moun, nou “gen rejwisans nan lajwa frè nou yo” (Alma 30:34).

3. Wè Men Senyè a

Pafwa rejwi avèk lòt moun vle di ede yo wè rezon pou yo rejwi—kèlkeswa difikilte oubyen lajwa k ap antre nan lavi nou. Verite senp ke Papa nou Ki nan Syèl la konsyan de nou epi li pare pou l elve nou an kapab yon sous lajwa enkwayab.

Ou ka ede lòt moun wè men Bondye nan lavi yo lè w pataje kijan w wè l nan pwòp lavi pa w. Rete ase enb pou w pataje kijan Papa nou Ki nan Syèl la te ede w nan difikilte w yo. Temwayaj sa a ka ede lòt moun rekonèt epi admèt kijan l te ede yo (gade Mozya 24:14).

4. Pa Limite Kapasite pou w Rejwi a

Malerezman, pafwa nou ka limite pwòp kapasite nou pou nou rejwi ak lòt moun, patikilyèman lè nou santi nou pa ansekirite osijè sa nou genyen pou n ofri a oubyen ki kote nou ye nan lavi nou. Olye n jwenn lajwa nan kontantman yon lòt moun, nou vin pran nan pyèj konparezon. Jan Eldè Quentin L. Cook nan Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Konpare benediksyon se yon fason ki prèske asire pou nou chase lajwa. Nou pa ka rekonesan epi jalou alafwa.”3

Eldè Jeffrey R. Holland nan Kolèj Douz Apot yo te mande: “Kijan nou ka simonte yon tandans konsa ki lakay prèske tout moun?” “… Nou ka konte benediksyon nou yo epi nou ka aplodi akonplisman lòt moun. Pi byen toujou, nou ka sèvi lòt moun, se pi bon egzèsis pou kè ki te janm preskri.”4 Olye n konpare, nou ka konplimante moun nou fè sèvis pastoral pou yo a. Pataje libreman sa w apresye konsènan yo menm oubyen manm fanmi yo.

Jan Paul fè nou sonje a, nou tout se manm kò Kris la, epi lè “youn nan manm yo onore, tout manm yo rejwi avèk li” (1 Korentyen 12:26). Avèk èd Papa nou ki nan Syèl la, nou ka pote atansyon a eksperyans lòt moun, selebre siksè yo, gwo oubyen piti, ede yo rekonèt men Senyè a, epi simonte jalouzi pou nou ka rejwi ansanm toutbon nan benediksyon, talan, ak lajwa lòt moun.

Nòt

  1. Bonnie H. Cordon, “Vin tounen yon Bèje,” Lyawona, Nov. 2018, 76.

  2. Bonnie H. Cordon, “Vin tounen yon Bèje,” 76.

  3. Quentin L. Cook, “Rejwi!” Lyawona, Nov. 1996, 30

  4. Jeffrey R. Holland, “Lòt Pwodij la,” Lyawona, Me 2002, 64.

Enprime