2020
Sèvis Pastoral atravè Pwogram Timoun ak Jèn nan
Oktòb 2020


“Sèvis pastoral atravè Pwogram Timoun ak Jèn nan,” Lyawona, Oktòb 2020

Imaj
Prensip Sèvis Pastoral

Foto pa Tom Garner, Isaac Darko-Acheampong, Alexander k. Boateng, ak Jonas Rebicki

Prensip Sèvis Pastoral, Oktòb 2020

Sèvis Pastoral atravè Pwogram Timoun ak Jèn nan

Envite lòt moun pou yo pwogrese ak ede yo sou chemen an se esans sèvis pastoral la.

Opòtinite yo miltipliye nan sèvis pastoral la atravè pwogram Timoun yo ak Jèn yo. Petèt ou gen timoun oubyen jèn pa w nan fwaye ou. Petèt ou se yon dirijan ki nan pwogram nan oubyen w ap fè sèvis pastoral avèk kèk fanmi ki gen timoun avèk jèn. Oubyen petèt ou konn kèk timoun ak jèn (sa ta kapab enkli nou tout). Kèlkeswa sitiyasyon w ta ye a, gen anpil fason pou itilize pwogram nan oubyen prensip li yo pou beni lavi lòt moun.

Devlope Tèt nou Ansanm

Nan kè pwogram Timoun ak Jèn nan, gen yon aksan yo mete sou eseye chak jou pou nou vin pi sanble avèk Sovè a, Limenm ki te fè sèvis pastoral la pafètman an. Anpil nan moun ki te patisipe nan pwogram nan te aprann ke, plis nou pwogrese nan plizyè domèn nan lavi nou, se plis n ap vin gen kapasite pou nou ede oubyen sèvi lòt moun.

Men avèk pwogram Timoun ak Jèn nan, beni lòt moun pa bezwen rete tann jiskaske w aprann yon bagay. Aksyon pou aprann nan limenm ofri opòtinite pou nou fè sèvis pastoral la.

Pou yon jènjan ki rele Prophet k ap viv nan Ghana, fikse bi nan pwogram Timoun ak Jèn nan pou aprann jwe pyano a sete jis kòmansman an. Prophet di: “Se bi pa m tou pou m ede lòt moun konnen sa m ap aprann nan.”

Menmsi li poko yon enstriktè, bi l fikse a gentan grandi vin tounen yon bagay ki pi gran pase sa l te janm imajine. Kounyeya, gen 50 elèv k ap pran kou pyano nan chapèl la ansanm ak Prophet. Epi devine kiyès k ap ansenye Prophet avèk lòt 50 elèv sa yo? Alexander M. ansanm avèk Kelvin M., yo toulède gen 13 zan. Kevin di: “Nou vle montre jantiyès anvè lòt moun.”

Twa jou pa semèn, de jènjan sa yo ansenye leson pyano debaz gratis pou tout moun ki vin aprann. Te genyen yon benefis anplis ke yo te jwenn nan kou pyano yo. Plizyè nan elèv yo ki te vin konnen Legliz la atravè kou pyano a te vin etidye levanjil la nan apre epi yo te deside vin batize.

Pandan n ap fè efò pou amelyore tèt pa nou, nou kapab fè sèvis pastoral pou lòt moun nan envite yo pou yo vin jwenn nou.

Yon Resèt Viktorye pou Sèvis Pastoral

Antanke yon Prezidant Primè Pieu, Sabrina Simões Deus Augusto ki soti Curitiba, nan Brezil wè kijan aspè devlòpman pèsonèl yo ki nan pwogram nan beni timoun yo ak jèn yo nan pieu l la. Men tou, li wè plizyè fason pou l itilize sa l aprann konsènan devlòpman pèsonèl yo nan apèl li kòm sè k ap fè sèvis pastoral.

Lè mwen devlope yon talan, ”Sè Augusto di, “Mwen kapab itilize talan sa a pou beni yon moun ke m ap rann sèvis pastoral.”

Sè Augusto te ansenye youn nan sè ki soukont li yo kijan pou l fè bonbon chokola. Kounyeya, sè sa a fè bonbon epi li vann yo pou ede fanmi l gen yon revni siplemantè. Sè Augusto di: “Kèk mwa apre, mwen te beni lè yon lòt sè te ansenye m kijan pou m fè pen myèl (pain au miel) ke m te kapab vann.” “Devlope ak pataje talan nou kapab beni lavi chak lòt moun epi sa kapab ranfòse relasyon nou antanke sè nan sèvis pastoral la.”

Enprime